Retounen Nan Paj Lis Lèt Yo


 

S, Dizuityèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.  Li pwononse menm jan avèk mo, ès, ki vle di avanse nan yon direksyon, men pa janm rete nan yon liy dwat.

Sab, Anpil poud, kraze ti wòsh ki sou kote lanmè, larivyè e mason itilize yo pou fè mòtye pou kontriksyon.

Sadik, Eta moun ki pran plesi nan fè sa ki fè lòt moun mal. Eta anpil kriminèl.

Saint Marc, Gade Sen-Mak.

Sak, Nenpòt bagay fon avèk lans ki fèt pou moun pote bagay yo pa vle pote nan men yo.

Sal, Yon gwo shanm kote moun nan yon kominote selebre gwo okazyon, evènman avèk fèt.  Eta yon bagay ki gen malpwoprete sou li tankou pousyè.   Eta yon rad ki gen kras swè moun, labou, pousyè kole sou li.

Salad, Plizyè varyasyon nan bagay ki akonpaye manje sou yon tab.  Li kapab yon konbinezon leti, tomat, kawòt avèk yon melanj dlo, sèl, lwil.  Li kapab yon konbinezon bèt-wouj, pòmdetè, ze bouyi, mayonèz, zonyon.  Gen anpil diferan salad.

Sale, Yon bagay ki gen yon kantite sèl ki depase gou tout lòt bagay ki rantre nan konstitisyon li.

Salon, Yon shanm nan yon kay ki pote menm non avèk yon gwoup mèb andedan li.  Nan kèk kay shanm sa sèvi pou resevwa moun ki pa rete nan kay la.  Moun ki rete nan kay la itilize li pou divètisman tankou gade televizyon.

Salte, Bagay ki fè yon lòt bagay sal.  Malpwoprete.  Pousyè ki rasanble, tonbe sou yon kò, fas yon bagay.

Samdi, Setyèm e dènye jou nan yon semèn.  Apre jounen samdi a, yon lòt semèn kòmanse.  Se jou sa tout moun nan legliz Advantis yo ale legliz pou priye e bay Bondye glwa.

San, Yon likid ki toujou ap sikile nan venn moun avèk èd kè moun ki sèvi tankou yon ponp pou rale e pouse san an nan tout venn yo.  San an, vrèman, divize an de pati:  san wouj avèk san blan an.  100.  Yon kantite ki gen san inite nan li.  Senkant miltipliye pa de.  Mil divize pa dis bay san.  ~ De, 102.  Sandezyèm inite nan nonb pozitif yo.  San plis de.  Desan-kat divize pa de.  ~ Dis, 110.  Sandizyèm inite a. Kat-san-ven divize pa de.  San plis dis.  ~ En, 101.  San plis en.  De-san-de divize pa de.  San inyèm inite nan nonb pozitif yo.

Sandal, Yon soulye plat moun mete nan pye yo pou pye yo pa toushe atè, men tout pye a pa fèmen andedan li; konsa van kapab pase pou anpeshe pye a vini sho.  Sandal pi ansyen pase anpil soulye ki fèmen nèt yo.  Moun nan antikite te konnen mete sandal nan pye yo.

Sandwish, Yon manje moun prepare avèk plizyè bagay tankou pen, leti, mayonèz, tomat, fwomaj avèk kèk ti moso vyann plat.

Sann, Yon poud tout bagay ki fini boule kite nan plas kote yo te ap boule a.  Tè.

Sans, Konprann moun gen de yon bagay.  Direksyon yon bagay sib pou li ale yon kote.  ~ Inik, Sèl direksyon yon bagay tankou yon wout, yon ri genyen.  Relasyon ki gen ant de moun kote yonn nan moun yo toujou montre li enterese a lòt la, men yonn nan moun yo montre li pa enterese a lòt la.

Sansi, Yon moun ki pa vle travay e ki toujou ap mande lòt moun pou jis li santi moun nan pa genyen ankò pou bay li.  Yon bèt ki viv nan dlo epi ki renmen rale san moun pou li bwè.  Lè yon sansi ap rale san moun, li ap sispann rale sèlman lè vant li plen epi li soule.

Sant, Mitan.  Yon kote ki enpòtan anpil pou yon gwoup moun e moun toujou reyini kote sa a pou diskite anpil bagay. Enfòmasyon moun kapab resevwa nan nen li pou idantifye yon bagay.  Bon ~ , Yon sant moun renmen.   Move ~, Yon sant moun pa renmen,  yon sant moun rayi.

Sante, Eta yon moun tout òganism nan kò li ap fonksyone san pwoblèm.  Yon moun ki an sante gen kouraj pou li fè tout sa li vle fè avèk tout manb nan kò li.  Yon moun ki pa an sante kabap fèb ou byen yon manb nan kò li kapab fèb.

Santi, Eta yon bagay ki bay yon sant moun pa renmen, yon sant ki move.  Eta yon move kominikasyon ant plizyè manb nan kò yon moun.  Si yon bagay toushe yon moun, pati sa a nan kò a ap kominike enfòmasyon an bay yon lòt pati nan kò a; konsa moun nan ap konnen gen yon bagay ki toushe li, moun nan santi bagay la.

Santiman, Kominikasyon ki genyen ant tout pati nan kò yon moun avèk kè li.  Nenpòt bagay yon moun santi pou yon lòt tankou lide pou fè byen, mal.

Santimantalite, Eta yon moun ki gen santiman.

Santre, Mete yon bagay nan sant, nan mitan.  Voye yon boul bay yon jwè nan mitan yon teren.

Sashè, Yon ti sak ki pa gen lans e ki fèt avèk papye ou byen plastik.

Satan, Yon frè Bondye ki envizib e ki ap viv sou tè a avèk moun apre Bondye te fini kouri dèyè li nan syèl la.  Mal.

Satanik, Tout bagay ki mal, move.  Nenpòt bagay ki gen rapò avèk Satan.

Saten, Yon twal swa moun itilize pou fè parasòl, onbwè.  Tayè itilize twal sa a anpil pou mete andedan rad ki fèt avèk lòt twa lou pou kouti twal sa yo pa fè mak sou moun ki mete yo.  Saten fè yon rad lou gen mwens fwotman avèk kò moun.

Savann, Yon kokenshenn teren ki pa gen anpil gwo pye bwa sou li nan kèk peyi twopikal.  Zèb prèske pa grandi sou teren sa yo paske yo twò sho.  Gen anpil pousyè nan savann yo.  ~ Djann, Yon savann nan Depatman Latibonit la ki ant Mayisad avèk Sen-Mishèl, yon vil tou pre Gonayiv.  ~ Sahara, Pi gwo savann nan tout lemond e li sitiye nan nò kontinan Afrik la.

Se, Men kisa yon bagay ye.  Mo moun mete devan yon lòt mo pou di kisa mo a vle di.

Sè, Yon fi ki gen menm papa, menm manman avèk yon lòt moun.  Yon fi ki gen menm parenn, menm marenn avèk yon moun.  Yon mè.  Yon fi ki pa janm fè piti.  Yon fi ki se fidèl nan yon legliz.

Segond, Yon swantantyèm nan yon minit, yon kantite tan ki egal a kantite tan yon minit genyen divize pa swasant.

Segondè, Yon bagay ki vini apre, ki gen priyorite an dezyèm pozisyon.  Yon nivo lekòl nan peyi Ayiti ki vini apre lekòl primè.

Sèjan, Yon grad nan yon gwoup militè ki gen plis pouvwa pase yon kaporal.  Yon sèjan kèk fwa responsab pou antrene moun ki ap rantre nan yon kò militè.

Sekle, Deshouke zèb sou yon moso tè pou fè tè a bèl.  Kiltivatè sekle tè pou yo kapab plante grenn nan li.  Deshouke zèb nan mitan ti plant ki ap grandi pou bay yo libète pou yo grandi.  Travay yon kiltivatè fè pou kenbe plant li an sante.

Sekou, Rèl yon moun pou mande èd lè moun nan konnen li pa kapab defann tèt li san asistans yon lòt moun.  Yonn nan lis yon moun ki ap itilize òdinatè kapab sib pou jwenn enfòmasyon li ap shashe.  Tout pwogram gen mo sekou a nan lis sèvis yo.

Seksyon, Yon moso, yon pati nan yon bagay.  ~ Riral, Pi piti divizyon politik nan zòn peyi Ayiti yo.

Seksyone, Divize yon bagay an plizyè seksyon.

Sèl, Yon materyèl ki gen nan lanmè e moun retire li nan lanmè, netwaye li pou yo kapab itilize nan preparasyon manje, fonn nèj avèk glas nan peyi ki fè frèt yo.  Sèl gen yon eleman shimik ki rele sodyòm nan li.  Yon bagay ki gen fòm do bèt tankou sheval e ki pèmèt moun, ki antrene pou sa,  shita sou do yon bèt san li pa tonbe.

Sele, Mete sèl nan yon bagay.  Mete sèl sou do yon bèt tankou sheval pou moun monte.

Seleksyon, Shwazi nan mitan plizyè bagay pou pran sa ki bon an.  Yon travay kèk òganism nan kò moun fè pou yo shwazi manje ki fèt pou rete andedan vant moun e ki kontribye pou fè moun gwosi epi voye sa ki pa bon pou kò a deyò.

Seleksyone, Aksyon yon bagay, yon moun ki ap fè yon seleksyon.  Pran sa ki bon yo epi kite rès la.

Semèl, Pati anba yon bagay, tankou soulye, ki anpeshe pye moun toushe avèk tè a lè pye moun rantre nan li.

Sen, Moun ki te sakrifye tout lavi yo ap sèvi moun sou tè a e legliz katolik bay yo glwa, kèk tan apre lanmò yo.  Yon moun ki pa fè pyès peshe.  Yon bagay ki pa gen pyès pati nan kò li ki gate.  ~ Domeng, Ansyen non tout il kote peyi Ayiti avèk Dominikani an ye a.  Lè peyi Espay te vini pran pati lès il la, li te bay pati sa yon non espanyòl (Santo Domingo) e Ayiti pote yon non fransè paske peyi Frans te kontinye kolonize li pou jis rive nan ane 1803 yo.  ~ Espri, Yonn nan twa pati Bondye yo sou kote papa a avèk piti.  Yon espri ki monte moun nan kèk legliz e fidèl legliz sa yo kwè se lespri Bondye ki monte moun sa yo.  Yon espri ki sen, ki soti nan Bondye.  ~ Mak, Yon vil nan Depatman Latibonit la kote Wout Nasyonal Nimewo En an pase pou ale nan nò peyi Ayiti.  Saint Marc.  Non yon pwofètè.  ~ Mishèl, Yon vil nan Depatman Latibonit la ki tou pre Gonayiv.  Non yon pwofèt. 

Sèn, Yon kote andedan yon gwo sal moun ranje pou fè teyat.  Yonn nan shak pati, moun ki ap fè film,  yo kole ansanm pou bay kantite tan yon film dire.  Yon moun ki nan yon sèn pa oblije rankontre avèk moun ki nan yon lòt pati nan film nan, men moun ki ap gade film nan ap wè yo ansanm.  Plizyè moun ansanm ki kanpe nan mitan yon ri, nan ti vil yo, ki ap joure, batay.

Senatè, Yon moun ki nan yonn nan de shanm lejislatif yon peyi e ki patisipe nan fè lwa pou peyi.

Senbòl, Yon siy ki reprezante siyfikasyon, imaj yon bagay.

Senk, Sizyèm shif nan nonb pozitif yo.  5.  Dis divize pa de.  Kat plis en.

Senkant, Senk miltipliye pa dis.  50.  San divize pa de.

Sentiwon, Yon moso kui kèk pwodiktè fè pou moun kapab mare rad nan senti yo.  Gason pase sentiwon nan pasan pantalon epi boukle sentiwon an; konsa li anpeshe pantalon an desan nan pye yo.

Septanm, Nevyèm mwa nan yon ane e twazyèm mwa vankans pou elèv lekòl nan peyi Ayiti.

Seramik, Travay yon atizan ki kreye imaj yon bagay avèk ajil.  Yon travay seramik kapab gwo tankou estati yon moun ou byen piti tankou bijou pou dekorasyon andedan kay.

Sere, Mete yon bagay yon kote pou pyès lòt moun pa kapab jwenn li.  Anpeshe moun wè yon bagay.  Mare yon bagay pi di avèk yon kòd.

Seremoni, Fèt moun fè pou fè sonje, selebre yon evènman ki te pase nan yon dat.  Nenpòt fèt pou nenpòt rezon.

Sereyal, Kèk manje ki fay anpil e ki pa kapab plen vant moun pou anpil tan paske yon ale nan vant moun pi vit pase manje ki lou yo.  Pwodiktè yo fè sereyal avèk bagay tankou mayi, ble e latriye epi yo pase li nan fou anvan yo mete li nan bwat.

Seriz, Yon grenn yon pye bwa donnen e ayisyen fè ji, konfiti avèk li.  Grenn seriz gen koulè vè lè li vèt e li gen koulè wouj lè li mi.

Sèsh, Eta yon bagay ki pa gen pyès dlo nan li.

Sèt, Setyèm shif nan nonb pozitif yo.   7.  Katòz divize pa de.  Dis mwens twa.  Sis plis en.

Sètifika, Yon moso papye avèk ekriti sou li ki montre yon moun te etidye nan yon lekòl e li te fini etid la pou kantite tan nesesè a.  Dènye klas nan lekòl primè nan peyi Ayiti.

Setyèm, Yon plas, pozisyon ki rive nan menm nivo avèk sèt.  Pou rive nan setyèm, moun ki ap di pozisyon yo soti nan premye, dezyèm, twazyèm, katriyèm, senkyèm epi sizyèm.

Sèvant, Yon moun ki ap sèvi lòt moun.  Yon moun ki gen pou djòb netwaye, fè manje, lave e pase rad pou tout moun ki ap viv nan kay la.

Sèvi, Fè travay yon moun pou li san toushe pou sa.  Fè yon travay pou yon moun.  Travay yon moun ki bay yon lòt moun bagay pou li bwè, manje pandan moun sa andedan kay li.

Sèvis, Aksyon yon moun ki sèvi yon lòt moun.  Aksyon yon moun ki fè yon travay, yon lòt moun te gen pou li fè, san li pa toushe pou sa.

Sèvitè, Yon moun ki itilize yon moso tan, tout tan nan lavi li pou sèvi lòt moun.  Yon moun, yon bagay ki ap sèvi moun.  Yon gwo òdinatè ki gen anpil lòt ti òdinatè ploge sou li pou pèmèt tout ti òdinatè sa yo itilize resous, tankou pwogram avèk memwa, gwo òdinatè a gen sou li.

Sèvyèt, Yon moso twal ki kapab resevwa anpil dlo anvan li kòmanse mouye e moun itilize twal sa a pou siye kò yo lè yo fini benyen, pou siye nenpòt pati nan kò.  Gen gwo sèvyèt e gen ti sèvyèt pou tout pati nan kò moun.

Sèz, Disetyèm nonb pozitif ki gen de shif nan li:  en (1) avèk sis (6).  16.

Shadèk, Yon gwo grenn yon pye bwa donnen e ki sanble avèk zoranj anpil.  Yon shadèk pi gwo pase zoranj, li won menm jan avèk zoranj e yo gen menm koulè, jón.  Li difisil pou yon moun ki pa konnen de fri yo byen pou fè diferans ant gou ji yo de a.

Shak, Yonn pa yonn.  Yonn nan yon pozisyon pou kont li.

Shalè, Yon wotè tanperati a monte ki fè moun santi lè a sho.  Shalè fè moun swe, esoufle e malad.  Nan peyi Etazini, shalè konnen touye moun ki gen pwoblèm sante.

Shanje, Mete yon bagay nan plas yon lòt.  Bay, resevwa yon bagay nan plas yon lòt.  Retire fòm koulè yon bagay te genyen pou bay li lòt fòm, lòt koulè.

Shanjman, Travay moun ki shanje yon bagay.  Travay ki fèt nan yon bagay ki shanje.

Shanm, Yon kote tout senatè ou byen depite yon peyi reyini pou yo travay.  Yonn nan plizyè gwo divizyon andedan yon kay.   ~ Koushe, Yon shanm nan yon kay ki fèt sèlman pou koushe.  Li gen yon kabann, yon amwa, yon pandri e kèk fwa menm yon twalèt e latriye.  ~ Manje, Yon shanm nan yon kay ki fèt sèlman pou manje .  Li gen nan li yon tab avèk tout bagay ki gen rapò avèk manje tankou gad-manje, asyèt, kiyè, anba-plat, kouvrepla e latriye.

Shans, Avantaj, opòtinite moun benefisye, jwenn san yo pa ranpli kondisyon nesesè pou yo te benefisye, jwenn avantaj, opòtinite sa yo.  Yon rezilta moun jwenn san konnen mwayen li pase pou rive jwenn rezilta a.

Shante, Yon tèks ki ekri yon fason pou moun kapab li li avèk yon vitès pi dousman pase jan moun pale e anpil moun kapab pran plezi lè yo ap koute li.  Pase anpil tan pou di yon mo e kontinye fè menm jan pou tout ou byen plizyè gwoup mo nan yon tèks pou jis rive nan finisman tèks la.  Tèks yon ekriven ekri pou li menm ou byen lòt moun pase anpil tan ap di mo yo avèk yon vitès pi dousman pase jan moun pale.

Shantè, Sanba.  Moun ki fè shante, ki konnen kijan pou li shante nenpòt shante epi fè moun renmen shante a.  Moun ki toujou anvi shante li.

Shapèl, Yon ti legliz katolik nan yon ti kominote.  Yon legliz katolik nan yon seksyon-riral nan peyi Ayiti.

Shapit, Yonn nan shak gwo divizyon, pati yon liv kote ekriven an pale de yon sijè ki sanble li diferan de lòt pati nan liv la.  Travay yon bòkò fè pou yon moun ki vini kote li pou shashe konnen yon verite.

Shashe, Fouye nan mitan plizyè bagay pou rive jwenn yon bagay.   Gade plizyè bagay byen pou rive jwenn yonn, pou pi piti, nan li.

Shat, Yon bèl ti bèt ki gen zòrèy kanpe, tèt won, ki fè yon son nan gòj li tankou:  miyaw, miyaw, …  Gen yon lòt son san rete e endepandan de volonte shat la ki toujou ap fèt nan gòj li tou.  Moun ki soufri maladi, Las, gen menm son sa a nan gòj yo tou.  Koko fi.

Shavire, Pran yon pozisyon tankou lè tèt la vini anba epi pye yo ale anlè.   Yon mashin ki koushe sou yon kwen li, tèt anba, nan yon falèz.

Shèf, Moun ki gen pouvwa e fòs pou gouvène tankou yon prezidan, yon wa, e latriye.  Nenpòt militè.  ~ Seksyon, Non moun ki te reponsab seksyon riral nan peyi Ayiti yo te genyen.  Shèf seksyon yon te gen anpil pouvwa nan men yo paske yo te milisyen tou.

Shèk, Yon moso papye yon bank bay yon kliyan li pou fè konnen moun sa a te fè yon biznis avèk bank la pou kenbe lajan pou li epi peye nenpòt moun ki parèt devan bank la avèk moso papye sa a ki gen non moun nan, yon motan kòb la an shif e an lèt, dat jou a ou byen nenpòt dat rezonab, siyati kliyan bank la.

Shemen, Wout.  Nenpòt mwayen moun itilize pou rive yon kote, jwenn yon bagay.  Jezi Kris.

Shemiz, Yon rad gason mete sou yo pou kouvri kò yo soti nan kou yo pou rive nan senti yo.  Yon shemiz gen yon kòlèt, de mansh kout ou byen long, yon pòsh (pou pi piti) sou bò gosh la e sou lestomak gason a.  Yon shemiz fann sou devan epi li gen bouton pou fèmen li kote li fann nan.

Shemizèt, Yon rad gason mete sou yo e anba shemiz yo.  Shemizèt pa genyen mansh menm jan avèk shemiz e yo pa ouvri devan tou.

Sheri, Yon non yon moun bay yon lòt moun ki enpòtan nan lavi li tankou mennaj, mari, madanm, frè, sè e latriye.  Nan anpil sosyete se moun ki gen sèks opoze yo ki di lòt la sheri.

Shèsh, Eta yon bagay, yon moun, ki piti devan gwosè nòmal moun sipose li te dwe ye.  Yon moun anpil nan zo kò li vizib. Mèg.

Sheval, Yon gwo bèt ki gen ke long, kat pye, gwo tèt.  Moun fè sheval rale, pote shay e moun monte li tou.  Sheval kapab kouri vit anpil; se sa ki fè gen anpil teren kote moun prepare pou fè kous sheval.  Yon femèl sheval kapab fè yon pitit ki rele milèt lè li kwaze avèk yon mal bourik.  Shwal.

Sheve, Plim.  Plim ki grandi nan tèt, anba zèsèl moun, toupre koko fi, zozo gason e sou kò anpil bèt tankou poul, sheval, e latriye.

Shèz, Yon moso plansh ou byen yon kadran ki trese avèk kòd palmis, latanyen e latriye e ki gen kat pye avèk yon dosye pou moun shita.

Shifonnen, Eta yon bagay ki gen anpil mak sou li, ki pate egziste lè li te nèf.  Eta yon rad ki pa pase.

Shimi, Etid syantifik konpozisyon avèk reyaksyon tout eleman nan lanati.  Yon syans.

Shimik, Yon materyèl ki gen pou pi piti yonn nan eleman shimi yo nan li.

Shin, Pi gwo peyi nan kontinan Azi a e li gen fontyè avèk pliske dis peyi.  Kapital peyi sa a rele Bejin e moun la pale anpil lang.  Yon pa itilize alfabèt tankou alfabèt lang Kreyòl la.  Yo itilize senbòl ki sanble avèk sa yo vle di a pou ekri yon mo. Moun ki ap li tèks lang sa kòmanse li a dwat pou rive a gosh.  Gen plis pase 1.008.175.288 moun ki ap viv nan peyi Shin.

Shire, Dekole moso nan yon bagay san pran prekosyon kijan bagay la ap dekole.  Aksyon yon gason ki fòse zozo li rantre nan koko yon ti fi.  Kreve.

Shita, Eta yon moun ki plwaye kò li yon fason pou li kapab fè dèyè li rive sou yon bagay tankou yon shèz kote li kapab lage tout rès kò li desann.

Sho, Eta yon bagay ki resevwa shalè.  Pèfòmans, yon moun, yon atis tankou yon shantè.  Aksyon yon moun ki ap shashe montre sa li genyen, kò li, yon bagay li posede.

Shodyè, Resipyan moun itilize pou mete manje bouyi sou dife.

Shofe, Eta yon bagay nan moman li ap resevwa shalè.  Eta yon ti gason, yon ti fi ki anvi gen mennaj.  Moun panse timoun sa gen anpil shalè (anvi fè lanmou) ki ap grandi andedan li.

Shofè, Moun ki shofe yon bagay.  Yon moun ki konnen kondi yon mashin tankou yon kamyon.

Shòfrèt, Malkadi.  Manifestasyon yon maladi kèk moun genyen ki fè yo pèdi konesans, tranble anpil epi rele pandan boush yo ap fè kim.

Shose, Pati nan yon wout ki nan mitan de liy kote yon mashin kapab pase a.  Yon ri kapab genyen de ou byen plizyè shoshe.

Shosèt, Yon ti sak moun mete nan pye yo pou anpeshe soulye fwote dirèkteman nan pye yo.

Shou, Yon vejetab ki bon pou mete nan bouyon e legim.  Yon pati nan pye palmis ki kouvri avèk anpil tash.  Tash ki poko rèk pou parèt deyò.  Ti gou sikre li genyen an fè li fè bon legim tou.

Shouk, Rès dèyè yon bagay tankou yon pye bwa ki kase.  Rès yon dan ki kase nan boush yon moun, yon bèt.

Shoukèt, Yon ti shouk.  Yon moun ki pa grandi tankou moun nòmal grandi.

Shwa, Libète yon moun genyen pou li kapab shwazi.  Plizyè bagay ki disponib pou yon moun pran nenpòt nan yo li vle.

Shwal, Sheval.  Yon gwo bèt ki gen ke long, kat pye, gwo tèt.  Moun fè sheval rale, pote shay e yo monte li tou.  Sheval kapab kouri vit anpil; se sa ki fè gen anpil teren kote moun prepare pou fè kous sheval.  Yon femèl sheval kapab fè yon pitit ki rele milèt lè li kwaze avèk yon mal bourik.

Shwazi, Travay yon moun ki itilize libète li genyen pou pran nenpòt nan plizyè bagay ki disponib.

Shyen, Yon bèt ki bon zanmi moun lè moun nan trete li byen.  Yon shyen gen kat pye, yon ke long, boush long.  Shyen kapab meshan pou moun li pa konnen.  Li toujou vle pwoteje mèt li kont moun li kwè ki ap ale atake mèt.  Kèk shyen byen avèk tout moun menmsi se premye fwa yo wè moun nan.  Lè yon mal shyen ap kwaze yon femèl, li ap kole avèk femèl la pou jis li fini voye.  Shyen zanmi shat.

Si, Eta yon bagay ki gen anpil asid nan li.  Sik kapab shanje gou yon bagay ki si.  Mo yon moun itilize pou rantre yon kondisyon nan lide li.  Yonn nan sèt nòt mizikal yo:  do, re, mi, fa, sòl, la, si.

Sid, Yonn nan kat pwen kadinal yo.  Li opoze a nò.

Sik, Yon preparasyon, konsantrasyon ji kann ki fè likid sa a vini fè yon poud tankou sab, men li dous e li fonn nan likid.  Nenpòt poud dous.

Siklòn, Yon gwo shanjman nan fonksyónman nòmal lanati ki bay anpil van fò ki ap vire nan yon sèl plas.  Siklòn bay gwo lapli ki kapab detri anpil bagay nan yon tan kout.  Van yon siklòn kapab vire nan yon sèl plas avèk yon vitès pi vit pase 150 kilomèt shak inèdtan pandan li ap deplase avèk yon vitès 10 kilomèt shak inèdtan konsa.

Sikre, Eta yon bagay ki vini dous paske li gen sik ki fonn nan yon li.  Yon bagay ki gen sik nan li.

Siksesyon, Eta nenpòt bagay, moun ki ranplase, ki vini apre yon lòt bagay, moun.

Silans, Absans bri, son avèk pale.  Eta yon moun ki pa vle reponn yon kesyon.

Silvouplè, Ekspresyon nan boush yon moun ki vle montre li pa merite yon sèvis li ap mande.  Mo moun itilize pou sipliye yon lòt moun pou rann li yon sèvis.  Yon moun ki vle mande yon asasen pou li pa touye li kapab di asasen an:  silvouplè pa touye mwen.

Siman, Yon poud koulè gri mason itilize pou yo fè mòtye ki ap vini di anpil lè li sèsh.  Yon lakòl kòdonye itilize pou yon kole moso kui nan semèl soulye.

Simante, Mete mòtye ki gen siman nan li sou yon moso tè, andedan shanm yon kay.

Simetyè, Yon plas kote ki gen anpil kavo pou moun mouri avèk moso tè pou antere moun mouri.  Dènye plas kote yon moun ki sou tè a gen pou yo ale.  Dènye plas kote moun mennen fanmiy yo pou ale pran dènye repo yo.

Sinema, Plizyè sèn teyat ki kole ansanm e anrejistre sou yon band-mayetik pou bay imaj sèn yo menm jan yo te anrejistre a sou yon gwo ekran.  Gwo ekran sa yo bay tout gwosè aktè avèk aktris yo nòmalman tankou nan lavi reyèl.  Film.  Yon kay ki gen anpil shanm nan li kote gen yon film ap jwe nan shak shanm yo.

Sinistre, Kantin.  Manje gwo peyi tankou Etazini te konnen voye bay peyi pòv yo pou separe bay moun ki pa kapab ashte manje pou swen tèt yo, pitit yo.  Shèf peyi pòv yo te konnen vann manje sa yo pou yon montan lajan ki pi piti pase kantite lajan yo kapab ashte manje nan mashe.  Eta moun nan yon zòn kote yon siklòn fini pase.

Sipliye, Mande yon moun yon sèvis yon fason pou montre moun nan grandè li avèk respè li kapab jwenn si li rann sèvis sa.

Sipò, Yon fòs etranje ki nesesè pou yon moun jwenn yon nivo satisfaksyon.  Aksyon yon moun ki dakò avèk yon bagay yon lòt moun fè.  Bagay ki nesesè pou yon bagay, yon moun kapab kenbe yon pozisyon.  Konvèsasyon yon moun gen avèk yon lòt moun ki gen yon moun nan fanmiy li, pwòsh li mouri.

Sipòte, Aksyon yon moun, yon bagay ki bay sipò.  Bay sipò.

Sipòtè, Moun ki bay sipò.  Moun ki patisipe nan yon manifestasyon pou sipòte yon desizyon politik yon moun pran.

Sis, Sizyèm shif nan nonb pozitif yo.  6.  Senk plis en.  Twa miltipliye pa de.

Sispann, Moman kote yon bagay kanpe pou rekòmanse ankò yon lòt lè.  Kanpe.

Sitadèl-Laferyè, Pi gwo moniman nan peyi Ayiti ki nan nò peyi a e sou yon mòn nan do vil Sen-Rafayèl.  Ayisyen te konstwi li sou gouvènman Anr Kristòf ki te yon wa nan zòn sa a.  Kote batiman sa a sitiye a te ede wa a defann wayòm li kont lòt peyi e lòt pati nan peyi Ayiti a menm ki te gen yon lòt gouvènman nan tèt li.  Jodia, Sitadèl la se yonn nan pi gwo mèvèy nan lemond.

Sitiye, Kote yon bagay tankou yon moso tè, ki pa janm deplase, ye.

Sitwayen, Moun ki pote nasyonalite yon peyi.  Moun ki te fèt nan yon peyi e ki rete kenbe nasyonalite li te genyen nan menm peyi sa.

Sitwon, Grenn yon pye bwa ki gen anpil asid nan li.  Yon grenn sitwon gen prèske menm fòm avèk yon ze poul.  Sitwon gen koulè vè anvan li mi e apre sa li vini gen koulè jón.  Yon pye sitwon gen anpil pikan sou li e li pa grandi tou dwa apre li fini rive yon wotè.

Sitwonad, Limonad.  Yon ji ki gen dlo, sitwon avèk sik nan li.  Li pote non sitwonad la paske li gen sitwon nan li.

Sitwonnen, Fwote moso sitwon sou yon bagay tankou vyann epi mete ji sitwon nan li.

Siv, Yon epis ki gen koulè vè e ki bay manje bon gou.  Ayisyen itilize siv anpil nan manje, men li pa bon pou moun manje anpil siv lè moun nan kòmanse granmoun.

Sivik, Nenpòt bagay ki gen rapò avèk yon sitwayen yon peyi tankou vote, ale nan lagè, patisipe nan jiri e latriye.

Sivil, Tout moun ki pa oblije mete inifòm sou yo pou abiye, fè travay yo, patisipe nan yon òganizasyon.  Moun ki pa lye avèk yon gwoup militè.

Siviv, Kontinye viv malgre tout danje, tribilasyon ki te kapab kòz lanmò.

Siwo, Nenpòt likid ki gen anpil sik nan li.  Likid syantis nan bransh medikal yo prepare pou kèk maladi tankou grip.  Nenpòt bagay ki dous anpil.  ~ Myèl, Yon siwo myèl mete nan lasi yo epi moun separe lasi a avèk siwo a.

Siye, Fwote yon bagay sèsh sou fas yon bagay ki gen yon likid pou retire likid la sou fas bagay sa a.  Pase yon bagay tankou papye, twal sou pati nan yon bagay ki gen pousyè pou netwaye li, retire pousyè yo.

Siyen, Travay yon moun ki ekri non li anba yon ekriti pou fè nenpòt moun ki ap li tèks sa a konnen ki moun ki te ekri li, menmsi non moun ki anba tèks la pate ekri tèks la, li aksepte pran tout responsablite tèks la lè li siyen anba li.  Anpil moun shashe envante yon senbòl yo panse lòt moun pa kapab imite pou ranplase non yo nan sitiyasyon konsa.

Sòl, Yonn nan sèt nòt mizik yo:  do, re, mi, fa, sòl, la, si.

Somèy, Dòmi.  Eta kote yon pa konnen anyen ki ap pase sou kote e li kapab fè rèv.  Somèy prèske menm jan avèk lanmò.  Yon moun ki sou kapab rantre nan yon somèy ki pre lanmò anpil paske li difisil pou moun sa a reveye.

Somye, Yon matla ki gen resò an fè e eponj sou tèt resò yo pou pèmèt matla a fè resò lè moun koushe sou li.  Tout kote kò moun nan fè vant matla ap pouse eponj pou sipòte pati sa a nan kò moun nan.

Son, Nenpòt bagay zòrèy kapab tande.

Sonnen, Eta yon bagay ki fè yon gwo son ki twò fò pou moun koute.  Son yon klòsh fè.

Sòs, Manje likid moun fè pou yo mete sou lòt manje ki di pou ede manje di sa yo desann pi fasil nan gòj.  Sòs ogmante gou manje di yo ki pa kapab kenbe bon gou pou anpil tan menm jan avèk sòs.

Sosis, Vyann moulen ki ranje nan yon moso trip, nan kèk ti sak ki prepare avèk materyèl ki gen prèske menm gou avèk trip bèt.  Sosis kapab long anpil, men mashann koupe yo nenpòt longè moun ki ap ashte yo vle mashann nan koupe yo.  Gen sosis ki fèt avèk vyann anpil diferan bèt.

Sosyete, Gwoup moun ki antann yo pou yo viv ansanm;  konsa yo fè lwa pou esplike dwa avèk devwa shak moun.  Shak moun fèt pou konnen kijan pou yo konpòte yo pou pyès moun pa anniye moun ki ap viv sou kote yo.  Kapab gen plizyè sosyete nan yon peyi, men nòmalman yon peyi se yon sosyete.

Sòt, Eta yon moun entelijans li pa devlope, ki pa gen menm konesans moun ki gen menm laj avèk li genyen.

Soti, Kite andedan yon bagay epi ale.  Sib shemen pou ale deyò yon bagay tankou yon kay.  Aksyon yon moun ki pran wout ale kite yon espas fèmen, andedan yon bagay kote li te ye tankou dlo. 

Sou, Okipe pozisyon anlè yon bagay, men toupre bagay la e kèk fwa kole anlè bagay la.  Bwè bwason ki gen alkòl nan li e ki fè moun nan pèdi ekilib mashe li.  Yon moun ki sou pa gen bon konsyans e li pale anpil.  ~ Do, Yon langaj moun itilize pou di yo ap pote yon bagay, yon responsablite sou do yo.

Soudan, Yon peyi nan lès e mitan kontinan afriken an.  Kapital peyi sa rele Katoum.

Souf, Sous lavi.  Yon bagay envizib nan kò moun ki kenbe li nan lavi.  Yon pwodui shimik lè li boule ki disparèt e ki pa men kite sann. Yon pati andedan kèk bèt.  Souf kapab evapore nan dife.

Soufrans, Eta yon moun ki ap soufri.  Yon soufrans kapab fizik, imajinè e latriye.  Doulè.

Soufri, Eta yon moun ki santi yon pati nan kò li tankou men li, pye li, pozisyon yon pò ap fè li mal.  Lè se kè yon moun ki ap fè li mal soufrans moun nan kapab imajinè paske nenpòt pati nan kò yon moun kapab transmèt yon doulè, menmsi li pa vrè bay kè moun nan.  Moun ki pè pou li pa gen yon maladi kapab santi li vini gen maladi a.

Soulaje, Eta yon moun soufrans li, doulè li pase.  Eta yon moun ki sispann soufri.  Jan yon moun santi li lè responsablite li te genyen soti sou do li, ale kite li.

Soulajman, Bagay moun itilize pou retire doulè, soufrans, shay ki te sou do yo.

Souliye, Pase yon liy anba yon bagay tankou yon mo nan yon tèks.

Soulye, Yon bagay moun itilize pou kouvri pati anba nan pye yo pou li pa toushe atè e evite frape pati sa a ki enpòtan anpil pou yo mashe.  Gen plizyè diferan soulye:  kèk nan yo kout, kèk nan yo wo e yo kouvri plis pati nan pye moun pou pwoteje li plis.

Soupe, Yon repa tankou labouyi, banana, avwán ayisyen manje lannwit anvan yo ale koushe pou nwit la.

Soupoudre, Yon bagay ki sanble avèk sosis mashann vyann ki vann vyann koshon prepare.  Li bay manje bon gou.  Mashann sa yo prann trip koshon apre yo fini touye li, yo prepare epis pou mete nan li, yo melanje li avèk kèk ti moso vyann avèk trip ki pi piti yo pou mete andedan yon bransh trip ki pi gwo.  Malgre soupoudre a pa andedan refrijeratè pou konsève, ayisyen panse li pi bon e tout tan li pi santi anpil ayisyen pi renmen li nan manje.

Sourit, Yon ti bèt tèt koupe avèk rat ki gen ke long, fèy zòrèy kanpe, boush long.  Li renmen viv nan tou tè e li renmen anpil nan manje moun renmen yo.  Syantis nan bransh medikal yo itilize ti bèt sa a pou eseye medikaman anvan yo bay moun li paske konstitisyon kò moun menm jan avèk kò li.  Yonn nan senk pati yon òdinatè operatè a itilize pou shwazi yon bagay sou ekran an epi kòmande òdinatè a.  Moun deplase li menm jan avèk yon sourit ki ap mashe.

Sous, Premye kote yon bagay soti.  Rasin, orijin yon bagay.  Tou kote dlo ki fòme yon rivyè soti.  Tout rivyè soti nan yon sous.

Souse, Mete pwent yon bagay andedan boush pou rale yon likid ki andedan li tou dousman.  Mete pwent yon bagay, yon bagay nan boush epi fè tankou li gen likid andedan li ki ap soti tou dousman pandan krashe ap mouye bagay la.

Sousè, Moun ki ap souse, moun ki konnen kijan pou li souse yon bagay.  ~ San, Sansi.  Yon lougawou ki ale nan kwen kay yon moun epi ki ap rale san yon moun vini nan boush li san li pa rantre andedan kay la.

Sousi, Yon ti liy sheve ki anlè je moun, men li pa sheve.  Shak moun gen sousi sou tou de je li.  Eta yon moun ki santi li gen yon responsablite sou do li.

Soustraksyon, Yonn nan kat operasyon aritmetik yo:  adisyon, soustraksyon, miltiplikasyon, divizyon.  Soustraksyon de nan kat ap bay de (4 – 2 = 2).

Souvan,  Eta yon bagay repetisyon li fèt avèk rapidite.  Mè yo priye pi souvan pase tout relijye.

Spèmatozoyid, Yonn nan plizyè milyon ti bèt ki nan deshay yo gason, yon mal bèt.  Lè yon spèmatozoyid rankontre avèk yon ovil andedan yon fi, li fòme yon ze ki ap ale vini yon timoun.

Spò, Anpil disiplin kote moun sib kèk prensip pandan yo ap fè egzèsis pou ogmante enèji nan manm kò yo.  Moun fè spò anpil pou ede yo kontinye jwe anpil jwèt tankou foubòl, volebòl, bezbòl e latriye.

Spòtif, Eta yon moun ki fè spò.  Nenpòt bagay ki gen rapò avèk spò.

Stil, Jan yon moun ye, jan li abiye, jan li fè tout bagay li konnen fè.  Mwayen yon moun itilize pou li fè yon bagay.

Suiv, Gade sib.

Suzuki, Yon konpayi mashin Japonè.

Swasant, Swasantyèm nonb pozitif la.  60.  San-ven divize pa de.  Senkant plis dis.  ~ Dis, Swansant-dizyèm nonb pozitif la.  70.  Senkant plis ven.  San mwens trant.  San-karant divize pa de.

Swe, Eta yon moun ki rete anpil nan solèy, ki ap fè anpil egzèsis avèk kò li epi yon likid sale vini ap soti nan pò nan kò li.  Eta yon moun ki kanpe devan yon odyans pou premye nan lavi li epi, menmsi likid sale pa ap soti nan pò li yo, li santi likid la ap soti.

Swis, Yon peyi nan kontinan Ewòp la, nan nò-lwès Nòvèj e ki gen yon konstitisyon tankou tout peyi kote ki gen wa yo.  Kapital li rele Stokòlm e lang moun nan peyi sa rele Swis tou.

Syans, Konesans ki shita sou reyalite.  Yon bransh konesans byen defini.  Konesans sou lwa lanati.  Tout kò ki pre fas tè a ap toujou tonbe sou li; sa a a se yon lwa lanati ki rele gravite.

Syantifik, Tout bagay ki gen rapò avèk syans.  Travay yon syantis tankou yon reshèsh.

Syèk, Yon kantite san ane ki pase.  San ane.

Syèl, Espas vid moun kapab wè anlè a kote zetwal, lalin avèk tout lòt planèt yo ye.