K, Onzyèm lèt nan alfabèt
lang Kreyòl la e ki pwononse tankou mo sa, ka.
Gade Ka.
Ka, Yon gwo pwoblèm.
Lanmò. Yon pwoblèm yon
moun genyen e li pa konnen solisyon li, li pa gen solisyon.
Kabrit,
Yon bèt ki bay pitit li tete, ki gen de kòn nan tèt li, de zòrèy kanpe,
boush long. Li fè yon pitit yon sèl
kou. Kèk lè li konnen fè
de ou byen twa pitit tou. Kabrit fè
yon bri tankou li ap di bè è è è … pou kominike avèk parèy li.
Gade bouk.
Kadav, Kò yon èt vivan, yon
moun apre li fini mouri.
Kadejak,
Travay yon gason ki koupe yon fi san volonte.
Kadran,
Kat moso materyèl avèk tout uit pwent yo kole ansanm.
Yon kadriyaj. Tout bagay ki
gen kat kwen.
Kadriyaj,
Yon bagay kare, solid ki bay tou yon mi sipò pou enstale yon fenèt nan mi a.
Kafe, Grenn yon pye bwa moun
griye, anfounen epi kraze li fè poud pou prepare yon bwason. Poud grenn yon pye bwa moun melanje avèk dlo, sik pou bwè.
Poud, bwason grenn yon pye bwa.
Kafetyè, Yon bèl resipyan ki fèt pou mete anpil kafe pou moun
kapab transfere nan gode pou bwè.
Kafou, Yon espas kote, pou pi
piti, de ri kwaze yonn lòt. Yon zòn
nan sid kapital peyi Ayiti kote Wout Nasyonal Nimewo De a pase pou ale Okay,
kapital Depatman Sid la. ~ Shada, Yon zòn nan nò Pòtoprens kote Wout Nasyonal Nimewo En a
rankontre avèk Wout Nasyonal Nimewo Twa a.
Kalfou.
Kaka, Bagay ki soti nan tou dèyè
yon moun, yon bèt. Yon fason pou
di yon moun li pèdi yon avantaj. De
lèt sa yo yonn apre lòt, KK.
Kako, Moun ki te konnen ap revòlte
kont okipasyon ameriken lè Etazini te okipe Ayiti soti nan ane 1915 pou rive
nan 1934. Moun sa yo te konnen viv
nan kashe pou ameriken yo pa jwenn yo. Nenpòt
moun ki ap viv nan kashe pou atake lè li panse moun li ap atake a ap dòmi,
bliye li.
Kalalou,
Non moun, nan kèk zòn peyi Ayiti, bay gous glise yon ti pye bwa donnen.
Gonbo. Yo fè bon sòs avèk
li.
Kalbas,
Gwo grenn yon gwo pye bwa donnen e li gen po di.
Grenn sa gen yon bagay andedan li moun retire nan yon ti tou yo fouye nan
yon kwen kalbas la. Konsa yo kapab
itilize andedan kalbas la pou mete lòt bagay tankou dlo.
Yo konnen fann kalbas la tou pou fè kwiy.
Shak nan de bò yon kalbas bay yon kwiy.
Kale, Retire po sou yon bagay.
Frape fwèt sou yon moun.
Kakas, Sa ki rete lè tout dlo
yon kann soti nan kann nan: po a avèk
nannan an.
Kalkilatè, Yon ti òdinatè ki kapab fè adisyon, soustraksyon,
divizyon, miltiplikasyon avèk anpil lòt operasyon. Yon ti pwogram òdinatè ki kapab fè anpil operasyon.
Kakile,
Abilite pou fè operasyon. Abilite
pou jwenn rezilta pwoblèm. Analize.
Shashe lide nan memwa pou mete nan reyalite tankou ekri ou byen pale.
Kalme, Elimine, diminye shalè,
tansyon pou vini nan yon eta ki nòmal.
Kalson,
Yon bout pantalon ki fèt avèk twal mens e gason mete li anvan yo mete pantalon
long sou yo.
Kamera,
Yon aparèy ki kapab pran imaj avèk son ki toupre li epi anrejistre yo sou kasèt
pou voye sou ekran televizyon.
Kamyon,
Yon gwo mashin ki loud anpil e ki gen anpil fòs.
Li fèt pou pote anpil shay. Nan
peyi pòv yo, kamyon pote moun sou shay yo.
Kamyonèt, Yon ti mashin ki gen yonn ou byen de plas sou kote shofè
a e ki kapab pote soti sèz pou rive a ven moun nan espas dèyè li.
Yon ti kamyon.
Kan,
Kote yon gadyen kanpe pou pare boul lè de ekip ap jwe.
Kote yon gwoup moun kanpe pou defann tèt yo.
Kana, Yon zwazo ki mashe an
kadans. Li renmen dlo sal e mal la
kouri avèk zozo li deyò lè li fini bay fèmèl la parèy.
Vyann li prèske gen menm gou avèk vyann bèf. Li konnen naje e li konnen koule nan dlo.
Kanada,
Yon gwo peyi nan
Amerik Nò a e nan nò Etazini. Li divize an de pati: Quebec
avèk Montreal. Peyi sa gen
yon gouvènman wayalis; konsa yo pa gen prezidan. Se yon premye minis ki gouvène peyi a. Canada.
Kandida,
Moun ki ap patisipe nan yon eleksyon avèk espwa moun ki ap vote nan eleksyon an
ap ale vote pou li. Yon moun kapab
mete tèt li kòm yon kandida; konsa lòt moun kapab mete li kandida tou.
Kanè,
Yon ti kaye ki pa gen anpil paj kote pwofesè yon klas rapòte nòt elèv ki nan
klas li.
Kanèl,
Po yon bwa koulè mawon ki gen yon sant moun renmen nan manje dous tankou
labouyi, banana, e latriye.
Kanif, Yon kouto ki kapab pliye
rantre nan mansh li.
Kanmenm,
Eta yon bagay anyen pa kapa anpeshe li rive.
Kann, Yon plant sikre moun
itilize pou fè sik, siwo, rapadou avèk
kleren.
Kannari,
Yon resipyan ki fèt avèk ajil e ki pase nan fou pou li kapab vini, di, solid.
Yon peyi ki sou plizyè ti il nan nò kontinan Afrik la.
Kanni, Eta yon bagay ki gate
paske tanperati kote bagay sa a te ye a pate bon pou konsève li.
Eta dan moun ki fimen e ki gen koulè mawon.
Dan moun ki pouri.
Kannistè, Mamit. Non
moun nan nò peyi Ayiti bay yon bwat
an metal ki tou won avèk de kouvèti, yonn nan shak pwent li.
Kanno, Yon ansyen zam ki te
konnen tire yon boul lwen e boul sa a te kapab kraze nenpòt sa li tonbe sou li
a. Lè li tonbe sou tè, li te
konnen fouye yon tou. Yon rivyè
nan zòn Mayisad, Plato Santral.
Kanpe, Pran yon direksyon vètikal.
Sispan avanse nan yon direksyon.
Kanperen,
Yon vil nan Depatman Sid la kote wout ki mennen Jeremi an pase. Anpil moun nan zòn sa gen kavo yo nan lakou kay yo, yon
koutim ki pa popilè nan lòt zòn nan peyi a.
Kanpèsh,
Yon pye bwa, lè li gran, mitan twons li vini gen koulè wouj.
Pati wouj sa a, si li rete nan yon likid tankou dlo, li bay likid la koulè
wouj. Yon pye bwa, lè li vèt, li
gen yon sant fò. Yon komès ki kòz
lanmò fondatè peyi Ayiti a, Jean-Jacques Dessalines.
Kanson,
Yon rad gason mete sou li ki gen de janb ki sanble avèk de janb moun.
Yon pantalon.
Kansonfè, Yon gason ki gen abilite pou pran yon pozisyon avèk fèmte.
Yon moun ki montre kapasite pou gouvène.
Kantin,
Sinistre responsab kèk entitisyon prepare pou nouri moun an gwoup.
Manje responsab lekòl yo te konnen bay elèv yo pou retire lide yo sou
manje lè yo andedan klas.
Kantite,
Yonn ou byen plizyè nan yon bagay. Dekont.
Kontitisyon yon bagay, plizyè bagay ansanm.
Kapab, Abilite, potansyalite pou
fè yon bagay. Fòs, entelijans ki
disponib nan yon bagay.
Kapasite,
Mwayen ki disponib pou fè nenpòt bagay.
Kap-Ayisyen,
Dezyèm vil peyi Ayiti, nan nò peyi a. Istwa
vil sa kòmanse nan tan kolonizasyon. Istwa rakonte anpil bagay sou wòl vil sa te jwe nan
lagè pou endepandans peyi a. Cap-Haïtien.
Kapital,
Vil ki pi enpòtan nan yon zòn, yon peyi.
Vil yon peyi kote prezidan yon peyi ap viv pandan prezidans li e se la li
gen biwo li. Yon gwo bagay tankou
vil ki pi enpòtan nan yon peyi.
Kaporal,
Grad yon militè ki pa gen pwofesyon resevwa sivil, premye grad militè resevwa
nan djòb yo. Yon shèf militè ki
ap mashe nan tout ri yon vil pou yo wè si pa gen dezòd.
Nenpòt moun ki vle tout bagay rete nan lòd.
Karant,
Kat miltipliye pa dis. Ven plis
ven. San mwens swasant. Katreven divize pa de. 40.
Kare, Nenpòt bagay ki gen kat
kwen ki gen menm dimansyon an nan shak kwen.
Moun ki renmen itilize vrè mo li bezwen an pou li eksprime lide li.
Karese,
Pase men sou tout kò yon moun pou fè moun sa santi tout kò li dous e sispann
panse a tout lòt bagay ki pa gen rapò avèk pwòp tèt pa li ou byen moun ki
ap toushe li a. Nenpòt sa de moun
fè ki anonse yo ap ale koupe apre aksyon an.
Aksyon yon moun ki ap fè yon lòt dous.
Karyoka,
Yon vye sandal, soulye ki demode epi yon moun kontinye mete li.
Kasav, Yon manje peyizan ayisyen
prepare avèk manyòk lè yo fini retire lanmidon an nan manyòk la.
Si kasav seshe nan solèy, li kapab pran anpil mwa anvan li gate.
Li gen bon gou lè li gen manba sou li.
Kase, Divize an de ou byen plis
moso. Dan ~, Eta yon moun ki pèdi yon moso nan dan li. .
~ Koub, Kite yon direksyon
dwat pou vire nan yon lòt direksyon.
Kasèt,
Yon ti bwat an plastik ki gen yon riban an plastik andedan li ki kapab
enrejistre son, imaj.
Kash, Kòb. Lajan. Lajan, kòb
moun kapab itilize pou ashte e nenpòt moun ap aksepte resevwa li.
Kash diferan de shèk, kat kredi, nòt, e latriye paske tout moun pa
aksepte bagay sa yo.
Kashe, Sitiyasyon yon moun ki
rete andedan yon bagay avèk espwa li ap enposib pou moun wè li.
Sere.
Kaskad,
Eta dlo, tankou dlo yon ravin, ki ap glise desann soti sou yon do mòn.
Jan yon moun ranje plizyè dokiman ki ouvri sou ekran yon òdinatè
tankou dlo yon ravin ki ap desann soti sou do yon mòn.
Kat, Senkyèm shif nan nonb
pozitif yo. De plis de, twa plis
en, de miltipliye pa de, e latriye. Yon
moso katon, plastik moun sèvi pou yo jwe anpil jwèt tankou twasèt, bezig,
viv-damou, solitè, pokè, e latriye. Yon
ti moso plastik ki gen longè twa pous avèk de pous pou lajè e ki gen anpil
enfòmasyon sou li kèk mashin kapab li. ~
Kredi, Yon kat ki gen enfòmasyon nan li moun pa kapab li, men yon mashin
kapab li tout enfòmasyon sa yo pou pèmèt yon moun pran lajan nan anpil bank,
ashte bagay nan anpil boutik, magazen.
Katab, Yon bèl moso katon ki
pliye an de e moun kapab rantre yon fèy papye andedan li pou li pa shifonnen.
Moun ki ap shashe djòb toujou mete rezime yo andedan yon katab pou kenbe
li bèl pou patwon yo.
Kategori,
Plizyè bagay ki kapab gwoupe ansanm paske yo sanble.
Katon, Yon materyèl tankou
papye, men ki pi près e solid. Gen
plizyè gwosè katon.
Katòz,
Senkyèm nonb pozitif ki gen de shif nan li:
en (1) avèk kat (4). 14.
Katreven,
Katreventyèn nonb nan nonb pozitif yo. Ven
miltipliye pa kat. Karant plis
karant. San mwens ven, soustraksyon
ven nan san, e latriye. 80.
Katreven-en,
Katreven plis en. San mwens diznèf,
e latriye. 81.
Katye, Yon ti vil ki pi piti
pase yon bouk. Yon vilaj, yon zòn
nan yon vil kote, tout moun, yonn konnen lòt.
Kavo, Yon ti kay nan yon simetyè
kote fanmiy yon moun, leta mete yon sèkèy avèk moun nan andedan li lè moun
sa a mouri.
Kaw, Yon zwazo nwa ki bay yon
son tankou li ap repete non li san rete. Zwazo
sa a renmen poze wo sou pye bwa, men moun kapab tande vwa li byen lwen.
Kawòt,
Yon plant ki pouse yon gwo rasin wouj e moun manje rasin sa a paske li gen bon
gou, anpil vitamin.
Kawotchou,
Yon materyèl elastik ki fèt avèk gonm yon pye bwa ki grandi nan peyi sho yo.
Yon materyèl elastik ki fèt yon fason pou li kapab kole sou yon jant ki
ede li kenbe van. Lè yon kawotchou
pase sou yon bagay ki pi di pase li, li pliye nan fòm bagay la pou pase sou li.
Yonn pa domaje lòt la paske kawotchou a reprann fòm li apre.
Kay, Kote moun rete pou
pwoteje yo kont shanjman tanperati e pou pwoteje bagay yo posede.
Kaye, Yon ti liv san ekriti nan
paj li yo ki fèt pou moun ekri.
Kayèt,
Yon moso tash ki vlope tou won e ki koud yon fason pou kenbe rapadou moun mete
andedan li.
Kayiman,
Yon gwo bèt ki sanble avèk mabouya anpil e ki viv nan dlo.
Yon kayiman kapab pase anpil tan san fè mouvman, tankou li mouri.
Kayimit,
Fri yon pye bwa ki gen koulè vè lè li vèt, ki gen koulè mov lè li mi. Fri sa gen yon gonm nan li ki kole nan boush moun ki ap manje
li.
Ke, Yon pwent long ki nan dèyè
anpil bèt. Yon mo moun mete nan
diskou li pou mete plis aksan sou mo ki ap vini apre mo, Ke,
a.
Kè,
Mitan nenpòt bagay tankou yon pye bwa. Yon
ògán andedan kò moun ki anba tete gosh li e ki sèvi tankou yon ti motè pou
fè san sikile nan kò moun nan. Yon
pwent byen dwat, nan direksyon vètikal e nan mitan tèt yon pye palmis.
Kèk,
Yon pati nan yon bagay, men li pa tout kantite ki egziste nan bagay sa a.
Pati sa pa menm plis pase mwatye nan bagay sa a.
Kèktan,
Yon tan ki te pase depi anpil tan. Yon
bagay ki kòmanse, men ki bezwen plis tan pou li fini.
Kenbe, Travay yon moun ki pase
dwèt men li sou kote yon bagay, shak dwè nan yon kwen diferan, epi pese dwèt
yo tankou yo ap ale kraze bagay la pou yo rankontre.
Kenkay,
Mashandiz yon mashann ki gen anpil ti kantite mashandiz diferan nan shak bagay
li gen pou vann.
Kenskòf, Yon zòn sou tèt yon mòn nan kapital Ayiti a, Pòtoprens,
ki frèt anpil malgre Ayiti pa yon peyi frèt.
Kenz, Sizyèm nonb pozitif ki
gen de shif nan li: en (1) avèk
senk (5). 15.
Kès,
Yon bwat, yon tiwa kote moun mete lajan pou pran lè yo bezwen li. Yon tiwa nan yon boutik.
Kesyon,
Jan yon moun mande pou sa li bezwen. Yon
entèwogasyon pou shashe yon repons.
Kesyonè, Yon lis kesyon pou bay moun avèk espwa moun nan ap
reponn kesyon yo.
Kèt,
Yon moman nan mès, sèvis yon legliz lè responsab nan legliz la ap mashe
resevwa kòb nan men fidèl yo ou byen moman lè fidèl yo ap mashe ale depoze kòb
nan yon baskèt. Moman lè yon moun ap mashe mande plizyè lòt moun kòb.
Keyi, Rashe grenn yon pye bwa
soti nan kòlèt li, nan pye bwa.
Ki, Yon mo entèwogatwa moun
mete devan yon lòt mo pou poze yon kesyon.
Yon mo moun itilize pou mete aksan sou mo ki vini apre a.
Kilbite, Eta yon moun ki pèdi balans li pandan li ap mashe, kouri epi ki pati pou
li ale tonbe. Pouse yon moun pou li
ale tonbe.
Kilomèt, Yon inite pou mezire distans ki long anpil.
Yon kilomèt gen mil mèt nan li, twa-mil-de-san katreven-en pye, tran-nèf-mil
twa-san-swasant-dis pous.
Kilòt,
Yon ti rad kout fi mete sou yo pou bare koko yo, pwèl yo, avèk de bò dèyè
yo. Gen yon kilòt ki pase nan fant
dèyè fi e ki pa kouvri de bò dèyè yo.
Kiltivatè, Moun ki kiltive tè.
Kiltive,
Sekle, plante e rekòlte an menm tan nan yon jaden.
Etap sa yo pran anpil tan pou reyalize.
Pou kiltive mayi, li kapab pran karant-senk jou.
Kann kapab pran yon ane pou pi piti.
Pye bwa kapab pran anpil ane.
Kim, Ti boul dlo avèk lè
andedan yo kèk likid fè lè yo boulvèse anpil.
Bav ki soti nan boush kèk moun, bèt.
Rezilta pat yon moun ap fwote nan boush li avèk yon bwòs.
Kimen, Travay yon bagay ki fè
kim.
Kisa, Yon mo entèwogatwa moun
itilize pou idantifye yon bagay nan yon gwoup lè moun konnen li pa ap shashe
idantifye yon lòt moun. Yon mo
moun itilize pou ranplase yon lòt mo.
Kite, Vire do bay yon bagay epi
ale. Yon mo moun itilize pou mande
yon moun pou vire do bay li. Sispann.
Pati, ale lwen yon moun, yon bagay.
Kiyès,
Yon mo entèwogatwa moun mete devan yon mo pou idantifye yon moun, yon bagay nan
yon gwoup. Moun toujou itilize kiyès
lè yo konnen yo ap shashe idantifye yon moun nan yon gwoup moun.
Yon fanmiy mo, Ki, pou idantifye yon bagay nan yon gwoup.
Kizin, Yon shanm nan yon kay
kote kizinyè fè manje. Shanm sa
gen tout sa ki gen rapò avèk fè manje nan li tankou yon fou, shodyè, asyèt
e latriye. Nan ti vil yo, yon ti
kay ki gen yonn ou byen plizyè shanm kote kizinyè fè manje.
Ti kay sa gen yon resho, yonn ou plizyè twa-pye-dife e plizyè lòt
bagay ki gen rapò avèk manje, fè manje.
Klaksonn,
Yon ti aparèy ki andedan yon mashin e shofè a gen yon bouton li kapab peze pou
fè li fè bri lè li bezwen evite yon danje.
Klaksonnen,
Fè yon bri avèk yon klaksonn.
Klasik,
Bagay ki gen rapò avèk klas, wotè moun ki pase lekòl okipe nan yon sosyete.
Yon epòk nan tan lontan lè te gen anpil règleman yon ekriven te oblije
obeyi pou yo ekri yon tèks.
Klate, Eta yon bagay ki klè.
Travay limyè fè sou fènwa, lannwit.
Klavye,
Yonn nan senk pati yon òdinatè ki gen anpil bouton ki reprezante lòd yon
operatè kapab pase yon òdinatè. Tout
lèt alfabetik yo, shif yo soti nan zewo pou rive nan dis avèk tout siy
ponktiyasyon yo.
Kle, Yon moso materyèl ki gen
menm fòm avèk yon tou kote li kapab rantre pou pouse ou byen rale lang
sekirite yon pòt.
Klere, Eta yon bagay ki anvayi
avèk limyè. Travay yon bagay ki
anvayi yon lòt bagay avèk limyè. Eta
yon anpoul ki gen kouran ap pase nan li.
Kleren,
Yon bwason koulè gri ki gen anpil alkòl nan li.
Kann se yonn nan pi gwo kontitisyon kleren. Genyen anpil kote nan peyi Ayiti ki fè kleren.
Anpil moun nan peyi a renmen bwè bwason sa tou e li fè yo sou tou.
Klè,
Yon bagay ki pa gen pyès malpwoprete, anjénman nan li.
Eta yon bagay ki gen klate. Eta
yon nwit ki gen lalin ap klere.
Klewon,
Yon enstriman misikal ki bay son lè yon kantite van yon moun ap kontwole avèk
boush li pase andedan enstriman sa a. Yon
klewon gen twa bouton ki sèvi pou shanje nòt mizikal yo:
do, re, mi, fa, sòl, la, si.
Kò,
Pati enpòtan nan yon bagay. Yon
pati ou byen tout pati ki rantre nan konstitisyon yon bagay, yon èt vivan.
Kòb,
Lajan. Lò, lajan e anpil lòt
metal leta prepare yon fason moun nan yon peyi, yon sosyete kapab ashte, shanje
li pou bagay yo bezwen. Nenpòt
moso papye leta yon peyi mete an sikilasyon pou moun shanje kont sa yo bezwen.
Kòd,
Plizyè bout nan yon bagay ki vlope ansanm yon fason shak fwa dènye bout la te
ap ale fini yon lòt pwent te gentan kòmanse vlope.
Lè pa gen lòt bout ki ogmante sou dènye bout la, kòd la fini, rive
nan bout li.
Kòk,
Yon bèl zwazo, mal nan fanmiy li e ayisyen itilize li nan gagè pou fè de nan
yo batay. Lè de kòk ap batay nan
gagè, gason ayisyen parye sou kòk yo panse ki ap genyen batay la.
Koke, Aksyon yon kòk ki monte
sou do yon poul pou rantre zozo li andedan koko,dèyè,
poul la. Aksyon nenpòt mal
èt vivan ki mete zozo li andedan koko yon femèl.
Pandye yon bagay, pou moun nan Depatman Latibonit la.
Koken, Eta yon moun ki kapab
kashe nenpòt sa li pa vle lòt moun konnen.
Eta moun ki montre yon ekspresyon sou vizaj li pou fè moun kwè pawòl
ki ap soti nan boush li menmsi pawòl sa yo pa vrè.
Kokennshenn,
Anpil nan yon bagay. Abondans.
Anpil.
Kokèt,
Eta yon fi ki toujou fè gason panse li renmen yo e moun kwè li ap koushe avèk
anpil gason san li pa janm koushe avèk anpil gason tout bon vre.
Kokoye,
Grenn yon pye bwa ki sanble avèk pye palmis.
Kokoye gen yon bon dlo andedan li avèk yon pati blan ki gen anpil grès
nan li. Ayisyen prepare anpil manje
avèk kokoye tankou dous, labouyi, e latriye.
Kòlèt,
Pati nan yon shemiz ki kouwonnen kou yon moun.
Yon fil ki kenbe yon grenn pou li kapab pandye nan yon pye bwa. Gwo
~, Moun ki vle montre li gen fòs pou konbat nenpòt lòt moun.
Moun ki pa janm vle obeyi lòd, lòt moun.
Kolizyon,
Eta de bagay fas yo tou de a frape nan yon aksidan.
Kolon, Mèt esklav nan ansyen
koloni yo. Blan ki te mèt esklav
yo lè Ayiti te yon koloni, anvan ane 1804.
Kolonèl, Yon grad nan tout kò militè ki bay moun anpil pouvwa
sou lòt militè tankou kòmandan, sèjan, kaporal, e latriye ki anba li.
Koloni,
Yon peyi ki sou depandans yon lòt peyi. Tout
lwa koloni a se lwa ki soti nan lòt
peyi a e koloni a peye lòt peyi a enpo. Pandan
evolisyon tout sosyete nan lemond, lòt dominasyon tankou kapitalis, sosyalis te
vini ranplase koloni; kidonk pa gen koloni konsa ankò.
Anpil moun, bèt ki reyini ansanm.
Kolonize,
Pran yon peyi epi fè li vini yon koloni.
Kòmand,
Lòd yon kòmandè pase lòt moun. Di
lòt moun kisa yo dwe fè.
Kòmandan,
Moun ki ap kòmande lòt moun. Yon
grad nan kò militè, ki anba kolonèl, men ki anwo sèjan, kaporal e latriye.
Kòmande,
Aksyon yon kòmandan lè li ap ekzèse pouvwa li sou moun ki anba li.
Aksyon nenpòt moun ki ap pase lòd.
Mete moun sou wout dwa lè yo pèdi.
Komandè, Moun ki gen pouvwa e ki ap kòmande.
Komè, Yon fi ki batize maryaj de moun, pitit de moun avèk
yon lòt moun. Yon fason ayisyen
rele vwazin yo.
Komedyen,
Yon moun ki fè moun ki ap koute li ri avèk nenpòt pawòl li di. Pwofesyonèl ki konnen kijan pou li fè yon odyans ri.
Komès,
Shanjman mashandiz avèk moun pou lajan lè shanjman sa a bay yon pwofi.
Komèsan,
Yon pwofesyonèl ki fè lajan li nan fè komès.
Komèsyal,
Nenpòt bagay ki gen rapò avèk komès. Eta
yon bagay ki kapab vann pou lajan e ashtè anvi peye lajan pou li.
Komik, Kalite yon bagay, yon
moun ki fè moun ri. Kalite yon
istwa, travay yon komedyen ki fè moun ri.
Kominikasyon,
Shanjman pawòl, jès ant de ou byen plis èt vivan lè yonn konprann lòt la.
Mwayen moun itilize pou yo fè yon mesaj rive jwenn yon lòt moun.
Gen anpil mwayen kominikasyon tankou ekri, pale, telefòn, radyo, entènèt,
telegraf, satelit, e latriye.
Kominote,
Yon ti gwoup moun, yon gwoup moun ki ap viv menm kote.
Kominotè, Nenpòt bagay ki gen rapò avèk yon kominote.
Moun ki manb nan yon kominote.
Kominyon,
Yon angajman yon moun pran pou li respekte prensip yon gwoup li te kòmanse sib.
Angajman yon moun pran nan legliz katolik pou li kontinye sib Bondye san
li pa retounen nan peshe, vye lavi li te konnen ap viv anvan li te rantre nan
kominyon.
Komisyon,
Mesaj, bagay yon moun aksepte pran nan men yon moun pou pote bay yon lòt moun.
Plizyè moun yon gwoup moun bay tout dwa pou ranplase yo nenpòt kote yo
te kapab ranplase pwòp tèt pa yo.
Kòn,
Yon zo ki soti nan tèt kèk bèt ki itilize li pou defann yo kont lòt bèt,
kont moun.
Konbatan,
Moun ki ap konbat. Moun ki te
patisipe nan lagè ou byen ki ap patisipe nan lagè.
Moun ki pa janm dekouraje defann dwa li avèk dwa lòt moun nan yon
sosyete kote gen enjistis.
Konbit,
Kòve. Yon seremoni kote anpil
peyisan rankontre ansanm pou fè yon travay pou yon moun, yon zanmi nan kominote
kote yo ap viv la san yo pa toushe lajan pou travay sa a.
Tout moun nan konbit la espere lè yo gen konbit pa yo tou moun yo te ede
a ap vini ede yo.
Kondi, Mennen yon bagay, yon
moun nan yon direksyon epi ede moun nan, bagay la rete sou bon direksyon an.
Kenbe volan yon mashin pandan motè li ap mashe e wou li ap woule sou tè
a. Kenbe men yon avèg pou mennen
li kote li ap ale.
Kondisyon,
Rezon ki fè yon bagay egziste. Yon
rezon ki anpeshe yon prensip, yon règ rete jeneral, inivèsèl.
Eksepsyon.
Konesans,
Sa ki rete nan tèt yon moun lè li fini bliye tout sa li te aprann. Nivo ki pi wo nan devlopman entelijans moun.
Premye rankont de, plizyè moun.
Konfiti,
Poud kèk materyèl ki bay yon limyè menm koulè yo ye a lè gen limyè ki ap
klere yo. Moun itilize poud sa pou
voye sou lòt moun nan kèk seremoni tankou maryaj, gradyasyon e latriye. Yon desè moun prepare avèk anpil fri tankou anana, gwayav,
grenadin, zoranj-sirèt, e latriye. Lè
konfiti melanje avèk manba sou pen, kasav, li kapab ranplase yon repa nan yon
jounen.
Konfrefò, Kote moun sere lajan.
Yon bwat ki fèt avèk metal ki lou anpil pou fè li difisil pou moun
pote li e moun kapab sere lajan andedan li.
Yon konfrefò pa gen kle, men li gen yon mo sekrè ki pèmèt moun ouvri
pòt li. Anpil moun ki pa vle moun
konnen konbyen kòb yo posede toujou gen yon konfrefò andedan kay yo pou mete
lajan.
Konfwonte,
Kanpe an fas yon moun pou repwoshe li pou sa li fè mal.
Mashe nan direksyon yon moun avèk entansyon pou goumen avèk li.
Konfyans,
Kwayans yon moun gen nan yon lòt moun, nan Bondye ki fè li kapab di moun nan,
Bondye tout sekrè li.
Konfye,
Viv avèk yon moun e san kenbe sekrè pou moun sa a.
Di yon moun, Bondye tout bagay, tout sekrè.
Kongo, Yon peyi nan kontinan
afriken an kote anpil esklav ki te soti pou vini nan koloni yo. Peyi sa a sitiye nan mitan kontinan an. Moun ki soti andeyò, mòn yon peyi epi ki vini viv nan yon
gwo vil.
Konje, Sispann travay pou yon
kantite tan avèk garanti djòb la ap toujou la ap tann travayè a retounen.
Konkèt,
Travay ansyen gèrye yo ki te konnen mashe pran peyi nan men moun ki ap viv nan
peyi sa yo epi kolonize peyi a.
Konkete,
Mashe pran peyi yonn apre lòt pou mete anba lwa, sou depandans yon lòt peyi.
Konklizyon,
Pati nan yon istwa ki bay yon resime de tout sa ki te di nan istwa a.
Moun ki li yon konklizyon prèske konnen tout sa ki te pase nan istwa a,
men yon moun ki bezwen konnen tout istwa a oblije li devlopman an.
Yonn nan twa pati yon istwa, yon redaksyon, yon disètasyon.
Konkou,
Yon seremoni kote plizyè moun ap eseye montre yo kapab fè yon bagay pi byen,
kijan yo kapab fè yon bagay epi plizyè jij ap evalye patisipan yo.
Konnen,
Egzistans yon lyen ant de ou byen plizyè moun.
Yon moun ki konprann tout sa yon moun di, tout sa moun nan fè.
Konprann yon bagay nèt ale. Posede
yon konesans san limit sou yon bagay, yon moun.
Konpakdis,
Yon moso plastik plat e tou won ki gen mizik
anrejistre sou li. Lè
konpakdis apèn parèt li te vini shanje jan moun koute mizik. Mizik te konnen anrejistre sou plak e kòm son konpakdis la
pi bon nan zòrèy, moun sispann ashte plak jis izin sispann fè plak.
Konpanyen,
Yon moun, yon bèt ki akonpaye yon moun pou rete, ale yon kote.
Konpatriyòt, Yon moun ki soti nan menm peyi avèk yon lòt moun e ki
toujou toupre pou defann peyi li.
Konpè,
Yon gason ki batize yon maryaj, yon pitit de lòt moun.
Yon gason ki ap viv sou kote kay yon lòt moun.
Konpliman,
Ankourajman yon moun jwenn pou yon aksyon li komèt.
Fè yon moun konnen li byen abiye, li bèl.
Konplo,
Antann avèk lòt moun pou asasinen, bat yon moun.
Ranje avèk lòt moun pou viktim yon moun.
Konprann,
Abilite pou rekonèt, entèprete yon bagay, moun ou byen aksyon moun.
Rekonèt. Entèprete.
Konsa, Yon fason pou moun di:
tankou sa a, menm
jan avèk sa a. Lè yon moun di
konsa, li lonje men li sou yon bagay pou montre yon moun yon bagay.
Konsè,
Yon represantasyon mizikal ki kapab genyen yonn ou byen plizyè pèfòmè, atis.
Konsepsyon,
Definisyon yon moun bay yon bagay. Jan
yon moun konprann yon bagay.
Konsève,
Sere yon bagay pou jwenn li lè gen bezwen pou li.
Enrejistre yon dokiman sou yon diskèt nan yon òdinatè.
Konsèy,
Pawòl yon moun di yon lòt moun pou montre moun nan kisa ki pi bon pou li kapab
fè. Moun nan pa oblije aksepte
konsèy la, men moun ki nayif pran tout konsèy yon moun pou yon lòd.
Konseye,
Pale avèk yon moun pou montre li sa ki pi bon pou li kapab fè. Bay yon moun konsèy.
Konsolasyon,
Aksyon yon moun ki ap pale avèk yon lòt ki gen lapenn pou bay moun nan kouraj.
Konstitisyon,
Manman tout lwa nan yon peyi. Tout
bagay ki kontribye pou fè yon bagay sa li
ye a. Tout sa ki fòme yon bagay.
Dezyèm etap nan kontriksyon yon peyi sou kote drapo peyi a.
Konstriksyon,
Tout etap yon konstriktè pase pou li konstwi yon bagay tankou yon kay, yon
bato. Yon kay.
Yon bato.
Konstriktè, Moun ki konnen ranje plizyè moso ansanm pou reyalize
yon imaj nenpòt moun kapab konprann. Moun
ki fè bagay tankou kay, bato, e latriye.
Konstwi,
Ranje plizyè moso ansanm pou reyalize yon imaj nenpòt moun kapab gade e rekonèt
kisa li ye. Moun ki ap fè bagay
tankou kay, bato, e latriye.
Konsyans,
Yon jij andedan tout moun ki fè moun nan santi li byen lè li fè yon bon bagay
e ki fè moun nan santi li mal lè li fè yon move bagay.
Konesans sou ki byen avèk sa ki mal.
Konsyantizasyon,
Yon gwo mouvman edikasyon ki te kòmanse nan ane katreven yo nan peyi Ayiti pou
fè ayisyen konprann kijan sistèm gouvènman peyi a move pou yo. Mouvman sa a grandi tèlman rapid li kontribye a kraze govènman
peyi a nan epòk sa. Edike moun pou
fè yo konprann lavi e rekonèt reyalite avèk ilizyon.
Kont, Nan yon pozisyon opoze a
pozisyon yon lòt. Yon bagay ki pa twò piti e ki pa twò gwo. Egzateman kantite nesesè a.
Yon lis debi avèk kredi pou montre sa ki soti e sa ki rantre nan yon
konfrefò.
Kontab,
Yon moun ki etidye syans kontablite a e ki pwatike kijan pou kenbe egzamine
kont. Anpil moun panse kontab se
yon moun ki manyen lajan, men sa pa vrè. Yon
kontab fèt pou gen tout mwayen disponib pou esplike ki kòb ki rantre e ki
lajan ki depanse menmsi li pa janm rankontre avèk kòb.
Kontablite,
Teori e sistèm ki montre kijan pou ranje kont nan kòmansman yon biznis, kenbe
kont yo, envestige kont yo epi rapòte sou yo.
Kontan,
Ekspresyon satisfaksyon andedan yon moun ki parèt sou vizaj moun nan lè li ri.
Kontante,
Shashe yon mwayen pou satisfè menmsi bagay ki pou bay satisfaksyon an pa
vini.
Kontantman,
Ekspresyon vizaj yon moun ki satisfè.
Konte, Mete anpil espwa sou yon
bagay, yon moun. Soti nan yon nonb
pi piti pou ale nan yon nonb pi wo.
Kontè,
Moun ki konnen konte. Aparèy ki
kontwole yon kantite bagay ki ap pase tankou dlo, tan, kouran.
Kontinan,
Senk pati yo ki divize tout tè a: Ewòp,
Azi, Afrik, Amerik, Oseyanik.
Kontinye,
Ale san kanpe nan wout avèk yon bagay ki te kòmanse.
Kontra,
Yon moso papye lalwa pèmèt de moun ou byen plis moun siyen pou yo respekte
tout sa ki ekri sou papye a. Yon
angajman de ou byen plizyè moun pran ansanm.
Kontraksyon,
Yon fòs yon ti bebe ki andedan vant yon manman fè manman santi lè li bezwen
soti e sa fè manman an konnen li ap ale akoushe.
Yon moman kote yon bagay ap shashe wout pou soti epi yon lòt ap anpeshe
li soti; konsa yo bay kò yo ap aji sou li a yon doulè.
Kontrakte,
Siyen yon kontra avèk yonn ou byen plizyè moun.
Travay yon ti bebe ki fè yon manman santi li lè pou li akoushe.
Kontraktè, Moun ki siyen yon kontra. Yon ti bebe ki vle soti andedan vant yon manman.
Kontre,
Pase sou wout yon lòt moun te ap pase, men de moun yo te ap ale nan direksyon
opoze.
Kontrè, Bagay siyfikasyon yo opose tankou nò avèk sid, dous
avèk anmè.
Kontrekare,
Kanpe an fas yon moun pou fè li konprann yon bagay li te fè pate bon pou wè
si moun nan te kapab evite fè bagay sa a yon lòt fwa.
Yon moun ki kontrekare yon moun kapab rankontre yon reyaksyon vyolan nan
men lòt moun nan.
Kontribisyon,
Aksyon moun ki mete yon pati nan yon bagay anpil lòt moun, yo shak, ap mete yon
pati tou. Patisipasyon nan yon
bagay pou fè li vini konplè. Yon
biwo leta ki kolekte enpo tout sitwayen avèk biznis nan peyi a peye.
Kontribye,
Bay patisipasyon nan yon bagay pou fè li vini konplè. Mete yon pati nan yon bagay anpil lòt moun ap mete pa yo nan
li tou.
Kontwòl, Pouvwa yon moun gen pou kontwole, pou aplike lwa.
Yon òdinatè ki ap kòmande yo lòt mashin.
Kontwole,
Fè respekte, aplike lwa. Pase lòd
a tout moun ki anba kontwòl.
Kontwolè, Moun ki gen kontwòl nan men li pou fè respekte,
aplike lwa.
Konvansyon,
Yon antant ant tout syantis pou ede yo jwenn solisyon yon pwoblèm. Yon moman kote anpil moun ki gen konesans nan yon bagay
rankontre pou jwenn solisyon yon pwoblèm pandan yon ap koute opinyon shak moun
ki pale.
Konyen,
Travay yon gason, yon mal bèt ki rantre zozo li nan koko yon fi, yon femèl avèk
anpil fòs.
Kopye, Kreye imaj yon bagay yon
fason pou li difisil pou moun konnen kiyès ki orijinal la e kiyès ki kopi a.
Gade jan yon moun fè yon bagay pou fè bagay la menm jan tou.
Koresponn,
Konparezon ant de fòs pou wè kiyès ki pi fò. Aksyon yon moun ki reponn atak
yon lòt.
Koridò, Yon ti wout ki jennen anpil kote plis pase yon moun pa
kapab pase yonn sou kote lòt la.
Koshon,
Yon bèt ki gen boush long e ki gen anpil grès nan kò li.
Ayisyen fè yon manje ki rele griyo avèk vyann koshon.
Kòt,
Plizyè zo nan kò tout vètebre ki fòme do yo epi ki antoure kè yo. Se zo sa yo moun toushe lè yo manyen anba tete yo.
Kote, Yon plas pou jwenn yon
bagay. Yon kwen.
Kotri, Yon fi ki aksepte plase
avèk mari yon lòt fi.
Kou, Pati ki lye tèt yon moun
avèk epòl moun nan. Frape yon
bagay sou yon lòt bagay.
Koubèland,
Yon magouy kèk moun fè pou rantre kouran andedan kay yo san peye pou li.
Yon moso bagay ki fèt avèk menm materyèl avèk kawotchou.
Koud, Kole plizyè moso twal
ansanm avèk fil ki pase andedan moso twal yo avèk yon egiy.
Koudeta,
Aksyon kèk moun nan yon peyi ki touye prezidan peyi ou byen mete li nan avyon
epi voye li ale nan yon lòt peyi pou yo pran plas prezidan an.
Kèk lè sivil konnen pran pouvwa prezidan an tou, men se militè ki gen
plis mwayen pou bay koudeta. Nan
moman yon koudeta moun nan peyi a pa konnen ki moun ki ap gouvène anvan nouvo
prezidan an pale avèk pèp la. Detoúnman
politik yon peyi.
Koukouy,
Yon ti ensèk ki kapab vole e ki gen limyè limen nan dèyè li lè li fè nwa.
Koule, Travay yon moun ki rantre
nan dlo san kite pyès pati nan kò li deyò.
Eta yon resipyan ki gen yon tou nan li ki anpeshe li kenbe likid san
likid la pa tonbe.
Koulè,
Limyè shak kò voye nan je moun ki ap gade li.
Koulèv,
Yon bèt long, kò glise e ki mashe pandan li ap trennen sou vant li. Gen plizyè
diferan koulèv. Gen koulèv ki
kapab peze 400 liv.
Kounouk,
Yon ti kay moun ranje kò yo malman pou viv andedan.
Koupe, Rantre zozo (yon gason)
nan koko (yon fi). Frape yon bagay
file tankou yon manshèt sou yon lòt bagay pou jis li kase an de moso.
Kopye tèks sou yon òdinatè soti nan yon dokiman pou ale nan yon lòt e
nan menm moman sa a efase dokiman an kote li te soti a.
Anpeshe yon moun fini yon pawòl li te kòmanse epi foure yon lide
diferan nan konvèsasyon an.
Koupè,
Moun ki konnen koupe bagay, fi.
Kouran,
Mouvman elektrisite ki ap pase nan fil kouran.
Yon bransh likid ki ap soti sou yon nivo ki pi wo pou tonbe nan yon nivo
pi ba avèk vitès. Yon bagay ki ap
pase nan yon konnye a, nan epòk sa, ane sa, moman sa.
Kouri, Travay yon moun ki leve
shak pye li epi mete yo atè byen vit pou avanse soti yon kote pou rive yon lòt
kote byen vit.
Kous, Aksyon de moun, de bèt
ou byen plizyè ki ap kouri pou wè kiyès ki ap rive yon kote anvan.
Koush, Anpil nan yon bagay ki
parèt san moun pate ap espere li. Kantite
kras ki sou kò yon moun.
Koushe,
Pran yon pozisyon vètikal tankou yon matla sou yon kabann. ~ fi, Mete
yon fi sou kabann epi rantre zozo andedan koko li.
Eta solèy lè li sispann klere tè a.
Koushè, Moun ki mete moun koushe. Yon gason ki mete yon fi koushe epi mete zozo li andedan koko
fi a.
Koushèt, Yon moso twal moun mete nan fant janb yo pou pare likid
tankou pipi, poupou. Yon moso twal
pou mete nan fant janb ti bebe paske ti bebe pa kapab kenbe pipi avèk poupou
pou lage yo lè li vle.
Kout, Pase dwa bay yon moun pou
li kontinye yon bagay. Yon moun ki
pa gen wotè nòmal yon moun genyen. Yon
moun ki gen mwens ke senk pye pou wotè.
Koute, Tande yon bagay, yon moun
ki ap pale epi bay moun sa a anpil atansyon pou konprann sa li ap di a.
Kouti, Yon pati nan yon bagay ki
koud. Travay yon koutiryè, yon tayè
lè li kole de moso twal ansanm.
Koutim,
Bagay yon moun toujou fè e refè shak fwa li gen shans pou fè li. Abitit yon moun genyen.
Yon evènman yon sosyete fete shak ane.
Koutiryè, Yon pwofesyonèl fi ki fè rad pou moun mete.
Koutiryè pi alèz nan fè rad pou fi, men gen kèk koutiryè ki fè rad
pou gason tou.
Koutize,
Aksyon yon gason ki ap pale avèk yon fi pou wè si fi a ap aksepte renmen avèk
li.
Kouto, Yon moso metal ki gen yon
mansh bwa ou byen plastik epi yon bò nan kò li plati yon fason lè li toushe
yon lòt bagay li ap kapab rantre andedan bagay la, li ap kapab koupe bagay la.
Koutye,
Yon moun ki konnen kèk pwopriyetè kay ki gen kay pou lwe e ki konnen kèk
lokatè tou ki ap shashe kay pou lwe epi li ede yon rankontre pou yo fè biznis.
Yon pwofesyonèl ki patisipe nan ranje biznis pou moun e ki toushe pou sèvi
li.
Kouve, Aksyon anpil femèl zwazo
ki kapab koushe sou ze li pandan anpil jou pou shak ze rive bay yon ti zwazo.
Lè yon femèl zwazo ap kouve, li leve sou ze yo sèlman pou ale shashe
manje.
Kouvreli,
Yon ti dra mens moun mete sou kabann nan peyi twopikal yo.
Yo itilize kouvreli tou pou kouvri paske li pa fè fredi nan peyi sa yo.
Kouvri,
Mete yon bagay laj sou yon lòt epi bagay laj la anpeshe li rete vizib.
Boushe yon tou.
Kouwòn,
Yon siy pou montre grandè yon moun tankou yon wa, yon rèn.
Flè ki ranje an won pou mete sou kavo, tonm kadav.
Kouwonnen,
Fè wonn yon bagay. Mete, aliye yon
bagay sou tout kwen yon lòt bagay. Antoure
yon bagay. Mete kouwòn sou yon
bagay, tèt yon moun.
Kouzen,
Pitit gason yon sè ou byen yon frè papa ou byen manman yon lòt moun.
Kouzin,
Pitit fi yon sè ou byen yon frè papa ou byen manman yon lòt moun.
Kouvè,
Asyèt ki ranje sou tab avèk foushèt, kouto, kiyè sou kote li pou moun kapab
manje yon repa.
Kòve,
Travay kolon yo te konnen fè esklav yo fè nan tan koloni yo.
Konbit. Travay san toushe
pou travay ki fèt la. Refè yon
travay plizyè fwa san yon bon rezon pou refè.
Koyo, Yon gason ki pa devlope
seksyèlman, kont pou konprann lè yon fi vle fè lanmou avèk li.
Gason sa a pèdi anpil tan li pate ap janm bezwen pèdi pou koutize fi a
si li te konprann fi. Tan yon koyo pran pou li koutize yon fi fè fi a deja
konprann li ap ale oblije montre gason sa a sa pou li fè anvan li jwenn sa li
vle a; konsa li meprize avans yo lè yo vini.
Koze, Pale avèk yon zanmi de
plizyè bagay ki pase san rete sou yon sèl sijè.
Konvèsasyon abityèl ant plizyè zanmi shak fwa yo rankontre.
Pale avèk yon zanmi de yon bon ou byen yon move eksperyans.
Travay de moun ki ap pale.
Kòzè, Moun ki konnen, ki renmen koze.
Gran ~, Moun ki renmen koze
anpil. Yon gran kozè mete plis
manti nan koze li pase verite pou li montre yon moun li konnen plis bagay pase lòt
moun ki di yo konnen anpil bagay.
Krab, Yon bèt ki rete nan yon
tou kote ki gen dlo. Li gen de kwòk
dan ki sanble avèk de pye devan, men dan yo pa janm toushe a tè.
Dèyè shak de pye yo yon krab gen twa pye sou shak bò.
Pou peshè kenbe krab yo oblije foure men yo nan tou a.
Krab konnen mòde peshè yo. Krab
bay legim avèk bouyon bon gou.
Krabye,
Yon zwazo ki gen koulè blan, pye fen e ki renmen rete bò larivyè pou manje ti
pwason e bò sheval avèk bèf pou manje vè sou kò yo.
Krabinay,
Anpil ti moso bagay tankou bwa, fèy, twal, zo, e latriye lavalas pote ale
depoze nan yon kwen.
Krabinen,
Mete yon bagay, yon moun nan menm sitiyasyon avèk krabinay.
Lè yon moun fè yon gwo aksidan, li kapab krabinen.
Krapo, Yon bèt ki renmen viv
nan imidite, kote ki mouye, kote ki gen dlo.
Bèt sa kapab viv lontan kote ki pa gen imidite tou.
Gen krapo ki viv nan dlo e yo manje ti pwason avèk ti koulèv.
Sa ki viv sou tè yo manje ti ensèk.
Kras, Pousyè ki poze sou yon kò
epi ki kole sou kò sa a tankou li kontribye nan konstitisyon kò a.
Kras kapab shanje koulè yon lòt bagay.
Kras sou kò moun sanble avèk yon tash nwa.
Ti ~, Yon ti pati nan yon bagay.
Kraze, Monte sou yon bagay epi fè
li pèdi fòm orijinal li te genyen an. Sa
depan de materyèl ki antre nan konstitisyon yon bagay, lè li kraze, moso yo
kapab separe ou byen rete ansanm. Mete
yon bagay lou sou yon bagay ki pi fay.
Krazè,
Yon bagay pi lou ki okipe plas sou yon lòt bagay fay.
Lide, nan tèt moun, ki fè yo panse fi toujou anba gason lè yo koushe
sou kabann.
Krèm,
Kèk medikaman mou pwodiktè yo mete nan yon bwat mou pou moun kapab peze bwat
la lè yo bezwen yon ti kras nan medikaman an soti nan bwat la.
Yon desè ki fèt avèk lèt e plizyè fri.
Kim ki soti nan anpil pati
nan kò tankou boush moun ki pale anpil.
Krèt,
Yon pwent ki monte dwat anlè. Yon
do mòn gèrye itilize pou yo kapab wè énmi ki ap pwoshe sou yo.
Yon ti pwent ki sanble avèk yon ti do mòn sou anlè ouvèti koko yon
femèl, yon fi.
Kreten,
Moun ki pa vle fè egzèsis ki ap ede yo devlope entelijans yo.
Kretyen,
Moun. Tout moun nan yon sosyete.
Tout èt vivan ki gen entelijans, ki kapab devlope entelijans li e ki
kapab refleshi. Moun ki sib tout
prensip Jesi Kris yo.
Kreve, Rantre pwent yon bagay
nan yon kò. Fouye yon tou nan yon
bagay ki te fèt pou rete san tou sa a. Fòse
zozo yon gason rantre nan koko yon femèl pou premye fwa nan lavi femèl la.
Shire.
Krevè,
Moun ki kreve yon femèl, yon bagay.
Kreyatè,
Moun ki kreye yon bagay, Bondye.
Kreyati,
Tout bagay Bondye, moun kreye.
Kreye, Fè yon bagay vini
egziste pou premye fwa. Envante yon
bagay.
Kreyòl,
Moun ki fèt e grandi nan yon peyi. Plizyè
lang moun pale nan plizyè peyi ki te pase anba esklavaj nan ansyen koloni yo.
Esklav yo pate kapab konprann lang mèt yo, kolon yo te ap pale; konsa yo
di mo yo nan fason pa yo e tout esklav parèy yo entèprete mo yo menm jan moun
ki di mo a te konprann li. Yonn
konprann lòt yo kontinye pale konsa.
~ Ayisyen, Yon lang ki soti nan defòmasyon mo twa lòt lang: Anglè,
Espanyòl, Fransè. Prèske shak
santèn moun nan popilasyon peyi Ayiti a pale Kreyòl,
men lang sa a se yonn nan de lang ofisyèl peyi a, sou kote Fransè.
Kribish,
Yon ti bèt ki viv nan dlo, ki kapab gen koulè blan, wouj, vè e li soti nan
menm fanmiy avèk krab, oma. Li
itilize senk pye dèyè li yo pou mashe. Li
bay manje bon gou e moun itilize li pou kwit anpil manje tankou sòs.
Krim, Move aksyon yon moun,
tankou touye yon lòt moun, vòlè bagay yon lòt moun posede, ki ale nan
direksyon opoze avèk lalwa.
Kritik,
Opinyon yon moun sou rezilta travay yon lòt moun.
Yon kritik kapab pozitif ou byen negatif. Yon moun ki kritike rezilta travay yon lòt moun ede moun nan
fè travay la, yon lòt travay pi byen.
Kritike, Shashe
mete verite rezilta travay yon moun klè pou tout lòt moun kapab konprann li.
Bay yon opinyon sou travay yon moun.
Pale byen, mal de pèsonalite yon moun.
Kriye, Moman yon moun gen dlo ki
ap soti nan je li. Gen anpil reson
ki fè yon moun kriye tankou lapenn, doulè, kontantman e latriye.
Kuis, Pati anlè nan yon janb
ki ale kole nan senti yon moun, yon bèt e ki kole nan jenou moun nan, bèt la.
Kwa, Mete de bagay long yonn
an travè sou lòt la. Pozisyon yon
moun, yon bagay ki bare shemen yon moun pou anpeshe li kontinye wout li.
Kwadèboukè, Yon vil nan peyi Ayiti ki toupre kapital peyi a nan
direksyon nò-lès e sou wout pou ale nan Depatman Sant la.
Croix-des-Bouquets.
Kwadèmisyon,
Yon vil nan nò kapital peyi Ayiti, anvan Kwadèboukè, toupre kote de gran wout
pou ale nan nò peyi a rankontre: Wout
Nasyonal Nimewo En avèk Wout Nimewo De. Croix-Des-Missions.
Kwasan,
Yon varyete pen ki sanble avèk mwatye yon wonn.
Yonn nan fòm Lalin nan ki parèt shak mwa e pandan plizyè jou nan yon
mwa.
Kwasans,
Eta yon bagay ki te piti, kout e ki ap vini gwo grandi.
Eta yon bagay ki ap soti nan yon kantite ki pi piti pou ale nan yon
kantite ki pi gwo. Konte tankou
soti nan en, de, twa… pou ale pi wo.
Kwaze, Eta yon bagay ki pase,
koushe an travè sou, wout, yon lòt bagay.
Lè yon mal bèt monte sou do yon femèl bèt pou rantre ògán seksyèl
li nan pa femèl la.
Kwen, Kote. Yon fas nan yon bagay tankou yonn nan kat fas yon bwat.
Yon pozisyon kote yon bagay ye.
Kwenn, Po kò yon èt vivan
melanje avèk vyann kole nan li. Yon
pati nan koshon mashann vyann koshon itilize pou fè griyo.
Kwit, Itilize shalè, dife pou
shofe yon bagay pou moun manje pou jis li vini mou.
Tranpe yon bagay pou moun manje nan dlo sho pou jis li vini mou.