Retounen Nan Paj Lis Lèt Yo


 

T, Diznevyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.  Li pwononse menm jan avèk mo, te, ki vle di fèy bouyi nan dlo epi ki sikre ou byen sele pou moun bwè.

Tab, Yon moso plansh rektang, kare ou byen kèk lòt materyèl ki kanpe sou yonn ou byen plizyè pye kote moun manje, jwe kat e latriye.  Yon fason pou di de ou plis moun pa depase lòt la nan nivo, wotè.

Tablo,  Yon moso materyèl ki kole nan yon mi ou byen mi an menm ki prepare yon fason pou lakrè kapab ekri sou li.  Yon desen ki fèt sou yon materyèl di tankou yon mi e desinatè a fè li avèk penti.  Penti.

Tafya, Bwason ki gen alkòl nan li e ki fè moun sou.  Gen plizyè tafya tankou kleren, byè, wiski, wonm e latriye.  Shak bwason gen plis alkòl pase yon lòt.

Tafyatè, Moun ki bwè tafya san kontwole kantite yo ap bwè e san shwazi lè e kote pou yo bwè.   Moun ki kapab bwè anpil tafya san li pa sou.  Lè yon moun bwè tafya ajen, li fè li sou pi vit pase si li te manje anvan li bwè.  Yon tafyatè kapab bwè tafya li nenpòt lè nan yon jounen, menm nan maten.

Taksi, Yon vwati piblik ki pran pasaje yon kote epi ale depoze yo yon lòt kote epi yo peye shofè a kòb.  Gen de gwoup taksi:  yon gwoup pote yon sèl moun ou byen plizyè moun ki konnen yonn avèk lòt e lòt gwoup la pote plizyè moun menmsi yonn pa konnen lòt.  Premye gwoup la fèt pou moun ki pa vle monte yon mashin avèk moun yon pa konnen e se diferan pou dezyèm gwoup la.

Talon, Yon pati nan yon soulye ki fè pwent dèyè soulye a pi wo pase devan soulye a.  Talon soulye fi yo kapab long anpil e li fè dèyè soulye sa yo wo anpil.

Tan, Lè.  Yon kantite lè, jou, mwa, ane e latriye ki pase. Yon epòk ki pase.  Eta tanperati ye.  ~ Lontan, Yon kantite tan ki te pase, men gen anpil tan depi tan sa a te pase. 

Tanbou, Yon enstriman mizikal ki fèt avèk yon moso bwa tankou yon mamit, yon twons bwa.  Li kouvri avèk yon moso po bèt ou byen yon materyèl ki kapab tranble menm jan avèk po bèt nan yon pwent.  Lòt pwent la rete san kouvri pou kite son pase.  Mizisyen, gwoup mizikal nan tout peyi itilize tanbou nan mizik yo.  Fòm tanbou a kapab shanje soti nan yon peyi pou ale nan yon lòt, men tout jwe menm wòl la.

Tanbourinè, Mizisyen ki renmen bat tanbou, se sèl enstriman sa li konnen jwe e li jwe li byen anpil.  Li difisil pou jwenn yon lòt moun ki bat tanbou tankou yon tanbourinè paske se djòb li, pwofesyon li.

Tanbouyè, Yon moun ki konnen bat tanbou, men bat tanbou se yon bagay li fè pou yon okazyon.  Bat tanbou pa pwofesyon yon tanbouyè.  Li fasil pou ranplase yon tanbouyè paske prèske nenpòt lòt moun kapab bat tanbou menm jan avèk li.

Tandans, Direksyon, pozisyon yon moun, yon bagay gen entansyon ale, pran.   Si pa gen yon rezon ki pi enpòtan pase rezon moun nan, bagay la deja genyen pou li ale nan direksyon sa a li ap kontinye ale.

Tande, Pati andedan zòrèy yon moun ki ede li idantifye son. Tande son san bay son sa enpòtans ou byen kenbe li nan yonn nan twa memwa yo.

Tank, Yon mashin gèrye itilize pou ale nan lagè e mashin sa a itilize shèn pou li deplase.  Li pote kanno, li tire kanno e bal ti zam pa kapab rantre andedan li pou touye moun li ap pote yo.  Yon bwat an metal ki kenbe gaz pou motè yon mashin brile, rezèvwa.

Tann,  Travay moun ki rete ap gade pou wè ki kote yon bagay ap soti pou li rive jwenn moun ki rete ap gade a.

Tanperati, Shanjman nan lanati ki kapab fè moun sho, frèt ou byen nan mitan yo de a, ant sho e frèt.  Nan peyi twopikal yo tanperati a toujou nan mitan shalè avèk fredi.  Nan peyi tankou Etazini, gen twa tanperati yonn frèt anpil, yonn sho anpil, yon lòt ant sho avèk frèt. 

Tant, Sè manman, sè papa yon lòt moun.  Yon ti kay moun fè pou pase yon ti tan kout nan yon zòn.

Tante, Sa yon bagay ki devan je yon moun fè li santi andedan li ki kapab fè moun nan aji yon fason ou byen yon lòt fason.  Yon bagay yon moun eseye fè e li pa rive fè bagay la jan li te dwe fèt la.

Tash, Pwent anba fèy yon pye palmis.   Peyizan ayisyen itilize tash pou kouvri kay, fè kayèt.

Tchit, Yon ti zwazo ki fè yon ti bri tankou li ap di non li tanzantan:  tchit! tchit! …

Te, Fèy bouyi nan dlo epi ki sikre ou byen sele pou moun bwè.

Tè, Planèt kote tout peyi nan lemond ye, kote tout moun nan lemond ap viv.  Pati sou planèt Tè a ki pa gen dlo kouvri li.

Tèks, Konbinezon plizyè mo ki fòme plizyè fraz lektè kapab li epi yo ap konprann sa ekriven an te vle di a.  Yonn, plizyè paragraf ki rasanble ansanm.  Yon liv.

Teleco, Premye e sèl konpayi telefòn nan peyi Ayiti pandan anpil ane pou jis lè kèk ti konpayi kòmanse rantre nan peyi a,  nan finisman ane katreven-dis yo.  Konpayi sa a te gen monopòl tele-kominikasyon nan peyi a e li pate kapab reponn a bezwen telefòn moun nan peyi a.

Telefòn, Yon mwayen kominikasyon ki pèmèt de ou plis moun kominike de lwen depi yo gen yon aparèy telefòn ki lye avèk yonn nan santral telefonik yon konpayi ki bay sèvis telefonik.  Nan kòmansman evolisyon telefòn konpayi yo te konnen itilize fil sèlman pou lye shak aparèy nan yon kay avèk santral la.  Nan dezyèm pati ventyèm syèk la, te vini gen aparèy telefòn san fil ki sèvi tankou jan gwo santral yo te konnen pèmèt moun nan yon peyi kominike avèk lòt moun nan lòt peyi.

Telefone, Itilize yon aparèy telefòn pou kominike avèk yon moun nan yon lòt kay, yon lòt peyi.  Fè nimewo telefòn yon moun pou kominike avèk li.

Televizyon, Yon ti aparèy moun gen andedan kay ki bay son ansanm avèk imaj; konsa moun kapab wè moun sou ekran ti aparèy la.  Yon gwo aparèy ki voye imaj avèk son nan yon ti aparèy; konsa moun ki ap travay kote gwo aparèy sa yo ye a kapab voye nenpòt imaj tankou sinema nan ti aparèy yo, nan kay moun.  Tout sa ki fèt nan radyo kapab fèt nan televizyon, men nan televizyon moun pa tande sèlman; yo kapab wè sa yo tande a.  Gwo aparèy televizyon yo itilize ond ki bezwen antèn pou kominike avèk ti aparèy ki resevwa son avèk imaj yo.  Gwo aparèy yo itilize kamera pou sous son avèk imaj.  Kamera kapab pran son avèk imaj yo nenpòt kote epi ale transmèt yo bay gwo aparèy la ki ap ale itilize antèn pou voye son ansanm avèk imaj nan lespas kote ti aparèy yo jwenn son avèk imaj sa yo pou mete sou ekran yo.

Temwayaj, Pawòl yon moun ap di de yon bagay li te wè avèk je li.  Yon diskou fidèl nan yon legliz bay pou fè konnen kijan Bonbye te bon pou li nan yon bèl moman nan lavi li.

Temwaye, Bay yon temwayaj.  Shita sou yon shèz nan yon jijman pou pale de yon aksyon tankou yon krim yon moun te fè pou ede yon avoka defann yon lòt moun.

Temwen, Yon moun ki te wè lè yon bagay te ap pase.  Yon moun yon bagay te pase devan li e li kapab ede mete yon kriminèl nan prizon paske li se pi bon moun ki kapab pale de sa ki te pase a.

Tenten, Bagay ki pa gen pyès valè, ki pa kapab vann pou lajan paske pa gen moun ki ap bay kòb pou li.  Yon tenten pa kapab itilize pou fè anyen.  Mo moun itilize pou di yon moun li pa gen pyès valè.

Tenis, Yon soulye ki fèt avèk plastik e twal, ki fè pye moun dous.  Se soulye sa jwè anpil jwèt spòtif itilize paske li pa ap peze pye yo.  Yon jwèt ki gen de ekip, men shak ekip yo gen yonn ou byen de moun nan yo.  Shak ekip kanpe nan yon bò yon filè avèk yon rakèt nan men yo pou frape sou  yon ti boul.  Shak fwa yon ekip kite lòt ekip la frape boul la yonn a de fwa nan bò teren pa li a, lòt ekip la make pwen an plis sou li.

Teritoryal, Nenpòt bagay ki gen rapò avèk yon teritwa.

Teritwa, Yon espas tè avèk fontyè ki gen yon shèf ki ap gouvène li avèk tout sa ki nan li.

Tèt, Pati ki pi wo nan yon bagay.  Pati kote boush, je, nen e zòrèy yon èt vivan tankou moun ye.  Premye gwoup moun ki kanpe nan yon liy moun.  ~ Anba, Pran yon moun, yon bagay epi mete pati anlè a anba epi mete pati anba anlè.   ~ Kale, Eta tèt yon moun ki koupe tout sheve nan tèt li.  Eta yon moun tout sheve nan tèt li rashe lè li soufri yon maladi tankou kansè.  Eta yon gason ki pèdi tout sheve nan tèt li paske li ap rantre nan laj.

Tete, Pati nan kò moun ki sanble avèk yon bouton ki sou lestomak moun nan.  Pati nan kò yon fi ki gwosi lè li ap fòme e ki fè lèt lè li nouris.  Fi santi yo byen lè yon gason, ki mennaj yo, mari yo ap manyen tete yo.

Tetin, Yon pati nan yon bibwon ki fèt an plastik pou rantre nan boush yon bebe san li pa fè ti bebe a mal lè bebe a peze sou li pou vale nouriti a. 

Teyat, Pèfòmans plizyè aktè sou yon sèn pandan odyans la ap gade yo dirèkteman.  Pèfòmans plizyè aktè sou yon sèl sèn ki gen shanjman pou fè li sanble avèk plizyè sèn diferan, men ki anrejistre sou yon band-mayetik.

Thomassique, Gade Tomasik.

Ti, Eta yon bagay kantite li pa anpil, gwosè li pa gwo anpil, yon bagay ki poko grandi pou rive nan wotè nòmal li.

Tibèf, Moman nan karès de moun pandan yonn ap souse koko ou byen zozo lòt moun nan.

Tijan, Non yon lwa gason ki konnen itilize kò bòkò pou kominike avèk pitit fèy li yo.

Tikal, Yon kantite bagay yon moun ap mande ou byen li ap bay, men li pa vle resevwa, bay yon gwo kantite nan li.

Tikè, Jan yon moun rele mennaj li pou montre mennaj la li enpòtan pou li tankou kè li.  Yon moso papye yon moun resevwa ki bay li yon otorizasyon  pou yon kòb li peye yon moun, yon konpayi.

Timalis, Yon karaktè nan lejand ayisyen ki toujou parèt pou pi entelijan pase Bouki lè li konfwonte Bouki, yon lejand tou.

Timid, Tanperaman yon moun ki renmen rete pou kont li paske li pa renmen rete menm kote avèk lòt moun.  Eta yon moun ki pa kapab gade moun nan je, menm lè li ap pale avèk yon moun.  Timoun ki grandi avèk granmoun ki toujou ap entimide yo kapab grandi timid e mwen entelijan tou.

Timidite, Eta yon moun ki timid.

Timoun, Yon moun ki ap viv lakay manman li avèk papa li paske li poko kapab responsab tèt li.  Yon moun ki poko gen dizuit ane, ki pa kapab vote nan yon eleksyon, ki poko fè pitit e sosyete a ap difisil pou aksepte li deja fè pitit.  Moun ki sou responsablite paran yo.

Tinèl, Yon tou anba tè ki kòmanse yon kote pou mennen moun yon lòt kote.  Yon tinèl kapab pase anba yon rivyè e mashin kapab itilize li pou travèse rivyè sa a.

Tip, Pati nan yon bagay ki fè moun konprann pi byen kisa bagay la ye, aksyon yon moun ki fè konnen pi byen ki moun moun nan ye.

Tire, Eta yon moun ki resevwa yon bagay nan yon bagay li ap fè tankou li yon liv.  Rale yon bagay vini nan yon direksyon.  Mete yon zam tankou yon revolvè dwat sou yon bagay, yon moun epi rale gajdèt la.

Tirivyè, Yonn nan vil ki pi ansyen nan peyi Ayiti kote ki te gen yon gwo kay ki te gen 365 pòt.  Kay sa a fini kraze, men mi yo toujou la.  Kay sa se te palè yon prezidan ayisyen.

Tit, Yon non ki dekri pozisyon yon moun okipe san li pa dekri moun nan.  Gen anpil tit tankou, majistra, kontab, prezidan e latriye.

Titanic, Yon bato ki te soti nan peyi Angletè epi li te ap ale nan peyi Etazini epi li fè aksidan e prèske tout moun ki te nan bato sa a te mouri.  Bato a te gen 2220 moun nan li ki te soti nan Peyi Angletè, men 1513 te mouri nan aksidan an.  Yon sinema sou aksidan bato ki te rele Titanic la ki te soti nan ane 1999.  Aksidan bato a te pase nan ane 1912.  Malgre moun ki te fè bato sa a te di li pa gen dwa janm fè aksidan, sou premye vwayaj li, bato a te koule anba lanmè.  Titanic se yon mize li ye konnye a kote moun kapab ale vizite li anba lanmè a.

Titato, Yon jwèt ki jwe avèk twa ou byen dis pyon.  Nan jwèt sa, moun pyon li yo fini anvan pèdi pati a.  Pou yon jwè pèdi yon pyon fò li gen yon pyon an fas pyon lòt jwè a e gen yon plas dèyè pyon pa li a pou pyon lòt jwè a travèse ale.

Tivoudra, Yon pou majik bòkò prepare pou yon fi ou byen yon gason pou li bay yon lòt moun nan manje avèk espwa moun sa ap vini renmen li.  Poud sa pa touye moun ki manje li a vit, men li touye moun ki manje li a tou dousman avèk doulè vant, vomisman e latriye.

Tiwa, Yon bwat ki gen senk kwen.  Fas anlè a, ki te ap sizyèm kwen an pa kouvri; konsa bwat sa a kapab rantre nan yon tou pou moun rale li, mete bagay nan li epi pouse li rantre nan tou sa a ankò.

Tiyo, Nenpòt bagay tankou yon moso fè long ki gen yon kanal andedan li pou likid pase avèk anpil lòt bagay pase pou ale jis kote dènye pwent bagay sa a rive.

Tizán, Yon medikaman ayisyen prepare avèk fèy, rasin, po kèk fri tankou zoranj-sirèt e latriye.

Tomasik, Yon vil nan Depatman Sant la ki toupre fontyè Dominikani an avèk Ayiti.  Moun nan zòn sa konnen ale ashte sa yo bezwen nan peyi vwazen an.  Thomassique.

Tomat, Yon grenn yon ti plant donnen.  Li gen koulè vè lè li vèt e li gen koulè wouj lè li mi.  Grenn sa gen likid avèk ti grenn nan plizyè shanm ki andedan li.  Moun manje tomat nan salad e nan anpil lòt manje tankou konfiti-tomat.

Tomond, Yon vil nan Depatman Sant la e sou Wout Nasyonal Nimewo Twa a.  Se dènye vil anvan yon moun rive nan kapital depatman an, Ensh.  Thomonde.

Ton, Jan yon moun shwazi pou li pale, shante tankou wotè vwa li, vitès li ap di mo yo e shanjman nan wotè vwa li.

Tonbe, Soti anlè pou rive atè avèk libète.  Lè yon bagay ap tonbe gravite rale li desann vit.  Trip bèt moun manje yo ayisyen bouyon avèk li.

Tonmtonm, Yon manje moun Jeremi fè avèk lamveritab.  Yo bouyi gonbo a ansanm avèk lamveritab la.  Lè tout bagay fini kwit, yo mitonnen yo ansanm epi yo mete enpe dlo - nan  dlo ki te bouyi lamveritab la avèk gonbo a – nan lamveritab la avèk gonbo a pou yo pa rete twò di.  Tonmtonm nan bon pou manje.

Tonnè, Pati nan yon loray ki gen anpil elektrisite mashe avèk li.  Loray.  Bagay kèk ayisyen konnen rele pou touye yo, nan sèman, si yon moun pa vle kwè yon pawòl yo di.

Tonton, Frè manman, frè papa yon moun.   Mo anpil jèn ayisyen itilize pou rele yon moun ki pi gran pase yo; konsa yo kwè yo bay moun nan anpil respè pou moun sa.  Moun sa a pa frè manman yo ou byen papa yo.

Tòt, Yonn nan twa zwazo ki sanble anpil:  toutrèl, ranmye.

Tòti, Yon bèt ki viv nan dlo, ki kapab viv dèyò dlo pandan anpil tan tou e ki mashe dousman anpil.  Eta pa yon moun ki mashe dousman.

Tòtòt, Yon bagay ki gen yon tou nan li pou yon moun, yon bèt rale likid ki andedan li.  Travay yon moun ki kraze yon mango epi fè yon ti tou nan pwent li pou rale ji mango a.

Tou, Yon ouvèti nan yon bagay ki pa nòmal nan fòm bagay sa.  Kote yon moso soti nan yon bagay.

Toufe, Eta yon èt vivan lè pa kapab rantre e soti andedan li pou jis li mouri.

Toumante, Eta yon moun ki gen anpil bagay ki ap pase nan lespri li epi bagay sa yo fè moun nan pa konnen ki bagay pou li fè anvan nan tout sa li gen pou li fè.  Yon moun ki kòmanse pèdi konsyans anvan li vini fou.

Tounvis, Yon moso fè ki gen fòm tèt vis e moun itilize li pou ede moun kenbe yon vis pou vise li nan yon bagay.  ~ Plat, Yon tounvis ki gen fòm pou li rantre nan tèt vis ki gen yon ti tras nan tèt yo.  ~ Etwal, Yon tounvis ki kapab rantre nan tèt vis ki gen yon ti kwa nan tèt yo.

Toupre, Eta yon bagay ki pa lwen yon lòt bagay.  Toupre se yon konsepsyon, li pa reprezante menm distans la pou tout moun.  Sa ki lwen nan yon sitiyasyon kapab pre nan yon lòt sitiyasyon.  Eta yon bagay ki prèske rive tankou yon nouvèl, yon mesaj.

Touse, Eta yon bagay ki te long epi yon moun pliye pou li vini kout epi li vini gen pli.  Yon bri ki soti tanzantan nan gòj yon moun ki gripe.

Toushe, Resevwa lajan pou yon travay apre kontra, kòmansman, finisman yon travay.  Kole yon pati nan yon kò sou menm kò a, sou yon lòt kò.  Travay yon doktè fèy lè li ap pase men li sou tout kò yon malad pou jwenn kote yon maladi ye, pou preskri medikaman pou maladi a.  Manyen.

Tout, Kantite yon bagay, yon gwoup san retire nan bagay la, gwoup la.

Toutrèl, Yonn nan twa bèl zwazo ki sanble anpil yo:  ranmye, tòt.

Touye, Retire lavi nan yon èt vivan.  Fè bagay ki kòz yon moun, nenpòt lòt bagay mouri.

Toyota, Yon mak mashin yon konpayi Japonè fè.   Se yon mashin ki dire anpil tan.  Toyota fè tout gwosè mashin.

Trafik, Eta bagay ki ap avanse nan yon direksyon, plizyè direksyon tankou anpil moun nan yon ri, mashin sou yon wout.

Traka, Difikilte moun rankontre pou yo fè yon travay, nenpòt bagay.  Bagay ki reprezante yon pwoblèm.

Tranble, Eta yon bagay ki ap souke tankou gen yon gwo van ki ap souke li.  Eta yon moun ki pè yon bagay, yon moun.

Tranpe, Aksyon dlo tankou lapli lè li tonbe sou yon bagay epi dlo a mouye bagay la, rantre nan li.  Eta yon bagay, yon moun ki rantre nan mitan dlo epi li rete nan dlo a pandan lontan.

Transfere, Fòse, pran yon bagay epi mete li yon lòt kote, nan yon lòt pozisyon.  Fòse, fè yon moun ale yon lòt kote.  Retire yon moun nan yon djòb, yon travay epi mete li nan yon lòt travay pandan li toujou ap travay pou menm patwon an.

Transh, Yon moso ki koupe soti nan yon bagay moun kapab manje.

Transhe, Koupe transh nan yon bagay.  Yon moso bagay ki te koupe soti nan yon bagay tankou yon moso kasav, yon moso pen e latriye.

Trant, Trantyèm nonb nan nonb pozitif yo.  Twa miltipliye pa dis.  Dis plis dis, plis dis ankò.  30.  Ven plis dis.

Travay, Nenpòt bagay yon moun fè ki itil nenpòt sosyete sou tè a.  Kontribisyon yon moun bay pou yon bagay rive fèt nan yon biznis, yon òganizasyon e nenpòt lòt kote moun nan ye.

Travayè, Moun ki ap travay, ki gen kouray pou travay e ki renmen travay.

Tray, Pwoblèm yon moun rankontre nan yon travay li ap fè epi moun sa dekouraje lè li rankontre avèk pwoblèm nan.  Pwoblèm yon moun genyen e li ap rakonte lòt moun li paske li panse pwoblèm nan twòp pou li.

Tren, Yon mashin ki long anpil e ki deplase sèlman sou ray.  Yon tren sanble avèk yon koulèv ki ap trennen sou vant li paske wou li yon kashe.  Tren kapab pote anpil moun, anpil shay tankou vwati avèk kamyon.

Trepase, Deplase soti nan lavi.  Moman lè yon moun ap pèdi tout fòs ki te disponib andedan li pou li kapab mouri.  Anpil moun gen yon gwo òkèt ki diminye piti piti pou jis moun nan mouri epi òkèt la disparèt.

Très, Shak bransh nan yon bagay ki trese.  Shak gwo bransh sheve nan tèt yon moun ki gen twa ti gwoup sheve.

Trese, Aksyon plizyè bagay tankou twa bransh fil, sheve ki ap deplase soti a dwat epi ale a gosh san rete pandan yonn ap rantre nan lòt la.

Tretman, Etap yon moun pase anvan maladi li rive trete,  geri.  Jan yon moun viv avèk yon lòt moun.

Trèz, Katriyèm nonb nan nonb pozitif yo ki gen de shif nan li:  en (1) avèk twa (3).  13.

Tribilasyon, Pwoblèm moun genyen e ki sanble yo pa ap janm rezoud.  Moun ki gen pwoblèm konsa ap vini abitye avèk li tankou li pa yon vrè pwoblèm pou moun nan.

Tribinal, Yon kay leta kote jijman fèt.  Kote yon jij, yon jiri,  de avoka ou plis, avèk yon gwoup moun reyini pou fè yon jijman.  Tout moun sa yo pa oblije patisipe nan yon jijman, men lè yo tout la gen mwens shans pou gen magouy fèt nan jijman an.

Trip, Tiyo vyann moun avèk anpil lòt bèt gen andedan vant yo kote manje gen pou yo pase anvan yo ale nan poupou.  Manje ki pa ale nan poupou yo ap rete andedan vant moun nan ou byen bèt la, nan kèk trip, anvan yo rantre nan vyann kò a.

Tripòt, Yon moun ki renmen pale, di bagay ki pa vrè sou lòt moun.

Tripotay, Koze yon moun pale, di sou lòt moun epi bagay sa yo pa vrè.

Twa, Katriyèm shif nan nonb pozitif yo.  Sis divize pa de.  De plis en.  3.

Twal, Yon materyèl koutiryè avèk tayè itilize pou fè rad.  Pwodiktè ki fè twal yo te konnen itilize fil pou fè twal.  Konnye a yo fè twal avèk anpil lòt bagay, menm avèk likid tankou lèt bèf.

Twalèt, Yon shanm nan yon kay kote moun benyen, lave yonn ou plizyè pati nan kò yo.  Gen twalèt ki gen kote pou moun poupou e bwose dan yo.

Twasèt, Yon jwèt ki jwe avèk ventsuit fèy kat.  Nan jwèt sa, nimewo sèt la pi piti pase tout kat yo e las la pi gwo pase tout kat yo.  Soti nan pi piti a pou rive nan pi gwo a, men non tout kat yo:  sèt, uit, nèf, dis, onz (J), douz (Q), trèz (K), las (A).  Lè plizyè moun ap jwe pi gwo kat yo bay moun ki genyen  yo a dwa pou pran kat ki pi piti yo atè a.

Twons, Yon moso bwa byen mezire ki koupe soti nan yon pye bwa.  Yon pye bwa kapab genyen plizè twons nan li.

Twòp, Kantite ki an plis la nan yon bagay.  Diferans ki genyen ant kantite yon bagay te dwe ye avèk kantite bagay la ye.