E, Senkyèm lèt nan alfabèt
lang Kreyòl la. Yon mo ki sèvi
pou lyezon, adisyon ant de lòt mo tankou en, de e twa se shif.
Èd,
Yon fòs, yon konesans an plis yon moun pa genyen e li bezwen li pou defann tèt
li ou byen mete plis fòs, plis konesans sou sa li deja genyen. Sekou ki nesesè pou yon moun jwenn pou li kontrekare yon
obstak. Wòl yon moun ki pote sekou
jwe pou yon moun ki bezwen sekou.
Ede, Pote sekou, èd bay yon
moun ki nan bezwen èd, sekou.
Edmi,
Yon pati nan yon bagay lè bagay la divize an de pati.
Mwatye nan yon bagay.
Èdtan,
Yon ekspresyon ki sib yon nonb pou eksplike kantite lè, kantite tan. Pou di Trant lè,
yon moun kapab di Trant èdtan.
Efase, Elimine ekzistans yon
bagay. Elimine ekriti ki sou yon
tablo. Retire lavi yon èt vivan.
Efasè,
Moun ki kontribye a elimine yon bagay, yon ekriti sou yon tablo, lavi yon èt
vivan.
Egal, De ou byen plis bagay ki
nan menm klas, gen menm valè, menm kantite, e menm nivo.
Egzamen,
Yon tès pou wè kisa yon moun aprann nan yon etid li te fè.
Yon analiz pou wè kijan eta yon bagay, sante yon moun ye.
Yon obsèvasyon ki ekzije anpil konsantrasyon.
Egzamine,
Shashe solisyon yon pwoblèm mantalman; san itilize bagay reyèl. Shashe konnen eta yon bagay avèk anpil obsèvasyon.
Egzanp,
Yonn nan plizyè bagay ki pa gen diferans ant yo tout la.
Egzante,
Evite yon bagay ki nan wout ki mennen nan destinasyon an.
Shwazi yon lòt wout, lòt bagay nan plas yon wout, yon bagay.
Egzantè, Moun ki shwazi yon lòt wout pou evite yon obstak sou
wout li.
Egzat, San retire san mete an
plis sou kantite, gwosè yon bagay te dwe ye.
Li ap ale twazè egzat nan senk minit.
Ejakile,
Voye. Moman lè deshay ap soti nan
kanal zozo yon gason.
Ekip, Yon gwoup moun ki reyini
ansanm pou yo jwe kont yon lòt gwoup moun.
Yon gwoup moun ki toujou ansanm.
Eklèsi,
Fè yon bagay vini klè. Esplike
yon entansyon pou fè moun konpran yon mesaj.
Netwaye.
Eklèsisman,
Etap ki montre yon bagay ap ale eklèsi.
Ekoloji,
Syans ki etidye anvirónman; tout detay kijan moun adapte yo avèk zòn yo ap
viv la e moun nan antouraj yo.
Ekonomi,
Syans ki etidye kijan biznis fèt nan yon peyi e kijan lajan pase nan men moun,
soti nan yon endistri pou ale nan yon lòt, soti nan yon biznis pou ale nan yon
lòt.
Ekonomize,
Rasanble lajan nan yon kwen, mete lajan nan bank pou depanse, pou ashte bagay ki
koute anpil kòb.
Ekran, Yon pyès elektwonik ki
gen pwodui shimik nan li e ki pèmèt moun li enfòmasyon yon mashin bay pou
kominike avèk yon operatè. Yonn
nan senk pati yon òdinatè ki pèmèt operatè a li enfòmasyon òdinatè a ap
transmèt. Pati nan yon televizyon
kote moun wè imaj yo.
Ekri, Mete plizyè lèt ansanm
pou fòme mo. Mete plizyè mo
ansanm pou fòme fraz. Mete plizyè
fraz ansanm pou fè paragraf. Kreye
yon sijè ki gen entwodiksyon, devlopman, konklizyon.
Ekriti,
Kalite bagay yon moun ekri.
Ekriven,
Moun ki konprann kisa ekri vle di e ki kapab pran nenpòt lide epi ekri anpil
paj sou yon sèl lide sa. Moun ki
ekri yon liv.
Ekselans,
Gwo shèf nan yon peyi tankou yon prezidan.
Non yon moun bay yon lòt pou montre respè li gen pou moun sa a.
Eksitan,
Yon bagay nan anvirónman yon èt vivan ki fòse li gen yon anvi ki pa te ap
ekziste san prezans bagay sa a. Sant
yon bon manje fè yon moun grangou. Mo
yon moun di yon lòt ki fè li fashe.
Eksite,
Eta yon èt vivan ki anba sekous eksitan. Shyen
ki ap tann manje nan men yon moun kite boush li ouvri avèk lang li deyò.
Eksploze,
Konsantre pandan yon bon bout tan epi gaye nan tout espas vid ki pre.
Eta yon moun ki pa kapab kenbe pwoblèm li genyen ankò epi ki kòmanse
pale san rete avèk pwòp tèt li.
Ekspoze,
Mete yon bagay, yon kadav, travay yon pent yon kote pou moun kapab vini vizite
li.
Ekspozisyon,
Eta yon bagay ki ekspoze. Zanmi avèk
fanmiy yon kadav kapab fè yon ekspozisyon pou moun vini wè mò a. Menm jan an tou yon pent kapab fè ekspozisyon penti li
pou moun vini wè.
Ekzekisyon,
Travay yon moun ki ekzekite yon aksyon, yon lòd, yon rekòmandasyon.
Ekzekite,
Obeyi yon lòd. Mete yon moun kanpe
yon kote epi tire sou li jis moun nan mouri.
Ekzekitè, Moun ki ekzekite yon lòd, ki mete yon moun kanpe epi
tire sou li jis moun nan mounri.
Ekzile,
Voye énmi yon sistèm politik yon peyi ale nan yon lòt peyi epi anpeshe li
retounen nan peyi a pou li pa anpeshe mashin politik la kontinye wout li. Yon moun yon lòt moun fòse ale lwen li.
Elektrik,
Aparèy ki bezwen elektrisite pou li fonksyone.
Elektrisite,
Mouvman plizyè eleman shimik ki bay kouran.
Sous enèji ki pèmèt yon aparèy elektrik, shofaj tankou anpoul,
fonksyone, limen.
Eleman,
Yon pati nan yon kopozisyon shimik. Yonn
nan kopozisyon dlo. De eleman dlo
yo se idwojèn avèk oksijèn.
Eli, Eta yon kandida ki ale
nan yon eleksyon epi li jwenn kont moun vote pou li pou li jwenn djòb li te ap
shashe a.
Elikoptè, Yon aparèy elektwo-mekanik ki gen yon zèl nan tèt li
ki pèmèt li vole, kanpe nan espas. Li
kapab monte, desann, nan direksyon vètikal e li kapab deplase nan direksyon
orizontal tou.
En, Dezyèm nan shif pozitif
yo. 1.
Lè yon nonb divize pa en li bay menm nonb la.
Endèks,
Dwèt ki apre dwèt pous la e se li tout moun itilize pou montre lòt moun yon
direksyon. Lis tout enfòmasyon ki
gen nan yon liv, nan lòd alfabetik.
Endepandans,
Kapasite pou fè nenpòt bagay nan libète, san asistans ou byen oblije pote rapò
bay lòt moun. Ayiti pran
endepandans li nan men peyi Frans depi ane 1804.
Endispoze,
Eta yon moun ki pèdi tout konesans li. Sèl diferans ki gen ant yon moun ki mouri avèk yon moun ki
endispoze, kè moun ki endispoze a kontinye ap bat.
Enfekte,
Resevwa yon maladi ki soti nan yon lòt kò tankou yon moun malad, yon mikwòb.
Enfini,
Eta yon bagay ki ap kontinye egziste pou tout tan. Yon kantite nonb moun pa
kapab janm fini konte.
Enfòmasyon,
Nenpòt ransèyman sou papye, nan boush ki disponib pou bay moun konesans.
Enjenyè, Yon moun ki etidye jeni nan yon disiplin tankou mizik,
elektwonik, sivil, e latriye.
Enka, Yon pati nan yon bagay lè
bagay la divize an kat pati.
Enkyetid,
Eta yon moun ki pè fè yon bagay paske li panse li pa kapab fè bagay sa a byen.
Eta yon moun ki pa vle yon bagay fèt anvan yon lòt.
Eta yon moun ki vle yon bagay fèt anvan yon lòt bagay fèt.
Enpak, Rezilta yon aksyon tankou
yon nouvèl, yon desizyon, yon gwo fòs sou
yon ti fòs, yon aksidan.
Enpe, Yon divizyon, yon pati
nan yon bagay ki kapab reprezante bagay la.
Yon kantite nan yon bagay moun kapab konte ou byen moun pa kapab konte.
Enpè,
Yon nonb lè li divize an de li ap toujou bay yon rezilta ki gen senkant (,50)
apre yon vigil. Si senk divize pa
de, li ap bay 2,50. 10.005 divize
an de ap bay 5.002,50.
Enpo,
Yon kòb leta egzije moun peye sou yon bagay moun nan posede tankou yon
kay pou pran swen zòn kote kay sa a ye. Yon
kòb leta egzije patwon ritire sou kòb yo peye shak anplwaye.
Kòb sa yo ede leta peye pou fè travay piblik yo.
Enprime,
Kopye yon imaj ki deja egziste nan yon lòt plas, sou papye.
Ekri.
Enprimè, Yonn nan senk pati nan yon òdinatè ki pèmèt operatè
a enprime dokiman sou papye. Enprimè
a gen yon pwogram ki enstale sou òdinatè pou pèmèt de mashin yo kominike. Lè
òdinatè a resevwa lòd nan men operatè a li transmèt menm lòd sa yo bay
enprimè a.
Ensh, Hinche. Kapital Depatman Sant.
Enstale,
Mete yon bagay yon kote, nan yon plas pou moun kapab wè li.
Mete yon pwogram andedan yon òdinatè pou ede moun ki ap itilize òdinatè
a kominike avèk òdinatè a. Tout
pwogram gen enstriksyon pou esplike moun kijan pou yo enstale pwogram nan sou òdinatè
a.
Entènèt, Yon mwayen kominikasyon
ki pèmèt tout moun ki posede yon òdinatè avèk yon liy telefòn kominike ant
yo. Pou kominike nan fason sa
a, moun ablije ashte sèvis nan men yon konpayi ki vann sèvis sa a e yo kapab
kominike avèk nenpòt moun nan nenpòt peyi.
Yon revolisyon nan mwayen moun kominike yonn avèk lòt. Gen plisyè mwayen moun kominike sou entènèt la.
1) Yo kapab voye yon lèt
nan adrès lèt (e-mail=lèt elektwonik) moun yo vle ekri a.
Lèt sa a ale dirèkteman nan yon gwo òdinatè kote destinatè a kapab
itilize òdinatè pa li pou li lèt la. 2)
Moun kapab ekri sa yo vle di a epi peze yon bouton pou yon moun wè mesaj
la menm lè a (chat). Anpil lòt
moun kapab wè mesaj sa a. 3)
Yon moun kapab pale avèk yon lòt moun pandan yo tou de shita devan òdinatè
yo. 4)
Dènye mwayen an gen lèt elektwonik nan li tou, men li ti kras diferan.
Yon moun, yon konpayi gen yon adrès (Home Page = Paj Kay) kote lòt moun
kapab kite mesaj pou li e se mèt paj sa a sèlman ki kapab wè li.
Anpil biznis itilize mwayen sa a pou fè biznis, gwo biznis.
Enterè, Kòb yon moun peye an plis sou yon lajan li te lwe,
prete nan men yon lòt moun. Kantite
dwa pou resevwa pwofit yon envestisè genyen nan yon biznis de ou byen plizyè
moun posede ansanm.
Enterese,
Panshan, enterè yon moun montre li genyen nan yon bagay.
Entèwogasyon,
Fraz ki kòmanse avèk mo tankou kisa, ki,
kiyès, poukisa, èske, e latriye. ?.
Tout kesyon gen siy sa (?) nan finisman yo pou montre yo se yon kesyon.
Entim, Konesans, bagay yon sèl
moun konnen de kò li tankou yon fi konnen koko li, yon gason konnnen zozo.
Relasyon ~, Relasyon yon fi avèk
yon gason genyen kote yonn konnen anpil sekrè nan lavi lòt la.
Yo tou de a konnen wè e manyen tout pati nan kò lòt la.
Entwodiksyon,
Premye nan twa pati yon redaksyon, yon disètasyon ki anonse odyans elèv la de
kisa li ap ale pale nan devlopman an. Prezante
yon moun devan yon lòt moun.
Envestige,
Revize, sib travay yon moun fini fè pou wè si travay la byen fèt. Shashe konnen ki moun ki fè yon krim pou arete moun nan.
Envizib,
Eta yon bagay je pa kapab wè. Disparèt.
Eta yon bagay ki menm koulè avèk lè.
Epesè,
Wotè yon bagay ki gen twa kwen tankou yon wonn ou byen sis kwen tankou yon
bwat.
Epi, Yon mo, lè li nan mitan
de lòt mo fè konprann gen de aksyon ki ap egzekite yonn apre lòt la.
Yon moun ap manje epi grangou li ap pase.
Epis, Zèb moun
itilize pou bay manje bon gou. Se
yonn nan zèb ki pi ansyen sou tè a.
Ès,
Lès. Yonn nan kat pwen kadinal yo ki nan direksyon kote solèy la leve a shak
maten. Avanse nan yon direksyon,
men pa janm rete sou yon liy dwat.
Eshèk,
Opòtinite yon moun pèdi pou li te akonpli yon misyon, yon objektif. Defayans.
Eshwe, Shwazi direksyon eshèk.
Defayi.
Esklav,
Moun nan ras nwa a moun nan ras blan yo te konnen ale shashe sou kontinan
afriken an pou fè yo vini travay di e gratis sou plantasyon nan koloni yo.
Kèk santèn ane anvan blan yo te rantre nan tranzaksyon esklavaj sa a,
nwa nan yo te konnen gen esklav blan tou.
Esoufle,
Eta yon moun ki bouke anpil e li pa kapab respire nòmalman.
Yon moun ki ap fè egzèsis kapab santi li esoufle e
gen plizyè maladi tankou las, tansyon-wo ki kapab fè yon moun santi li
esoufle tou.
Espas, Distans ki ant planèt
yo: Jipitè, Venis, Plito, Tè, e
latriye. Distans ant de bagay.
Nenpòt kote ki gen lè e yon bagay kapab jwenn plas.
Espri, Lespri. Fòs envizib ki kapab aji sou bagay ki vizib.
Bondye. Satan.
Estasyon,
Plas kote yon bagay ye. Kote bagay
tankou yon mashin, yon tren kanpe pou pran pasaje, pou moun jwenn yo lè gen
bezwen.
Estasyone,
Kanpe nan yon estasyon. Eta yon
mashin ki kanpe nan yon estasyon pou pasaje monte li.
Eta nenpòt bagay ki kanpe yon kote.
Estidyo,
Yon konpayi ki regle afè anrejistre mizik, sinema.
Yon konpayi radyo ou byen televizyon.
Yon biznis kote fi ale pou yon fè sheve yo, zong yo, figi yo bèl.
Yon salon bote.
Eta, Yon peyi endepan ki gen
yon gouvènman avèk shèf tankou yon prezidan ap dirije li. Jan yon bagay ye: sante,
karaktè, kalite li. Leta.
Etazini,
Peyi sa a nan Amerik Nò a e li nan ant Kanada avèk Meksik.
Li gen senkant eta nan li; se sa ki fè li rele Eta-z-ini.
Lang ofisyèl peyi sa se anglè, men kantite imigrant ki ap viv nan peyi
a fè gen diferan moun ki pale tout lang ki gen nan lemond nan li.
Pi gwo peyi, pi gwo fòs politik, ekonomik e komèsyal nan lemond.
Kapital peyi sa rele Washington, pou pote non fondatè li:
George Washington.
Etèn,
Elimine kapasite yon bagay pou li kontinye jwe yon wòl tankou limyè, dife ki
ap klere. Koupe sous enèji ki pèmèt
yon mashin mashe. Retire lavi yon
moun, yon bèt.
Etènèl, Yon bagay ki ap toujou
egziste pou tout tan. Gen de bagay ki ap toujou la pou tout tan: Bondye, Satan.
Etid, Reshèsh pou mete
konesans nan yon sèvo. Shashe
konnen yon bagay, konstitisyon yon bagay. Konesans
nan yon disiplin, yon syans.
Etidyan,
Moun ki fè reshèsh pou mete konesans nan sèvo yo.
Moun ki shashe konnen yon bagay, konstitisyon yon bagay, konesans nan yon
disiplin.
Etidye,
Mete konesans nan yon sèvo. Aksyon
yon moun ki ap shashe konnen yon bagay, yon disiplin, konstitisyon yon bagay,
konesans nan yon disiplin.
Etikèt,
Valè ki kapab rete avèk moun nenpòt ki kote moun pase.
Yon non tout moun konnen pou yon pwodui, yon biznis.
Yon ti moso papye ki reprezante imaj yon konpayi, yon òganizasyon.
Etónman,
Yon bagay ki rive san espwa ke li te ap ale rive.
Sipriz.
Etwal, Zetwal. Yon kò ki gen limyè sou li e ki anlè a nan syèl la.
Yon desen moun fè ki gen senk bransh.
Make yon bagay pou atire atansyon yon moun sou li, pou sonje li. Ti limyè
ki parèt nan syèl la lè nyaj yo klè tankou nan moman lapli pa ap ale tonbe.
Etyoupi,
Yon peyi sou kontinan afriken an moun te toujou konsidere tankou peyi ki pi pòv
sou tè a. Povrete te tèlman grav
tout moun nan lemond te konnen ap pale de mizè pèp ki ap viv nan peyi sa.
Evolisyon,
Etap yon bagay ki ap evolye pase. Aranjman
nan mès, koutim yon pèp, yon sosyete, yon epòk, yon ras, e latriye.
Yon eksplikasyon sou aparisyon moun sou tè a pou fè tout moun konprann
Bondye pate kreye moun, men moun te evolye; sa vle di moun te pase anpil etap
anvan yon te vini moun.
Evolye,
Pase soti nan yon etap pou rive nan yon lòt etap moun konsidere ki pi bon, pi
rafine. Kite yon pèsonalite,
karaktè ki sanble avèk eta bèt ap viv.
Ewòp,
Yonn nan senk kontinan yo ki gen peyi tankou Almay, Frans, Bèljik, Angletè nan
li. Kontinan sa a kole avèk
kontinan Azi a; sa fè kèk moun di pa gen yon kontinan ki rele Ewòp tout bon
vre.