M, Trèzyèm lèt nan alfabèt
lang Kreyòl la. Abrevyasyon mo,
mwen. Mwen rele li deja = M
rele li deja.
Mabouya,
Yon ti bèt ki gen kat pye, long ke e ki sanble li trennen sou vant li pou
mashe. Li viv nan tou tè e nan
raje tankou plenn.
Madanm,
Yon fi ki gen ven ane konsa. Yon fi
ki marye avèk yon gason. Yon fi ki
posede pouvwa avèk respè. Yon fi
ki marye.
Madi, Twazyèm jou nan yon semèn
e dezyèm jou travay nan yon semèn.
Madmwazèl, Yon fi ki prèke vini yon madanm; li gen anviwon kenz a
ven ane konsa. Yon fi ki pwofesè
lekòl. Yon fi ki pa janm marye nan
lavi li. Demwazèl.
Maïssade,
Gade Mayisad.
Majè,
Dwèt ki pi long e ki nan mitan lòt kat dwèt men yon moun.
Yon moun ki rive nan yon laj kote li kapab pran desizyon paske li konnen
diferans ant byen avèk mal.
Majeste,
Yon moun ki gen anpil pouvwa tankou yon wa.
Majestik,
Yon moun ki gen anpil grandè tankou yon wa.
Yon moun, gwo travay yon moun ki merite anpil respè.
Majistra,
Shèf yon vil nan anpil peyi. Shak
vil gen majistra pa yo. Gen twa
majistra nan shak vil nan peyi Ayiti, men shak nan yo gen plis pouvwa pase lòt
la.
Majò,
Yon grad nan anpil kò militè ki responsab administrasyon yon twoup.
Nenpòt moun ki gen responsablite pou pase lòd nan yon gwoup.
Majorite,
Pi gwo pati a nan yon gwo kantite. Pi
plis kantite moun ki vote pou yonn nan plizyè kandida ki te patisipe nan yon
eleksyon.
Mak, Yon mak mashin GMC
(General Motor Company), yon konpayi mashin ameriken fè.
Yon kamyon. Yon nan douz
disip Jezi Kris yo lè li te sou tè a. Mark.
Yon tash pou fè diferans ant plizyè bagay.
Make, Fè mak yon kote, sou yon
bagay. Eseye pou pran yon boul nan
men jwè yon lòt ekip. Anpeshe jwè
yon lòt ekip ale fè gòl. Sonje
yon bagay mal yon moun fè e kontinye siveye moun sa pou wè si li ap fè menm
bagay la ankò.
Makè,
Yon jwè ki ap make yon lòt jwè nan yon match.
Yon moun ki make yon moun.
Makiyaj,
Pwodui shimik fi avèk aktè mete nan figi yo pou shanje aparans yo.
Makiye,
Mete makiyaj sou figi pou shanje yon aparans.
Makout,
Konbinezon de djakout ki gen menm gwosè e ayisyen yo mete sou do bèt tankou
sheval pou fè yo pote shay. Gen
gwo makout pou pote anpil shay e gen ti makout ki fèt pou mete sou do sheval
notab yo. Gade atashe.
Mal, Nenpòt
bagay ki pa fèt byen ou byen jan sosyete a espere li te sipoze fèt.
Satan.
Maladi,
Shanjman nan sante yon èt vivan ki anpeshe li mennen yon lavi nòmal.
Maladi bay doulè, soufrans, feblès nan kèk ògán, pati kò.
Malè,
Yon move bagay ki rive san moun ki koz li a pate planifye li.
Malere,
Moun nan yon klas nan yon sosyete ki travay di e ki pa kapab fè anpil kòb vit.
Moun ki pa gen anpil kòb.
Malfezan,
Moun ki renmen fè bagay ki mal.
Malfezans,
Aksyon yon malfesan. Fè yon moun,
ki pa konnen kijan pou li defann tèt li, mal.
Malis, Koken. Eta
yon moun ki pa janm kite tras pou moun kenbe li lè li fè yon move bagay, yon bagay mal.
Entelijan.
Malkadi,
Manifestasyon yon maladi kèk moun genyen ki fè yo pèdi konesans, tranble
anpil e rele pandan boush yo ap fè kim.
Malpwoprete,
Tout bagay moun konsidere tankou bagay ki sal.
Nenpòt bagay sosyete a panse moun pa dwe fè devan lòt moun tankou
mashe san rad nan lari.
Maltrete,
Bay move tretman tankou bat yon moun pou jis li pèdi konesans, tout kouraj li e
menm mouri.
Malveyan,
Yon moun ki pran plezi nan fè moun ki pi fèb
pase li sa ki mal.
Mamit, Yon bwat long an metal e
won avèk kouvèti solid kole nan de pwent li.
Manba, Pistash ki kraze pou jis
li fè labouyi. Lè li kraze byen,
li fè grès. Bè pistash.
Manbo, Yon fi ki sèvi lwa e ki
bay lwa itilize kò li lè yo bezwen kominike avèk lòt moun, fè remèd pou
pitit fèy yo, e danse nan seremoni lwa tankou vodou.
Yon bòkò fi.
Manda, Yon pèmisyon sèlman yon
jij kapab bay polis pou rantre andedan kay yon moun menmsi moun nan pa vle yo
rantre.
Mande, Reklame yon bagay nan men
moun pou kado san moun nan pate pran desizyon anvan pou bay bagay la.
Pran desizyon pou resevwa yon bagay.
Mandyan,
Moun ki renmen mande e ki mande kado pou siviv nan lavi.
Mango, Fri yon pye bwa ki gen
yon gwo grenn, ji, kèk fwa fil tou e ki gen menm non avèk pye bwa ki donnen
li. Gen anpil mango tankou blan,
doudous, janmari, miska, grennsi, fil, fransik e latriye.
Manje, Mete yon bagay nan boush,
mastike li epi vale.
Manjè,
Nenpòt moun, bèt, e latriye ki manje.
Manke, Pèdi yon shans, yon
benefis. Rate.
Anvi pou wè yon moun.
Manman,
Yon fi, yon femèl bèt ki fè piti. Lanati.
Yon peyi. Yon fi ki adopte
yon timoun.
Mannivèl, Kat bransh bagay ki menm longè a sou do yon elikpotè
pou ede li vole e rete anlè san li pa tonbe.
Plizyè moso plastik ou byen metal ki nan yon vantilatè e ki kreye van lè
yo ap vire.
Mansh, Yon pwent, yon bransh nan
yon bagay. De tou nan yon rad kote
moun rantre ponyèt yo.
Manshèt, Yon ti mansh. Yon
kouto laj, long ki fèt pou koupe gwo bagay yon ti kouto pa kapab koupe.
Mantal,
Bagay ki gen rapò avèk sa ki ap pase nan tèt moun, men ki pa oblije gen pyès
lyen avèk reyalite a. Gen moun ki
toujou santi yo malad, men doktè pa ap janm kapab jwenn maladi yo paske maladi
moun sa yo mantal. Yon maladi
mantal kapab vini reyèl.
Mantè,
Moun ki renmen e ki bay pran plezi nan bay manti.
Moun ki toujou di wi pou bagay yo te fèt pou di non.
Manti, Bagay moun di moun pou
verite, men ki pa vrè.
Manyen,
Toushe yon bagay avèk men. Toushe.
Travay yon doktè fèy lè li ap pase men li sou tout kò yon malad pou
jwenn ki kote yon maladi ye pou preskri tretman pou maladi a.
Manyòk,
Yon ti pye bwa kiltivatè ayisyen plante e ki bay de rasin diferan: yonn pwès, blan, dous e yon lòt anmè. Moun bouyi manyòk dous la e yo manje li.
Manyòk anmè a bay lanmidon avèk kasav.
Marande,
Vlope yon bagay avèk kòd. Eta yon
moun ki nan yon sitiyasyon kote li pa konnen kisa pou li fè pou soti nan
sitiyasyon an.
Marasa,
De pitit, pou pi piti, yon manman fè e ki, pou pi piti,
gen yon fi avèk yon gason nan pitit yo.
Mare, Vlope yon kòd byen di
sou kò yon moun, yon bèt, yon bagay avèk espwa moun nan, bèt la, bagay la pa
ap kapab demare tèt li.
Mari, Yon gason ki marye avèk
yon fi. Manman Jezi Kris.
Mark, Yon mak mashin GMC
(General Motor Company), yon konpayi mashin ameriken fè.
Yon kamyon. Yonn nan douz
disip Jezi Kris yo lè li te sou tè a. Mak.
Maryaj,
Yon desizyon yon gason avèk yon fi pran anba lalwa pou yo viv ansanm e pou yo
shak pran tout responsablite pou lòt la. Yon
desizyon yon gason avèk yon fi pran devan Bondye pou yo pase tout lavi yo
ansanm nan nenpòt ki kondisyon. De
bagay, de moun, de bèt ki mare ansanm.
Marye, Pran yon angajman devan
lalwa e devan Bondye pou viv avèk yon madanm ou byen yon mari pandan tout lavi
madanm nan ou byen mari a. Pran yon
angajman.
Mas, Twazyèm mwa nan yon ane
e dezyèm mwa ki gen 31 jou nan yon ane.
Masak, Touye, ansanm, anpil moun
ki pa kapab defann tèt yo.
Masakre,
Touye anpil moun nan yon masak. Gate
yon bon travay yon moun te ap fè.
Masakrè, Moun ki kòz yon masak. Moun ki masakre anpil moun ki pa gen mwayen pou defann tèt
yo.
Mashandiz,
Bagay yon mashann ashte pou li revann.
Mashann,
Moun ki gen mashandiz pou vann.
Mashe, Yon plas kote mashann
mete mashandiz yo pou yo vann e ashtè ale la pou yo ashte. Leve pye gosh e pye dwat yonn apre lòt epi depoze li pi
devan pou deplase yon kò. Avanse
nan menm direksyon fas, je ap gade. ~
Nwa, Yon moman lè mashann ki gen yon mashandiz pwofite monte pri mashandiz
la nenpòt wotè yo vle paske pa gen anpil nan mashandiz sa a e anpil moun
bezwen ashte li.
Mashin,
Nenpòt aparèy mekanik, elektwonik ki kapab fè yon travay tankou kraze kann,
kraze mayi, woule yon kasèt, e latriye. Yon
aparèy ki sèvi pou transpòtasyon moun e ki kapab genyen kat, sis, dis, menm
dizuit wou.
Mason, Yon moun ki espesyalise
nan shashe konprann espri natirèl yo pou kontwole lanati.
Yon moun ki prepare mòtye pou fè kay e ki, kèk fwa, aprann fè kay tou
paske li toujou ap sib travay moun ki ap fè kay.
Masonn,
Yon mòtye ayisyen fè avèk lasho e ajil pou yo boushe tou ant palisad e klisay
kay.
Masonnen,
Mete masonn sou yon palisad ou byen yon klisay.
Matematik,
Nenpòt bagay ki gen rapò avèk syans Matematik Yo.
Matematik
Yo,
Plizyè syans ki etidye anpil bagay ki pa fè sans e ki eksplike relasyon ki
egziste ant tout bagay sa yo. Yon
syans matematik di si A se menm avèk
B, B se menm bagay avèk C,
A avèk C
se menm bagay la ou byen si
A=B, B=C, konsa: A=C
Matla, Pati nan yon kabann ki fè
kabann nan mou pou kò moun kapab kole avèk kabann nan.
Mawon, Yon koulè ki sanble avèk
shokola. Nenpòt moun ki ap viv nan
kashe. Eta esklav ki pate vle rete
nan esklavaj e ki te pati ale nan mòn kote yo konnen kolon yo pate kapab monte
ale shashe yo. Esklav sa yo te
konnen desann sou plantasyon kolon yo lannwit pou touye yo, brile plantasyon yo.
Mawonaj,
Eta moun ki ap viv nan kashe. Eta
esklav nan tan koloni Sen-Domeng (Ayiti) ki te konnen viv nan kashe pou atake
blan gouvènè yo lannwit.
Mayi, Yon grenn jón, wouj, yon
plant donnen e moun manje li. Moun
fè yon poud avèk mayi (mayi-mounlen). Lè
grenn mayi a kraze li bay yon poud ki gen de poud diferan nan li: farin mayi a, mayi-moulen an.
Mayisad,
Yon vil nan Depatman Sant la ki toupre kapital depatman an, Ensh. Maïssade.
Mayonèz, Yon bagay ki fèt avèk jón ze, sitwon, vinèg, lwil e
moun itilize pou prepare anpil manje, mete sou lòt manje pou bay yo pi bon gou.
Mazda, Yon konpayi mashin ki te
konnen fè ti mashin sèlman e ki fè mwayèn mashin konnye a.
Me, Senkyèm mwa nan ane e
moman nan ane a lè tout bèl flè nan tout pye bwa parèt, fleri.
Mè,
Yon òganizasyon fi ki sakrifye tout lavi yo pou sèvi moun avèk Bondye san
kashe aksyon yo. Mè pa marye e yo
pa fè pitit.
Medam, Plizyè fi an gwoup ou
byen ki reyini ansanm.
Mèg,
Eta yon moun, yon bèt anpil zo nan kò li vizib.
Shèsh. Yon bagay ki piti,
an ti kantite.
Megri, Yon bagay kantite li ap
diminye, bese. Yon moun, yon bèt
ki ap vini mèg, shèsh.
Mèkredi,
Jou ki nan mitan yon semèn. Katriyèm
jou nan yon semèn e twazyèm jou travay nan yon semèn.
Meksik,
Yon peyi sou kontinan Amerik la, nan sid Etazini kote moun yo pale Espanyòl.
Etazini nan nò li epi Beliz avèk Gwatemala nan sid li.
Melankoli,
Eta yon moun tankou yon ekriven ki pase anpil move moman nan lavi li e ki pale
de tout bagay sa yo nan liv li ekri. Ekspresyon
yon ekriven ki pale de tribilasyon moun nan liv li.
Melankolik,
Travay yon ekriven kote li ap esplike mizè li, povrete li, tribilasyon li.
Eta yon bagay ki gen melankoli nan li.
Memwa, Yon kote andedan tèt
moun ki enrejistre tout sa yon moun kapab sonje.
Abilite pou moun sonje konesans yo fè.
~ Kout, Pati nan memwa moun ki
kenbe enfòmasyon pou yon tan kout tankou kèk segond konsa.
Apre de moun fini rankontre epi yonn bliye non lòt la apre kèk segond,
se paske moun nan te itilize memwa-kout yo pou kenbe enfòmasyon sa a.
~ Long, Pati nan memwa moun
itilize pou kenbe enfòmasyon pou yon tan long, men yo ap bliye bagay sa yo apre
kèk jou, kèk semèn konsa. Yon elèv
lekòl bliye yon leson li te aprann apre kèk jou pase leson an te nan memwa
long li. ~
Pèmanan, Pati nan memwa moun ki kenbe enfòmasyon moun pa janm bliye tankou
non moun nan menm, ane moun nan te fèt e latriye.
Memorize,
Mete enfòmasyon nan memwa. Itilize
memwa pou sonje bagay ki pase.
Men, Dènye pwent nan de manb
yon moun ki kole nan zepòl yo kote senk dwèt yo ye a.
Pati nan kò yon moun li itilize pou kenbe tout sa li bezwen.
Pran sa a. Apre yon vigil,
nan yon fraz, Men vle di: Poze aksyon sa a e evite yon lòt aksyon.
Menm, De ou byen plis bagay ki
pa gen diferans ant yo. Men’m, Men ki nan kò kò yon moun ki ap pale.
Menmsi,
Ekspresyon moun itilize pou diminye valè
yon bagay, rezilta, konsekans ki kapab genyen nan yon bagay.
Mennen,
Kontwole yon moun, yon bèt, yon bagay ki soti yon kote pou jis li rive yon lòt
kote.
Mercedes,
Yon mak mashin liksye.
Mesaj, Pawòl yon moun di yon lòt
moun pou li ale di yon lòt moun ki pa te kapab tande lè premye moun nan te ap
di pawòl la. Yon mesaj kapab ekri
sou papye tou.
Mesaje,
Moun ki pote yon mesaj ale bay yon lòt moun.
Mesajè, Yon fi ki pote yon mesaj ale bay yon lòt moun.
Mèsi,
Mo moun di moun pou montre yo renmen yon bagay yon moun fè, yon bagay moun nan
bay.
Meshan,
Eta yon moun, yon bèt ki toujou anvi fè lòt moun, lòt bèt bagay ki ap fè
yo mal, soufri.
Mestin,
Yon medikaman moun pran pou li kapab fè yo gen dyare e poupou tout manje ki
pase twòp tan andedan vant yo e òganis la, kò a pa bezwen yo.
Mesye, Mo moun itilize pou
montre respè devan yon gason ki pi gran pase yo.
Yon gwoup gason, plizyè gason ansanm.
Mesye!,
Mo pou montre etónman moun.
Mèt,
Yon inite pou mezire distans ki pa twò long.
Yon mèt gen twa pye ventsuit, trant-nèf pous trant-sèt nan li.
Moun ki posede yon bagay, yon bèt, yon moun.
Mete, Depoze, rantre yon bagay,
yon moun, yon kote.
Meteyoloji,
Syans ki etidye tan avèk shanjman nan tan an.
Mètrès, Yon fi ki gen relasyon
entim avèk mari yon lòt fi. Mèt
kay kote yon restavèk rete.
Mi, Eta yon fri apre li fini
shanje koulè e li vini gen yon bon gou tankou gou dous. Anpil fri vini gen koulè jón, men gen kèk lòt ki gen lòt
koulè tou. Yonn nan sèt nòt
mizik yo: do, re, mi, fa, sòl, la,
si.
Miba, Aksyon yon bèt ki
nouris, fini pouse pitit li mete
deyò vant li. Fè pitit (pou bèt
sèlman).
Mibalè, Yon vil nan Depatman Sant la kote
Wout Nasyonal Nimewo Twa a pase. Mirbalais.
Microwave,
Maykwowev, Yon mo nan lang Anglè
pou yon aparèy shofaj ki shofe bagay moun manje e byen vit.
Yon Microwave kapab shofe yon plat manje glase nan mwens ke twa minit.
Mikwo, Yon ti aparèy elektrik
ki mete ansanm avèk yon opalè pou fè vwa moun grandi anpil pou moun ki lwen
yon moun ki ap pale kapab tande moun ki ap pale a san pwoblèm.
Mikwòb,
Yon kantite ti bèt moun pa kapab wè avèk je yo san yon mikwoskòp, men ki
egziste tout kote sou tè a. Anpil
syantis kwè mikwòb se premye èt vivan ki te egziste sou tè a.
Mikwoskòp, Yon aparèy ki gen loup ranje nan li yon fason pou ede
moun wè anpil bagay je pa kapab wè san yon aparèy
tankou mikwòb e latriye.
Mil, Yon shif en avèk twa
zewo dèyè li. 1.000. San miltipliye pa dis. Senk-san
plis senk-san.
Milat, Pitit yon kolon, yon blan
avèk yon fi nwa, kèk fwa, yon esklas. Kèk
ansyen esklav nan tan Sendomeng (Ayiti) ki te benefisye libète nan men kolon yo
paske yo te pitit yon kolon avèk yon fi nwa.
Yon ti gwoup ayisyen ki se desandan pitit kolon nan tan koloni Sendomeng
la.
Milèt,
Pitit yon femèl sheval avèk yon mal bourik.
Gen mal milèt e gen femèl milèt, men milèt pa fè pitit.
Milisyen,
Yon gwoup militè yon prezidan pou-tout-tan nan peyi Ayiti te kreye pou ede li
kenbe pouvwa paske li pate kapab konte sou lame peyi a pou bay gouvènman li a
tout sekirite li te bezwen. Makout.
Milisyen yo te konnen abiye avèk yon inifòm koulè ble maren.
Milisyen te kraze nan ane 1986 lè pitit prezidan ki te kreye yo a te
oblije kite pouvwa a.
Militè, Plizyè òganizasyon leta nan yon peyi ki regle afè
sekirite avèk pwoteksyon moun e mete lòd.
Gen òganizasyon tankou Polis ki mete lòd nan vil andedan yon peyi.
Lame ki siveye fontyè yon peyi kont envazyon lòt peyi.
Si gen lagè, se lame ki ale nan lagè.
Gen plizyè ti gwoup nan shak gwoup miltè yo.
Gwoup moun ki travay avèk leta, ki abiye avèk inifòm pou travay yo e
ki toujou gen zam pou bay yo fòs pou fè travay yo.
Militon,
Yon vejetab ki gen anpil dlo nan nannan li e ayisyen itilize pou fè legim,
bouyon.
Miltiplikasyon,
Yonn nan kat operasyon aritmetik yo. De,
se miltiplikasyon de pa en (2 X 1 = 2), e latriye.
Milya, Yon en avèk nèf zewo dèyè
li. Mil miltipliye pa yon milyon.
1.000.000.000.
Milye, Yon kantite ki gen mil
(1.000) ou byen plizyè mil nan li.
Milyon,
Yon en avèk sis zewo dèyè li. 1.000.000.
Mil miltipliye pa mil.
Milyonè, Yon moun ki posede yon milyon dola.
Minit, Yonn nan swasant init yo
ki gen yon lè.
Minorite,
Yon ti gwoup tankou mil moun konsa nan yon gwo gwoup tankou sis milyon moun
konsa nan yon sosyete. Yon gwo
gwoup moun nan yon sosyete ki pa gen pyès dwa paske yon ti gwoup moun nan menm
sosyete sa a kontwole e abize tout rès moun nan sosyete a.
Mirbalais,
Gade Mibalè.
Mit, Yon ti ensèk ki fèt nan
mayi lè grenn sa a rete fèmen twòp e pandan anpil tan andedan yon bagay
tankou yon barik. Pati blan andedan
yon pen.
Mitan, Yon pwen ki divize yon
bagay an de pati egal. Yon lide
imajinè pou di: lwen
andedan yon bagay tankou mitan lanmè.
Mitonnen,
Frape yon bagay sou yon vejetab, yon legim pou kraze li.
Kraze bagay pou fè yon legim.
Mitrayèz, Yon zam otomatik militè itilize nan lagè pou tire sou
moun pi vit.
Mitsubishi,
Yon konpayi mashin Japonè ki fè mashin prèske tout gwosè.
Li fè vwati e li fè kamyon.
Mize, Mete espwa sou yon bagay.
Mete kòb nan yon jwèt kote plizyè moun mete kòb e se yon sèl ki ap
gen dwa pran tout kòb la lè li genyen jwèt la.
Yon plas kote ki gen ansyen bagay moun kapab ale vizite pou konnen, wè
bagay ki te pase lontan. Yon kay kote ki gen anpil bagay moun kapab ale gade.
Mizè,
Eta yon moun ki pa kapab jwenn pyès nan tout bagay yon moun bezwen pou li viv
avèk satisfaksyon. Yon moun ki pa
gen yon kote pou li mize, ki pa kapab gen espwa anyen; menm yon repa nan yon
jounen.
Mizik,
Rezilta travay plizyè enstriman mizikal ki ap jwe ansanm pandan yo ap
sib prensip do, re, mi, fa, sòl, la, si a.
Mizikal,
Nenpòt bagay ki bay yon son tankou mizik ou byen ki fè moun panse gen mizik ki
ap jwe.
Mizisyen,
Moun ki konnen jwe yon enstriman mizikal. Yon
pwofesyonèl ki konnen jwe mizik.
Mòd,
Yon bagay tout moun ap fè nan yon epòk. Yon
fòm rad tout moun mete sou yo nan yon epòk.
Jan yon moun shwazi pou li fè yon bagay.
Mòde,
Kole de ranje dan sou yon bagay epi peze de ranje dan yo sou li.
Modi, Move shans ki sib yon
moun pandan tout lavi li paske li pa gen respè pou moun ki pi gran pase li.
Mòn,
Kote yon moso tè leve wo. Pati sou
tè a ki pi wo pase lòt pati sou tè a.
Moniman,
Yon bagay moun konstwi pou reprezante yon bagay ki te egziste nan yon moman ki
pase; konsa piti yon peyi, yon zòn
kapab wè, toujou sonje bagay sa a. Yon
moniman kapab reprezante yon moun tou, menm yon moun vivan.
Monitè, Yon elèv ki gen responsablite pou kenbe lòd nan yon
klas lè pa gen pwofesè nan klas la. Yon
aparèy ki sanble avèk yon televizyon e ki pèmèt moun li bagay ki ap pase
andedan yon òdinatè e pase òdinatè a lòd tou.
Monnen,
Lajan ki fèt avèk metal tankou lajan avèk kuiv.
Monseyè, Yon shèf nan legliz katolik ki reponsab legliz nan yon
depatman nan peyi Ayiti.
Monte, Soti anba pou ale anwo.
Travay yon avyon ki kòmanse vwayaje.
Pase pye sou yon sheval, yon bisiklèt, yon motosiklèt.
Montè,
Moun ki monte yon bagay. Moun ki
soti anba pou ale anwo, anlè.
Montre,
Mete dwèt endèks la nan direksyon yon bagay pou yon moun kapab wè li.
Mete yon bagay kote pou moun wè li.
Monwi, Yon vil sou Wout Nasyonal
Nimewo En an e ki tou pre Sen-Mak, anviwon swasant kilomèt de Pòtoprens.
Mashin ki ap vwayaje soti, ale nan nò peyi a toujou kanpe Monwi pou
ashte griyo, fig, e latriye.
Mòpyon,
Yon ti tash blan deshay fè lè li rete sou pwèl yon moun pou anpil tan. Li pi bon si yon moun pa kite deshay rete sou pwèl li pou
plis ke 24 èdtan.
Motivasyon,
Rezilta konsèy yon moun resevwa ki fè li panse li kapab fè yon bagay li pate
ap janm panse li kapab fè si li pate janm resevwa konsèy sa yo.
Motosiklèt, Yon mashin ki gen de wou avèk yon motè.
Shofè yon motosiklèt shanje vitès avèk pye li e li bay gaz avèk men
dwat li.
Mòtye,
Yon melanj ant plizyè bagay tankou lasho, sab, siman, ajil epi dlo.
Moulen,
Yon mashin peyizan ayisyen fè pou kraze kann e retire dlo ki nan nannan kann
yo. Yo fè bèf rale zèl moulen
pou vire li. Yon mashin avèk motè
pou kraze pistash, mayi, pitimi. Yon
mashin ki kale diri.
Moun, Kretyen. Yon èt vivan ki kòmanse viv sou tè a depi plizyè milye
ane, ki gen de men, de pye e ki mashe sou de pye yo.
Yon moun kapab pale, refleshi, li, ekri, e viv nan sosyete.
Mouri, Eta yon èt vivan, yon
moun ki sispann respire, sispann viv.
Moush, Yon ensèk ki gen zèl
pou vole, ki gen sis pye e ki renmen bagay sal.
Moush kapab transpòte maladi bay moun lè li fini pran mikwòb yon kote
epi vini poze sou moun, manje moun.
Moushwa,
Yon moso twal pou siye figi ou byen mare tèt.
Se fi ki mare tèt yo nan sosyete ayisyen yo.
Mouton,
Yon moun ki pa konnen kijan pou li defann tèt li.
Inosan. Yon bèt nan fanmiy
kabrit ki pa gen kòn. Se premye bèt
syantis rive fè nan repwodiksyon atifisyèl, yon eksperyans ki te fèt nan
finisman ane 1990 yo.
Mouye, Eta yon bagay ki gen yon
likid tankou dlo sou li, andedan li.
Mov, Yon koulè ki sanble avèk
koulè ble ki melanje avèk koulè wouj.
Move, Fashe. Yon moun ki gen pli nan mitan fon li, ki pa kontan e ki pa ap
ri pou pyès rezon.
Mozayik,
Bèl ti moso beton ki pase nan fou lè yo te ap fèt e konstriktè kay mete atè
a andedan shanm yon kay.
Mwa, Yonn nan douz pati nan
yon ane. Gen sèt mwa nan yon ane
ki gen tranteen jou nan yo: Janvye,
Mas, Me, Jiyè, Out, Oktòb, Desanm. Gen
yon sèl mwa, Fevriye, ki gen 28 ou byen 29 jou nan yon ane. Gen 4 mwa ki gen trant jou:
Avril, Jyen, Septanm, Novanm. Malgre
diferans ki gen nan kantite jou nan mwa yo, shak trant jou nan yon ane se yon
mwa.
Mwatye,
Nenpòt nan de pati ki sou shak de bò mitan yon bagay.
Yonn nan de pati yo lè yon bagay divise an de pati egal.
Mwayen,
Posiblite ki gen disponib pou itilize. Lajan
moun posede pou li depanse nan sa li vle.
Mwayèn,
Yon kantite, gwosè ki ant pi gwo a e pi piti a.
Nòt yon pwofesè bay elèv nan klas li pou nivo rezilta travay elèv la.
Mwayènaj,
Yon epòk ant senkyèm e kenzyèm syèk la.
Gen anviwon mil-kat-san ane depi moman sa pase.
Mwen, Yon pwonon ki ranplase
moun ki ap pale a.
Mwens, Retire nan…
Absans yon kantite nan yon lòt kantite ki pi gwo, laj.
Siy sa a, -.
Myèl,
Yon ti bèt ki viv an koloni e tout ti bèt sa yo se mal eksepte yonn nan yo, rèn
nan. Ti bèt sa yo fè yon nish pou
ponn, kove ze yo. Andedan nish sa
li lage yon siwo ki rele myèl tou. Siwo
sa gen anpil vitamin nan li e moun renmen li.