N, Katòzyèm lèt nan alfabèt
lang Kreyòl la.
Naje, Fè mouvman nan dlo pou
rete sou dlo a, san plonje.
Najè,
Moun ki konnen naje. Moun ki konnen
fè mouvman pou rete sou dlo, san plonje nan dlo a.
Nan, Andedan. Okipe mitan, mwatye yon bagay.
Okipe nenpòt pozisyon andedan yon bagay.
Nanm, Pati envizib nan tout
manb kò moun ki ede moun fè tout sa moun kapab fè tankou viv. Potansyalite ki disponib nan yon moun. Kwayans moun gen nan yon bagay, nan Bondye.
Nannan,
Bagay ki andedan yon bagay, yon fri tankou mango, zaboka, zoranj e latriye.
Se pati sa a moun manje nan fri yo.
Nasyon,
Yon peyi endepandan ki gen fontyè li e ki gen pwòp leta li avèk gouvènman
li. Tout bagay ki rantre nan
konstitisyon yon peyi.
Nasyonal,
Tout bagay ki gen rapò avèk yon nasyon. Rekonesans
pitit yon peyi genyen pou li tankou ale nan lagè. Patriyotism. Tout
bagay ki andedan yon nasyon, tout bagay ki fèt nan yon peyi.
Nasyonalite,
Tout kalite moun genyen ki idantifye yo avèk yon peyi.
Santiman andedan yon moun ki fè li fasil pou moun rekonèt nan ki peyi
li soti. Shanjman santiman, kont
yon peyi, pou yon nouvo peyi yon moun adopte pou peyi li.
Nati, Fason yon bagay ye.
Tout bagay ki egziste. Yon
bagay moun pa janm kapab shanje. Jan
tout planèt yo vire sou kote solèy la.
Natirèl, Eta yon bagay ki rete tankou lè li te apèn parèt nan
la nati. Bagay ki gen rapò avèk
nati a, lanati.
Ne, Kote de ou plis bagay
mare ansanm. Yon mezi moun ki ap
kondi bato yo itilize pou di nan ki zòn sou lanmè a yo ye.
Nè,
Eksitasyon yon moun santi andedan li ki pouse li anvi fè yon bagay e tout tan
li pa fè bagay la ou byen yon bagay ki sanble avèk sa a li anvi fè a,
eksitasyon an ap kontinye ogmante. Pati
andedan kò moun ki bay eksitasyon.
Nèf,
Dizyèm shif nan nonb pozitif yo. Kat
plis senk. Yuit plis en. 9. Yon bagay ki
apèn fini fèt e moun poko janm itilize.
Nèg,
Tout moun koulè nwa yo. Moun sa yo
te premye parèt sou kontinan afriken an, gen moun nwa nan tout peyi sou tè a
konnye a.
Negatif,
Yonn nan de pòl elektrisite yo (avèk pozitif) kote kouran rantre nan sous
elektrisite a ankò. Yon siy mwens
operasyon (-) ki montre gen yon kantite ki ap ale soti nan yon lòt kantite.
Nègès, Yon jèn fi ki gen anpil
enèji nan kò li. Vrè laj pou
rele yon fi nègès, pou mojorite fi, se sèz ane.
Wanga ~, Yon ti zwazo ki gen bèk
long e ki toujou ap manje polèn nan flè ki apèn ouvri.
Nèj,
Yon poud blan ki soti nan espas e ki tonbe sou tè a nan peyi ki fè frèt anpil
yo. Pou nèj tonbe, tanperati a
oblije rete pi wo ke zewo degre Celcius (0ºC) ou byen trant-de degre Fareinheit
(32ºF). Lè nèj tonbe sou yon
bagay tanperati li pi wo pase 0ºC, li fonn pou bay dlo; kidonk anpil nèj kapab
bay anpil dlo. Dlo nèj la ap
transfòme an glas si wotè tanperati nan zòn nan pa janm monte.
Se sa ki fè moun nan peyi fredi yo konnen oblije mashe sou glas nan
sezon ivè.
Nen, Yon pati nan figi moun ki
ant de je yo avèk boush la e ki gen de tou nan li pou pèmèt respirasyon fèt
san pwoblèm. Krèt.
Pati devan yon mashin e devan anpil lòt bagay tou.
Nesesè, Yon bagay ki oblije egziste pou yon lòt bagay fèt.
Yon bagay moun pa kapab viv san li tankou lè.
Nesesite,
Eta yon bagay ki nesesè. Eta yon
bagay ki oblije egziste pou yon lòt bagay kapab egziste, pase, rive, pou yon
kondisyon akonpli. Eta yon bagay ki
gen twòp enpòtans.
Netwayaj,
Aksyon yon moun pou fè yon bagay, yon kote vini pwòp.
Netwaye yon bagay, yon kote.
Netwaye,
Fè yon kote vini pwòp. Retire
tout bagay ki sal, ki fè yon kote sanble avèk bagay sal.
Mete pwoprete nan yon bagay, yon kote.
New
York,
Kapital komèsyal peyi Etazini. Pi
gwo vil nan yonn nan senkant divizyon nan peyi Etazini an ki pote menm non avèk
divizyon sa a. Kapital politik leta
New York se Albany.
Nikaragwa,
Yon peyi nan kontinan Amerik la e nan Amerik Santral kote moun yo pale Espanyòl.
Kapital peyi sa se Managwa.
Nimewo,
Shif. Yon eleman matematik ki pèmèt
moun fè diferans ant plizyè bagay tankou yon kantite paj nan yon jounal ki
soti shak jou.
Nimewote,
Shak etap ki pase pou fè diferans ant plizyè nimewo.
Mete shif, nonb sou shak bagay nan yon gwoup pou fè diferans ant shak
bagay nan gwoup la.
Nissan,
Yon konpayi mashin Japonè ki fè ti mashin, mwayèn mashin e gwo mashin.
Nò,
Yonn nan kat direksyon kadinal yon ki pèpandikilè a lès avèk lwès. Si yon moun ap ale nan direksyon nò, lès sou bò dwat li e
lwès sou bò gosh li; konsa sid dèyè li.
Nòmal,
Jan tout moun espere yon bagay, yon moun dwe ye.
Nòmalize,
Mete yon bagay nan eta nòmal li.
Non, Yon mo ou byen plizyè mo
ansanm ki ede moun idantifye yon moun. Yon
mo moun itilize pou fè yon lòt moun konnen yon bagay pa posib pou li reyalize,
pou rive, pou regle e latriye. Yon
repons negatif pou yon kesyon ki te merite yonn nan de repons sa yo:
Non ou byen Wi.
Nòt,
Lajan papye. Yon moso papye ki fè
konnen ke yon moun gen kòb li te prete yon lòt moun.
Moun ki posede moso papye sa a kapab resevwa lajan kash pou li.
Tèks yon moun ekri nan yon kaye ou byen nenpòt lide yon moun mete sou
papye pou konsève li.
Nou, Yon pwonon ki ranplase
yon yon gwoup moun. Plizyè moun
ansanm. Moun ki di, Nou, rantre nan gwoup moun nan tou.
Nouri, Bay yon nenpòt
èt vivan manje. Travay granmoun ki
bay timoun, ti bebe manje paske yo pa kapab manje pou kont yo.
Nouris,
Moman apre yon femèl fini pouse yon pitit mete deyò vant li e kantite tan li
pran pou repran fòm li te genyen anvan gwosès la.
Nouriti,
Nenpòt repa moun manje e ki bay enèji, gwosè, kwasans.
Nouvèl,
Yon emisyon nan radyo, televizyon ki pale de tout sa ki ap pase nan yon peyi,
nan lemond. Enfòmasyon sou yon
bagay, yon moun. ~
Jenerasyon, Yon tip mizik ayisyen ki parèt nan ane katreven yo.
Gwoup ki fè mizik sa yo shante an Kreyòl yon fason pou separe nouvo
stil mizik yo a avèk ansyen mzik yo shantè te konnen shante nan lang Fransè.
Nouvo, Nenpòt bagay yon moun apèn
konnen. Yon bagay yon moun
rankontre, wè premye fwa. Yon
bagay ki apèn fèt.
Novanm,
Yonn nan kat mwa nan yon ane ki gen trant jou nan li e se li ki onzyèm mwa nan
yon ane tou.
Nòvèj, Yon peyi sou kontinan Ewòp
la ki sou kote Suèd.
Nwa, Yon koulè ki idantifye
moun ki soti sou kontinan afriken an. Yon
koulè ki sanble avèk koulè lannwit. Yon
koulè ki kòmanse idantifye tout bagay ki negatif avèk eksperyans esklavaj la.
Nwa te reprezante yon koulè gwo notab tankou wa yo, bondye nan antikite
yo te konnen mete sou yo pou rad.
Nwasi, Fè yon bagay vini gen
koulè nwa. Moman lè klate jounen
an ap disparèt pou bay lannwit plas.
Nwaye, Eta yon bagay ki rete fè
twòp tan anba dlo epi li toufe.
Nwèl,
Selebrasyon jou nesans Jezi Kris ki tonbe jou vennsenk nan mwa Desanm shak ane.
Se pi gwo fèt nan yon ane paske tout moun, nan tout klas, nan tout
sosyete selebre li.
Nyaj, Yon gwo kantite lè moun
sou tè a kapab gade nan lespas e ki sanble yo toujou ap deplase.