I, Nevyèm lèt nan alfabèt
lang Kreyòl la.
Idantifikasyon,
Yon mwayen pou rekonèt yon bagay, yon moun.
Yon ti kat ki gen non yon moun avèk foto moun nan sou li pou lye non an
avèk foto a.
Ideyal,
Yon bagay ki egzateman nan pozisyon li, plas li te dwe ye a. Yon bagay ki sanble anpil avèk yon lide ki te nan tèt yon
moun.
Il, Lil. Yon
moso tè dlo antoure, dlo pase sou tout kwen
li.
Iletre,
Eta yon moun ki pa konnen li avèk ekri.
Yon moun ki pa konprann anpil bagay nan reyalite lavi.
Imaj, Kopi yon bagay.
Lonbraj yon bagay.
Imajine,
Kreye imaj yon bagay, yon lide nan tèt anvan li vini egziste nan reyalite.
Imigran,
Moun ki kite peyi yo pou vini viv nan yon peyi etranje.
Imigrasyon,
Aksyon moun ki kite yon peyi yo pou vini viv nan yon lòt peyi. Biwo leta yon peyi ki regle afè moun ki ap rantre epi soti
nan peyi a.
Imigre,
Kite yon peyi pou vini viv nan yon lòt peyi.
Imitasyon,
Aksyon yon moun ki gade kijan yon lòt moun fè yon bagay pou fè li tou.
Kèk fwa yon imitasyon tèlman sanble avèk orijinal la moun pa kapab
konnen diferans ant yo de a. Kopi.
Imite, Gade yon bagay, sa, yon
moun fè pou fè menm bagay la tou. Kopye.
Imobilize,
Tashe ou byen kole yon bagay yon kote byen solid pou li pa kapab souke, deplase
ditou.
Infiniti,
Yon konpayi mashin liksye, sou kote Mercedes avèk Lexus.
Inifòm,
Plisyè bagay ki gen menm fòm nan. Yon
rad menm koulè, menm fòm nan plisyè moun nan yon gwoup tankou yon
enstitisyon, yon ekip mete sou yo.
Inik, Yon bagay ki diferan de
tout lòt nan menm klas la.
Inivè,
Tout bagay ki egziste depi soti sou tè a pase sou tout lòt planèt yo:
Solèy, Lalin, Jipitè, e latriye.
Inivèsite,
Yon gwoup enstitisyon, apre lekòl segondè, ki prepare pwofesyonèl.
Inosan,
Yon moun ki pa konnen kijan pou li defann tèt li.
Yon moun, malgre tout akizasyon, yon tribinal pran desizyon pou li pa
kondane moun li. Moun ki genyen yon
jijman.
Inyon, De ou byen plizyè moun,
plizyè bagay ki reyini ansanm.
~ Sovyetik, Yon gwoup peyi, avèk peyi Risi nan tèt yo, ki te ap
pousib yon lide ki te rele Kominis. Se
te yon gwoup peyi ki te ap kontrekare lide Kapitalis la nan peyi Etazini.
Inyon an kraze nan kòmansman ane 1990 yo.
Prèske tout peyi sa yo gen lide pou ranje so kote lide Kapitalis la.
Ipokrit,
Moun ki kashe rayisman avèk vye lide yo gen kont yon lòt moun, lè yo devan
moun nan, pou montre yo se yon zanmi li, yo renmen li.
Lè yo dèyè menm moun sa a, yo eksprime tout vrè santiman yo kont moun
nan.
Ipokrizi,
Aksyon moun ki kashe rayisman avèk vye lide yo gen kont yon lòt moun, lè yo
devan moun nan, pou montre yo se yon zanmi li, yo renmen li.
Lè yo dèyè menm moun sa a, yo eksprime tout vrè santiman yo de moun
nan.
Irak, Yon peyi nan kontinan Azi
a e sou kote Iran, pi gwo énmi peyi sa tou, ki pa lye avèk Etazini, ki pate
lye avèk Inyon-Sovyetik.
Iran, Yon peyi nan kontinan Azi
a e sou kote Irak, pi gwo énmi peyi sa tou, ki pa lye avèk Etazini, ki pate
lye avèk Inyon-Sovyetik.
Istoryen,
Moun ki ekri sou istwa, tout sa ki pase deja e avèti moun:
sa ki pase deja ap retounen ankò.
Istwa, Nenpòt bagay ki pase
deja e moun kontinye ap pale ou byen ekri sou li.
Moun ki ap rakonte yon istwa kòmanse avèk yon entwodiksyon, yon
devlopman, e fini avèk yon konklizyon.
Isuzu, Yon konpayi mashin Japonè
ki te plis konn fè kamyon.
Italik,
Nenpòt bagay ki gen rapò avèk peyi Itali.
Fòm lèt, nan yon ekriti, ki panshe.
Itilizatè, Moun ki itilize yon bagay ou byen yon lòt moun.
Itilize,
Pran yon bagay an shaj epi kontwole. Pran
avantaj sou yon bagay, yon moun.
Izin, Kèk gwo kay kote travayè
itilize mashin pou transfòme pwodui natirèl yo tankou bwa pou fè papye, gonm
pye bwa pou fè wou mashin, lèt bèf pou fè twal, e latriye.