J, Dizyèm lèt nan alfabèt
lang Kreyòl la ki pwononse menm jan avèk bwason sa a, ji.
Jaden, Yon moso tè, yonn ou
byen plizyè kawo tè kote yon jadinye plante, sekle, rekòlte.
Jakmèl,
Kapital Depatman Sid Lès la.
Janb, Tout longè pye yon moun
depi soti bò senti li pou jis rive anba plat pye.
Janbe, Itilize janb pou soti sou
yon bò yon bagay, yon moun pou travèse ale sou lòt bò bagay la, moun nan.
Yon ekspresyon moun itilize pou esplike kijan yo travèse yon bagay.
Jandam,
Nenpòt manb, moun nan yon kò militè.
Jant, Yon moso metal won ki gen
menm fòm avèk yon kawoutchou e ki rantre andedan yon kawoutchou pou pèmèt
kawoutchou a kenbe van. Prèske
tout veyikil tankou bisiklèt, motosiklèt, mashin gen jant.
Jante, Mete yon jant andedan yon
kawoutchou.
Janvye,
Premye mwa nan yon ane ki pote trante-en jou.
Yon ane shanje lè premye jou nan mwa janvye a rive.
Japan, Yon peyi nan kontinan Azi
a ki shita sou plizyè ti il. Peyi sa trè avanse nan konesans teknoloji.
Jape, Yon bri shyen fè avèk
boush li ouvri, lè li bezwen fè moun pè, lè li pè.
Je, Pati nan kò moun, nan tèt
moun, ki pèmèt moun wè. Yon
mesaje ki pote rapò bay shèf li, se je shèf la paske li pèmèt shèf la wè
sa ki ap pase. Yon kamera se je
moun tou.
Jedi, Senkyèm jou nan yon semèn.
Katriyèm jou biznis nan yon semèn.
Jedinèt, Yon bannann pote non sa a nan zòn Depatman Sant la.
Lè li vèt li rele jedinèt, lè li mi li rele fig.
Gen menm bannann sa a nan prèske tout zòn nan peyi a, li kapab gen lòt
non tankou granvensan.
Jeep, Yonn nan pi ansyen
konpayi mashin ki egziste. Yon
ansyen modèl mashin konpayi sa, Willis, toujou egziste.
Jeep fè mak mashin Cheroke tou.
Jèmen,
Lè yon grenn kòmanse grandi.
Jèn,
Yon laj moun genyen kote yo gen tout enèji, fòs sou yo pou fè anpil bagay ki
egzije fòs moun tankou kouri, memorize, pale, e latriye…
~ Jan Yon gason ki nan laj moun
ki posede tout enèji, fòs pou fè anpil bagay ki egzije fòs moun tankou kouri
e latriye.
Jeneral,
Pi gwo grad yon moun kapab genyen nan yon kò militè.
An ~ , Pale de yon bagay tout
antye san panse a eksepsyon li.
Jenerasyon,
Moun ki ap viv nan yon epòk ki dire dizuit ane konsa.
Moun nan tout sosyete espere apre dizuit ane tout timoun nan tout fanmiy
ap gentan fè pitit. Tout pitit,
pitit pitit granmoun nan yon fanmiy. Nouvèl
~, Yon tip mizik ayisyen ki parèt nan ane katreven yo.
Gwoup ki fè mizik sa yo shante an Kreyòl yon fason pou separe nouvo
stil mizik yo a avèk ansyen mzik yo shantè te konnen shante nan lang Fransè.
Jeni, Lespri moun genyen pou
kreye bagay. Nan tan lontan, moun
te panse jeni se te yon fòs djab ki te ap ede moun.
Konnye a moun ale lekòl pou yo kapab kreye bagay.
Jennen,
Eta yon moun ki wont, timid. Eta
yon moun ki vòlè yon bagay epi mèt bagay la kenbe li.
Jenou, Espas ant pye avèk kuis
moun ki gen yon ti boul nan li pou pèmèt janb nan pliye sou dèyè.
Jeograf,
Moun ki etidye epi entèprete enfòmasyon geografik.
Jeografi,
Syans ki pale, mezire fas tè a, de
moun ki sou tè a.
Jeremi,
Non yon pwofèt nan Bib la. Jeremie.
Non kapital Depatman Grandans la. Vil
sa a sou yon prèskil nan Sid-Lwès peyi Ayiti e se zòn nan peyi ki gen plis
lamveritab.
Jès,
Siy yon moun fè avèk yon pati, tout kò, nan kò li pou ranplase yon mo, yon
mesaj li vle bay yon lòt moun.
Jezi
Kris,
Yon pitit Bondye ki te vini sou tè a pou mouri nan plas tout lòt moun sou tè
a pou efase peshe yo. Li te viv
pandan trant-twa ane sou tè a. Tout
kretyen kwè li nan syèl la konnye a e li shita sou bò dwat papa a, Bondye.
Ji, Yon bwason ki fèt avèk
fri yon pye bwa. Pou fè yon ji,
moun pran fri a epi yo kraze ou byen peze li pou likid soti andedan li epi yo
mete dlo sou likid sa anvan yo sikre li.
Jij, Shèf yon tribinal ki la
pou koute de kan nan yon jijman e kontwole tout sa ki ap pase nan yon tribinal.
Jijman,
Moman nan yon tribinal kote gen yon jij, yon jiri, yon plentif ou byen yon
pwosekitè, yon defandan, yon okton. Konklizyon
travay tout moun ki reyini nan yon tribinal.
Jistis,
Sib tout entansyon lwa yo nan yon jijman. Jwenn
satisfaksyon nan tribinal kont move aksyon, aksyon kriminèl yon moun komèt.
Jiyè,
Setyèm mwa nan yon ane. Yonn nan
de mwa ki fè plis shalè nan yon ane sou kote mwa Out la.
Jodia, Konnye a menm, nan menm
jou sa a. Nan moman sa a menm.
Jon, Yon baton avèk de pwent
remakab yon pwofesyonèl kapab vire tou won sou men li, dwèt li, kou li, menm
pye li san baton an pa janm tonbe yon kote li pate vle.
Pwofesyonèl sa a rele Majò Jon. Majò
Jon plis patisipe nan Rara.
Jón,
Menm koulè avèk ti boul ki nan mitan yon ze poul la.
Jou, Klète. Moman pandan solèy la klere sou tè a.
Jounal,
Yon papye moun ekri shak jou pou enfòme lòt moun e konsève nouvèl ki pase.
Nòt moun pran shak jou pou konsève istwa tranzaksyon gwo biznis ki pase
shak jou. Yon ti liv pou yon moun
konsève bagay ki pase nan lavi li shak jou.
Jounalye,
Eta bagay ki pase shak jou. Moun ki
ale sekle nan jaden yon moun pou li toushe yon kòb pou jounen.
Jounen,
Kantite tan ki ant moman solèy leve a pou jis rive nan moman li koushe, li
disparèt.
Joure, Aksyon de ou plizyè moun
ki kanpe fas a fas epi ki ap di yonn lòt mo yo konnen ki ap fè lòt moun nan
fashe.
Jwe, Pran plezi.
Fè son soti nan yon enstriman mizikal.
Jwe wòl yon moun nan yon film, yon teyat.
Jwèt,
Bagay ki fèt pou moun pran plezi yo. Moun
lòt moun pa pran li menm menm, sa ki soti nan boush li pou bagay serye.
Jwi, Eta yon moun ap fè yon
bagay ki bay anpil plezi.
Jwisans,
Jan yon moun santi lè li ap fè yon bagay ki bay anpil plezi.
Jyen, Yon mwa ki nan mitan yon
ane. Sizyèm mwa nan yon ane.
Vennkatriyèm jou nan mwa sa a se jou ki pi long pase tout jou nan yon
ane.