Ayitionline 

 English    Kreyòl     Español    Français

==============

Enstriksyon

 

Enstriksyon pou enstalasyon pwogram nan.

AYITI AN KREYÒL

DIKSYONÈ A

 

Wilson Louis Elias

Ekriven/Pwogramè

Fevriye 2000

 **************

 

 

Kantite memwa

Pwogramè  a panse ou deja gen Windows 95 ou byen yon pi gwo vèsyon Windows sou òdinatè ou. Konsa tout enstriksyon ou ap ale li la a ap travay pou Windows 95, Windows 98 e latriye.

Prèske tout òdinatè kapab resevwa gwosè pwogram nan. Pwogram nan pa menm bezwen twa (3) ti diskèt pou kenbe li. Li ap okipe 4,37MB nan memwa òdinatè ou e li ap travay sou Windows 95 e Windows 98.  Konsa, ale enstale li epi eksplore lang Kreyòl la.

 

Enstalasyon an

Enstalasyon pwogram nan fasil anpil. Moun ki genyen pwogram nan sou diskèt kapab sib enstriksyon anba a pou Diskèt. Moun ki genyen li sou Konpakdis (CD) kapab sib enstriksyon anba a tou.

 

Enstalasyon Diskèt yo

Sib shak etap sa yo pou enstale pwogram nan si ou genyen li sou Diskèt.

1. Mete diskèt nimewo en (I) an nan lektè A.

2. Ale nan liy sou anba ekran  an epi tape sourit la sou mo Start la. Ou kapab peze ti siy fenèt ki sou klavye a tou epi shwazi mo Run nan.

3. Nan ti rektang ki parèt la, ekri: A:\setup.exe

Yon premye ti fenèt ap parèt sou ekran an, ou pa bezwen okipe li. Yon dezyèm fenèt ap parèt pou mande ou ranplase premye diskèt la.

4. Retire diskèt nimewo en (I) an nan lektè li epi mete diskèt nimewo de (II) a nan plas li. Peze Enter ou byen Return sou klavye a epi yon lòt fenèt ap parèt.

5. Peze Enter ou byen Return sou klavye a ankò.

Lè sa a, dènye fenèt ki pou mete (enstale) pwogram nan sou òdinatè a ap parèt avèk yon bouton ki gen imaj yon òdinatè sou li.

6. Peze bouton ki gen imaj òdinatè a sou li a epi rete tann pwogram nan rantre nan òdinatè a.

Gen yon dènye mesaj ki ap parèt sou ekran an. Lè li parèt, peze Enter ou byen Return sou klavye a. Lè sa a, pwogram nan fini enstale nan òdinatè a.

Konnye a, ou kapab ouvri pwogram nan menm jan ou ouvri tout lòt pwogram ou genyen sou òdinatè a.

Non pwogram nan se: Diksyone

 

Enstalasyon Konpakdis (CD)

Li pi fasil pou enstale pwogram nan lè ou genyen li sou Konpakdis, men ni Diskèt yo ni konpakdis la gen menm pwogram nan andedan yo. Sib etap sa yo pou enstale pwogram nan si ou genyen li sou konpakdis.

1. Mete CD a nan lektè ki fèt pou Konpakdis/ CD a.

2. Ale nan liy sou anba ekran monitè a epi tape sou mo Start la. Ou kapab peze ti siy fenèt ki sou klavye a tou epi shwazi mo Run nan.

3. Nan ti rektang ki parèt la, ekri: D:\setup.exe

4. Peze Enter ou byen Return sou klavye a.

Lè sa a, dènye fenèt ki pou mete (enstale) pwogram nan sou òdinatè a ap parèt avèk yon bouton ki gen imaj yon òdinatè sou li.

5. Peze bouton ki gen imaj òdinatè a sou li a epi rete tann pwogram nan rantre sou òdinatè a.

Gen yon dènye mesaj ki ap parèt sou ekran an. Lè li parèt, peze Enter ou byen Return sou klavye a. Lè sa a, pwogram nan fini enstale sou òdinatè a.

Konnye a, ou kapab ouvri pwogram nan menm jan ou ouvri tout lòt pwogram ou genyen sou òdinatè a.

Non pwogram nan se: Diksyone

Pwogram nan

Itilizasyon

Lè pwogram nan apèn ouvri, ekran òdinatè a ap sanble avèk imaj ou wè anba a. Imaj sa a parèt shak fwa ou ouvri pwogram nan yon fason pou fè ou sonje non pwogram nan e entansyon pwogramè a. Entansyon pwogramè a, se mete Ayiti An Kreyòl pou pwopoze kèk mo avèk non an kreyòl.

Peze bouton Peze’m nan pou kòmanse itilize pwogram nan. Pa bliye pwogramè a ap shashe mete Ayiti An Kreyòl.

Apre ou fini peze bouton an, fenèt la ap disparèt epi kite  pwogram nan ouvri devan ou. Konnye a ou kapab shwazi nenpòt nan senk (5) tit nan Liy Sèvis la epi enfòmasyon an ou byen plis shwa enfòmasyon ap parèt devan ou.

Definisyon Mo Yo

An nou shwazi tit sèvis Definisyon an pou demontre kijan pou ou shashe enfòmasyon nan pwogram nan.

Kite mwen di ou tou: gen de mwayen pou shwazi nenpòt nan tit Liy Sèvis yo.

Men kijan premye mwayen an travay. Peze bouton Alt sou klavye a. Kenbe li epi peze, sou klavye a, lèt nan mo a ki gen ti tras la anba li a nan Liy Sèvis la.

Si pa gen plis shwa enfòmasyon, fenèt ki pou bay enfòmasyon ou ap shashe a ap ouvri.

Si gen plis enfòmasyon disponib, yon lòt ti fenèt ap ouvri pou ou shwazi yon lòt bagay.

Itilize ti flèsh sou anba e a dwat sou klavye a pou shwazi yon bagay. Lè koulè bagay sa a shanje, peze Enter ou byen Return sou klavye a. Konsa, yon bwat enfòmasyon ap ouvri.

Men kijan dezyèm mwayen an travay. Tape avèk sourit la sou yon tit nan Liy Sèvis la epi:

Si pa gen plis shwa enfòmasyon, fenèt ki pou bay enfòmasyon ou ap shashe a ap ouvri.

Si gen plis enfòmasyon disponib, yon lòt ti fenèt ap ouvri pou ou shwazi yon lòt bagay. Tape sou sa ou ap shashe a epi li ap parèt sou ekran an.

Pou retounen sou ekzanp Definisyon an, shwazi yonn nan de mwayen anlè a epi enfòmasyon nan imaj anba a ap parèt devan ou.

Ou apèn jwenn mwayen pou li definisyon 2.427 mo an kreyòl.

Li fasil pou gade definisyon yon mo. Ou kapab itilize bouton sou klavye òdinatè a e ou kapab itilize sourit la.

Si ou vle itilize bouton sou klavye òdinatè a, men sa pou ou fè. Peze bouton Alt la epi, san lage li, peze lèt R sou klavye a. Sa a ap pèmèt ou ale nan bwat EKRI YON MO LA A. Ekri mo ou ap shashe a nan bwat sa a. Sonje byen, bwat EKRI YON MO LA A pa rekonèt mo ki gen lèt ki gen aksan sou tèt yo. Pou ou jwenn yon mo ki gen yon lèt ki gen aksan, ekri yon mo san aksan ki toupre mo sa a.

Si ou vle itilize sourit la, shashe yon mo ap pi fasil toujou. Ou kapab tape andedan bwat EKRI YON MO LA A epi ekri yon mo. Ou kapab shwazi nenpòt mo nan lis mo a gosh yo ki parèt sou ekran an lè bwat Definisyon mo an ouvri. E, ou kapab peze yonn nan de ti rektang nwa sou bò dwat lis mo yo pou monte, desann ale shashe yon mo.

Pou montre ou kijan sa fèt, fè yon kout je sou imaj ki anba a. Mwen te shwazi mo Entènèt avèk definisyon li pou ou kapab wè ekzanp sa a. Fè yon kout je sou imaj anba a.

Shashe Enfòmasyon

Konnye a, ou fini konnen kijan pou ou jwenn definisyon yon mo, nou kapab ale pi devan pou aprann kijan pou ou jwenn tout lòt enfòmasyon sou pwogram nan.

Jwenn nenpòt lòt enfòmasyon pa diferan de jan ou soti jwenn definisyon mo yo.

Peze bouton Alt la sou klavye òdinatè a ansanm avèk lèt sou Liy Sèvis la ki gen yon ti tras anba li a. Travay sa a bay plis mwayen pou jwenn plis enfòmasyon.

Imaj anba a montre kijan pou jwenn yon ekzanp operasyon tankou Divizyon.

Si ou gen yon sourit, tape sou mo Enfòmasyon an sou Liy Sèvis la, desann avèk ti flèsh sourit la jis mo operasyon an shanje koulè. Fè yon ti avanse sou bò dwat pou ale sou mo Adisyon an epi fè yon pa pi ba pou ale sou mo Divizyon an. Tape sou mo Divizyon an epi bwat divizyon an ap ouvri. Konsa, ou ap jwenn yon ekzanp divizyon.

Men lòt mwayen pou rive jwenn ekzanp Divizyon an ankò. Peze mo Alt la sou klavye òdinatè a e san lage li, peze lèt E a. Peze flèsh ki bay direksyon anba a sou klavye òdinatè a jis rive sou mo operasyon an. Lè mo sa a shanje koulè, peze flèsh ki bay direksyon sou bò dwat la. Mo Adisyon an ap parèt epi li ap shanje koulè. Peze flèsh ki bay direksyon anba yon fwa pou rive sou mo Divizyon an. Peze bouton Enter ou byen Return nan epi bwat Divizyon an ap ouvri. Konsa, ou ap jwenn yon ekzanp divizyon.

Imaj anba a montre kijan ekran òdinatè a ap ye anvan ekzanp divizyon an parèt sou ekran an.

Shashe Sekou

Anvan nou shashe konnen mwayen pou fèmen pwogram nan, an nou shashe sekou sou pwogram nan.

Pou jwenn sekou sou pwogram nan, ou kapab itilize plizyè mwayen.

Gade a gosh sou premye liy bouton sou klavye òdinatè a. Ou ap wè F1. Peze F1 epi bwat sekou a ap ouvri. Sa a se premye mwayen an. Shwazi nenpòt nan lis sekou yo ki andedan ti bwat Sekou a. Ekran òdinatè a ap sanble avèk imaj ou wè anba a.

Sonje byen mwayen nou soti itilize pou jwenn lòt enfòmasyon yo ap bay menm rezilta sa a nou itilize pou jwenn lis sekou yo.

Si ou gade byen, shak mo andedan bwat Lis Sèvis yo gen kèk lèt ou byen yon lèt avèk yonn ou byen kèk shif sou kote yo. Lè ou peze konbinezon ou wè sou kote mo Lis Sèvis sa a, li rele enfòmasyon an pou ou.

Eseye peze Ctrl ansanm avèk W epi li ap bay kèk enfòmasyon sou pwogramè a.

Eseye peze mo Alt la epi, san lage li, peze lèt S la. Aksyon sa a ouvri bwat sekou a. Nan bwat sa a ou kapab jwenn sekou ou ap shashe a. Pou wè plis sekou, peze sou yonn nan de ti rektang nwa sou bò dwat bwat sekou a. Tape sou sekou sa a epi yon tèks ap parèt pou bay enfòmasyon ou ap shashe a.

Bwat lis sekou yo sanble avèk imaj anba a.

Fèmen Pwogram nan

Konnye a ou fini konnen kijan pou ou ouvri pwogram nan, shashe enfòmasyon sou li; an nou shashe konnen mwayen pou fèmen pwogram nan.

Avèk yon sourit, tape sou mo Soti a epi ekran an ap sanble avèk imaj anba a. Tape sou Wi pou fèmen pwogram nan.

Si ou vle itilize bouton sou klavye a, peze bouton Alt la epi lèt O a san lage bouton Alt la. Lè ekran an sanble avèk imaj anba a, peze Enter ou byen Return sou klavye a. Pwogram nan ap fèmen.

Mwen espere ou ap kontinye itilize pwogram sa a pou shashe definisyon avèk anpil lòt enfòmasyon.

Pou nenpòt kesyon sou pwogram nan, Diksyonè a avèk òtograf mo yo ou kapab ekri mwen nan adrès sa a:

 

Wilson Louis Elias

P. O. Box 735

Elmont, NY 11003

 

Mwen ap reponn ou byen vit.

E

Pa bliye vizite:

http://www.ayitionline.com

 

*************

…kite mwen di ou yon gwo mèsi pou kontribisyon ou nan devlopman lang Kreyòl la paske ou ashte yon kopi Diksyonè sa a. Se lang sa a, lang Kreyòl la, ki ap ale fè ayisyen pwogrese tout bon vre lè li vini premye lang peyi a. Mwen konnen ou deja wè mwen ap shashe ofri kèk pwopozisyon pou nouvo fason moun ap ale ekri anpil mo nan lang Kreyòl la. Mwen mete de-mil-kat-san-vennsèt mo Kreyòl avèk tout definisyon, eksplikasyon devan ou. Itilize definisyon avèk eksplikasyon sa yo paske yo kapab ede moun konprann shak mo byen.

Wilson Louis Elias

 

********************

Pou ashte yon kopi Pwogram, Diksyonè a voye

  

$14.95 (US)

Kòmand pa Biwo Postal:

Wilson Louis Elias

P. O. Box 735

Elmont, NY 11003

 

Kòmand online

 

    Tan li ap pran pou ou resevwa kòmand la depann de peyi kote ou ye a.

Mèsi pou vizit ou jodia e pa bliye retounen vizite Ti Ayiti.

__________

 English    Kreyòl     Español    Français