P, Sèzyèm lèt nan alfabèt
lang Kreyòl la. Li pwononse menm
jan avèk mo “pe” ki vle di sispann pale, fèmen boush.
Pa, Posesyon yon moun.
Leve pye yonn apre lòt epi depoze yo atè pou deplase yon kò.
Mo ki kanpe devan yon lòt mo pou di evite fè sa siyfikasyon mo ki vini
apre a vle di.
Paj, Yon bò nan shak fèy
papye ant po yon liv ki gen ekriti sou li.
Yon pati nan yon istwa. Konsa,
yon fèy papye kapab gen de paj sou li.
Pak, Yon fèt pou selebre Jezi
Kris ki leve soti nan lanmò apre li te mouri jou Vandredi-Sen an.
Kretyen yo selebre fèt sa a jou dimansh apre Vandredi-Sen an.
Kote moun bare bèt pou yo pa ale flannen.
Kote ki gen anpil freshè, pye bwa, bèl zèb pou moun shita pran bon
van, flannen avèk mennaj yo.
Pakapala,
Yon moun nan yon ti kominote ki toujou patisipe nan tout seremoni nan kominote a
tankou maryaj, bal, vodou, kominyon san mèt seremoni an pa envite li.
Yon moun ki toujou reponn envitasyon li.
Pakoti,
Kèk rad mal fèt mashann twal vann nan mashe kote peyizan ki ashte rad.
Rad sa yo fèt nan rapidite.
Pale, Ouvri boush epi kite mo
moun kapab konprann soti nan boush la. Bay
yon mesaj, di yon moun sa li bezwen tande.
Bay yon odyans yon diskou. ~
Anpil, Pale san rete, san rezon. Di
pawòl ki pa gen sans. Pran anpil
tan pou fini yon konvèsasyon, yon diskou.
Palè,
Moun ki ap pale. Premye kay nan yon
peyi kote biwo prezidan peyi a ye. Nan
kèk peyi, prezidan an rete avèk fanmiy li nan palè a tou.
Palisad,
Po yon twons palmis ki fann an moso long pou fè kay.
Palmis,
Yon pye bwa ayisyen itilize pou fè anpil bagay.
Palmis gen anpil pati nan li tankou kè a, fèy li, tash la, shou a, grap
la, avèk twons la. Li pa boujonnen
apre moun koupe pye a, men shak grenn grap ki tonbe sou tè a kapab bay yon lòt
pye palmis.
Pandye,
Mete prèske tout kò yon bagay ap balanse de bò nan lespas pandan yon ti pati
nan bagay sa a kenbe li anlè e anpeshe li tonbe anba.
Koke, pou moun nan Depatman Latibonit la.
Pans, Yon trip laj ki gen fòm
yon boul andedan vant anpil èt vivan kote manje rete anvan yo ale nan lòt pati
nan kò a ou byen ale nan poupou.
Panse, Abilite moun genyen pou
yo wè yon bagay nan lespri yo jan bagay la ap ale ye sou papye, nan reyalite.
Enstriksyon yon moun sib pou li fè yon bagay e enstriksyon sa soti nan
lespri yon lòt moun.
Pansè,
Moun ki gen mwayen, kapasite pou panse e ki ap panse.
Lòt moun kapab aji avèk rezilta travay yon pansè.
Pantalon,
Kanson. Yon rad gason mete sou yo e
ki gen de janb menm jan avèk de janb moun.
Panyen,
Yon djakout ayisyen fè avèk ti moso banbou ki trese yonn nan lòt. Plizyè ti moso banbou long ki kwaze ant yo epi lòt ki pi fèb
trese ant sa ki kwaze yo. Lè
atizan fini fè anba yon panyen, li kòmanse pliye moso banbou ki te kwaze ant
yo a sou anlè pou fè kwen panyen an. Li
kontinye trese pou jis li rive wotè li vle panyen ye a.
Baskèt. Panye.
Panyòl,
Espanyòl. Yon lang moun nan peyi
Espay pale. Yon lang ki itilize
tout mo ki nan lang moun nan peyi Espay yo epi ki gen kèk lòt mo ogmante sou
li. Lang moun pale nan peyi tankou
Dominikani, Venezwela, Ajantin, Meksik, Ondiras e latriye.
Pap, Pi gwo shèf nan legliz
Katolik ki ap viv nan peyi Itali, Ròm, ki kapital tout legliz katolik nan
lemond.
Papa, Yon gason ki te ansent
yon fi epi fi a fè piti la. Yon
mari ki gen yon pitit menmsi se nan adopsyon li vini gen pitit la.
Papay, Yon fri ki gen koulè vè
lè li vèt e ayisyen fè legim avèk li. Li
gen koulè jón lè li mi e ayisyen fè bon ji avèk li. Moun oblije bwè ji a apèn yo fini fè li paske li ap gate
si li rete pou anpil tan. Gen yon
ti grenn nwa andedan fri sa a ki gen yon ti likid andedan.
Papye, Yon fèy plat ki fèt avèk
moso bwa moun prepare nan izin pou ekri, vlope kèk bagay, kouvri mi kay nan
peyi frèt.
Paradi,
Yon kote tout moun panse yo ap ale viv apre yo fini mouri e san pwoblèm san yo
pa janm mouri ankò. Yon plas kote
tout moun relijye espere yo ap ale apre yo fini mouri.
Yon plas nan syèl kote moun panse Bondye ap viv avèk zanj yo.
Paranòy, Moun ki toujou panse lòt moun ap prepare pou fè yo
mal, pou touye yo. Moun fou.
Paranoya,
Eta yon moun ki paranòy.
Parasòl, Onbwèl. Yon
bagay ki fèt pou moun mete sou tèt yo pou pare solèy. Yon bagay ki fèt avèk saten e tou won tankou yon moso boul.
Moun itilize li pou bare solèy e pare lapli tou.
Dlo lapli a tonbe sou onbwèl la epi li sib fòm won a pou ale tonbe atè.
Parese,
Yon moun ki toujou panse li gen twòp tan devan li pou fè nenpòt travay li gen
pou li fè. Moun ki pa renmen
travay ditou.
Parèt,
Soti nan yon eta envizib pou vini nan yon eta vizib.
Eta yon bagay, yon moun tout moun ap pale de li san rete nan radyo, nan
televizyon; tout kote.
Parèy,
Yon mal avèk yon femèl bèt ki viv ansanm tankou yon gason avèk yon fi ki
renmen, plase, marye.
Bay ~, Aksyon yon mal bèt
ki rantre zozo li andedan koko yon femèl bèt.
Paryaj,
Aksyon de ou byen plis moun ki mete ansanm, yo shak, yon bagay ki gen anpil valè
pou yo avèk espwa yon evènman ap rive ou byen li pa ap rive. Moun ki te prevwa evènman ap rive a gen dwa pran tout bagay
yo te mete ansanm yo depi bagay la rive.
Parye, Mete plizyè bagay ansanm
pou reyalize yon paryaj.
Pasan, Yon espas kote bagay
pase. Yon ti moso twal nan senti
pantalon avèk kèk wòb kote mèt rad la pase yon sentiwon pou boukle li. Moun ki ap pase yon kote.
Pasay, Yon espas, yon pòt kote
yon bagay kapab pase tankou lajè koko yon fi lè li ap pouse yon pitit.
Pase, Soti lwen pou rive yon
kote epi kontinye sou wout la san rete. Fè
mwayèn ki nesesè pou kite yon klas nan lekòl.
Yon mòd rad ki pa egziste ankò.
Pasifik,
San vyolans. Yon pati lanmè ki nan
kwen lwès kontinan Amerik la, kwen lès e nò kontinan Oseyanik la, kwen lès
kontinan Ewòp e Azi.
Pastan,
Yon bagay yon moun kreye pou li fè pandan li ap tann yon moman rive pou li fè
yon bagay ki pi enpòtan.
Pasyon,
Bagay yon moun vle fè san refleshi sou konsekans bagay sa, move kote bagay sa
a. Foli ki pouse moun reyalize
bagay yo pate ap janm kapab reyalize si pate gen anvi sa pou reyalize bagay sa
a. Yon maladi anpil moun soufri ki
kapab fè yo itil soyete ou byen detri sosyete.
Pasyone,
Eta yon moun ki gen pasyon, foli, anvi pou reyalize yon bagay, plizyè bagay.
Pat, Yon poud ki mouye epi
shak ti grenn poud yo kole yonn ansanm avèk lòt la; konsa tout vini fè yon sèl
bagay. Yon bagay mou moun itilize
pou netwaye dan yo.
Patat, Yon boul yon lyann donnen
anba tè e moun manje li paske li dous, li gen anpil farin. Lè lyann patat pase sou yon moso tè, rasin li rantre nan tè
kote li gwosi pou fè boul la ki rele patat.
Pati, Yon bò, yon kantite, yon
kwen nan yon bagay. Shak fwa jwè
yon jwèt kat tankou pokè rekòmanse jwe.
Yon men kat.
Patiraj,
Yon teritwa kote yon shèf kòmande.
Moun itilize mo sa plis pou pale de yon pak kote yon bèt kòmande.
Patisipan,
Moun ki patisipe nan yon bagay tankou yon seremoni.
Patisipasyon,
Aksyon yon moun ki patisipe nan yon seremoni.
Aksyon yon patisipan.
Patisipe,
Bay kontribisyon, patisipasyon pou yon bagay kapab rive fèt.
Shak moun ki ale nan yon maryaj patisipe nan maryaj la.
Patizan,
Moun ki manb nan menm gwoup avèk yon lòt moun e ki kapab fè nenpòt bagay pou
defann moun nan gwoup sa.
Patriyòt, Sitwayen yon peyi ki toujou toupre pou defann peyi li
kont nenpòt bagay tankou move pawòl lòt moun ap di kont peyi a.
Gèrye yon peyi.
Patriyotik,
Tout aksyon yon patriyòt pou peyi li. Nenpòt
aksyon patriyotism pou yon peyi. Aksyon
yon sitwayen pou defann peyi peyi li.
Patriyotism,
Lanmou pitit yon peyi gen pou peyi li e ki kapab pouse li fè nenpòt bagay,
menm touye tèt li, pou sove peyi li. Fòs
andedan yon sitwayen ki pouse li ale nan lagè pou peyi li menm lè li konnen li
kapab mouri.
Pawòl,
Nenpòt mo ki soti nan boush yon moun ki ap pale.
Pwomès yon moun bay yon lòt moun kenbe.
Pay, Yon bagay ki fay tankou fèy
sèsh yon pye bwa. Anpil zèb sèsh
ki rasanble yon kote.
Pe, Eta yon moun ki sispann
pale epi fèmen boush li pou pyès mo pa soti li.
Pè,
Yon nonb lè li divize pa de li ap bay yon rezilta ki pa gen pyès vigil.
Moun nan yon òganizasyon gason ki sakrifye tèt yo pou sèvi moun avèk
Bondye e yo pa kashe aksyon yo. Yon
reprezantan Bondye nan legliz katolik. De
bagay ki pa gen pyès diferans ant yo de a e ki mashe ansanm.
Eta yon moun ki ap tranble pou yon bagay, yon moun.
Pèkizisyon,
Travay polis ki rantre andedan kay yon moun pou shashe yon bagay yo panse ki gen
andedan kay moun nan. Polis fè yon
pèkizisyon lè yo panse yon moun gen zam, dwòg andedan kay yo.
Pou fè yon pèkizisyon, polis yo bezwen yon jij pou fè yon manda pou
yo.
Pèlen,
Yon mashin moun itilize pou yo kenbe yon bèt ki pa kite moun pwoshe pre li
tankou yon zwazo. Pou kenbe yon bèt
avèk pèlen, moun mete manje yo konnen bèt la renmen, yo ranje pèlen an yon
fason pou li rate epi kenbe bèt la. ~
Tèt, Yon liv Frank Etienne te ekri an Kreyòl pou yon pyès teyat.
Nan ane 1987, yon lòt Ayisyen ki rele Asselin Charles te tradui pyès la
nan lang Anglè e film li te jwe nan New York.
Pèsekisyon,
Aksyon moun ki anpeshe lòt moun viv yon lavi nan lapè, san enkyetid. Travay polis ki ale lakay yon moun prèske shak semèn pou wè
si moun sa a pa gen zam andedan kay li malgre moun nan pa janm posede zam.
Travay yon kotri ki toujou ap shashe yon rezon pou joure, goumen avèk
yon lòt kotri.
Pelig, Yon zòn nan Depatman
Sant la kote ki gen yon baraj sou flèv Latibonit la.
Tout moun rele baraj la Pelig tou. Peligre.
Peligre,
Gade Pelig.
Pèmisyon,
Otorizasyon moun resevwa pou yo fè yon bagay yo pate ap kapab fè si yo pate
resevwa otorizasyon sa a. Libète
yon moun jwenn nan men yon moun ki gen pouvwa pou kite yo fè yon bagay.
Pen, Yon manje sèsh pat li fèt
avèk farin, dlo, sèl, bè ou byen mantèg anvan li pase nan fou.
Kay kote pen an fèt la rele boulanje.
Penalize,
Pini yon moun tankou fè moun nan peye gwo kòb pou yon krim.
Anprizone yon moun ki vyole lalwa.
Penensil,
Yon moso tè pwent li rantre nan dlo. Prèskil.
Peng, Eta yon moun ki pa bay
moun sa li posede fasil. Jan kèk
moun nan peyi a di peny.
Pengwen, Yon plant
peyizan ayisyen itilize pou bare plantasyon, jaden yo.
Plant sa a donnen yon grenn ki gen koulè vè lè li vèt e li gen koulè
jón lè li mi. Po grenn pengwen di
anpil e andedan li gen yon ti grenn koulè mawon.
Non yon bèt.
Pens, Nenpòt bagay ki gen de
pwent ki gen yon fòs ap rale de pwent yo rankontre ansanm pou kenbe, peze yon
bagay.
Penso, Yon enstriman ki gen yon
pwent, yon fas ki fèt avèk plim pou li kapab kenbe penti pou pase sou fas yon
bagay tankou yon mi. Travay yon
gason ki ap pase zozo li sou koko yon fi san rantre li andedan.
Penti, Yon likid travayè
prepare nan izin pou shanje koulè, fè yon mi vini bèl tankou li nèf. Yon desen ki sou yon moso twal blan ou byen yon moso papye
yon moun fè avèk yon likid moun prepare nan izin.
Tablo.
Pentire,
Itilize yon penso, woulo pou pase penti sou fas yon bagay, yon mi, yon tablo,
yon desen.
Pentium,
Yon pyès yon konpayi fè pou ede moun wè imaj ki kapab deplase sou ekran yon
monitè, fè yon òdinatè travay pi vit e latriye. Shak fwa yon nouvo Pentium fèt li ede moun plis avèk òdinatè.
Lè Pentium III te apèn fèt, gouvènman peyi Etazini pate vle li vann
anvan konstriktè yo te fè kèk shanjman nan li.
Peny, Yon enstriman plat, dan
li gen lajè yon milimèt konsa e tout dan li yo sou liy. Moun itilize li pou penyen, separe shak pye sheve yo avèk
yon lòt pye sheve.
Penyen,
Demele plim, sheve nan tèt moun. Pase
yon peny nan plim, sheve yon moun pou dekòde, dekole pye sheve yo yonn avèk lòt.
Pèp,
Yon kantite moun ki ap viv nan yon zòn tankou yon vil, yon peyi. Tout moun ki ap viv nan peyi Ayiti se pèp ayisyen an.
Perimèt, Tout kwen yon bagay, soti nan yon pwent pou vire tou
won epi retounen nan menm pwen an.
Pèsiste,
Kenbe yon pozisyon, yon lide malgre tout dekourajman pou fè li vini yon
reyalite.
Peso, Yon lajan moun itilize
nan anpil peyi tankou Meksik, Dominikani e latriye.
Se yon kòb ki fèb anpil devan lajan ameriken an, dola.
Pèsonèl,
Tout moun ki ap travay nan yon biznis, yon òganizasyon e latriye. Bagay yon sèl moun posede e kèk lè lòt moun pa menm
konnen moun sa posede bagay sa a.
~ Òdinatè, Yon ti òdinatè
moun kapab posede andedan kay yo pou fè menm travay moun kapab fè avèk yon
gwo òdinatè eksepte konsève gwo dokiman nan memwa li.
Petion-Ville,
Gade Petyonvil.
Petyonvil,
Yonn nan plizyè pati ki fòme kapital Ayiti a, Pòtoprens, sou kote Kafou, Dèlma,
kote milat avèk moun rish sèlman te konnen viv.
Vil sa pote non yon ansyen prezidan peyi Ayiti, Petion.
Pewou, Yon peyi nan nò-lwès
Amerik Sid, nan kontinan Amerik la. Peyi
sa gen fontyè avèk Bolivi, Brezil, Kolonbi e kapital li rele Lima.
Moun nan peyi sa pale Espanyòl.
Peye, Bay lajan pou yon bagay.
Bay yon konpayi, yon moun lajan pou sèvis li rann.
~ Dèt, Remèt yon moun yon
lajan ki te soti nan men li pou ale nan men yon lòt moun paske moun sa te pwomèt
li ap remèt lajan an. Travay yon
moun ki rann yon sevis pou yon sèvis yon lòt moun te rann li.
Peyi, Yon moso tè avèk fontyè
kote ki gen yon prezidan, yon leta, yon gouvènman.
Yon nasyon endepandan kote moun kapab retounen shak fwa yo ale yon lòt
kote.
Peyizan,
Moun ki ap viv nan yon peyi. Moun
nan yon peyi ki ap viv kote ki gen plantasyon, jaden lwen kapital peyi a, vil
peyi a. Moun nan yon peyi ki manke
mwayen kominikasyon pou benefisye tout bote sivilizasyon.
Piblik,
Bagay ki fèt pou tout moun, tout moun gen dwa patisipe nan li, jwi avantaj li,
itilize li tankou yon legliz, yon plas, yon pak.
Pibliye,
Fè yon bagay vini disponib pou piblik. Eta
yon bagay anpil moun vini konnen. Ekri
yon liv epi peye yon konpayi pou fè anpil kopi liv la pou mete li vann nan librèri.
Eta yon jounal ki disponib pou moun ashte.
Pikan, Yon ti pwent file ki nan
bransh anpil pye bwa. Se yonn nan
bagay peyizan ayisyen pi pè lè yo ap mashe nan raje san soulye nan pye yo
paske pikan kapab rantre nan pye yo.
Pike, Pouse pwent yon bagay,
yon pikan nan yon pati nan kò yon moun jis pwent la rantre nan kò moun nan.
Sansasyon yon moun santi nan boush li ki tankou yon bagay ki ap rantre
nan vyann boush li lè li gen yon bagay tankou piman andedan boush li.
Pil, Anpil bagay, moun, ki
rasanble ansanm. Batri.
Pilon, Yon twons bwa atizan
ayisyen fouye yon bèl tou nan li epi moun itilize li pou kraze kèk grenn
tankou mayi, pistash, kafe, pitimi e latriye.
Pilonnen,
Frape pye sou yon bagay avèk espwa li ap ale kraze.
Aksyon moun ki mete plat pye yo sou do pye yon moun pandan anpil moun,
yon foul moun kanpe nan yon espas ki twò piti pou kantite moun yo.
Pilòt,
Moun ki kondi, pilote avyon. Moun
ki fè avyon, elikoptè vole.
Pilote,
Kodi, fè yon avyon, elikoptè vole.
Pilye, Anpil bagay ki reyini,
rasanble ansanm. Plizyè pil
ansanm.
Piman, Grenn yon ti pye bwa kout
ki kapab pike anpil. Gen plizyè
piman tankou piman-zwazon, piman-dous avèk piman-bouk.
~ Bouk, Yon piman ki pi gwo
pase piman-zwazo, men li pi piti pase piman-dous e li pike tou; yon ti kras
mwens pase piman-zwazo. ~
Dous, Yon piman ki pa pike, men moun ki ap fè manje renmen itilize li pou
bay manje bon gou. Moun manje
piman-dous nan salad tou. ~
Zwazo, Yon ti piman wouj e piti ki pike anpil.
Pini, Fè yon moun soufri pou
yon move bagay li fè tankou vyole lalwa, fè yon krim e latriye.
Mete yon moun nan prizon.
Pipi, Yon likid jón ou byen
gri ki soti nan koko, zozo yon moun, yon bèt paske kò li pa bezwen likid sa
pou ede kò a devlope, rete an sante.
Pipirit,
Yon bèl ti zwazo, mal la avèk femèl la kapab bo pandan yo ap vole.
Yonn toujou ale tout kote li gen pou li ale avèk parèy li.
Pistash,
Yon plan ki bay yon rasin ki divize an de pati:
yon pati fen e yon pati pwès. Pati
pwès la gen grenn andedan li e moun manje grenn sa yo.
Moun fè manba, bè avèk grenn nan.
Pitimi,
Yon plant peyizan ayisyen kiltive sou plantasyon yo.
Li bay yon grap ki gen anpil ti grenn nan li. Gen de varyete pitimi: yonn
pye li pi kout e li gen pi bon gou pase lòt la ki pi wo.
Sa pye li pi wo a, moun ki ap kwit li gen pou yo mete anpil bagay nan li
pou jwenn gou li.
Pitit, Yon moun
manman li avèk papa li te mete ansanm pou fè li nan moman manman an te ap
ovile.
~ Fèy, Nenpòt
moun lwa ki monte yon bòkò te trete maladi li, te touye yon moun pou li e moun
oblije patisipe nan seremoni vodou bòkò a shak ane pou peye yon pati nan dèt
li.
Pitza, Yon manje ki fèt avèk
farin e li kòmanse fèt tankou jan moun fè pat pen, men pat sa a pa gen leven
nan li. Lè moun nan fini plati pat
la li mete sòs tomat sou li avèk kèk lòt bagay anvan li mete li nan fou.
Piyajè, Moun ki patisipe nan yon piyay.
Moun ki pran plezi nan resevwa bagay nan men lòt moun.
Piyay, Yon moman kote anpil moun
resevwa libète pou yo pran tout kantite yo kapab pote nan yon kantite bagay.
Libète anpil moun pran pou yo kòmanse pran bagay lòt moun posede san
moun nan pa bay otorizasyon pou pran bagay sa yo.
Piye, Moman
anpil moun pran anpil bagay yon moun te posede san moun nan pa bay otorizasyon
pou pran bagay sa yo.
Piyon, Yon vil
nan Depatman Nò peyi Ayiti ki toupre Mayisad; anviwon 18 kilomèt konsa.
Plak, Yon moso materyèl ki
sanble avèk jansiv moun, ki gen dan nan li e ki kapab shita sou jansiv yon moun
pou ranplase jansiv avèk dan moun. Yon
moso plastik tou won avèk ti tras sou ki gen mizik anrejistre sou li.
Nan ane 1980 yo konpakdis vini epi li ranplase plak.
Plan, Preparasyon ki fèt pou
konnen, anvan yon bagay rive, kijan li ap ale pase.
Desen sou papye pou montre kijan yon kay e anpil lòt bagay ap ale fèt.
Plane, Aksyon yon bèt ki soti
anlè pou desann anba, men li kite de zèl li ouvri pou ralanti vitès jan kò a
ap tonbe sou tè a. Plizyè moun te
eseye plane nan fè eksperyans pou vole tankou zwazo e se eksperyans sa yo ki fè
moun konprann kijan pou yo fè pou desann avyon atè.
Se zwazo avèk avyon ki vrèman kapab plane. Aksyon yon moun ki bay yon bagay li posede nan yon biznis pou
mèt biznis la kapab prete li lajan. Moun
sa ap resevwa bagay la lè li pote lajan avèk enterè retounen.
Planèt,
Plizyè kò nan lespas ki pa kole avèk tè a, ki pa gen limyè sou yo e ki ap
vire fè wonn solèy la.
Planifye,
Prepare yon bagay pou li rive menm jan yon moun vle li rive. Fè yon plan.
Plant, Yon pye bwa ki piti, kout
e ki kapab rete kout pou jis li seshe, mouri.
Gen anpil ti pye bwa kout tankou pye pwa, pye piman, mayi, pitimi e
latriye peyizan kiltive nan jaden. Apre sezon jaden yo pase, plant la mouri epi
kiltivatè yo sekle tè a pou plante menm grenn plant sa ankò.
Plantasyon,
Yon tè kote moun fè jaden. Kote
ki gen plant nan tè kiltivatè ap tann yo donnen.
Plante,
Mete grenn yon plant nan tè pou li gèmen epi grandi.
Mete yon ti plant nan tè pou li kontinye grandi.
Plantè, Moun ki mete grenn, plant nan tè.
Moun ki travay nan jaden e kiltive jaden.
Plas, Nenpòt kwen ki egziste
sou tè a. Yon kote nan yon vil ki
gen bèl flè, ban pou nenpòt moun shita nan kèk lè rezonab tankou soti nan
sisè nan maten pou rive nan disè lannwit.
Plati, Fòse yon bagay vini plat.
Plat, Asyèt. Eta yon bagay ki pa gen gwosè.
Eta yon bagay ki gen fòm fas dlo ki pa ap souke.
~ Pye, Pati nan pye yon moun
ki toushe tè a lè li ap mashe san soulye nan pye li.
Plato
Santral,
Yonn nan nèf divizyon nan peyi Ayiti yo e ki nan mitan peyi a avèk yon kwen li
kole avèk Dominikani, yonn avèk Depatman Lwès la, yon lòt kwen avèk
Depatman Latibonit e dènye kwen an kole avèk Depatman Nò a.
Kapital depatman sa a se Ensh.
Plen, Mete bagay andedan yon lòt bagay pou jis anyen pa kapab antre andedan li ankò.
Plenn, Moman lè yon bèt ap
pote pitit andedan vant li. Gwosès.
Kantite tan sa varye pou shak fanmiy bèt.
Yon kote ki gen anpil pye bwa, anba yo imid e li fè nwa tout tan.
Plenyen,
Travay yon moun ki ap rakonte mizè li, tribilasyon li bay yon moun avèk espwa
moun sa a ap ede li rezoud pwoblèm sa yo.
Lamante. Fè yon bri ki soti
nan gòj san kite yon vrè mo soti. Plenyen
egzije anpil enèji.
Plezi, Yon bagay yon moun renmen
fè e li gen kè li kontan lè li ap fè bagay sa a.
Jwisans.
Pli, Tras, mak kote yon bagay
te vlope, pliye. Tout rad ki fini
lave gen pli sou li anvan moun pase li.
Plim, Kèk ti bransh fil ki parèt
soti nan kò moun avèk bèt. Kèk
lè tou yo grandi long sou kò moun ou byen bèt.
Sa ki pi long nan kò moun yo parèt nan tèt yo, anba zesèl yo, nan
pati entim yo. Kèk bèt tankou
mouton gen anpil plim sou kò yo.
Plis, Diferans, pi wo, ant
kantite yon bagay te dwe ye e kantite li ye a.
Kantite ki ogmante sou yon bagay. Ogmante
de kantite, de nonb yonn sou lòt.
Plizyè, Anpil bagay ansanm e ki kapab menm bagay la ou byen
diferan ant yo.
Ploge, Rantre yon bagay nan
pwent yon lòt pou kontinye distribye yon bagay tankou dlo, eltektrisite bay yon
lòt zòn, yon lòt aparèy. Danse
avèk yon lòt moun yon fason pou tou de kò yo kole e deplase ansanm san dekole
pou jis mizik la fini.
Plonje,
Pouse, fòse yon bagay rantre anba dlo. Aksyon
yon moun ki lage kò li nan dlo tankou yon rivyè, lanmè, pisin. Yon moman kote yon avyon, yon zwazo, yon elikoptè kite wotè
li te ap vole a pou desann pi ba e vit.
Pò,
Yon kwen nan lanmè kote bato rete pou yon debake e anbake mashandiz.
Anpil ti tou, kanal ki sou tout kò moun pou ede respirasyon kò a fèt.
Pòdepè, Yon vil e kapital Depatman Nò Lwès peyi Ayiti.
Port-de-Paix.
Poetik,
Travay yon ekriven ki ekri tèks tankou poezi.
Poezi, Yon fason kèk ekriven
ekri plizyè ti moso tèks pou esplike yon ti moman, yon ti istwa, yon bagay
imajinè. Yon poezi sonnen tankou
yon shante lè moun ap koute li.
Pokè,
Yon jwèt kat kote jwè yo mize lajan yon premye fwa pou kòmanse jwèt la.
Apre sa a, shak jwè ki panse yo gen kat pou genyen pati a mete plis kòb.
Jwè ki pa kapab mete plis kòb e ki konnen yo pa genyen gwo pwen nan men
yo oblije kite jwèt la. Konsa jwè
ki gen anpil kòb avèk gwo pwen kapab kontinye mete plis kòb.
Kèk fwa tou moun ki gen plis kòb la konnen blofe lòt jwè a epi
dekouraje li avèk lajan. Jwè ki
genyen an pa menm oblije montre kat ki te nan men li.
Poko, Eta yon bagay ki bezwen
plis tan pou li rive. Yon mo ki ale
devan lòt mo pou esplike yon bagay, yon shanjman ki ap ale fèt, rive, regle e
latriye.
Pòl,
De sèl pozisyon yo ki nesesè pou bay elektrisite:
positif (+), negatif (-). Elektrisite
mashe an wonn, li soti nan pozisyon pozitif la pou ale nan pozisyon negatif la.
Polarizasyon,
Yon travay shimik ki vini bay elektrisite epi dirije, rale elektrisite a ale, vini sou yon pòl.
Polèn,
Yon pati jón nan lasi myèl. Yon
ti poud nan prèske tout flè e Wanga-nègès renmen manje li.
Polis, Yon òganizasyon militè
ki gen nan shak vil pou kenbe, mete lòd, sekirite nan vil peyi a.
Militè sa yo pa antrene pou ale nan lagè.
Polisye,
Yon moun ki nan gwoup militè ki fòme òganizasyon polis yo.
Politik,
Syans ki etidye gouvènman, kijan moun gouvène lòt moun.
Mannigans moun itilize pou montre yo se yon bon moun devan tout moun ki
kandida pou yon djòb. Aksyon moun
ki ap shashe mwayen pou fè lòt moun vote pou yo nan yon eleksyon.
Politisyen,
Yon moun ki etidye syans ki montre moun kijan pou yo gouvène. Yon moun ki ap
pratike politik. Yon moun ki
patisipe nan yon eleksyon.
Polòy,
Yon peyi ki nan mitan kontinan Ewòp la kote yo pale yon lang ki rele Pòtigè.
Peyi kote shèf legliz katolik la, Jan Pòl II, te fèt
Pòmdetè, Yon boul moun manje ki donnen anba tè e ki gen anpil
farin nan li. Li pran anpil tan pou
kwit, men po li fen. Moun renmen
manje pòmdetè plizyè fason tankou fri, bouyi e melanje avèk lòt bagay:
bè, mayonèz, ze e latriye.
Ponp, Yon mashin mekanik,
elektrik ki kapab rale yon likid soti anba pou monte anlè.
Ponp mekanik la se yon bagay moun fè travay avèk fòs ponyèt, men ponp
elktrik la mashe avèk elektrisite.
Ponpye,
Yon òganizasyon ki gen kamyon ki kapab pote dlo pou ale ede moun kay yo ap
boule. Kamyon òganizasyon sa yo
itilize kapab pote anpil dlo pou voye sou dife e etèn dife a.
Pontiac,
Yon mak mashin e yon konpayi mashin ameriken.
Ponyèt,
De pati nan kò moun ki pandye nan shak zepòl moun.
Ponyèt yo kapab pliye nan direksyon do moun e sèlman nan mitan yo.
Dènye pwent ponyèt la gen pati ki rele men an.
Popilarite,
Sitiyasyon yon moun ki ap viv nan yon sosyete, men prèske tout moun nan sosyete
sa konnen li. Moun sa gen yon
popilarite nasyonal. Yon moun moun
nan lòt sosyete konnen. Moun sa
gen yon popilarite entènasyonal. Popilarite
kapab fè anpil moun vote pou yon moun ki patisipe nan yon eleksyon.
Popilasyon,
Kantite moun ki ap viv yon kote tankou yon zòn, yon peyi e latriye.
Popilè, Eta yon moun ki posede yon popilarite.
Yon bagay ki gen rapò avèk pèp tankou yon moun anpil moun konnen, yon
pèp konnen.
Port-de-Paix,
Gade Pòdepè.
Posede,
Gen pwopriyete yon bagay. Gen dwa
pou deside sou avni yon bagay, yon moun.
Pòsh,
Yon tou yon koutiryè, yon tayè fè nan yon rad pou moun ki mete rad la kapab
mete sa yo bezwen itilize vit tankou yon kle kay, yon bous, lajan.
Posib, Eta yon bagay ki kapab
pase, vini, rive e latriye e shans sa yo piti.
Posiblite,
Opòtinite, okazyon ki egziste pou yon bagay vini posib.
Poste, Itilize Lapòs pou voye
yon lèt ou byen kèk lòt bagay yon kote.
Mete yon siy yon kote pou moun wè li.
Postitisyon,
Aksyon moun ki bay lòt moun itilize yon pati nan kò yo tankou koko yon fi pou
lajan. Pwofesyon yon bouzen.
Pòtatif,
Yon bagay moun kapab kenbe avèk men yo pou pote li.
Pote, Deplase yon bagay soti
nan yon plas pou ale nan yon lòt san bagay la pa toushe tè depi kote li soti
pou jis kote li gen pou li rive a.
Pòtigè, Yon lang ki itilize anpil mo ki sonnen menm jan avèk
mo Espanyòl e moun nan peyi Brezil avèk peyi Polòy pale lang sa.
Pòtoprens,
Port-au-Prince. Premye e yonn nan
pi ansyen vil nan peyi Ayiti. Se
vil sa ki kapital peyi a. Depatman
kote vil sa ye a rele Depatman Lwès e se li ki kapital depatman sa tou.
Pati yo ki pi remakab nan vil sa rele Petyonvil, Dèlma, Kafou, anba
lavil e latriye.
Pòtray,
Pati nan kò yon moun, yon bèt kote pwent zo kòt li yo vini pase anlè vant li
a pou kouvri kè li avèk kèk lòt pati sou kote kè a.
Pou, Lè mo sa kanpe devan yon
lòt mo li vle di yon moun posede sa mo ki vini apre li a vle di.
Yon ti bèt ki renmen rete kote ki gen plim tankou sheve pou li fè
pitit, miltipliye.
Poud, Krabinay yon bagay kote
li enposib pou rekonèt bagay sa, eksepte si li gen yon sant, yon koulè, e
latriye. Yon pwazon bòkò Ayisyen
prepare e yo itilize li pou touye yon énmi yo, énmi lót moun.
Yon krabinay yon bagay moun ki ap abiye mete anba bwa yo, sou kou yo, kèk
fwa sou lestomak yo pou fè yo santi bon.
Poul, Yon zwazo domestik ki
ponn ze, remen mashe plis pase li vole e moun renmen manje vyann li anpil.
Eta yon fi ki renmen bay gason koushe li.
Aksyon yon elèv lekòl ki ap gade sa yon lòt elèv toupre li ap fè nan
yon egzamen pou li fè menm bagay la tou.
Poule, Gade sa yon elèv toupre
ap fè nan yon egzamen pou fè menm bagay la tou.
Poulèt,
Yon ti poul ki poko janm ponn ze, ki poko fè pitit.
Vyann poulèt prann mwens tan pou li kwit pase vyann poul.
Poupou,
Pouse enpe nan manje yon kò pa kenbe andedan li pou gwosi.
Pati nan manje andedan vant yon èt vivan li pouse soti nan tou dèyè
li.
Pous, Kat dwèt ki pi gwo nan
ven dwèt moun gen nan pye avèk nan men yo.
Yon dimansyon ki prèske menm longè avèk espas ki ant de mak nan dwèt
yon moun.
Poushon,
Pitit de moun ki gen anpil lajan e ki pa oblije travay pou fè lajan li bezwen
pou depanse. Yon jèn gason ki gen
anpil lajan e ki pa gen pyès responsablite tankou yon fanmiy pou okipe.
Pousib,
Sib kijan yon moun fè yon bagay pou fè menm bagay la tou.
Pousyè, Ti moso tè ki vini tèlman piti e fay, yo kapab vole e
van kapab pote yo ale tonbe sou lòt bagay.
Salte ki poze sou yon kò pwòp e ki shanje koulè kò sa a.
Krabinay tè ki kapab vole.
Pouvwa,
Kapasite pou itilize fòs lè gen bezwen pou itilize fòs sa a. Otorite lalwa bay yon moun.
Pòv,
Moun nan yon sosyete ki pa posede anyen pou li kontinye viv alèz nan sosyete a.
Kèk fwa, dekourajman avèk grangou fè yon pòv kanpe kote lòt moun ap
pase pou mande yo kòb.
Povrete,
Eta yon moun ki pa gen lajan pou li ashte pyès nan bagay yon moun bezwen pou li
kontinye viv alèz nan sosyete li ap viv.
Poze, Soti anlè epi rive atè
a tou dousman. Ranje yon bagay
tankou mozayik nan yon posisyon.
Pozisyon,
Kote yon bagay ye. Travay yon moun
ap fè nan yon biznis. Opinyon yon
moun sou yon bagay.
Pozitif,
Yonn nan de pòl elektrisite yo (avèk negatif la) kote kouran soti pou li ale
pase nenpòt kote ki bezwen itilize kouran.
Yon siy plis (+) operasyon ki montre gen yon bagay ki ap ale ogmante sou
yon lòt bagay.
Pran, Itilize fòs pou retire
yon bagay nan men yon moun ki te posede. Akepte
resevwa yon bagay nan men yon lòt moun.
Predesesè, Yon moun ki te okipe yon pozisyon anvan moun ki vini
okipe pozisyon sa a apre li.
Premye,
Bagay ki vini, rive anvan an. Yon
moun, yon bagay ki gen nimewo en, ki menm avèk nimewo en.
Pozisyon yon moun ki rive anvan an kote yon kous fini.
Prepare,
Fè tout sa ki nesesè pou kòmanse fè yon lòt bagay ki bezwen fèt.
Près,
Yon mashin ki itilize vapè pou retire pli sou yon rad.
Tout moun ki travay nan biznis tankou radyo, televizyon, jounal
e ki regle zafè bay nouvèl.
Presbitè, Yon kay, yon biwo kote yon pè viv e fè travay legliz
la ki pa kapab fèt nan legliz la menm.
Prese, Fè yon bagay ki dwe fèt
pi vit pase jan li te dwe fèt la. Mete
yon rad anba yon mashin ki rele près pou retire pli nan rad la.
Prèskil,
Yon moso tè ki gen dlo antoure li prèske tou won.
Penensil.
Preskri,
Ekri yon lis medikaman ki bon pou maladi bay yon malad soufri. Bay yon moun otorizasyon avèk enstriksyon pou fè yon
travay.
Preskripsyon,
Yon otorizasyon yon doktè bay yon moun pou ale nan yon famasi epi ashe yon
medikaman leta anpeshe moun ashe san otorizasyon sa a.
Otorizasyon e enstriksyon yon moun bay yon lòt moun pou li fè yon
travay.
Prete, Aksepte, yon bagay, lajan
nan men yon moun epi bay moun nan pwomès pou remèt li bagay la, lajan an.
Prevwa,
Wè yon bagay anvan li egziste nan reyalite.
Prezan,
Moman sa a, konnye a, tan sa a. Eta
yon moun ki yon kote, nan yon pozisyon.
Prezidan,
Pi gwo shèf, premye moun nan yon peyi ki gen yon gouvènman.
Pri, Kantite kòb yon mashann
mande pou mashandiz li ap vann. Yon
bagay, lajan yon moun resevwa avèk konpliman pou yon bagay li fè byen.
Privatize,
Retire yon bagay leta te posede nan men li pou bay lòt biznis kontwole li.
Retire dwa piblik la te gen nan men li sou yon bagay.
Prive, Eta yon bagay yon moun
posede e se moun sa a ki gen dwa fè
sa li vle avèk li. Sektè ~, Nenpòt biznis nan yon peyi ki pa nan gwoup biznis, gwoup
òganizasyon leta yo.
Prizon,
Yon kay kote yon jij voye yon moun apre jijman li pou pini li pou krim li fè,
paske li vyole lalwa. Yon plas
sosyete konstwi pou mete tout kriminèl, moun ki pèdi dwa yo te genyen pou viv
lib nan sosyete. Yon mwayen sosyete
itilize pou retire libète nan men moun ki pa konnen kijan pou yo itilize libète
yo genyen.
Prizonye,
Moun ki nan prizon. Yon moun ki pa
kapab jwi libète menmsi li pa nan yon prizon.
Gèrye yon gwoup militè pran pandan yo ap goumen avèk yon lòt gwoup
militè.
Pwa, Yon mezi moun itilize pou konnen ki kantite lou yon bagay lou. Plizyè grenn plizyè plant diferan donnen an gous e moun itilize grenn sa yo anpil pou prepare anpil repa tankou sòs pwa. ~ Frans, Yon pwa ki gen yon ti gou dous e ki pa janm shanje koulè vè li a menm lè li sèsh. ~ Grate, Yon pwa ki gen koulè vè lè li vèt epi vini koulè mawon pandan plim ap grandi sou li lè rèk. Moun pa manje pwa sa e li grate moun anpil lè plim yo kole sou kò moun nan. ~ Jenwa, Yon pwa ki gen menm wotè avèk pye pwa wouj, ti grenn li pi piti, li gen koulè blan avèk yon ti mak nwa nan yon kwen li. ~ Kongo, Yon ti grenn pwa won ki donnen sou yon pye pwa ki kapab pi wo pase sis pye. Gous li kapab genyen twa a sis grenn konsa. ~ Lyann, Yonn nan pwa yo ki pran plis tan anvan li kòmanse donnen e li bay anpil gous. Li gen koulè wouj lè li sèsh men li pi piti pase pwa wouj. ~ Nwa, Yon pwa tout kò li gen koulè nwa e pye li menm wotè avèk pye pwa wouj la. ~ Pyant, Pwa sa a donnen sou yon gwo pye bwa ki bay gous yo e moun pa manje li. ~ Shous, Yon pwa ki laj, ki gen fòm oval e ki gen yon ti gou prèske anmè ki fè anpil moun pa renmen li. Li fè lyann sou gwo pye bwa e li fè anpil tan ap donnen. ~ Wouj, Yon pwa tout koulè kò li wouj. Pye li kout e li donnen plizyè gous anvan li seshe pou mouri.
Pwason,
Anpil bèt ki viv nan dlo e moun manje anpil nan yo.
Anpil pwason gen fòm oval avèk yon pwent kote boush yo, je yo avèk zòrèy
yo ye. Lòt pwent la se kote ke yo
ye.
Pwav, Yon ti grenn epis won e
nwa ki pike anpil lè li kraze.
Pwazon,
Pwodui shimik ki kapab retire lavi nan yon moun, yon bèt, yon pye bwa.
Nenpòt bagay ki kapab elimine lavi, bay maladi.
Pwèl,
Plim ki pouse, grandi anba zesèl moun, sou do koko fi epi kote zozo yon gason
pandye nan kò li. Plim. Plim bèt.
Pwen, Pi
piti divizyon nan yon bagay. Jan
yon moun ki vlope men li.
Pwent, Dènye pati
nan yon bagay. Finisman yon bagay
ki te kòmanse. Kote yon moun te
vle rive a.
Pwente,
Pran yon direksyon tankou yon pwent.
Montre direksyon yon bagay.
Pwenti,
Retire nan yon materyèl ki fòme seksyon
yon bagay jis seksyon sa a pa kapab diminye ankò e san afekte lajè lòt
seksyon bagay sa a. Fè
yon pwent.
Pwès,
Eta yon bagay ki gwo, ki pi gwo pase gwosè moun panse li te dwe ye.
Pwoblèm, Yon bagay, yon sitiyasyon yon moun pa kapab konprann.
Yon bagay ki twouble lespri moun. Nenpòt
bagay ki bezwen yon solisyon.
Pwodiksyon,
Etap, mwayen moun itilize pou fè yon bagay pou vann, pou moun itilize.
Pwodui,
Tout bagay moun fè. Tout bagay yon
konpayi fè nan izin li pou vann, pou moun itilize.
Tout mashandiz ki nan magazen, boutik, mashe pou vann.
Pwofese,
Pale moun de bagay ki gen pou fèt sou tè a jan Bondye di yo ap ale fèt.
Pwofesè, Moun ki kapab pwofese. Moun ki gen konesans e ki gen djòb pou separe konesans yo avèk
elèv nan lekòl.
Pwofèt,
Moun ki te konnen sèvi Bondye lontan e ki te konnen resevwa mesaj nan rèv pou
bay moun ki kwè nan Bondye. Pwofèt
yon te konnen avèti moun ki ap sib Bondye de bagay ki gen pou rive.
Pwogram,
Planifikasyon. Jan yon moun prevwa
li ap ale fè yon bagay. Jan yon
bagay ekri sou papye pou li kapab vini fèt nan reyalite.
Yon rasanbleman anpil desen, lòd, entriksyon, mesaj ki fèt pou enstale
nan òdinatè; konsa moun avèk òdinatè a kapab konprann sa ki dwe fèt pou
jwenn yon rezilta.
Pwograme, Ekri liy
pwogramè avèk òdinatè kapab konprann pou pase òdinatè lòd, kominike avèk
òdinatè e moun ki ap ale itilize yon pwogram.
Pwogramè, Moun ki konprann e ki ekri pwogram pou òdinatè.
Moun ki pwograme òdinatè. Yon
pwogramè aprann yon pwogram ki kapab kominike avèk òdinatè pou li ekri
pwogram.
Pwonon,
Yon mo moun itilize pou ranplase non yon moun lè yo ap pale ou byen lè yo ap
ekri pou evite repete menm non an plizyè fwa.
Mo moun mete devan lòt mo pou fè konprann ki moun ki ap aji. Men ki pwonon ki genyen nan lang Kreyòl la:
Mwen, pou moun ki ap pale a; Ou,
pou moun yon moun a pale avèk li e pou plizyè moun lè moun ki ap pale a pa
nan gwoup la; Li, pou moun yon moun ap
pale de li; Nou, pou plizyè moun lè
moun ki ap pale andedan gwoup li ap pale de li a; Yo,
pou plizyè moun lè ni moun ki ap pale a ni moun li ap pale avèk li a pa nan
gwoup li ap pale de li a.
Pwononse,
Son yon mo fèt pou bay lè li ap soti nan boush moun.
Pwòp,
Eta yon bagay ki pa gen pyès salte sou li.
Bagay ki pou yon moun.
Pwopriyete,
Yon bagay moun posede, moun kapab posede tankou yon kay.
Eksplikasyon sou yon bagay tankou konvansyon matematik yo.
Pwopriyetè, Moun ki posede pwopriyete. Moun ki posede bagay ki kapab gen mèt.
Pwoteje,
Anpeshe bagay mal rive. Bay
sekirite. Kashe yon bagay pou vòlè
pa jwenn li.
Pwoteksyon,
Aksyon moun ki ap pwoteje yon bagay, yon moun.
Pwovizyon,
Bagay moun mete nan yon pozisyon pou ranplase bagay yo te genyen ki ap diminye.
Pyan, Sansiblite yon moun gen
nan pye li ki anpeshe li peze pye li atè pou mashe vit.
Yon boul sansib ki leve nan yon pati nan kò yon èt vivan.
Pye, Pati anba nan kò yon
moun ki kole avèk jenou an e ki toushe tè a lè yon moun ap mashe. Yon bagay ki toushe tè a e ki pèmèt yon bagay kanpe anlè
tè a. Yon kantite douz pous.
Pyès,
Anyen. Yon moso bagay ki kontribye
nan konstitisyon yon bagay. Absans
yon bagay.
Pyese, Rasanble plizyè pyès
ansanm pou fè yon bagay. Itilize
yon moso yon bagay ou byen yon moso yon lòt bagay, pou ranplase moso pa bagay
la.
Pyon, Plizyè moso bagay jwè
itilize pou yo make pozisyon yo ye nan yon jwèt.
Pwofi, avantaj yon moun gen sou yon lòt.