Retounen Nan Paj Lis Lèt Yo


 

G, Setyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la ki pwononse menm jan avèk pati nan kò moun ki pèmèt li wè a, je.

Gade, Fikse je sou yon bagay san pyès entansyon.  Obsève.

Gadè, Moun ki fikse je li sou yon bagay san pyès entansyon.  Obsèvè.

Gadjèt, Yon ti pwent fè nan yo zam moun itilize pou fè yonn, plizyè bal soti nan zam nan.

Gagè, Yon plas kote gason ayisyen ale pou fè kòk batay pou yo parye lajan.  Gen fi ki ale nan plas sa tou, men yo ale la pou sèvi gason ki a parye yo manje, tafya, e latriye.

Galan, Eta yon gason ki toujou toupre pou sèvi fi avèk entansyon li kapab jwenn yon rekonpans pou sèvis li.

Galèt, Wòsh sou kote yon rivyè ki byen ranje tankou moun te pran tan pou ranje yo, men se rivyè a menm ki pote yo mete nan plas sa pandan li ap desann.

Galita, Yon espas sou anlè galri yon kay kote moun kapab rantre andedan li lè moun nan deja andedan kay la.  Pa gen mwayen pou rantre andedan galita a soti sou deyò.

Galri, Yon espas nan yon kay kote moun ki ap viv nan kay la kapab shita pou pran bon van e respire bon lè.  Espas sa a toujou bay sou lari e anba galita a.

Ganmèl, Yon gwo twons bwa ki gen yon tou rektang tankou yon bwat san kouvèti andedan li.  Li kapab kenbe likid.  Se peyizan ayisyen ki itilize li plis.

Gason, Premye moun Bondye te mete sou tè a anvan li te fè fi.  Yon moun ki gen yon zozo nan fant janb li.  Mari yon fi, papa yon moun, e latriye.  Yon mal moun.

Gaz, Yon pwodui shimik moun ki oblije fèmen andedan yon tank pou li pa evapore nan lè.  Yon likid ki kapab vini envizib menm jan avèk oksijèn.  Moun itilize gaz nan mashin, avyon, fou, e latriye.

Gazèl, Yon ti femèl bèf ki poko fè pitit.

Gazon, Yon kalite zèb moun prepare pou fè devan yon kay, lakou yon kay bèl. 

Ge, Eta yon moun, yon timoun, ki toujou ap jwe, ki toujou anvi jwe.

Gèmen, Moman lè yon grenn kòmanse grandi.

Gen,  Eta yon bagay ki anba kontwòl ou byen ki se pwopriyete yon moun, yon bagay ki fè pati de yon lòt.

GMC (General Motor Company), Yon konpayi mashin ameriken ki fè gwo kamyon avèk kèk ti mashin tou.

Genyen, Sitiyasyon yon moun ki vini mèt,  ki gen yon bagay.  Pran premye plas nan yon jwèt, yon kous, e latriye.

Gete, Eta yon moun, yon timoun ki ge.  Nenpòt kadans yon moun genyen ki fè li sanble yon moun ki ge, ki kontan.

Gildiv, Yon izin nan peyi Ayiti kote yo fè kleren.

Ginen,  Guinee.  Yon mwayen pou di yon bagay lwen menm jan avèk esklav nwa yo ki te konnen soti nan Ginen, sou kontinan Afrik la pou ale Ayiti.  Nenpòt bagay ki lwen anpil.  Yon peyi nan kontinan afriken an kote anpil esklav nwa te soti.

Gita, Yon enstriman mizikal ki gen sis kòd e mizisyen jwe li avèk prèske tou dis dwèt yo.

Giyon, Yon bagay, yon moun, ki fè lavi yon lòt moun difisil.  Yon moun, yon bagay ki anmèdan.

Giyonnen, Aksyon yon giyon.  Bay yon blag sou yon moun, di yon moun bagay li pa renmen tande.

Glas, Yon moso materyèl, lè moun gade li, moun nan kapab wè figi li avèk tout bagay ki an fas materyèl sa.  Yon dlo moun mete nan frizè yon refrijeratè epi ki vini di tankou yon wòsh.  Glas gen yon koulè gri ou byen blan.  Shalè kapab fonn glas.

Glase, Eta yon bagay ki gen glas nan li.  Yon bagay ki frèt anpil tankou glas.

Gode, Yon resipyan ki fèt pou moun bwè likid tankou dlo, kafe, e latriye.

Gòl, Shoute, voye yon boul rantre nan kan yon lòt ekip.

Gonayiv, Pi gwo vil nan Depatman Latibonit la.  Se yonn nan pi ansyen vil nan peyi Ayiti.  Se nan vil sa fondatè peyi a te fè seremoni endepandans Ayiti.  Vil sa plase nan mitan lwès peyi Ayiti.

Gonbo, Non moun nan kèk zòn peyi Ayiti bay grenn glise yon ti pye bwa donnen.  Kalalou.  Moun fè bon sòs avèk grenn sa a.

Gou, Opinyon yon moun genyen de yon bagay ki andedan boush li.

Goud, San santim,  san kòb nan lajan ayisyen an.  Senk goud fè yon dola.

Gouman, Yon moun ki toujou vle manje e ki pa janm santi lè vant li plen.  Yon moun ki renmen manje.  Anpil timoun gen abitid sa a; kidonk se granmoun yo ki fèt pou kontwole kantite manje ki ap ale nan vant yo.

Goumandiz, Eta yon èt vivan ki manje san kontwole kantite manje ki ap rantre nan vant li.

Gous, Fri anpil plant tankou pwa ki donnen yon grenn ki sanble avèk yon ti baton e ki gen, soti nan twa pou rive nan dis, grenn andedan li.

Gout, Yon ti pati nan yon likid ki ap soti anlè pou tonbe anba.  Lapli tonbe an gout sou tè a.

Goute, Mete yon bagay nan boush pou konpare gou li avèk lòt gou.

Goutè, Moun ki goute yon bagay pou konpare gou li avèk gou lòt bagay.

Gouvènman, Yon prezidan avèk tout moun ki ap ede li gouvène you peyi.  Yon gwoup moun ki gen pouvwa pou gouvène.  Yon moun, gwoup moun, ki ap gouvène yon teritwa.

Gouvènmantal, Tout bagay ki gen rapò avèk yon gouvènman. 

Gouyad, Yon fason moun ki ap danse, fè sèks vire ren yo.  Moun sa yo gen entansyon vire ren yo pou fè yon wonn san rete, pandan yon kantite tan.

Gouye, Vire ren nan fòm yon wonn.

Goyin, Yon zouti ki gen anpil dan sou liy nan yon kwen li e ebenis itilize li.  Moun itilize goyin pou koupe plansh.

Gra, Gwo.  Posede yon gwosè ki fè panse gen anpil grès nan vyann yon kò.  Eta yon bagay ki gen lwil nan li.

Gradye, Patisipe nan yon seremoni gradyasyon.

Gradyasyon, Yon seremoni reponsab lekòl yo òganize pou fè etidyan yo sonje valè travay yo soti akonpli a e bay yo yon diplòm ki reprezante nivo etid yo fè a.

Graj, Yon moso metal ki gen anpil ti tou sou tout lajè li; konsa nenpòt bagay ki pi mou pase metal sa a e ki pase sou li li ap travèse ti tou yo.  Shak pase yon bagay pase sou graj la, li retire nan kò bagay sa pou diminye gwosè li.

Graje, Jès yon moun fè lè li anvi leve sou yon shèz kote li shita, men gen yon bagay, tankou yon otorite, ki anpeshe li leve.  Fwote yon moso bagay sou yon graj pou jis li vini twò piti pou fwote sou graj la.

Gramè, Yon liv ki esplike tou règ avèk prensip pou moun respekte nan yon lang.

Gran, Yon bagay, yon moun ki gen anpil ane depi li te kòmanse egziste.  Yon bagay ki laj, ki wo, ki aje.  ~ Papa,  Papa manman ou byen papa papa yon lòt moun.  Mari yon grann.  Gran papa yo toujou gran.

Grandè, Kapasite yon moun genyen pou li fè nenpòt moun respekte li, pè li.  Kalite ki ede yon moun dirije yon gwoup moun, yon kò militè nan lagè e genyen gè a.  Kalite yon moun posede pou li dirije lòt moun.

Grandi, Eta yon bagay, yon moun ki ap pase etap li gen pou li pase pou li vini wo.

Grandizè, Moun ki pale anpil yon fason pou shashe bay tèt li plis bon kalite, bonte, valè, grandè li pa genyen avèk espwa lòt moun ap bay li menm bagay sa yo tou.

Grangou, Eta yon moun santi li lè li anvi manje.  Egzitans yon vid nan lestomak yon èt vivan.  Jan yon moun santi li shak twa èd tan apre li fini manje.

Granmesi, Avèk sekou…  Avèk èd… 

Granmoun, Nenpòt moun ki, fè pitit, rive nan laj lè li te dwe deja fè pitit.  Yon moun ki gen anpil ane an plis yon lòt.

Grann, Yon granmoun fi ki manman manman ou byen manman papa yon lòt moun.  Madanm yon gran-papa a.  ~ Nanna, Yon granmoun fi ki gen yon mennaj, yon mari ki te kapab pitit li pou gwo diferans ant laj yo de a.

Grannivyè, Yon vil nan Depatman Nò a.  Grande Rivière du Nord.

Granvensan, Yon bannann moun kapab manje lè li vèt ou byen lè li mi.  Lè li mi yo rele li fig.

Grap, Grenn yon pye palmis ki soti andedan djagwasil yo.  Koshon nwa yo te konnen manje grap paske li dous.  Grenn sa a te konnen angrese bèt sa tou.

Gravite, Yon fòs ki rale tout kò ki toupre fas tè a tonbe sou li.  Syantis mezire fòs sa e yo jwenn li rale tout kò tonbe sou tè a avèk yon vitès ki mezire 9,8 mèt pou shak segond ki pase lè yon bagay ap tonbe.

Grèk, Yon ti sak ki gen fòm yon triyang e ayisyen itilize li pou yo koule, fè kafe.  Yon lang moun pale nan peyi Grès.  Moun ki fèt nan peyi Grès.

Grenadya, Yon lyann ki kapab pase plizyè ane ap grandi pandan li ap donnen anpil grenn prèske shak jou.  Fri grenadya a sanble avèk yon ti boul.  Li gen yon ji andedan li ki si anpil avèk kèk ti grenn tou.  Li fè bon ji e ayisyen renmen bwè ji sa a anpil.

Grenn, Fri yon pye bwa ki pèmèt pye bwa a kontinye egziste.  Grenn yon pye bwa gen yon ti grenn andedan li.  Shak ti grenn sa yo kapab bay yon pye bwa pou kont yo lè yo gèmen, men gen anpil grenn pye bwa ki pa gèmen.

Grip, Yon maladi kontajye yon mikwòb bay.  Moun ki gen grip toujou santi yon bagay nan gòj yo ki fòse yo ouvri boush yo pou pouse yon koush lè soti.  Kèk fwa malad la kòmanse anrime anvan li gen grip.  Lè yon moun gen yon grip ki dire anpil tan li fèt pou li ale wè yon doktè pou konsiltasyon.

Gripe, Eta yon moun ki soufri maladi ki rele grip.

Griye, Kwit yon bagay avèk shalè dife e san dlo.  Yon bagay ki ap griye gen kontak dirèk avèk dife a.

Gwatemala, Yon peyi sou kontinan Amerik la nan yon zòn ki rele Amerik Santral, nan Sid Meksik.  Moun nan peyi sa pale Espanyòl.

Gwayamouk, Mo sa a soti nan lang Espanyòl la:  guayamunco.  Se yon rivyè ki pase sou kote kapital Depatman Sant la, Ensh.  Gen de rivyè enpòtan ki tonbe nan  Gwayamouk, Yofri avèk Kanno epi yo tout ale tonbe nan flèv Latibonit la.

Gwayav, Yon pye bwa ki bay yon fri won, ki fè bon konfiti, bon ji.

Gwo, Yon dimansyon laj.  Eta yon moun ki gen anpil popilarite.  Près.  Anpil.  Yon fason mashann vann mashandiz yo genyen pou fè pri inite yo vini pi piti.

Gwonde, Fè yon bri andedan gòj pou entimide lòt moun, bèt.  Yon bri shyen fè anvan yo kòmanse jape.  Bri yon loray fè e ki dire plizyè segond.

Gwòs, Rezilta yon spèmatozoyid ki rankontre avèk yon ovil andedan yon fi, yon femèl.  Rankont sa bay yon ze ki ap ale bay yon timoun, yon ti bèt.  Devlopman yon timoun dire nèf mwa, pou yon fi, anvan li akoushe.

Gwosè, Dimansyon egzat yon bagay genyen. 

Gwosès, Moman lè yon fi ap pote yon pitit andedan vant li. Yon fi pote yon pitit andedan vant li pandan nèf mwa.  Plenn.

Gwoup, Plizyè an menm tan.  Rasanbleman, reyinyon plizyè moun.

Gwoswòsh, Yon plaj nan Depatman Latibonit nan Nò Sen-Mak.