Retounen Nan Paj Lis Lèt Yo


 

F, Sizyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.

Fa, Yonn nan sèt nòt mizikal yo:  do, re, mi, fa, sòl, la, si.

Faks, Yon moso papye avèk ekriti sou li ki soti kote yon moun itilize yon mashin ki kapab kominike avèk yon lòt mashin pou voye tèks nan mashin sa a.   ~ mashin, Yon mashin ki kapab itilize yon liy telefòn pou voye mesaj bay lòt mashin.  Yon aparèy elektwonik ki andedan yon òdinatè e ki mete ansanm avèk yon pwogram pou voye mesaj bay anpil lòt mashin.

Falèz, Yon tou sou kote yon wout tankou anba yon mòn.

Famasi, Yon boutik kote ki gen medikaman pou vann pou tout maladi.

Fanm, Femèl e manman.  Depre Bib la, fanm se yon moun Bondye te fè avèk yon zo kòt Adan pou kapab kenbe gason konpayen.  Yon fanm fèt pou li toujou gen sheve long, gwo ou byen tete long, gwo dèyè avèk koko nan fant janb li.  Yon fi kapab mete zanno nan zòrèy li, wòb sou li, e latriye.  Li gen règ shak mwa.

Fanmòt, Yon fanm ki pa gen tay nòmal yon moun sipoze genyen.  Yon ti fi.

Fann, Koupe yon bagay nan direksyon longè li.

Fant, Espas ant de bagay, nan mitan de bagay.

Fantastik, Yon bèl bagay pyès moun pa kapab meprize bote.  Yon bagay ki bèl anpil.

Farin, Poud.  Yon poud ki soti nan fri kèk pye bwa tankou bannann, manyòk.  Poud ble.  ~ frans, Yon farin blan ayisyen itilize pou fè anpil manje tankou labouyi, bòy e latriye.

Farinay, Anpil ti moso nan nenpòt bagay.  Yon lapli ki ap tonbe tou piti san li pa janm bay anpil, gwo gout lapli.

Farinen, Aksyon yon lapli ki ap tonbe tou piti san li pa janm bay anpil, gwo gout lapli yon sèl kou.  Aksyon yon moun ki kite krashe soti nan boush li pandan li ap pale.

Fashe, Move.  Eta yon moun ki pa kontan.  Eta yon moun ki pa kapab jwenn bagay li bezwen e ki pa vle satisfè avèk sa li genyen.

Fatra, Bagay ki san valè.  Tout bagay moun pa gen bezwen pou li.

Favè, Yon sèvis yon moun rann yon lòt men moun nan pa merite sèvis la.

Fay, Bagay ki pa gen fòs ditou e nenpòt ti van kapab leve li epi pote li ale depoze yon lòt kote.  Feblès.  Fèb.

Fè, Yon eleman shimik.  Yon metal ki di anpil.  Yon aparèy shofaj moun itilize pou, repare, retire pli sou rad.

Fèb, Yon bagay ki pa gen fòs.  Fay.

Feblès, Eta yon bagay ki fèb.  Yon moun ki pa gen konfyans nan tèt li e ki pa gen konfyans nan pyès lòt fòs etranje.

Fèmen, Elimine yon ouvèti.  Anpeshe yon mashin kontinye fonksyone.  Etèn.

Fen, Yon bagay ki sanble li piti anpil pou longè li.  Yon pye sheve nan tèt yon moun se yon bagay ki fen.

Fenèt, Yon ti pòt nan yon mashin, yon kay ki pèmèt lè sikile.  Yon tit nan liy sèvis yon pwogram òdinatè ki pèmèt operatè a wè tout dokiman ki ouvri yo menmsi tout pa parèt sou ekran an.

Fènwa, Absans limyè.  Eta yon nuit.  Moman lè lannuit kòmanse.

Ferari, Yon konpayi mashin italyen ki te konnen fè ti mashin, kèk fwa, ki pran de moun sèlman.

Fèt, Kote yon gwoup moun reyini pou yo pran plezi yo, pou selebre yon okazyon.  Yon moman kote tout moun byen abiye, mizik ap jwe, yo ap bwè, yo ap danse.  Selebwasyon yon evènman ki te pase nan menm jou sa, pou pi piti, yon ane anvan dat sa.  Jou yon moun te soti andedan vant manman li.

Fete, Patisipe nan yon fèt.  Selebre yon evènman ki te pase nan menm jou sa, pou pi piti, yon ane anvan dat sa a.  Selebwe jou yon moun te soti nan vant manman li.

Fevriye, Dezyèm mwa nan yon ane.  Sèl mwa nan yon ane ki pote ventsuit ou byen ventnèf jou.

Fèy, Pati nan yon pye bwa ki parèt apre yon boujon fini soti nan yon pwent nan yon pye bwa.  Fèy shak pye bwa gen yon fòm diferan ki depann de pye bwa.  ~ papye, Yon moso papye ki kapab mezire 8 ½ pous nan lajè avèk 11 pous nan longè konsa.  Gen anpil lòt dimansyon fèy.

Feyaj, Yon kantite fèy ou byen nenpòt bagay ki gen rapò avèk fèy.  Itilizasyon fèy pou medikaman.

Feye, Yon bagay ki gen anpil fèy nan li tankou yon pye bwa.

Feyè, Plisyè fèy ki melanje, kole ansanm.

Fi, Yon femèl moun, yon fanm, yon manman, yon madanm, yon sè, yon kouzin, yon bèlsè.  Yon moun ki gen yon koko nan fant janb li.

Fig, Yon bannann, lè li mi, moun kapab manje li san kwit li e li gen bon gou, gou dous.  Anpil moun kwè fig bon pou sante moun.

Fikse, Mete yon bagay nan plas li.  Ranje yon bagay jan li te dwe ye a, jan li sipoze ye a.

Filaman, Yon ti materyèl andedan yon anpoul elektrik ki fè li bay limyè lè elektrisite pase andedan anpoul la.

Filè, Yon moun ki ap file, ki konnen file.  Yon kadriyaj moun mete sou teren pou jwe volebòl, pingpong avèk tenis.

Filipin, Yon peyi nan lanmè Pasifik la, an fas Shin, ki te pase anpil tan anba diktati yon prezidan tankou peyi Ayiti.

Filyè, De ti kanal ki separe avèk yon ti tras ki sanble avèk fil andedan tou ki andedan yon boulon.  Pwent vis gen filyè tou.

Fini, Eta yon bagay ki rive nan bout li.  Fè tout sa ki te gen pou fèt nan yon travay ki te kòmanse. 

Finisman, Dènye moman nan nenpòt bagay.  Dènye etap nan yon travay.  Dènye pwent nan yon wout, yon distans. Dènye moman anvan yon moun mouri.  Dènye jou nan yon gè, nan yon ane.

Fiyansay, Moman, jou, seremoni ki òganize pou de moun ki te renmen e ki ap fiyanse.

Fiyanse, De moun ki renmen, yon gason avèk yon fi, ki deja pran desizyon pou yo marye epi yo reyini tout moun nan antouraj yo pou fè konnen dat maryaj la.

Fizi, Yon zam long avèk dèyè laj ki kapab tire ale lwen.

Fizik, Yon bagay ki gen kò menmsi moun kapab ou byen pa kapab toushe.  Syans ki etidye kijan tout bagay fonksyone, relasyon yon bagay avèk yon lòt, mouvman bagay, enèjy ki gen nan shak bagay, e latriye.  Jan yon bagay fèt.

Fizisyen, Moun ki etidye, fè reshèsh, fè eksperyans nan syans fizik la.

Fizye, Tire sou yon moun, yon bagay avèk yon fizi.

Flamab, Eta yon bagay ki limen gwo dife byen vit lè li rankontre avèk yon ti kras dife.

Flè, Yon bèl boujon ki soti nan kèk pye bwa, nan kèk zèb.  Yon flè kapab gen yon sèl koulè ou byen plizyè koulè.  Yon bagay ki bèl.  ~ Disè, Yon zèb nan galèt larivyè ki kapab santi lè yon bagay toushe li epi tout fèy li koushe pandan yon bon bout tan.  Ouvè-fèmen.  Wonte.

Fleri, Eta yon bagay ki gen flè nan li.  Eta yon bagay ki vini bèl.  Lè yon moun di fleri, li kapab ap pale de bote yon bagay tou.

Flèsh, Dènye pwent, pwent ki pi wo a, nan wotè yon bagay.  Bal yon zam moun lontan yo te konnen itilize pou touye bèt nan sovaj, nan lagè.

Flèv, Yon gwo rivyè ki soti nan yon gwo sous dlo dous.  Yon gwo rivyè ki rive fòme paske anpil lòt ti rivyè ale rankontre menm kote pou yo kapab shashe shemen lanmè.  Yon rivyè laj ki sanble avèk lanmè, men dlo li pa sale.  Nan peyi Ayiti, gen Flèv Latibonit ki nan Depatman Sant la ant Mibalè avèk Tomond.

Foli, Yon gwo anvi pou fè, reyalize yon bagay.  Eta yon moun ki fou.  Pasyon.  Yon gwo anvi yon moun genyen pou reyalize, fè yon bagay san refleshi sou konsekans bagay la.

Fòm, Premye imaj ki vini nan tèt yon moun lè li tande deskripsyon yon bagay.  Yon imaj moun kapab itilize pou fè rekonèt yon bagay.  Lè yon gason panse a bèl fanm li wè fòm Coca-cola.

Fòmasyon, Shak etap yon bagay pase pou li fòme.  Pati ki rantre nan konstitisyon yon bagay.  Kijan yon bagay fòme.

Fòme, Lè yon fi gen règ li pou premye fwa.  Mete plizyè bagay ansanm pou jwenn yon rezilta.  Ranje plizyè bagay nenpòt fason pou jwenn yon rezilta.

Fon, Kote yon moun kapab pran lajan pou depanse.  Yon tou ki rive lwen nan tè.  Espas devan tèt yon moun ant sheve li avèk sousi li.  Fwon.

Fonksyon, Wòl yon bagay.  Rezon ki fè yon bagay egziste.  Si pate gen rezon sa a bagay la pate ap bezwen egziste.

Fonn, Soti nan fòm solid pou rive nan fòm likid.

Fonse, Fè yon bagay vini fon.  Fè bòdi yon ekriti vini pi nwa ou byen kolore pou atire atansyon moun ki ap li.

Ford, Yon konpayi mashin ameriken ki fè mashin tankou Taurus, Explorer, Tempo, Escort, e latriye.  Premye konpayi mashin ki te egziste nan peyi Etazini, depi kòmansman ane 1900 yo.

Fotokopi, Fè yon bagay ki sanble avèk yon lòt bagay yon fason pou li vini difisil pou moun fè diferans ant orijinal la avèk kopi a.  Kopi. 

Fou, Eta yon moun ki pèdi abilite, bon mwayen pou li panse.  Moun sa a pa konnen ki pawòl pou li pale avèk pawòl pou li kenbe sekrè.  Eta yon moun ki pa kapab kontwole tèt li.  Yon shanm, yon bwat ki kapab kenbe shalè pou boukannen bagay tankou pen,  gato, bonbon, e latriye.

Foul, Anpil moun ki reyini ansanm.

Foure, Rantre pwent yon bagay, yon bagay nan yon lòt bagay.

Foutbòl, Yon jwèt ki gen onz jwè nan shak ekip sou yon teren ki kapab gen san mèt pou longè.   Gen yon boul sou teren an shak moun ap eseye mennen nan kan ekip opozan an.  Kèk moun kwè jwèt sa a soti nan peyi Angletè.

Fran, Kòb moun sèvi nan peyi Frans.

Frans, Yon peyi nan kontinan Ewòp la ki te posede anpil koloni tankou Ayiti.  Anpil koloni yo pran endepandans yo epi Frans vini pèdi pouvwa li nan lemond.  Moun nan peyi sa a pale Fransè.

Fransè, Lang moun pale nan peyi Frans avèk anpil peyi Frans te kolonize tankou Ayiti.  Moun ki fèt nan peyi Frans.  Lang sa itilize aksan, apostwòf, atik.

Frape, Leve yon bagay epi lage li sou yon lòt avèk fòs.  Dirije yon kò nan direksyon yon lòt avèk fòs jis yo rankontre.

Frè, Yon pitit gason ki gen menm manman ou byen papa avèk yon lòt piti menm moun sa yo.

Fredi, Yon gwo shanjman nan tanperati yon zòn kote nivo tanperati a kapab desann pi ba ke zewo degre.  Lè gen fredi moun oblije abiye avèk plizyè rad pou kenbe yo sho.

Frèt, Yon bransh bwa yon moun itilize pou li frape sou yon lòt moun pou fè kò moun sa a fè li mal.  Lè kò yon moun fè li mal, moun nan kriye.  Eta moun ki ap viv nan yon zòn ki gen fredi.

Fri, Eta yon bagay ki bouyi nan lwil.  Anpil grenn bwa tankou mango, rezen, zoranj moun kapab manje depi yo rive mi.

Frijidè, Eta yon bagay ki frèt.  Yon mak mashin ki fè glas e ki rafreshi nenpòt bagay ki andedan li.  Anpil moun konfonn mak mashin nan avèk mashin nan menm:  yo rele mashin nan frijidè tou.  Lè yon likid rete andedan mashin sa li fè glas.

Fwomaj, Yon preparasyon lèt ki fè li vini di.  Moun manje fwomaj tankou anpil manje solid.  Gen kèk fwomaj ki solid anpil, gen kèk ki mou tou e tout soti nan lèt.

Fwon, Espas devan tèt yon èt vivan ki ant je li avèk sheve li, kòn li.  Devan tèt yon moun ant sheve li avèk sousi li.

Fwonte, Eta yon moun ki fè yon bagay ki depase laj li.  Yon ti gason ki gen de ane konsa mande, nan yon bal, yon granmoun fi ki gen 40 ane konsa pou danse avèk li.  Eta yon moun ki renmen eseye fè nenpòt bagay menmsi li pa konnen kisa rezilta ap ye.

Fyèl, Yon ògán andedan vant yon èt vivan ki anmè anpil.  Yon bagay ki anmè anpil.  Eksperyans yon move moman nan lavi yon moun.