Retounen Nan Paj Lis Lèt Yo


 

L, Douzyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.

La, Yonn nan sèt nòt mizik yo:  do, re, mi, fa, sòl, la, si.

Labou, Tè ki mouye avèk yon likid tankou dlo. Yon moso tè, pousyè ki melanje avèk yon likid tankou dlo.  Lè lapli tonbe yon kote tè a pa kouvri, li fè labou.

Labouyi, Yon manje mou ayisyen fè avèk farin, dlo, kanèl sik, lèt.  Labouyi se yon soupe pou ayisyen.

Lagonav, Yon il nan lwès peyi Ayiti e an fas kapital peyi a, Pòtoprens.  Lagonav sitiye nan lanmè Atlantik la.

Lafyèv,  Yon gwo ogmantasyon nan wotè tanperati kò yon èt vivan.  Lafyèv pa yon maladi pou kont li, men se siy pou fè konnen gen yon lòt maladi ki bezwen trete.

Lage, Retire yon kòd ki te mare yon bagay pou kite bagay la ale.  Travay yon moun ki kite yon kote pakse kantite tan pou li te pase kote a fini pase.  Retire yon moun nan prizon pou li kapab vini lib.  Kite yon bagay ki te pandye anlè tonbe sou tè a.

Lagè, Yon moman lè de gwoup politik, de gwoup militè ap goumen.  Gè.  Lè de diferan gwoup ap goumen, anpil moun ki pa nan gè a, timoun avèk fanm, kapab mouri tou.

Lagon, Kote yon moso tè kenbe dlo, tankou lapli ki tonbe sou li, pou anpil jou anvan dlo sa rantre nan tè a.

La Gonâve, Gade Lagonav.

Lagoun, Gade Lagon.

Laj, Kantite tan yon bagay, yon moun gen depi li egziste. Kantite tan yon bagay gen depi li te fèt, yon moun te kreye li, te envante li.

Lajan, Kòb. Lò, lajan e anpil lòt metal leta prepare yon fason pou moun nan yon peyi, yon sosyete kapab ashte, shanje li kont sa yo bezwen.  Nenpòt moso papye leta yon peyi mete an sikilasyon pou moun sèvi pou shanje kont sa yo bezwen.

Lajè, De kwen ki pi kout nan kat kwen yon bagay.  Dimansyon nan yon sans pèpandikilè a longè.  Gwosè yon bagay nan tout sans li, san kite yon ti moso nan bagay la deyò.  De dimansyon ki pi kout yo nan yon bagay ki gen kat kote, kat kwen.   Kontrè longè.

Lajònis, Yon maladi ki gen rapò avèk yon enfeksyon nan fwa yon èt vivan tankou moun.  Li bay moun dyare ki mashe avèk plis pouse pase poupou vrèman.  Peyizan ayisyen konnen trete maladi sa a avèk feyaj.

Lakansyèl, Yon pwen kote reyon limyè rankontre avèk farinay dlo epi li fòme yon imaj ki gen sèt koulè nan li:  vè, digo, ble, vyolèt, wouj, zoranj, jón.

Lakay, Kay kote yon moun ap toujou retounen menm lè li ale byen lwen.  Peyi kote yon moun te fèt.  Kay.

Lakomin, Yonn nan divizyon teritwa Ayiti yo.  Biwo kote majistra yon vil ye.   Gen twa majistra nan shak vil e yo twa travay nan menm biwo a.

Lakou, Espas ant yon kay e antouraj ki separe li avèk lòt moso tè ki antoure li.  Yon gwoup jij nan tèt depatman jistis yon peyi.

Lakrè, Yon moso bagay blan, tout koulè, moun itilize pou ekri sou tablo, bay yon desen koulè.

Lalin, Yon kò nan syèl la ki ap fè wonn tè a, limyè solèy frape sou li epi li voye limyè sa vini sou tè a.  Limyè sa kapab soti nan nenpòt planèt nan syèl la.  Lalin nan rekòmanse menm mouvman yo shak 28 jou.

Lalo, Yon ti pye bwa, yon legim, ki gen fèy glise e ki fè bon bouyon.  Peyizan ayisyen kwit li plis, men gen kèk moun nan vil yo ki manje li tou.

Lalwa, Lwa.  Prensip.  Prensip ki gouvène yon peyi, yon sosyete e tout moun fèt pou obeyi li.  Yon plant ki gen yon fèy vè avèk nannan li blan e anmè.

Lalwèt, Yon ti bransh vyann ki andedan boush moun e sou dèyè.

Lamantasyon, Yonn nan liv yo ki nan Bib la.  Yon moman penitans nan lavi yon moun kote li a pote plent bay, Bondye, yon lòt moun tankou yon wa.

Lamante, Plenyen.  Pote plent bay, Bondye, yon moun tankou yon wa.

Lamveritab, Grenn yon pye bwa ki donnen plis nan Depatman Grandans la.  Moun nan zòn sa fè yon bagay ki rele tonmtonm avèk grenn sa.

Lan, Vitès deplasman yon bagay ki fè li sanble li pa ap deplase tout bon vre.  Eta deplasman yon bagay ki dousman.

Lanati, Tout bagay ki egziste.

Lanfè, Yon plas kote moun panse ki gen anpil tribilasyon e se Satan ki ap gouvène kote sa a.  Yon plas tout moun relijye yo kwè ki egziste e se la tout moun ki pa sib prensip Bondye yo ap ale pou yo kapab pase penitans epi boule.  Kwayans kèk moun genyen de lavi kèk moun ap viv sou tè a.

Lang, Yon moso vyann ki nan mitan boush anpil èt vivan tankou moun.  Lang ede moun pwononse mo ki ap soti nan boush li e li kondi manje ale anba ranje dan moun.  Yon konbinezon ant lèt, mo e son tout moun nan yon kominote, yon peyi konprann e yo itilize li pou kominike ant yo.  Yon pati nan kle yon pòt ki rantre yon kote pou kenbe pòt la fèmen.

Langèt, Yon ti lang.  Krèt.

Lanmè, Yon kantite likid ki anpil e ki okipe plis espas pase tout espas tè tout peyi nan lemond okipe.  Likid sa sale e li gen anpil bèt, gwo tankou piti, ki ap viv nan li.  Bato kapab soti de yon peyi a yon lòt pandan li ap deplase sou lanmè.  Dlo lanmè nan kèk zòn tèlman sale, pyès bagay pa kapab koule nan li si bagay sa pa lou anpil.

Lanmen, Kole de men ansanm epi vlope yonn avèk lòt la pandan yo ap souke.  Yon fason pou salye yon gason.  Yon mwayen énmi yon ayisyen itilize pou mete yon pwazon, yon zonbi, nan kò énmi an.

Lanmidon, Yon poud ki soti nan manyòk e ki kapab prepare pou kole kèk bagay tankou papye sou papye.  Pou fè poud sa a, moun yo kraze manyòk la epi yo retire likid li bay la.  Lè likid sa poze, gen yon bagay ki fòme anba resipyan kote li ye a.  Yo mete bagay sa seshe nan solèy.  Se lanmidon an sa.

Lanmò, Moman kote yon moun soti nan lavi. Yon ka.  Yon gwo pwoblèm anpil moun, fanmiy avèk zanmi yon moun genyen lè yonn ou plizyè pwòsh moun sa yo mouri.

Lanmou, Bon santiman yon moun, yon bèt gen nan kè li pou yon lòt moun, yon lòt bèt.

Lanmourèz, Yon moun, yon bèt ki gen bon santiman nan kè li pou yon lòt moun, yon lòt bèt.

Lans, Yon bagay moun kapab vlope avèk men li, men ki solid anpil e ki kenbe de bò yon sak, panyen e ki kenbe de bò yo an balans; konsa moun kapab tranpòte panyen an, sak la.

Lantouray, Baraj nan tout kwen yon moso tè pou fè li difisil pou moun, bèt rantre sou moso tè sa a.  Lantouray fè moun konnen gen yon lòt moun ki posede yon moso tè ki antoure.

Lapè, Yon eta pasifik kote tout bagay ap fèt nan lòd e pa gen vyolans, bri, detounman politik.

Lapenn, Yon santiman ki anvayi kè yon moun e ki anpeshe moun sa eksprime kontantman.  Yon moun ki nan lapenn kapab kriye si li kontinye panse de sa ki anpeshe li eksprime kontantman li a.  Prezans lòt moun ki ap pale de lòt bagay ki bay kontantman kapab fè moun nan bliye lapenn li.

Lapli, Yon kantite gout dlo ki soti nan espas e ki tonbe nenpòt kote sou fas tè a.  Lapli kapab tonbe pandan yon ti tan kout; konsa li kapab tonbe pandan plizyè jou.

Laponyèt, Yon moman kote yon gason vlope zozo li avèk men li epi li ap fè yon mouvman soti devan ale dèyè avèk men li.  Mouvman sa bay gason an yon sansasyon ki sanble avèk sansasyon yon zozo ki ap rantre soti nan yon koko bay, epi deshay soti nan zozo li.

Lapòs, Yon biwo leta nan anpil peyi kote moun bay lèt, bwat, anpil lòt komisyon pou anplwaye biwo sa a voye bay destinatè pou yo.

Larivyè, Yon kouran dlo dous ki soti nan yon sous epi ki sib tout nivo tè ki pi ba pase nivo kote li soti a pou jis li rive nan lanmè.  Rivyè.

Las, Yon fèy kat ki gen lèt, A, nan li pou idantifye li.  Nan kèk jwèt li reprezante yon gwo kat, nan kèk jwèt li fèb.  Yon maladi kèk moun soufri ki anpeshe yo respire nòmalman.  Kèk moun fèt avèk maladi sa, kèk moun vini genyen li pandan lavi yo.  Ayisyen itilize lalwa pou trete timoun ki fèt avèk li.

Lashe, Kite yon bagay ale nan yon direksyon san kontinye kontwole kijan li ap kontinye ale.

Lasho, Yon poud wòsh blan.  Pou ayisyen prepare poud sa a, yo ranje yon pil moso bwa yonn sou lòt epi yon mete wòsh blan sou bwa yo.  Yo limen dife nan bwa yo pou yo boule e shofe wòsh yo anpil.  Lè bwa yo fini boule moun vide dlo fwèt sou wòsh sho yo.  Wòsh yo fonn pou bay lasho.

Lasi, Nish kote myèl ponn, fè pitit, epi mete siwo.  Yon kras ki fèt nan je moun, bèt.

Latanyen, Fèy yon plant atizan ayisyen itilize pou trese makout, baskèt, panyen, djakout.  Li reziste anba domaj dlo ki mouye li pandan anpil tan.

Laten, Yon lang moun pa pale ankò pou lang ofisyèl peyi yo, men se li ki manman anpil lang nan anpil peyi e legliz katolik nan tout peyi kontinye itilize lang sa nan kèk seremoni.  Anpil mo nan prèske tout lang kapab jwenn rasin yo nan laten.

Latibonit, Yon flèv nan Depatman Sant la ki gen yon baraj sou li pou bay kapital peyi a elektrisite e menm flèv sa bay kont dlo pou kiltivatè nan Depatman Latibonit la wouze plantasyon diri yo.

Latitid, Yon plas syantis konsidere pou distans de liy ki divize nò avèk sid tè a.

Latriye, Anpil lòt bagay ki vini, ki kapab vini apre san bay non yo.  Bagay ki sib lòt bagay ki devan yo.

Lavalas, Yon gwo mouvman yon rivyè fè kote dlo nan rivyè sa monte depase wotè dlo ki te konnen toujou ap pase nan shemen li.  Yon mouvman politik Jean-Bertrand Aristide te mete sou pye lè li te aksepte poze kandidati li pou prezidans peyi Ayiti.

Lavant, Vann anpil nan yon kantite mashandiz ki te ap tann ashtè pou ashte yo.  Vann mashandiz.

Lave, Mete, pase dlo sou yon bagay pou retire salte sou li.  Mete rad nan mashin avèk dlo e savon pou yo vini pwòp.  Mete rad nan dlo fwote savon sou yo epi fwote yo pou jis yo vini pwòp. 

Lavi,  Pati ki pi enpòtan nan egzistans yon èt vivan.  Li se orijin tout èt vivan, li grandi avèk kò a epi li kite kò a pandan lanmò a vini.

Lavil, Vil.  Yon vil ki pi enpòtan pou moun ki ap viv nan antouraj vil sa.  Yon zòn nan yon vil kote ki gen tout gwo boutik, magazen avèk mashe kote mashann vann mashandiz yo e ashtè ale shashe sa yo bezwen ashte.

Lè, Yon konpozisyon plizyè eleman, men majorite kantite a se oksijèn ki nan lanati e ki pèmèt moun viv.  Oksijèn pou kont li nesesè pou moun rete nan lavi.  Yonn nan 24 inite yon jounen.  Pou moun di yon , li pa bezwen itilize lèt L la devan è.  Men tout lè nan yon jounen: Inè pou 1 lè, Dezè pou 2 lè, Twazè pou 3 lè, Katrè pou 4 lè, Senkè pou 5 lè, Sizè pou 6 lè, Setè pou 7 lè, Yuitè (uitè) pou 8 lè, Nevè pou 9 lè, Dizè pou 10 lè, Onzè pou 11 lè, Douzè (midi) pou 12 lè, Trèzè pou 13 lè, Katòzè pou 14 lè, Kenzè pou 15 lè, Sèzè pou 16 lè, Disetè pou 17 lè, Dizyuitè (dizuitè) pou 18 lè, Diznevè pou 19 lè, Ventè pou 20 lè, Venteinè pou 21 lè, Venndezè pou 22 lè, Venntwazè pou 23 lè e Vennkatrè pou 24 lè.  Yon poud pwazon énmi yon ayisyen mete yon kote  énmi an ap ale pase pou touye li.

Legal, Nenpòt bagay ki rantre anba kouvèti lwa.  Tout bagay moun nan yon peyi, yon soyete fè nan obeyisans, avèk respè pou lwa ki kontwole sa yo ap fè a.

Legalizasyon, Fè lwa pou yon bagay ki te deja egziste si pate gen lwa ki gouvène bagay sa a deja.  Fè shanjman nan yon lwa pou rantre yon bagay moun deja ap fè anba lwa sa a.

Legim, Vejetab.  Yon bagay moun prepare avèk vejetab, vyann, kawòt, lwil pou akonpaye yon manje ayisyen tankou mayi moulen, diri, ansanm avèk pwa, sòs pwa e latriye.

Legliz, Kote yon pè ou byen yon pastè avèk anpil moun ki nan yon menm relijyon rankontre pou yo priye, shante, bay Bondye glwa.  Yon kay kote yon pè ou byen yon pastè avèk anpil fidèl konnen rankontre pou yo shante, priye, bay Bondye glwa.  Yon òganizasyon relijye tankou legliz katolik, legliz pwotestan e latriye.

Lejand, Istwa moun nan yon sosyete toujou ap rakonte tout jenerasyon, men ki pa vrè.  Kèk lejand sanble avèk yon istwa ki te pase tout bon vre.  Bagay ki pa vrè.  Siy ki reprezante yon konpayi.

Lekti, Travay yon moun ki ap li yon ekriti tankou yon tèks, yon liv.

Lemond, Tout sa ki egziste sou planèt tè a:  tout moun, tout peyi, tout dlo, tout tè avèk tout sa ki nan tout peyi, sou tout tè, nan tout dlo.

Lendi, Dezyèm jou nan yon semèn e premye jou travay nan semèn nan.

Lenmò, Yon kadav, yon mò.  Nenpòt bagay ki sanble avèk yon kadav ou byen yon mò.  Yon moun ki endispoze se yon lenmò menmsi li pa yon kadav.

Lenno, Nenpòt bagay ki pa nan yon gwoup.  Yon bagay ki pou kont li.

Lès, Ès.  Yonn nan kat pwen kadinal yo ki nan direksyon kote solèy la leve a.

Lesiv,  Travay yon moun ki ap lave rad nan mashin ou byen avèk men.

Lesivè, Moun ki fè lesiv.  Moun ki pran rad sal, mete dlo avèk savon nan yo pou fè rad yo vini pwòp pandan li ap fwote yo, yon mashin ap fwote rad yo.

Lespri, Yon fòs envizib ki kapab aji sou bagay ki vizib.  Espri.  Yon degre entelijans yon moun fèt avèk li e ki bezwen devlope pandan moun nan ap grandi.  Lwa.  Lespri-sen.  ~ sen, Lespri ki pran nesans li nan Bondye.  Yonn nan twa pèsonalite Bondye yo:  Papa a, Pitit la, Lespri-sen an.

Lestomak, Pati nan kò yon moun ki anba tete moun nan e sou andedan kote manje pase anvan li ale nan vant moun nan.

Lèt, Yonn nan shak inite ki fòme alfabèt yon lang.  Senbòl ekriven itilize pou ekri tèks.  Yon mwayen moun itilize pou kominike sou papye san yo pa rankontre.   Yon likid blan ki soti nan tete kèk femèl bèt e tout moun ki nouris.  ~ elektwonik, Yon mwayen moun itilize pou yo ekri nan òdinatè epi voye ekriti a bay destinatè li nan òdinatè li nenpòt ki kote nan lemond òdinatè lòt moun nan ye a.

Leta, Yon sistèm envizib nan yon peyi ki regle tout afè peyi a.  Nan anpil peyi gouvènman avèk leta peyi a fè yon sèl kò. Konfizyon sa a anpeshe peyi konsa pwogrese paske moun nan peyi sa a pa kwè nan melanj de kò sa yo (leta avèk gouvènman).

Leti, Yon vejetab, fèy vè yon plant moun manje pou salad.

Lètyè, Rezilta travay yon moun mete anpil tan avèk prekosyon pou fè li avèk entansyon travay sa a ap siperyè tout lòt travay, menm jan avèk li, lòt moun fè.

Leve, Kite yon pozisyon koushe pou pran pozisyon shita ou byen kanpe.  Soti anba pou monte anwo.  Eta solèy la lè li kòmanse klere tè a.  Soti nan yon pozisyon orizontal pou pran yon pozisyon vètikal.

Lexus, Yon mak mashin liksye.  Yon gwo mak mashin ki gen yon senbòl L pou lejand li.

Li, Yon pwonon moun itilize lè yo ap pale avèk yon moun de yon lòt moun pou evite repete non lòt moun nan plizyè fwa.  Pase je sou yon tèks pou konprann sans li.

Lib, Endepandan.  Eta peyi yo ki te soti anba esklavaj peyi kolonizatè yo.  Eta yon moun ki posede pouvwa pou pran desizyon sou bagay ki ap pase nan lavi li.  Eta moun ki kapab fè sa yo vle avèk lavi yo.

Libète,  Eta yon moun, yon peyi, ki lib.  Endepandans.  Aspirasyon tout pèp pou yo patisipe nan desizyon peyi yo.  Anpil moun kwè libète se yon bagay moun pran se pa yon bagay moun bay moun.

Librèri, Yon biznis kote ki gen liv pou vann, anpil liv.

Lil, Il.  Yon moso tè ki gen dlo antoure li nan tout kwen li.

Lim, Yon moso metal ki gen anpil ti dan sou tout longè li yon fason pou li kapab grate lòt metal e diminye gwosè yo.  Yon lim se yon bon zouti pou file kouto.

Limen,  Fè elektrisite pase nan yon anpoul elektrik.  Fwote lim sou yon bagay.  Kòmanse yon dife yon kote tankou nan yon fou ou byen yon resho.

Limit,  Kote pi lwen yon bagay, yon moun kapab rive.  Itilizasyon tout enèji ki te disponip pou fè yon travay.  Fontyè yon peyi avèk yon lòt peyi.

Limonad, Limonade.  Yon vil nan Depatman Nò peyi Ayiti.  Yon ji ki gen dlo, sitwon avèk sik nan li.  Sitwonad.  Kèk lè, moun ki ap fè limonad mete yon ti esans pou amelyore gou li.

Limonade, Gade Limonad.

Limyè, Klate ki diminye ou byen elimine fènwa.  Rezilta klate yon anpoul elektrik bay lè elektrisite pase nan filaman li.  Klate solèy la voye sou tè a.  Fè ~, Ede yon moun konprann yon bagay, yon lide.

Linèt, De moso loup nan yon ankadreman moun mete sou nen yo pou ede yo wè byen.  Yon espas tou piti ant de mashin kote shofè yon lòt mashin degaje li epi pase nan li.  Tou nan dèyè pantalon yon gason.

Lis, Plizyè bagay diferan, ki vini yonn apre lòt sou yon moso papye, ki vini an palan.

Lisans, Pèmisyon yon moun resevwa pou fè yonn ou byen plizyè bagay ki pa kapab fèt san otorizasyon.  Libète pou aji, pran desizyon.  Pou yon moun kondi yon mashin, li bezwen yon lisans.

Literati, Anpil ekriti ki te fèt pou eksplike kèk bagay nan yon sosyete.  Tout travay avèk zèv ekriven yon peyi tankou pwezi, romans e latriye.  Travay yon moun ki ap pale anpil pou fè moun konprann yon bagay.

Literè, Tout travay ekriven nan yon peyi, yon epòk fè tankou travay romantik, poetik, melankolik e latriye.  Ekriven toujou pibliye travay sa yo nan liv, men se pa tout travay literè ki toujou rive pibliye.

Liv, Anpil fèy papye avèk tèks sou yo ki kole ansanm nan yon fason byen òdone.  Lektè kapab soti sou premye paj la pou ale sou dènye a.  Moun ki ap li yon liv gen pou yo pase nan paj a gosh yo anvan paj a dwat yo.  Yon inite nan lajan peyi Angletè.  Inite pou eksprime pwa moun.

Livre, Lage yon bagay yon kote ou byen nan men yon moun san enterese a sa ki ap ale pase bagay la apre moman livrezon an.

Livrezon, Aksyon moun ki delivre yon bagay.

Liy, Yon direksyon dwat.  Plisyè bagay ki kanpe yonn dèyè lòt.  Yon tras ki fèt avèk yon règ.

Lokal, Yon zòn avèk tout bagay ki ap pase nan zòn sa a.  Pwodiksyon yon zòn, yon peyi.  Domestik.

Lokalize, Shashe konnen nan ki pozisyon yon bagay ye.  Bay lokal, zòn yonn ou plizyè bagay ye.

Lokatè, Moun ki ap peye mèt yon bagay, pou lwaye bagay la.  Moun ki lwe yon bagay tankou kay, lajan nan men yon lòt moun.

Long, Eta de kwen nan yon bagay ki kapab bay yon dimansyon plis pase lòt de kwen yo nan menm bagay la.

Longè, De kwen ki pi long nan kat kwen yon bagay. Dimansyon nan yon sans pèpandikilè a lajè.  De dimansyon ki pi long yo nan yon bagay ki gen kat kote, kwen.  Kontrè lajè. 

Lonjitid, Yon distans soti nan lès ou lwès meridyen syantis yo bay yon mesi ki rele ne.

Lonn, Yon moso bwa long.  Yon enstriman mashann twal itilize pou yo mezire twal.

Lonnen, Pike yon moun, yon bagay avèk pwent yon lonn paske ponyèt twò kout pou rive sou moun nan, sou bagay la.

Lontan, Yon gwo kantite tan ki pase.  Yon tan ki te pase, men gen anpil tan depi tan sa a te pase.

Loray, Yon bri ki fèt pandan yo tonnè ap tonbe e li kapab lage anpil elektrisite nan yon zòn.  Moun kapab tande loray anvan lapli tonbe, lè lapli ap tonbe e apre lapli tou.   Yon ti kras nan elektrisite yon loray kapab fè anpil dega tankou touye moun.  Tonnè.

Lou, Eta yon bagay, yon moun ki peze anpil e li difisil ou byen enposib pou pote li.

Lougawou, Yon gwoup moun ki patisipe nan yon seremoni majik lannwit e ki kapab manje moun parèy yo.

Loup, Yon moso glas ki ede moun wè yon bagay lwen pi pre e yon bagay pre pi lwen.  Nan kèk sitiyasyon loup ede fè diferans ant plizyè bagay ki piti anpil.

Loushèt, Yon moso fè lou ki gen yon pwent plat e yon bon enstriman pou fouye yon tou nan tè.

Lwa, Lalwa.  Prensip ki gouvène yon peyi, yon sosyete e tout moun fèt pou obeyi prensip sa yo.  San lwa pa gen moun ki te ap konnen kisa yo gen dwa fè, kisa yo pa gen dwa fè. Yon espri envizib ki kapab itilize kò sèvitè li pou kominike avèk lòt moun.

Lwaye, Enterè yon moun peye pou yon kòb li prete.  Enterè.  Kòb yon moun peye pou itilizasyon yon bagay li lwe.

Lwayote, Onèt.  Eta yon moun ki respekte tèt li e ki respekte tout lòt moun avèk tout sa yo posede.

Lwe, Itilize sa yon lòt moun posede epi peye moun nan pou itilizasyon bagay la.

Lwen, Anpil distans ki separe de kote.

Lwès, Wès.  Yonn nan kat pwen kadinal yo ki nan direksyon kote solèy la koushe.

Lwil, Yon likid ki gen grès nan li e moun mete li nan manje pou anpeshe manje a kole nan shodyè ki ap kwit li a.  Yon likid ki gen grès e anpeshe de moso fè ki ap fwote kraze.

Lyann, Yon kòd natirèl kèk plant fè pandan yo ap grandi paske plant sa yo pa kapab gwosi anpil, men yo kapab alonje anpil pou jis yo mouri.  Kèk nan plant sa yo tankou grenadya grandi pandan plizyè ane.