English Kreyòl Español Français
==============
Diksyonè a
Anpil
moun ki tande pale de yon diksyonè Kreyòl konnen ap tann yon diksyonè ki
tradui mo Kreyòl nan yon lòt lang paske li pate fasil pou jwenn yon diksyonè
Kreyòl an Kreyòl. Bagay sa a fini.
Konnye a, gen yon diksyonè Kreyòl disponib ki bay definisyon mo Kreyòl
yo. Diksyonè sa a bay definisyon
prèske 2.500 mo Kreyòl, an Kreyòl. Moun
ki fè diksyonè sa a pran anpil ti libète tou pou eksprime entansyon li.
Li tradui non tout prezidan peyi Ayiti yo e latriye an Kreyòl.
Li pran plis libète toujou pandan li ap mete anpil lòt bagay etranje an
Kreyòl pou ayisyen. Nou swete ou
ap apresye entansyon sa a paske li vle mete tout bagay ki gen rapò avèk peyi
Ayiti an Kreyòl. Pa kite mo,
diksyonè a, twonpe ou paske gen yon kokennshenn enfòmasyon avèk konesans
jeneral ki kashe nan diksyonè sa a. Li
plis pase yon diksyonè.
Sipòte entansyon sa a, Mete Ayiti An Kreyòl, ki andedan diksyonè a . Ale nan paj, Ashte yon kopi a, pou kòmande diksyonè a jodia menm. Konsa, ou ap ale kontribye nan mete Ayiti An Kreyòl tout bon vre.
Mèsi pou
vizit ou jodia e pa bliye retounen vizite Ti Ayiti.
__________