Retounen Nan Paj Lis Lèt Yo


 

O, Kenzyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.

Obsede, Yon kantite kwayans yon moun genyen.  Eta yon moun ki tèlman anvi yon bagay li kapab fè nenpòt bagay pou jwenn bagay sa a.  Eta yon moun ki gen anpil pasyon pou yon bagay.

Òdinatè, Yon mashin, entelijan anpil, ki fè yon revolisyon nan fason moun kominike avèk lòt moun, avèk lòt mashin e konsève tèks yo ekri.  Gen anpil diferans nan òdinatè, men se de diferans ki pi enpòtan:  Sèvitè avèk Pèsonèl.  Malgre diferans sa yo, tout òdinatè gen senk pati sa yo:  klavye, monitè, sourit, òdinatè a menm, avèk enprimè a.  Moun rele tout senk pati sa yo òdinatè, men òdinatè a se kote ki resevwa kòmand klavye a avèk sourit la epi voye kòmand sa yo nan yon diskèt, yon enprimè ou byen nenpòt lòt mashin byen lwen pandan li ap itilize yon liy telefòn.  Mashin sa pèmèt moun ekri nenpòt longè donkiman soti nan yon lèt pou rive nan plizyè milye fraz tankou yon liv.  Yon moun ki itilize òdinatè pou ekri kapab mete nenpòt imaj nan tèks la e li kapab fè lèt yo nenpòt gwosè.  Bagay yon moun ekri sou òdinatè kapab enprime sou papye ou byen konsève sou yon diskèt pou itilize yon lòt lè.  Nenpòt tèks moun ekri sou òdinatè, mashin nan kapab faks li, voye li sou fòm lèt-eletwonik bay yon lòt òdinatè, e latriye.  Moun kapab itilize òdinatè nan plas televizyon, faks mashin, aparèy telefòn, repondè telefòn e anpil lòt bagay toujou. 

Oditè, Moun ki shita, rete pou koute diskou yon lòt moun.  Anplwaye kontribisyon ki ap envestige jan moun kalkile enpo yo peye pou wè si moun sa yo byen kalkile sa yo peye a.  Yon gwoup kontab ki sèlman revize travay lòt kontab pou wè si yo sib prensip kontablite nan travay yo.

Odyans, Yon gwoup moun ki ap koute yon moun ki ap fè yon diskou.  Moun ki ap koute yon estasyon radyo.  Moun ki ap gade yon estasyon televizyon.

Ofri, Lonje yon bagay bay yon moun san li pa mande bagay la.  Pwomèt yon moun yon bagay, sèvis san li pa mande.

Òganizasyon, Plizyè moun ki reyini, ap travay ansanm, e yo ap shashe menm bagay la pou tèt yo ou byen pou yon konpayi.  Plizyè moun ki mete tèt ansanm pou pousib yon lide tankou yon lide biznis.

Ogmantasyon, Yon bagay ki vini an plis sou yon lòt bagay.

Ogmante, Mete yon bagay sou yon lòt pou fè li vini pi plis, pi gwo.

Okay, Pi gwo vil nan Depatman Sid la e se li ki kapital depatman sa a tou.

Òkèt, Yon kontraksyon nan gòj yon èt vivan ki anpeshe lè soti pou moun nan respire nòmalman.  Moun ki gen òkèt kapab santi yon ti sekous prèske shak dis segond konsa.  Sa a se rezilta lè avèk bagay ki anpeshe lè a sikile a.  Anvan kèk moun mouri yo genyen yon òkèt ki kontinye a diminye pandan moun nan ap avanse pi pre lanmò a.

Oktòb, Dizyèm mwa nan yon ane.  Gen tranteen jou nan mwa Oktòb la.  Se mwa lekòl nan peyi Ayiti kòmanse ane lekòl la ki ap ale dire nèf mwa.

Okton, Yon anplwaye nan yon biwo lakomin yo ki responsab ouvri pòt biwo sa a shak jou travay, fè majistra konnen gen moun ki vini kote li e fèmen pòt biwo a apre jounen travay la.

Onbwèl, Parasòl.  Yon bagay ki fèt avèk saten e tou won tankou moso yon boul moun itilize pou bare solèy, pare lapli.  Dlo lapli a tonbe sou onbwèl la epi li sib fòm won a pou ale tonbe atè.

Ond, Tout espas vid ki egziste, yon kote gen anpil shanjman nitirèl ki ap fèt, men je moun pa kapab wè yo.

Ondiras, Yon peyi nan kontinan Amerik la kote moun yo pale Espanyòl.  Ondiras se yonn nan peyi Amerik Santral la e kapital li se Tegisigalpa.

Onz, Dezyèm nonb pozitif ki gen de shif nan li apre dis.  11. Dis plis en.  Sis plis senk.  Douz mwens en.

Opalè, Yon aparèy elektrik ki gen yon moso leman andedan yon woulo fil kouran ki kapab resevwa yon son de yon mikwo epi fè son an vini fò anpil.

Operasyon, Tout travay ki fèt pou bay yon rezilta.  Kat mwayen aritmetik yo pou jwenn yon rezilta:  adisyon (+), soustraksyon (-), miltiplikasyon (x) avèk divizyon (÷).

Opoze, Pran yon pozisyon kont yon lòt.  Mashe nan direksyon nò sou menm liy avèk yon moun ki ap mashe nan direksyon sid.  Aji kont yon lide.

Opozisyon, Politisyen ki pa gen menm lide pou devlopman yon peyi avèk prezidan an.  Pozisyon moun ki kont gouvènman yon peyi.  Aksyon moun ki pran pozisyon kont yon lòt.

Orikilè, Dwèt ki pi piti a nan tout dwèt men moun.  Kòmanse konte nan dwèt pous la, li se senkyèm dwèt la.

Orizontal, Pozisyon ki sanble avèk pozisyon fas yon dlo dòmi.  Yon pozisyon ki pèpandikilè a pozisyon vètikal la.  Menm pozisyon avèk koushe.

Oseyan, Lanmè.  Yon kantite dlo ki sanble li pa gen finisman tèlman li laj, li anpil.

Oseyanik, Yonn nan senk kontinan sou tè a ki pi piti pase  lòt kat kontinan yo.  Ostrali se pi gwo peyi e pi gwo il sou kontinan sa a ki gen plizyè il nan li.  Nenpòt bagay ki gen rapò avèk oseyan.

Ostrali, Yon gwo il ki prèske fòme tout kotinan Oseyanik la pou kont li.

Otèl, Yon kay ki gen anpil shanm nan li kote moun ale pou yo pase yon kantite tan lè yo pa pre kay yo.  Moun nan yon otèl peye yon kòb pou shak jou yo pase nan otèl la.  Toujou gen otèl nan tout gwo vil paske gen anpil moun ki toujou ap vizite gwo vil yo.

Oto, Otomobil.  Yon bèl mashin yon moun posede pou transpòte limenm avèk rès fanmiy li.  Nenpòt mashin yon moun posede pou transpòte moun.

Otobis, Yon gwo mashin ki gen shèz pou tout moun shita.  Mashin sa a pote anpil moun, men li pa pote anpil shay tankou gwo sak lou.

Òtograf, Fason mo nan yon lang fèt pou ekri.  Lide, prensip pou ekri mo nan yon lang.  Yon mwayen moun itilize pou yo ekri sa moun di lè yo ap pale yon lang.

Otomatik, Yon bagay yon moun bezwen fè yon sèl travay pou bagay la kontinye fèt san rete.  Shak bal nan yon revolvè bezwen yon kout gadjèt pou soti, tout bal nan yon mitrayèz bezwen yon sèl kout gadjèt; kidonk tire bal nan mitrayèz se yon bagay otomatik.

Otomobil, Oto.  Yon bèl mashin yon moun posede pou transpòte limenm avèk tout rès fanmiy li.  Nenpòt mashin yon moun genyen pou transpòte moun.

Otonomi, Eta yon moun, yon gwoup moun, yon òganizasyon, yon peyi ki gen yon shèf, men shèf la kite li pran kèk desizyon.  Yon nivo libète ki toupre endepandans.

Otorite, Moun ki gen pouvwa pou egzèse sou lòt moun e pouvwa sa a mashe avèk kèk responsablite tou.

Otorizasyon, Pèmisyon moun ki gen otorite bay moun ki pa kapab aji san pèmisyon sa a, otorite sa a pou yo aji nan tout libète posib.

Otorize, Bay moun otorizasyon, pèmisyon pou yo fè bagay yo pa kapab fè san otorizasyon.

Otowout, Yon wout plizyè liy mashin kapab kouri sou li yonn sou kote lòt an vitès e pa gen limyè sikilasyon sou wout sa.

Otrefwa, Ekspresyon pou pale de yon epòk, yon bagay ki te pase san konnen, sonje vrèman moman lè epòk sa a, bagay sa a te pase.

Ou, Yon pwonon.  Moun itilize li pou pale dirèkteman avèk yon moun.  ~ byen, De mo moun itilize ansanm pou di si se pa yon bagay se yon lòt bagay.

Oumenm, Mo moun ki ap kominike avèk lòt moun itilize pou mete plis fòs nan sa yo ap di a epi fè moun yo ap eseye kominike avèk li a santi sa a.

Out, Yuityèm mwa nan yon ane.  Yonn nan de mwa ki fè plis shalè sou kote mwa Jiyè a.  Yonn nan sèt mwa yon ane ki gen tranteen jou.

Ouvè, Sa ki pase lè yon kouvèti, yon pòt ki te bare, fèmen yon kote soti kote li te ye a.  Devlope yon bagay ki te vlope, fèmen.  ~ Fèmen, Yon ti zèb ki febli e bese pi ba lè moun toushe li epi leve kanpe yon ti moman apre.

Ouvri, Retire yon kouvèti, yon pòt ki te bare, fèmen yon kote.  Devlope yon bagay ki te vlope, fèmen.  Fè yon bagay, tankou boush yon moun, vini laj.

Oval, Yon bagay ki gen yon fòm tankou yon wonn ki pese sou de bò, men de kwen yo pa fini rankontre.  Fòm boul ameriken yo jwe foutbòl yo a.

Ovil, Yon repwodiksyon andedan kò yon femèl ki kapab vini fòme yon ze pou bay yon pitit.

Ovile, Yon moman sou katozyèm jou depi yo fi te gen règ li epi yonn nan ovil li yo, sa ki pi gran an, avanse prèske nan boush koko li pou tann deshay.  Si ovil la jwenn deshay nan twa jou li pase nan boush koko fi a li ap kòmanse fòme yon ze ki ap ale bay yon pitit apre yon kantite tan.

Ozalantou, Nan tout kwen yon bagay tankou dlo ki antoure yon il, yon bag sou yon dwèt yon moun.