R, Disetyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.
Ra, Eta yon bagay moun
difisil pou jwenn, rankontre li. Yon
bagay moun oblije shashe li anpil pou jwenn li.
Rabote,
Aksyon yon bagay ki ap avanse nan yon direksyon epi li ap pouse ale tout sa li
jwenn nan shemen li, sou wout li.
Rad, Moso twal koutiryè avèk
tayè koupe nan fòm kò moun e koud yo ansanm pou moun abiye.
Radyo, Yon mwayen kominikasyon
ki egziste ant yon gwo aparèy elektwo-mayetik ki voye son nan lespas e yon ti
aparèy elektwo-mayetik ki ap resevwa son sa yo.
Kantite ti aparèy ki kapab resevwa son sa yo pa gen limit.
De ti aparèy de moun, pou
pi piti, kapab ititlize pou yo pale, kominike ant yo de a.
Rafine,
Eta yon moun ki resevwa yon edikasyon nan fanmiy li, nan zòn kote li ap viv la
ki fè li konprann byen jan pou li viv avèk moun ki ap viv sou kote li.
Rafreshisman,
Yon bagay glase tankou krèm, dlo, kola e latriye ki kontribye nan bese shalè
yon moun santi lè moun bwè bagay sa yo. Nenpòt
bagay moun bwè avèk espwa shalè yo santi ap bese.
Rakèt,
De plant nan peyi Ayiti: yonn gen
yon fòm varye avèk pikan e yon likid blan andedan li.
Likid sa a se yon pwazon. Ayisyen
itilize rakèt sa pou fè lantouray. Lòt rakèt la gen yon fòm oval avèk ti pikan fèb nan tout
kò li. Ayisyen itilize plant sa
pou feyaj. Yon entriman jwè anpil
jwèt itilize pou frape e voye yon boul sou bò lòt jwè a.
Rakonte,
Pale de yon bagay ki pase. Bay yon
kont tankou istwa Bouki avèk Timalis.
Ran, Nivo ki egziste ant plizyè
bagay, moun, djòb, travay, pozisyon nan yon sosyete, yon peyi.
Liy. Plizyè moun ki kanpe
yonn devan lòt pou tann yon bagay.
Randevou, Yon lè,
de ou byen plis moun antann yo, pou rankontre yon kote pou pale de yon bagay.
Ranje, Mete plizyè bagay nan
yon pozisyon ki ede jwenn yo lè gen bezwen pou yo.
Bay yon bagay yon fòm li te pèdi.
Plizyè bagay ki nan yon pozisyon.
Rankont,
Moman kote moun rankontre.
Rankontre,
Soti nan yon pozisyon, yondireksyon pou ale menm kote avèk lòt moun ki pa soti
menm kote a.
Ranmye,
Yon bèl zwazo ki kapab fè yon gwo bri andedan gòsh li e ki toujou ap vole,
rete sou yon pye bwa kote parèy li ye.
Rann, Travay yon moun ki ap
pouse manje soti andedan vant paske gen yon fòs ki ap pouse manje sa a soti deyò.
~ Sèvis,
Sèvi yon moun gratis ou byen pou lajan.
Ranpli,
Fè, mete an plis sou yon bagay tankou mete tè nan yon tou.
Ranyon,
Moso twal, rad ki lave anpil, twò ansyen pou moun abiye epi moun mete yo nan
yon kwen ou byen anba matla kabann.
Rapadou,
Yon sik solid peyizan ayisyen fè nan moulen.
Pou prepare rapadou, peyizan yo kraze kann pandan yo ap separe dlo a avèk
kakas kann nan. Yo mete dlo kann
nan bouyi pou jis li vini siwo. Nan
yon moman anvan siwo a brile, yo retire li mete nan yon gwo ganmèl
epi yo brase siwo a pou jis li prèske di.
Lè sa yo mete li nan kayèt.
Rapòte,
Aprann yon bagay, yon istwa epi ale pale lòt moun de konesans sa yo.
Bay enfòmasyon nan yon jounal, yon radyo, yon televizyon.
Rapòtè, Moun ki pran yon nouvèl epi pote li ale bay lòt moun.
Moun ki bay nouvèl nan jounal, radyo, televizyon.
Rara, Yon gwoup mizikal ki gen
yon majò-jon devan, kèk dansè dèyè
li, tanbouyè, banbouyè, yon bòkò, yon badjikan, avèk kèk lòt mizisyen e
patisipan. Rara kòmanse sou dènye
jou madigra pou fini lè fèt Pak rive.
Ras, Divizyon moun kreye pou fè
diferans ant koulè moun ki ap viv sou tè a e tout kote nan lemond.
Rasanbleman,
Plizyè bagay, moun, bèt ki nan yon pozisyon nan yon moman.
Yon foul moun.
Rash, Yon enstriman ki fèt pou
koupe gwo bagay di tankou yon twons bwa. Pou
koupe yon bagay avèk rash, moun frape pati file nan rash la sou bagay la anpil
fwa epi ti moso soti yonn apre lòt nan bagay la jis li fini koupe.
Rashe, Rale yon bagay soti nan
yon pozisyon li te ye, avèk fòs.
Rasin, Yon pwent tout plant
pouse nan tè a pou kenbe yo solid anlè tè a.
Moun itilize rasin plant anpil e gen anpil nan yo moun manje.
Orijin, premye kote yon bagay soti anvan moun te kòmanse tande pale de
li.
Rasyonèl, Eta yon desizyon moun ki pran li a te itilize
entelijans epi moun nan te evite itilize kè li, sansiblite li.
Rat, Yon ti bèt ki gen kat
pye boush long, zòrèy kanpe e ke long ki entelijan anpil e ki gen, nan kò li,
anpil pati moun gen nan kò yo. Moun
ki fè medikaman pou maladi moun soufri toujou eseye medikaman sa yo sou rat
anvan yo bay moun medikaman yo. Rat
renmen viv nan tou e yo pa fè moun konfyans.
Rate, Manke. Pèdi shans ki te egziste pou reyalize, benefisye yon bagay.
Aksyon yon pèlen ki kite pozisyon yon moun te ranje li pou kenbe yon bèt.
Ratyè,
Yon mashin moun itilize pou kenbe rat paske bèt sa pa janm kite moun rive pre
li. Moun mete manje yo konnen rat
renmen nan ratyè a epi ranje li yon fason pou li rate.
Ratyèfè, Yon ratyè ki fèt an fè. Mo kèk gason itilize lè yo ap pale de kèk madanm ki konnen
kijan pou yo fè pou koushe avèk lòt gason san mari yo pa janm kenbe yo.
Ravin, Yon ti kouran dlo ki
sanble avèk yon rivyè, men ki plis soti nan kèk mòn pou ale tonbe nan larivyè.
Kantite dlo ravin yo pa anpil e lè lapli fè anpil tan li pa tonbe ravin
yo pa gen dlo sou wout yo.
Ray, Yon wout ki fèt pou tren
pase. Yon ray gen de liy fè ki
koushe sou anpil moso bwa sou tout longè wout la.
De liy fè sa yo kenbe wou tren yo pou yo pa deraye.
Rayi, Eta yon moun, yon bèt ki
gen vye santiman nan kè li pou yon lòt moun.
Rayisman,
Move santiman yon bèt, yon moun gen nan kè li pou yon lòt moun, yon lòt bèt.
Re, Yonn nan sèt nòt
mizikal yo: do, re, mi, fa, sòl,
la, si.
Rebitan,
Yon manje ki diminye apeti moun shak fwa yon moun manje li.
Nenpòt bagay yon moun gen mwens anvi pou fè li shak fwa li fè li yon
fwa an plis.
Rebitans,
Santiman moun gen pou yon bagay ki rebitan.
Redaksyon,
Yon devwa pwofesè bay elèv lekòl primè kote yo gen pou yo pale de yon bagay
tankou yon moman nan lavi yo, yon bèt e latriye.
Yon redaksyon gen twa pati: entwodiksyon, devlopman, konklizyon.
Refèt,
Remete tout bagay nan plas yo pou tout bagay vini gen menm fòm li te genyen nan
yon moman pase. Yon lòd moun pase
òdinatè pou ekri ankò yon bagay moun apèn efase.
Refrijeratè, Yon mashin ki gen anpil tiyo andedan li ki gen gaz pase
andedan yo pou glase bagay ki andedan mashin nan.
Refrijeratè fè dlo tounen glas, li fè anpil likid vini di.
Règ,
Yon moso materyèl ki ede moun trase yon liy dwat.
Prensip moun fèt pou yon respekte.
San ki soti nan koko yon fi shak ventsuit jou nan yon mwa pou avèti fi a
li ap ale ovile nan katòz jou. Gen kèk fi ki gen gwo doulè nan vant yo lè yo
gen règ yo.
Regrete,
Eta yon moun ki gen lapenn pou yon bagay ki te fèt mal.
Yon moun ki regrete yon bagay ap shashe ranje li depi li kapab.
Gen bagay tankou lanmò moun regrete lè yo rive, menm jan avèk lanmò
tou, gen bagay moun pa kapab shanje.
Rejim, Yon gwoup moun ki gen
tout pouvwa nan men yo pou pran desizyon pou yon lòt gwoup moun, yon peyi.
Yon grap nan tèt yon pye bannann, lè li rèk, moun koupe li pou manje.
Reken, Yon gwo pwason nan lanmè
ki manje vyann tankou vyann moun yo jwenn nan lanmè a, menmsi moun nan vivan.
Reklam,
Pale de yon bagay, yon mashandiz pou fè moun panse yo konnen bagay sa,
mashandiz la epi yo ap ale shashe li pou ashte li.
Rekò,
Rezilta yon bagay moun ap mezire depi lontan epi li rive bay yon rezilta moun pa
te janm wè anvan jou li rive bay nouvo rezilta sa a.
Rekonesans,
Konesans ki retounen nan tèt yon moun apre anpil tan te pase depi moun nan te pèdi
konesans la. Apresyasyon yon moun
montre pou yon bagay yon lòt moun fè. Konpliman
yon moun resevwa pou yon bon bagay li fè.
Rekonèt, Itilizasyon ansyen konesans pou sonje yon bagay.
Sonje resanblans yon bagay.
Rekonstwi,
Konstwi yon bagay yon dezyèm fwa. Mèt
yon ansyen kay kapab mande yon bòs pou li rekonstwi kay la pou li.
Rèl,
Yon liy nan mitan do yon èt vivan kote zo ki pi ansyen nan kò a rankontre.
Eta yon moun ki ap kriye fò pou fè lòt moun konnen li bezwen èd.
Relasyon,
Lyen yon bagay, yon moun gen avèk yon lòt bagay, yon lòt moun. Rezon ki fè
de moun toujou rankontre. ~ Entim, Relasyon yon fi avèk yon gason genyen kote yonn konnen
anpil sekrè nan lavi lòt la, yo shak konnen wè e manyen tout pati nan kò lòt
la.
Rele, Travay yon
moun ki kite non yon moun soti nan boush li yon fason pou moun nan vini jwenn
li. Gwo bri moun fè lè yo ap
kriye.
Relijye,
Eta yon moun ki ale legliz shak fwa gen yon seremoni nan legliz e ki sib tout
prensip legliz li.
Ren, Yon ti boul andedan kò
moun ki pèmèt moun nan shita san li pa santi pwa pati anlè kò li.
Pati nan mitan kò moun kote yon gason mare sentiwon li.
Rèn,
Yon fi ki ap gouvène nan plas yon wa. Madanm
yon wa. Yon fi ki gen anpil pouvwa,
ki gen moun anba li li pa gouvène.
Renault,
Yon mak mashin fransè, yon konpayi fransè ki fè mashin.
Renesans,
Yon moman literè, atistik, syantifik nan epòk kenzyèm avèk sèzyèm syèk yo
lè moun epòk sa yo te konnen kopye byen sa moun nan tan, lontan anvan yo, te
konnen fè. Eta yon bagay ki refèt
ankò.
Renmen,
Posede lanmou nan kè pou yon lòt moun. Aksepte
rantre nan yon relasyon entim avèk yon moun.
Repa, Nenpòt nan twa plat
manje yon moun fèt pou li manje shak jou pou li nouri tèt li byen.
Repo, Yon pozisyon kote pa gen
pyès kontraksyon sou gwo manb nan kò yon moun.
Eta yon moun ki ap dòmi.
Repondè, Yon ti aparèy, yon ti aparèy andedan yon òdinatè ki
reponn telefòn si pa gen moun pou reponn yon telefòn ki ap sonnen nan yon kay.
Yon moun ki reponn lè lòt moun rele li
nan telefòn.
Repons,
Nenpòt sa yon moun di, ekri apre yon lòt moun fini pose yon kesyon.
Rès,
Sa ki rete a lè yon kantite fini soti nan yon bagay.
Resevwa,
Aksepte pran yon bagay nan men yon moun. Travay
yon moun ki kite yon moun rantre nan lakay li.
Reshèsh,
Shashe konnen yon bagay nan mitan bagay ki egziste tankou shashe enfòmasyon
istorik nan anpil liv nan bibliyotèk. Travay
syantis fè pou yo kapab konprann lanati, yon prensip natirèl, shashe esplike
lanati. Travay syantifik ki mennen
a dekouvèt, envansyon anpil bagay.
Resi, Yon moso papye yon moun
bay yon lòt moun pou fè lòt moun konnen li te resevwa yon bagay nan men moun
sa. Yon mashann bay yon ashtè yon
resi pou fè konnen li te resevwa lajan nan men ashtè a.
Resipyan,
Yon bagay ki gen kapasite pou resevwa yon lòt
bagay. Yon bagay ki pi laj pase yon lòt; konsa sa ki pi piti a
kapab antre nan sa ki pi laj la.
Responsablite,
Eta yon moun ki aksepte vini responsab yon shay ki vini tonbe sou do li.
Responsablite ki tonbe dirèkteman sou do yon moun tankou yon papa ki
responsab piti li.
Restavèk, Yon moun (depi li te timoun) ki rete nan kay yon fanmiy
e ki fè tout travay moun nan fanmiy nan mande li fè san li pa janm resevwa
lajan pou travay li. Mèt kay la
bay li manje, kote pou li dòmi e rad pou li mete sou li.
Restoran,
Yon biznis kote se manje yo fè sèlman pou moun ale shita, manje epi paye pou
bagay sa yo. Kote mashann prepare
manje pou moun ale e jwenn lòt moun pou sèvi yo byen, pou lajan.
Rete, Sispann mashe, kanpe yon
kote pou pran repo. Viv yon kote,
nan yon kay.
Retire,
Pran yon bagay nan mitan yon lòt bagay epi mete li yon lòt kote.
Retounen,
Pran yon bagay ki te soti nan yon pozisyon epi ale mete li nan menm pozisyon an.
Bay yon moun, yon bagay ki te soti nan men li deja tankou lajan e
latriye. Aksyon yon moun ki ale nan
yon zòn kote li te ye deja.
Rèv,
Imaj lavi reyèl. Yon lavi moun viv
sèlman lè yo ap dòmi: moun nan wè
e fè tout sa li ta kapab fè si li pate ap dòmi.
Moun ki nan yon rèv kapab wè yon bagay ki te nan lespri yo anvan yo te
ale dòmi. Kèk fwa tou yon rèv
anonse yon moun bagay ki gen pou pase nan lavi reyèl li.
Espri sinatirèl yo itilize rèv pou kominike avèk moun. Bondye itilize rèv tou pou kominike avèk relijye yo.
Reve, Fè rèv. Wè, gade, patisipe nan imaj nan dòmi ki sanble avèk kèk
moman nan lavi reyèl.
Revè,
Moun ki fè rèv. Moun ki wè,
gade, patisipe nan imaj ki sanble avèk lavi reyèl nan dòmi.
Revizyon,
Aksyon yon moun ki itilize yon mwayen aprantisaj yon dezyèm fwa. Aksyon yon moun ki fè moun li ap dirije, moun li ap kontwole
rekòmanse avèk yon mwayen aprantisaj apre yo te fini aprann yon bagay deja.
Travay sa ede li wè si yo sonje sa yo te aprann nan.
Revolisyon, Moman nan
yon sosyete, yon peyi kote pèp la pran desizyon pou li sispann viv anba prensip
ansyen moun ki te ap gouvène li pou li kapab ranplase ansyen moun sa yo avèk
nouvo moun ki konprann tout santiman nouvo jenerasyon an.
Nan yon revolisyon, shanjman yo kontinye nèt ale e yo detri tout rasin
anyen rejim yo. Si ansyen rejim nan
toujou egziste, menm an minorite, li ap enfekte revolisyon.
Revòlt,
Kòmansman yon revolisyon. Menmsi
revòlt se kòmansman revolisyon, tout revòlt pa rive bay yon revolisyon.
Revolvè, Yon ti zam kout ki kapab kenbe plizyè bal e moun kapab
tire yo yonn apre lòt.
Reyèl,
Yon bagay ki egziste, ki vizib, ou byen ki fè bri.
Yon bagay moun kapab toushe.
Reyon, Mwatye lajè yon wonn.
Plizyè ti bout fè ki kenbe aks yon bisiklèt avèk jant li.
Kèk ansyen mashin te gen reyon tou.
Yon bwansh limyè, solèy.
Rèz,
Aksyon yon moun ki fè moun panse li posede abilite, fòs, resous pou fè yon
bagay, men li pa genyen tout sa li fè moun panse li genyen yo tout bon vre.
Lè yon moun rive rekonèt sa li te fè konprann nan pa te vrè, li deja
twò ta pou moun nan shanje lide li. Aksyon
yon jwè ki itilize lajan li genyen pou li blofe lòt jwè.
Rezen, Yon fri ki donnen an
grap. Gen de diferan rezen:
yonn koulè wouj avèk yonn koulè vè.
Yon grenn rezen kapab genyen yonn ou byen de ti grenn andedan li.
Rezilta,
Sa yon moun jwenn lè li fini fè yon operasyon.
Bagay yon moun jwenn lè li fini fè yon travay.
Rezistan,
Eta yon bagay ki gen rezistans. Eta
yon gwoup gèrye ki kanpe ap goumen avèk yon lòt gwoup san fatige. Eta yon mont dlo pa kapab antre andedan li menmsi li rantre
nan dlo.
Rezistans,
Aksyon yon moun ki pa vle obeyi lòd. Aksyon
yon gèrye, yon gwoup gèrye ki pa janm fatige goumen.
Rezon, Bon fason moun panse.
Abilite pou yon moun panse byen. Travay
yon moun ki fè moun konprann e aksepte pozisyon pa li pou bon pozisyon an.
Kapasite, abilite pou itilize entelijans pou pran desizyon, men pa
sansiblite.
Rezone,
Itilize entelijan, men pa itilize sansiblite pou prandesizyon.
Praktike prensip matematik yo pou rive jwenn yonn ou byen plizyè
rezilta.
Rezoud,
Jwenn, bay solisyon yon pwoblèm.
Ri, Yon espas nan yon vil
kote nenpòt moun gen dwa pase. Yon
zòn piblik nan yon vil. Travay
moun ki leve po boush yo pou mete dan yo deyò epi eksprime kè kontan yo.
Rish, Eta yon moun, yon peyi ki
gen rishès. Yon moun, yon peyi ki
gen plis lajan pase kantite lajan li bezwen.
Rishès,
Bagay yon moun, yon moun rish posede. Tout
pwodiksyon yon peyi kapab ekspòte bay lòt peyi.
Rive, Finisman, dènye bout yon
vwayaj. Ale jis nan yon
destinasyon. Travay yon moun
ki rantre yon kote lòt moun te ap tan li.