Retounen Nan Paj Lis Lèt Yo


 

Z, Vennkatriyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.

Zaboka, Grenn yon gwo pye bwa ki gen po li koulè vè e koulè sa pa janm shanje.  Moun manje pati andedan zaboka a ki ant po a avèk yon gwo grenn ki nan mitan li.  Lè zaboka mi, nannan li vini tankou yon bè.  Ayisyen mete nannan sa andedan pen e vlope li avèk kasav pou manje li epi yo fè tchanpan avèk li.

Zòbòy, Yon aksidan ki rive kote yon moun frape yon pati nan kò li epi pati sa vini gonfle tankou yon gwo bouton.

Zafè, Yon bagay, yon travay, yon aksyon ki konsène yon sèl moun.

Zam, Yon bagay moun itilize pou atake ou byen pou defann tèt yo.  Yon aparèy ki kapab tire bal.

Zandolit, Yon ti bèt ki gen nan peyi twopikal yo e ki kapab shanje koulè lè li resevwa kou.  Yon zandolit soti nan menm fanmiy avèk mabouya, kayiman.  Boush li laj anpil pou gwosè kò li, ke li long e ke li, tankou tout kò li, kapab repouse apre li fini kase.  Sanble ti bèt sa kapab resisite apre yon lanmò vyolan, si tout kò li pate kraze.  Shat renmen manje ti bèt sa.

Zanj, Kreyati ki ap viv nan syèl la e ki tankou sa moun sou tè a te kapab rele yon lame e mesaje Bondye.  Gen anpil moun relijye ki di yo konnen wè Bondye avèk zanj kouwonnen li.

Zanmi, Yon moun ki reprezante sous enfòmasyon avèk konsèy pou yon lòt moun.   Yon zanmi rakonte zanmi li tout bèl, move eksperyans nan lavi li.  Yon moun yon lòt moun fè anpil konfyans e moun sa toujou toupre pou sipòte li nan bon e nan move moman.

Zanmitay, Relasyon ki egziste ant de moun kote yonn fè lòt la konfyans e pale tout bagay yo konnen de tèt yo e de lòt moun.

Zannanna, Yon bagay, yon fri ki bon nan boush tankou anana.  ~ Kon Pengwen, Ni bon moun ni move, yo tout te prezan.  Yon ekspresyon ayisyen itilize pou esplike prezans anpil moun nan yon seremoni.  Nan ekspresyon sa zannanna reprezante tout moun ki bon e pengwen reprezante tout moun ki pa bon.

Zannimo, Yon mo ki opoze a tout gwoup moun ki egziste sou tè a e ki reprezante bèt.  Aksyon yon moun ki aji tankou li pa ap viv andedan sosyete moun, aksyon li sanble avèk aksyon bèt.

Zanno, Yon bijou fi mete nan zòrèy yo pou fè figi yo bèl.   Anpil gason panse yo se fi e yo mete zanno tou.  Kèk lòt gason ki wè enpe gason ap mete zanno, kòmanse mete zanno nan zòrèy yo tou pou jis anpil moun vini pèdi sans zanno.  Anpil gason mete zanno nan zòrèy yo.  Gen fi ki mete zanno nan lang yo, nan lonbrit yo, nan pwent tete yo e latriye.  Gen fi ki mete menm dis zanno nan yon sèl zòrèy.

Zansèt, Jenerasyon nan yon fanmiy ki mouri depi lontan.  Premye jenerasyon yo nan yon fanmiy, yon peyi.

Zantray, Tout moun ki gen lyen familyal tankou menm siyati avèk yon moun menmsi lyen sa egziste antravè anpil jenerasyon.

Zèb, Ti plant ki pa bezwen moun plante yo pou yo kòmanse grandi yon kote.  Prèske tout zèb rete kout, men gen kèk nan yon ki wo.   ~ Ginen, Yon zèb ki kapab gen yon wotè ki mezire de ou twa mèt konsa.  Sheval renmen manje zèb ginen.

Zebi, Yon bèf ki gwo anpil e ki gen plis fòs pase lòt ras bèf yo.  Li gen anpil grès nan kò li epi li gen yon boul sou do li.  Yon fi ki gwo anpil.

Zegiy, Yon ti moso metal, long ki gen yon tou nan yon pwent epi lòt pwent la file anpil.  Moun itilize zegiy pou fè fil pase nan yon bagay tankou twal; konsa yo kapab fè plizyè moso twal vini fè yon sèl moso ou byen bay moso twal nenpòt fòm yo vle.

Zeklè, Yon limyè ki flashe nan syèl la anvan yon loray gonde.  Yon bagay ki parèt epi retire kò li byen vit.

Zèl, Yon manb, nan kò prèske tout zwazo, ki pèmèt yo vole e plane.  Abilite yon moun genyen pou rantre nan nenpòt gwoup epi kòmanse kontwole moun ki te nan gwoup la anvan li.

Zele, Eta yon bagay, yon bèt, yon moun ki gen zèl.  Eta yon moun ki entelijan anpil, ki kapab pran moun nan yon gwoup epi kòmanse kontwole yo byen vit.

Zen, Yon moman kote anpil moun rankontre ansanm epi yo fòme de ou plizyè gwoup pou yonn joure lòt.  Non yon gwoup mizikal ayisyen ki jwe yon tip mizik ayisyen rele Nouvèl Jenerasyon.

Zenglendo, Moun nan peyi Ayiti ki te milisyen lè moman diktati yo e ki te vini pèdi pouvwa yo te genyen apre gouvènman pa yo a te tonbe.  Apre gouvènman an tonbe, kò milisyen sa yo te kraze, men anpil ansyen milisyen te toujou gen zam nan men yo.  Milisyen sa yo te òganize plizyè ti gwoup pou ale rantre andedan kay moun mande kòb epi, lè yo fini jwenn sa yo te vle a, yo touye mèt kay la.

Zepina, Yon ti plant ki boujonnen yon fèy ki gen bon gou lè li kwit e ayisyen itilize li pou fè bouyon, legim.

Zepòl, Pati nan kò moun kote de ponyèt yo pandye.  Pati nan kò moun ki gen kou a nan mitan li.  Kout ~,  Èd yon moun bay yon lòt.

Zepon, Yon pwent file ki grandi nan pye kòk.    Zepon an kapab blese lòt kòk; konsa kòk itilize zepon yo pou goumen avèk lòt zwazo parèy yo.

Zès, Yon gaz ki soti nan po zoranj, sitwon avèk shadèk.

Zesèl, Espas sou anba zepòl yon moun kote ki gen anpil plim.  Fi renmen koupe plim sa yo paske moun nan anpil sosyete kwè li lèd pou yon fi kite moun wè plim sa yo.

Zetwal, Etwal.  Yon kò ki gen limyè sou li e ki nan syèl la.  Yon desen moun fè ki gen senk bransh.  Make yon bagay pou atire atansyon moun sou li, pou sonje li.

Zetwale, Yon bagay tankou syèl la ki gen plizyè zetwal nan li.

Zigzag, Avanse nan yon direksyon, men sib wout la nan menm fòm avèk plizyè lèt zèd (Z) kole ansanm, yonn sou lòt.

Ziltik, Yon kote ki lwen anpil.  Yon vwayaj ki pa gen destinasyon, finisman.

Zimbabwe, Yon peyi nan sid-lès kontinan afriken an.  Kapital peyi sa rele Arare.  Lang ofisyèl peyi a se Anglè, men moun yo pale plizyè lòt lang.

Zo, Pati andedan vyann kò tout yon vètebre pou bay vètebre a fòm.  San zo, moun te ap sanble avèk yon boul vyann.  Nenpòt bagay ki kenbe yon lòt bagay pou li kanpe.  Jwèt ~, Yon jwèt moun jwe avèk de ti bwat ki gen sis bò, yo shak, e ki gen mak ki reprezante pwen:  yon pwen, de pwen jis rive sou sis. 

Zoklo, Aksyon yon moun ki pliye tout dwèt li epi frape yonn nan dwèt sa yo nan mitan tèt yon lòt moun.  Aksyon yon moun ki gen madanm ou byen ki gen mari epi ki aksepte koupe avèk yon lòt gason ou byen yon lòt fi.  Adiltè.

Zoklote, Bay yon moun plizyè zoklo.  Aksyon yon moun ki jwenn madanm ou byen mari yon lòt moun pou li koupe avèk li.

Zòn, Yon moso tè kote ki gen plizyè kay toupre e tout moun ki ap viv nan kay sa yon toujou ap rankontre.  Kèk fwa tout moun sa yo, yonn konnen lòt.  Yon destinasyon. 

Zonbi, Yon espri ki pote mesaj e ale fè nenpòt travay yon bòkò voye li fè.  Zonbi kapab fè nenpòt bagay paske bòkò voye li fè paske li pa vizib.  Yon moun ki sispann grandi twò bonè nan lavi.

Zong, Pati nan dwèt pye, dwèt men moun ki gen koulè blan e ki pa janm sispann grandi.

Zonyon, Yon boul yon plant donnen anba tè, men pye li grandi sou tè a tankou yon pye siv.  Li bay manje bon gou, li pike tankou yon piman anvan li bouyi nan dlo.  Lè li bouyi li pèdi gou li paske li bay manje a tout gou li.  Moun manje zonyon san kwit tou, nan salad.

Zoranj, Yon grenn yon pye bwa donnen e grenn sa tou won, li gen plizyè transh, nannan avèk ji.  Gen anpil varyete zoranj, men de pi gran kategori yo se zoranj-si avèk zoranj dous.  ~ Dous, Yon zoranj ki dous e moun itilize li pou fè ji ou byen pou manje lè yo fini retire po a.  ~ Si, Yon zoranj ki prèske gen asid menm jan avèk sitwon e moun itilize li pou lave vyann.   ~ Sirèt, Yon zoranj ki pa janm dous tankou sik, men li pa janm twò si tou.  Ayisyen itilize li pou fè konfiti, tizán e latriye. Peyizan ayisyen kwè zoranj sa bay moun apeti.

Zòrèy, Pati nan kò moun ki kanpe sou de kwen tèt li e ki gen yon tou nan shak bò tèt la pou moun kapab tande son.

Zòtèy, Senk dwèt moun gen nan shak pye li yo.  Pi gwo a rele pous epi lòt yo rele ti zòtèy.

Zotobre, Yon moun ki posede anpil lajan e ki itilize lajan li posede yo pou kontwole lòt moun ki gen konesans, pouvwa e nenpòt lòt bagay li kapab peye moun pou resevwa li.

Zòtolan, Yon zwazo koulè gri ki renmen rete sou kote ravin avèk larivyè paske se nan dlo sa yo li kapab jwenn bagay pou li manje, tankou ti pwason.

Zouti, Bagay moun itilize pou ede li fè yon travay.  Gen kèk travay moun pa kapab fè san zouti paske zouti a nesesè.  Yonn nan liy sèvis yon pwogramè itilize pou li mete tout kòmand ki sanble avèk zouti moun ki ap itilize pwogram nan bezwen pou yo fè travay yo.

Zozo, Yon bagay long ki nan mitan janb tout gason, tout mal bèt.  Moun, bèt itilize zozo yo pou mete deshay andedan fi, femèl bèt.

Zwazo, Yon bèt ki gen anpil plim sou prèske tout kò li, ki gen yon bèk avèk zèl li kapab itilize pou li vole.  Gen zwazo ki piti anpil e gen zwazo ki gwo anpil.  Zwazo pa pouse pitit yo tou vivan, men ponn ze epi yo kouve ze yo.  Moun manje vyann, prèske, tout zwazo.  Yon ekspresyon moun itilize pou di yon moun sanble avèk yon ti zwazo ki ap vole e nenpòt moun ki vle kapab tire sou li pou touye li.  Yon inosan.

Zwen, Yon moun tankou yon ti bebe ki toujou ap kriye, tout tan.  Yon moun ki pa janm fatige anniye lòt moun.