W, Venndezyèm lèt nan
alfabèt lang Kreyòl la.
Wa, Shèf yon
peyi, nan tan lontan, moun te panse ki reprezante Bondye sou tè a.
Nan anpil wayòm, premye pitit gason wa ranplase li lè li mouri.
Wanga, Yon travay majik yon bòkò
fè pou yon pitit fèy li ki bezwen aji sou yon moun ou byen bagay moun posede
tankou voye zonbi pran lajan yon moun nenpòt kote li sere lajan an. ~ Nègès, Yon
ti zwazo ki gen bèk long e ki renmen manje polèn flè.
Wayal, Eta tout bagay ki gen rapò avèk yon wa, fanmiy wa a. Angletè
gen yon sistèm politik wayal. Kasav
shèsh ki bere avèk manba.
Wayòm,
Yon peyi kote yon wa ap gouvène. Kote
yon wa reye. Yon kote yon moun gen
pouvwa pou dirije li tankou yon wa.
Wiski, Yon bwason koulè jón ki
gen anpil alkòl nan li e ki fè moun ki bwè anpil nan li sou byen vit.
Wòb,
Rad koutiryè fè pou fi mete sou yo. Yon
rad ki gen yon kòsaj avèk yon jip ki kole ansanm.
Yon rad pè yo avèk kèk pastè mete sou yo pou fè seremoni nan legliz
yo.
Woman, Yon gwoup liv kote
ekriven yo pale plis de lanmou, relasyon fi avèk gason.
Nan kòmansman ventyèm syèk la anpil moun, nan tout lemond, te enterese
nan li liv sa yo anpil paske yo te espere aprann anpil bagay sou relasyon fanm
avèk gason nan liv sa yo.
Womans,
Aksyon de moun ki gen relasyon entim. De
moun sa yo kapab ale mashe nan yon pak pandan yo kenbe men, yo ap bo tanzantan.
Yo kapab ale nan bal, ale nan sinema.
Viv yon lavi ki sanble avèk lavi womantik yo esplike nan liv yo.
Womantik,
Ekriven ki pale de relasyon entim yo avèk fi nan tout liv avèk tèks yo ekri.
Yon ekriven ki ekri woman.
Womantism,
Eta yon ekriven ki pale de sa li santi, de sa ki soti nan fon kè li. Ekriven sa yo pale de fanmiy yo, relasyon yo avèk lòt moun,
pwoblèm yo, kontantman yo.
Won, Fòm yon bagay ki sanble
avèk yon boul ki koupe an de moso e nan mitan.
Yon bagay ki gen menm fòm avèk yon lalin antye.
Wonn, Eta yon bagay ki won.
Soti nan yon kwen yon bagay, epi
pase nan tout kwen li san pase yon kote de fwa, pou jis rive nan pwen kòmansman
an.
Wonpwen,
Yon kalfou kote pliske de ri rankontre epi moun ki responsab sikilasyon nan zòn
sa oblije kontwi yon wonn nan mitan kalfou sa pou fè tout mashin ki rive nan
kalfou sa a sib menm direksyon an pou evite aksidan.
Nenpòt kote anpil bagay, moun rankontre ansanm pou yo diskite yon lide.
Wòsh,
Yon boul ki fòme nan tè, men ki pi di pase tè.
Wòsh rasanble plis nan rivyè, bò lanmè.
Wou, Nenpòt bagay won ki kole
nan yon bagay lou pou pèmèt bagay la deplase lè yo ap vire san yo pa deplase
kite pwen kote mitan yo kole a.
Wouj, Yon koulè ki menm koulè
avèk pati nan san yon èt vivan ki pa blan an.
Woule, Eta yon moun, yon bagay
yon moun ap vire tou won san li pa janm deplase kite pwen kote mitan li kole a.
Eta yon wou ki ap vire.
Woulèt,
Ti wou ki anba yon bagay pou fè deplasman bagay la vini pi fasil. Moun kapab deplase yon bagay ki gen woulèt anba li san moun
nan pa leve bagay la.
Woulib,
Benefis yon moun jwenn nan men yon lòt moun san san li pa depanse anyen pou sa.
Aksyon yon moun ki gen yon mashin epi li aksepte yon lòt moun vini monte
andedan li san peye mèt mashin nan pou transpòtasyon an.
Woulo, Yon moso bagay won ki fèt
an bwa, an plastik e moun kapab kenbe li pou woule sou yon lòt bagay pou plati
bagay sa a.
Wout, Shemen. Tras sou tè a moun kapab itilize pou yo ale kote yo
bezwen ale. Nenpòt mwayen yon
moun, yon bèt itilize pou rive yon kote.
Wouze,
Lage, voye dlo sou yon bagay tankou lapli pou li kapab mouye.
Kiltivatè wouze plantasyon yo pou ranplase travay lapli, nòmalman, fè
pou jaden.