Retounen Nan Paj Lis Lèt Yo


 

D, Katriyèm lèt nan alfabèt Kreyòl la.  Li bay menm son avèk shif “2” ki ekri “De”.

Dam, Fi ki nan yon bal.  Yon ki abiye yon fason respektye ki fè depi moun wè li yo deja devine li se yon madanm.  Yon fanm ki respekte tèt li.

Damye, Yon jwèt ki jwe avèk 20 pyon pou shak nan de jwè yo.  Shak fwa opòtinite prezante pou yon jwè jwenn yon espas vid dèyè yon pyon opozan li a epi pase pyon pa li a lòt bò pyon opozan an, li retire yon pyon opozan an nan jwèt la.  Jwèt la kontinye konsa jis pyon yon jwè fini pran tout pyon lòt Jwè a anvan.  Jwè sa a pèdi.  Shak fwa pyon yon opozan rive nan liy ki pi pre lòt jwè a, jwè sa a fèt pou li mete yon lòt pyon sou pyon ki rive nan liy sa.  Tou de pyon sa yo kapab deplase ansanm pou retire yon lòt pyon nan nenpòt distans sou yon liy dwat.

Damyen, Yon zòn nan nò Pòtoprens kote pi gwo lekòl agwonomi peyi a sitiye.  Tout moun rele lekòl la Damyen tou.

Dan, Yon kantite zo ki grandi andedan boush.  Yon moun kapab genyen trant-de dan nan boush li lè li fini granmoun.  Yon timoun kapab genyen venn-kat dan nan boush li pou yon bon bout tan anvan li rive gen rès yo.

Danje, Yon obstak sou wout yon moun ki kapab kòz yon mal tankou lanmò.

Dans, Aksyon moun ki ap danse. ~ shèz, Yon dans kote moun ki ap danse yo a fè wonn plizyè shèz, men gen yon dansè an plis ke kantite shèz ki genyen an.  Shak fwa mizik la sispann jwe, tout moun gen pou yo shashe yon shèz pou shita.  Moun ki pa jwenn yon shèz pou li shita a ap soti nan dans la ansanm avèk yonn nan shèz yo.  Sa kontinye konsa jis yon sèl moun rete nan dans la epi li genyen.

Danse, Yon fason moun souke kò yo nan ton yon mizik.  Souke kò pandan mizik ap jwe.  Souke kò tankou lè mizik ap jwe, menmsi pa gen mizik ki ap jwe.

Dansè, Moun ki souke kò li lè misik ap jwe.  Moun ki souke kò li tankou lè mizik ap jwe menmsi mizik pa ap jwe.

Danti, Jan dan ranje nan boush.  Moun ki gen bèl ranje dan, gen bèl danti.  Si dan yon moun fè ès (S), moun sa gen move danti.

Dantis, Doktè ki te ale lekòl pou etidye dan e ki kapab analize, netwaye dan, mete fo dan pou moun.

Dantisyon, Jan dan grandi nan boush yon moun.  Yon etap nan lavi moun kote dan ti bebe ap parèt nan jansib yo yonn apre lòt anvan yon gen venn-kat dan nan boush yo.

De, Shif ki vini apre en an.  En ogmante sou en.  Yonn plis yon lòt.  Yon ti aparèy koutiryè mete nan pwent dwèt yo pou koud; konsa egiy la pa kapab pike dwèt yo. 

Debake, Retire shay sou yon bagay.  Eta yon bagay, yon moun ki desann soti yon kote.

Defèt, Shanje fòm yon bagay ki te fèt deja.  Kraze yon bagay.

Defini, Bay yon bagay, yon mo yon definisyon.

Definisyon, Lide ki esplike kisa yon bagay, yon mo vle di;  konsa lè moun wè mo sa, bagay sa yo kapab kole lide sa a sou mo a, bagay la.

Degobe, Yon ti koush lè ki soti nan boush yon moun paske moun nan te kite tan pase apre li te santi grangou anvan li manje.  Reyaksyon gaz kabonik nan vant moun ki ap shashe kote pou yon soti e lè yo soti, yo fè yon bri moun rele gaz tou.

Degre, Nivo yon moun, yon bagay rive.  Dènye klas yon moun te pase nan yon disiplin lekòl.  Yon mezi moun itilize pou kontwole tanperati.  Gen twa mezi konsa:  Celcius, Fahrenheit, Kelvin.

Dekòde, Defèt yon kòd yon fason pou dekole de bransh ki rantre nan konstitisyon kòd la.

Dekorasyon, Ogmante bèl bagay tankou kèk koulè remakab, flè pou fè yon bagay vini bèl tou.  Bagay ki kontribye pou dekore yon lòt bagay.

Dekoud, Retire kouti ki te kenbe yon moso twal ou byen nenpòt lòt bagay ki kapab koud.

Dekouvri, Enfòme moun sou egzistans yon bagay yo pate janm konnen.  Retire kouvèti sou yon bagay ki te kouvri.

Dekrase, Retire kras ki sou yon bagay, yon kò.

Delivre, Retire yon gwo shay, yon responsablite , yon akizasyon sou do yon moun.  Eta yon manman ki fini pouse yon pitit soti nan vant li.

Demisyon, Aksyon yon mouun ki retire tout responsablite yon djòb sou do li.  Aksyon yon moun ki kite yon djòb, ki remèt patwon li yon lèt pou di li retire tèt li nan pozisyon li te okipe a.

Demisyone, Kite yon djòb, bay yon patwon yon lèt demisyon.

Demoli, Pèdi yon fòm solid pou kraze e vini plat atè.

Demolisyon, Jan yon bagay pèdi fòm li epi kraze plat atè. Etap yon bagay pase lè li ap demoli.

Demonstrasyon, Montre potansyalite yon bagay.  Montre kisa yon bagay kapab akonpli, kapab fè.  Montre kijan yon bagay fonksyone.  Mete yon bagay devan je moun, kote pou moun kapab wè li.

Demwazèl, Yon fi ki sanble avèk yonn ki gen tout kalite yon fi bezwen pou li genyen mennaj epi marye.  Yon laj lè yon jèn fi rive nan li, moun kwè li kapab gen mennaj, marye.  Madmwazèl.

Depatcha, Rashe yon bagay moso pa moso; konsa li ap pèdi fòm orijinal li te genyen an.

Depatman, Yon seksyon, yon pati nan yon bagay ki diferan de rès bagay la, lòt pati nan bagay la.  ~ Grandans, Yonn nan nèf depatman peyi Ayiti yo.  Li sitiye an fas Gòlf Lagonav la e nan sid-lwès peyi a.  ~ Latibonit, Yonn nan nèf depatman peyi Ayiti yo e yonn nan twa depatman ki nan mitan peyi a tou.  Se la ayisyen kiltive plis diri e gen anpil zòn istorik nan depatman sa a.  ~ Lwès, Yonn nan nèf depatman peyi Ayiti e yon lòt nan twa depatman ki nan mitan peyi a.  Se la kapital Ayiti a, Pòtoprens, ye.  ~Nò, Yonn nan nèf depatman peyi a kote dezyèm vil peyi a, Kap-Ayisyen, ye.  Se la pi gwo moniman peyi a, Sitadèl-Laferyè, ye.  ~ Nò-Lès, Yonn nan nèf depatman peyi Ayiti ki sou kote lès Depatman Nò a.   ~ Nò-Lwès, Yonn nan nèf depatman peyi Ayiti yo ki sou kote lwès Depatman Nò a.  Pòdepè, kapital depatman sa a, se yonn nan pi ansyen vil nan peyi a.  ~ Sant, Yonn nan nèf depatman nan peyi Ayiti yo e se yonn tou nan twa depatman ki nan mitan peyi a.  Se la baraj flèv Latibonit la ye, yon baraj ki bay kapital peyi a elektrisite.  Kèk vil ki sou wout kote fil kouran yo pase benefisye ti kras nan elektrisite baraj sa a bay la tou.  ~ Sid, Yonn nan nèf depatman peyi Ayiti yo ki sou yon prèskil nan sid peyi a.  Gen anpil bèl plaj nan zòn sa a.  ~ Sid-Lès, Yonn nan nèf depatman Peyi Ayiti yo e se yonn nan twa depatman ki fòme prèskil kote Depatman Grandans avèk Depatman Sid la ye a.  Li kole avèk Repiblik Dominikèn e li gen anpil bèl plaj tankou tout lòt depatman nan peyi a ki sou kote lanmè.

Depite, Yon enplwaye leta, dapre konstitisyon peyi a, moun nan yon komin eli pou ale reprezante komin nan nan Shanm peyi a kote tout depite rankontre pou diskite pwoblèm komin yo avèk lwa.  Nan moman diktati yo, gwo shèf nan depatman yo, nan kapital peyi a te konnen fè magouy pou nonmen moun pa yo nan pozisyon sa a.

Depo, Yon shanm nan yon kay, yon ti kay nan lakou yon gwo kay, kote moun sere afè yo pou jwenn li lè yo bezwen li.  Kote mèt yon boutik, yon magazen, yon mashann mete mashandiz li pou jwenn lè gen anpil demand.

Deposede, Retire bagay yon moun posede nan men li.

Depoze, Mete yon bagay shita nan yon pozisyon.  Elimine yon lyen avèk yon moun, yon zanmi.  Mete kòb sou yon kont nan bank.

Depozit, Yon bagay yon moun mete shita nan yon pozisyon.  Travay yon moun ki mete kòb an plis sou yon kont nan bank.

Deraye, Soti sou yon shemen dwat pou pran yon direksyon ki pa rantre nan wout nòmal la.  Aksyon yon tren ki kite ray li pou pran wout san ray.

Desandan, Moun ki soti anlè pou rive anba.  Pitit pitit de moun, de bèt, yon ras, yon peyi.  Yon milèt se desandan yon mal bourik avèk yon femèl sheval.

Desanm, Douzyèm, dènye, mwa nan yon ane.  

Desann, Soti nan yon pozisyon ki pi wo pou rive nan yon pozisyon ki pi ba.  Soti anlè pou rive anba.

Desè, Yon bagay tankou konfiti, fri moun manje apre yo fini manje yon gwo repa.

Desepsyon, Eta yon moun santi li lè espwa li te genyen sou yon lòt moun disparèt, pa kapab kontinye egziste.

Deshay, Yon likid ki soti andedan yon gason, yon mal bèt lè li voye andedan yon fi, yon femèl bèt.  Likid sa a gen plizyè milyon spèmatozoyid nan li.

Deshennen, Demare yon bagay, yon moun ki te mare avèk shèn.  Yon moun ki aji yon fason ki fè lòt moun panse pa gen anyen ki te kapab anpeshe li fè bagay sa a, menm shèn.

Deshouke, Retire yon shouk nan tè.  Retire yon moun nan yon pozisyon.  Mo sa te popilè anpil nan peyi a nan moman kriz politik ane 1985-90 yo.

Deshoukè, Moun ki kontribye pou deshouke yon shouk, yon moun nan yon pozisyon.

Desi, Eta yon moun santi li apre yon desepsyon.

Desinatè, Moun ki fè desen, moun ki gen don pou fè desen.   Yon moun ki desine yon pwogram òdinatè.

Desine, Fè desen.  Ranje tout fenèt, bouton, liy sèvis, kòmand nan yon pwogram òdinatè anvan pwogramè a ekri liy ki koresponn avèk desen sa yo.

Desizyon, Dènye analiz yon moun fè anvan li jwenn yon konklizyon.  Jan yon moun deside.

Destinasyon, Kote yon bagay gen pou li rive a.

Destinatè, Moun, nan entansyon moun ki ap voye yon bagay, ki ap resevwa bagay la.  Pou moun ki ap voye yon bagay, se moun ki ap resevwa bagay la.

Destine, Jan lanati te deja ranje pou yon bagay pase.

Dèt, Lajan yon moun gen pou li remèt yon lòt moun paske lè li te pran lajan sa a nan men moun nan li te pwomèt pou remèt li. 

Detant, Nenpòt moman plezi.  Yon bal. Yon piknik.  Yon moman anbyans.

Detere, Retire yon bagay anba tè.  Rekòmanse pale de yon bagay, yon sijè.

Detire, Rale shak pwent yon bagay nan de direksyon opoze epi gade bagay la ki ap vini pi long.  Tashe pwent yon bagay solid nan yon bagay epi rale lòt pwent la pandan bagay ap vini pi long.

Detounman, Yon eta kote tout bagay pèdi, kite lòd yo te ap sib la, pa gen moun ki kapab kontwole anyen.   Yon bon egzanp detounman se sitiyasyon politik yon peyi, kèk minit, apre yon koudeta.

Detri, Elimine tout fòs, kapasite, mwayen ki te gen nan yon bagay, yon moun.  Touye.  Disparèt.  Fè yon bagay disparèt.  Retire lavi nan yon bagay.

Devan, Fasad ki pi bèl la epi se li moun toujou wè anvan.  Fasad nan yon kay ki toujou sou bò lari a.  Direksyon moun mashe a.  Fasad nan kò moun kote je, nen, boush, e latriye, ye.

Devanjou, Yon moman nan maten, vè katrè konsa, anvan klate jounen an parèt. 

Devanti, Pati devan nenpòt bagay.

Devastasyon, Aksyon yon bagay ki devaste tankou siklòn, larivyè ki move.  Aksyon yon bagay ki kraze tout sa ki sou wout li pandan li ap pase epi kite moun nan pwoblèm pou repare sa li kraze yo.

Devaste, Kraze tout sa ki yon kote san diskriminasyon epi kite moun nan pwoblèm pou repare dega yo.

Devègonde, Di mo sosyete a konsidere tankou mo sal san konsidere ki moun ki ap koute mo sa yo:  timoun ou byen granmoun.

Devine, Itilize konesans pèsonèl pou jwenn repons yon kesyon, solisyon yon pwoblèm, e latriye san konnen si se li vrè repons la, vrè solisyon an davans.  Lè yon moun fini devine, li bezwen yon konfimasyon pou konnen si repons la bon.

Devire, Kite yon liy dwat pou vire nan yon direksyon ki pa kontinye dwat.

Devlope, Retire yon kouvèti ki te vlope yon bagay.  Grandi.  Gwosi.  Pran negatif yon film epi enprime rezilta li sou papye.  Desine, pwograme, epi pibliye yon pwogram pou itilize sou òdinatè. itilize.

Devlopè, Moun ki devlope yon bagay tankou yon pwogram òdinatè.

Devlopman, Shak etap yon bagay ki ap devlope pase pou li rive nan dènye etap devlopman an.  Yonn nan twa pati nan yon redaksyon, yon disètasyon kote elèv la pale de sijè a prèske san limit.  Pati nan yon redaksyon, yon disètasyon ki ant entwodiksyon an avèk konklizyon an.

Devwa, Responsablite ki tonbe sou do yon moun san pa gen yon fòs ki ap pouse li akonpli tash la, men si li pa akonpli tash la kapab gen pinisyon pou sa.  Si li akonpli tash la li pa oblije jwenn yon kado pou pèfòmans sa a. 

Dewoute, Deraye.  Kite vrè wout la pou pran yon wout ki pa gen rapò ditou avèk vrè wout la.  Sispann sib yon objektif.

Dèyè, Fasad ki pi lèd la epi se li moun toujou wè apre yo fini wè devan an.  Fasad nan yon kay ki toujou sou bò lakou a.  Fasad nan kò moun kote tou yo itilize pou poupou a ye.

Deyò, Yon lòt kote.  Deyò yon kay vle di espas nan lakou li, nan lari a, nan vwazinay la, e latriye.

Dezòd, Moun ki san prensip, san lòd, san respè pou regleman.  Eta moun ki evite, sispann sib prensip, lòd regleman.  Tout timoun dezòd paske yo poko konnen sa yo gen dwa fè, sa yo pa gen dwa fè.

Dezòdone, Eta moun, bagay ki an dezòd.  Evite, sispann sib lòd, prensip, regleman.

Dezole, Eta yon moun ki pèdi tout espwa pou reyalize yon bagay, yon objektif, anyen ditou.  Dekouraje.  Fèb.

Di, Eta yon bagay ki difisil pou kase, kraze. Yon bagay ki solid e ki pa pèmèt anyen rantre andedan avèk fasilite.

Dife, Rezilta limyè avèk shalè ki kole sou yon bagay sèsh, flamab.

Diferans, Kantite an plis, kantite ki pi piti a ant de bagay.  Bagay ki fè yon bagay pa menm avèk yon lòt bagay.

Diferansye, Montre, pale de diferans ki gen ant de ou byen plizyè bagay.

Digo, Yon pwodui shimik ki kapab bay koulè ble.  Anpil lesivè nan peyi Ayiti mete li nan rad yo ap lave.

Diksyon,  Jan yon moun ranje boush li pwononse mo ki ap soti nan boush li.

Diksyonè, Yon liv kote mo yon lang rasanble nan lòd alfabetik avèk definisyon, esplikasyon yo sou kote yo.

Dikte, Pale, li avèk espwa yon moun ap ekri tout sa ki ap di yo.  Di yon moun bagay pou li fè.  Fòse yon moun fè yon bagay.

Dimansh, Premye jou nan yon semèn.  Jou nan yon semèn moun legliz Katolik avèk anpil legliz pwotestan shwazi pou yo fè yon gwo seremoni nan legliz yo pou bay Bondye glwa, remèsye li pou sa li fè pou yo.  Se jou sa, jou Pak la, Jezi Kris te resisite, soti nan lanmò.

Dire, Kite anpil tan pase.  Kantite tan ki pase pou yon bagay rive, fèt.  Eta yon moun ki kapab kontinye yon konvèsasyon pandan anpil tan.  Eta yon gason ki bezwen anpil tan anvan li voye.

Dirèk, Eta yon kontak ant de moun, de bagay kote pa gen itilizasyon yon twazyèm moun, bagay pou fè kontak la.  Yon wout dwat yon moun ap sib tankou wout yon avyon pou ale nan yon lòt peyi san rete nan yon twazyèm peyi anvan rive li nan destinasyon an.

Direksyon, Liy, shemen pou sib pou jwenn yon destinasyon.  Non yon biwo nan yon enstitisyon ki la pou gide moun ki bezwen jwenn yon depatman nan enstitisyon sa a.

Diri, Grenn yon plant ki bay yon farin lè li kraze.  Repa ki pi enpòtan pou ayisyen nan yon jounen.  Plant ki bay grenn diri a.

Dirijan, Moun ki ap dirije yon enstitisyon, yon gwoup moun, yon biznis.

Dirije, Pase lòd.  Distribye responsablite.  Gide.  Kòmande.

Dirijè, Moun ki ap pase lòd, distribye responsablite, gide, kòmande.

Dis, Premye nonb ki gen de shif nan li: en (1) avèk zewo (0). 10.

Disèt, Yuityèm nonb ki gen de shif nan li: en (1) avèk sèt (7).  17.

Disètasyon, Ekri sou yon sijè nan klas segondè kote elèv la gen pou li pale de sijè a sou plizyè paj.  Yon disètasyon gen yon entwodiksyon, yon devlopman, e yon konklizyon.

Diskèt, Yon bagay plat e kare ki kapab anrejistre son, konsève tèks, nenpòt enfòmasyon moun kapab kreye sou òdinatè.  Gen de fòm diskèt:  yonn gen twa pous edmi nan shak kwen e lòt la genyen senk pous enka nan shak kwen.  Depi teknisyen fini fè pi piti diskèt la operatè òdinatè sispann itilize pi gwo a paske pi piti diskèt la kenbe plis enfòmasyon.  Yon ti diskèt kapab kenbe de-mil paj ekriti.

Diskou, Kanpe devan yon gwoup moun, yon odyans pou bay yon mesaj ki kapab pèsonèl ou byen de yon lòt moun.

Disparèt, Retire yon imaj ki devan je moun nan yon fason misterye, yon fason moun pa kapab konprann ou byen esplike.  Touye.  Detri.  Ale epi pa janm retounen ankò.

Dispozisyon, Desizyon final pou fè yon bagay.  Dènye desizyon pou aksepte nenpòt bagay ki ap vini an.

Divage, Pale de anpil bagay an menm tan san shwazi yon sijè an patikilye.  Pale de bagay ki pa kapab fèt e ki pa ap janm fèt.  Pale san gen yon rezon pou pale.

Divagè, Moun ki pale de anpil bagay an menm tan san shwazi yon sijè an patikilye.  Moun ki pale san genyen yon rezon pou yo pale.

Divan, Yon kabann an plansh ki gen kat pye, yon kadran ki kloure prèske nan tèt kat pye yo avèk moso plansh pou somye, yon nat pou matla.

Diven, Eta nenpòt bagay ki gen rapò avèk Bondye, syèl la.  Kote katolik yo kwè moun ki mouri gen pou yo pase anvan yo rive nan paradi.  Yon bwason alkoolize pè yo bwè nan mès legliz e moun bwè li tou anvan yon manje yon gwo repa an gwoup.

Divèti, Fè, kreye bagay ki pote enpe, anpil plezi nan lavi moun.  Pran plezi nan yonn ou byen plizyè bagay.

Divètisman, Bagay ki pote enpe, anpil plezi nan lavi moun.

Divine, Bay siyfikasyon, deskripsyon yon bagay san konnen vrè siyfikasyon deskripsyon bagay la.

Divinè, Moun ki bay siyfikasyon, deskripsyon yon bagay san konnen vrè siyfikasyon, deskripsyon bagay la. 

Divinite, Tout bagay ki gen lyen dirèk avèk Bondye, syèl la.  Tout bagay ki kapab pote non Bondye menm.

Divinò, Pwofesyonèl ki gen lespri ki ap itilize tout kò yo, dikte tout manb kò yo sa ki pou fèt, mete pawòl nan boush yo.  Pwofesyonèl sa yo toujou fè kliyan yo konprann yo ap itilize fèy kat, tèks nan liv, men sa ki ap soti nan boush yo pa gen pyès rapò avèk sa yo wè nan fèy kat yo, nan paj liv yo.

Divize, Separe yon bagay an plizyè moso, pati.  Lè 4 divize pa 4 li ap separe an kat en.

Divizyon, Yonn nan kat operasyon aritmetik yo ki montre an konbyen pati yon bagay divize.  De, se divizyon kat pa de (4 ÷ 2 = 2)

Diznèf, Dizyèm nonb ki gen de shif nan li:  en (1) avèk nèf (9).  19.

Dizuit, Nevyèm nonb ki gen de shif nan li:  en (1) avèk uit (8).  18.

Djab, Moun ki sèvi move lespri e ki pran plezi nan touye moun parèy yo avèk asistans move lespri yo.  Ti istwa rapòte ke djab kapab detere moun yo touye apre fanmiy moun nan fini antere li.  Yo fè kadav la tounen yon bèt; konsa moun nan ap kontinye pase mizè nan travay di.

Djagwasil, Pati nan yon pye palmis ki kenbe grap la anvan li vini vizib.  Lè ayisyen ap kouvri kay avèk tash, yo koupe li an ti moso long pou mare tash yo sou do kay la.

Djakout, Yon valiz peyizan ayisyen ki fèt avèk fèy sèsh yon plant ki rele latanyen.  Peyizan yo itilize valiz sa pou yo sere bagay ki enpòtan pou yo.

Djo, Yon ti non ayisyen bay tout moun ki rele Jozèf.  Nan kèk zòn nan peyi a, moun di djo lè yo vle di dlo.

Djòb, Responsablite yon moun aksepte pran pou li fè yon travay pou yon lòt moun, yon konpayi.  Yon devwa.

Djòl, Yon mannyè byen sovaj pou di boush.  Ayisyen itilize mo sa plis lè yo fashe avèk yon moun yo ap pale de li.  ~ Koshon, Yon fason pou di boush yon lòt moun long tankou boush koshon.

Dlo, Yon likid ki okipe twa ka fas tè a sou de fòm: dous e sale.  Pati sale (lanmè) a pi plis pase pati dous (sous avèk rivyè) la.  Moun bwè dlo dous, men yo pa bwè dlo sale.  Yon likid ki gen de eleman shimik ki rantre nan konpozisyon li: oksijèn avèk idwojèn.  Djo.  ~ Dous, Dlo ki gen bon gou nan boush e ki menm avèk dlo ravin, rivyè, sous sou tè a.  ~ Sale, Dlo lanmè.  Li sale anpil.

Do, Yonn nan sèt nòt mizik yo:  do, re, mi, fa, sòl, la, si.  Fas, dèyè, ki opoze devan, yon bagay.  Kote tout zo kòt yon èt vivan tankou moun kole ansanm.

Dodge, Yon konpayi mashin ameriken.

Dokiman,  Yon tèks ki gen yonn, plizyè paragraf ou byen plizyè paj.  Yon tit nan liy  sèvis yon pwogram òdinatè kote ki esplike kisa yon operatè kapab fè pou kreye yon nouvo tèks, ouvri yon paj, fèmen yon paj, e latriye.

Dokimantasyon, Dokiman ki kapab sèvi kòm sipò pou opinyon yon moun.  Reshèsh nan dokiman ki ekziste deja pou jwenn enfòmasyon ki nesesè pou ekri yon nouvo dokiman.

Dokimante, Shashe dokiman ki kapab sèvi kòm sipò pou opinyon yon moun.  Shashe nan dokiman ki ekziste deja pou jwenn enfòmasyon pou ekri yon nouvo dokiman.

Dokimantè, Moun ki ap fè reshèsh nan dokiman ki ekziste deja pou jwenn enfòmasyon pou sipòte opinyon li, ekri yon nouvo dokiman.

Doktè, Yon pwofesyonèl ki etidye kèk pati, tout kò moun yon fason pou li kapab rekonèt nenpòt pati ki pa fonksyone byen e preskri medikaman pou ede òganis sa a rekòmanse fonksyone nòmal.  Yon nivo etid yon moun fè nan yon bransh tankou teoloji, medsin, filozofi, e latriye.

Dola, Senk goud.  Senk-san kòb.  San santim nan lajan peyi Etazini.  Moun toujou di dola menm lè yo vle di yon dola.  Nan anpil peyi nan lemond, siy ki reprezante dola ($) ranplase kantite nan kòb peyi sa yo moun peyi a panse ki egal a yon dola.  Konsa dola ameriken reprezante yon lidè pou tout kòb nan lemond; se sou li anpil peyi shita pou yo evalye kòb yo.

Domestik, Lokal.  Eta pwodui ki fèt nan yon peyi e ki rete nan peyi a pou moun nan peyi a itilize.  Eta tout bèt ki zanmi moun tankou shyen, shat e latriye.

Dòmi, Yon repo moun pran kote tout kò moun nan ap repoze menmsi espri li pa ap repoze.  Nan moman repo sa a je moun nan fèmen, li pa konnen anyen ki ap pase sou kote li, e li kapab reve.  Yon ti frè lanmò.  Somèy.  Repo.

Domine, Kontwole lespri, ekonomi e fizik lòt moun, peyi avèk fòs ki disponib pou fè moun sa yo, peyi sa yo obeyi.

Dominikani, Yon peyi ki sou menm il avèk Ayiti.  Ayiti sou bò lwès il la e Dominikani sou bò lès il la.  Moun nan peyi sa a pale Espanyòl paske Espay se dènye peyi ki te kolonize peyi sa.  Tout mès yo, kilti yo soti an Espay.  Sen-Domeng.

Dominiken, Moun ki fèt nan peyi Dominikani, nan peyi Dominik. 

Domino, Yon jwèt ki gen 28 ti moso rektang nan li.  Premye moso rektang la pa gen pyès ti wonn nan li.  Dezyèm nan gen yon ti wonn nan li, twazyèm nan gen de ti wonn nan li.  Shak moso gen yon ti wonn an plis pou jis rive sou ventuityèm nan.  Ventuityèm nan gen douz ti wonn nan li.  Lè jwè ap jwe jwèt sa a, yo ap shashe kole shak ti pwent rektang yo ki gen menm kantite ti wonn yo ansanm.  Konsa, yon moso rektang ki pa gen pyès ti wonn kapab kole avèk yon lòt moso ki pa gen pyès ti wonn.  Yon moso ki gen yon ti wonn kapab kole avèk yon lòt ki gen yon ti wonn, e latriye.

Don, Yon nivo entelijans nan yon bagay yon moun fèt avèk li e ki kontinye devlope nan moun nan tout tan li ap gen plis laj.

Done, Tèks, imaj avèk shif yon operatè kreye sou yon òdinatè.

Dosil, Yon karaktè dous ki fè yon èt vivan pa kapab aji vyolan.  Trankil.  Nayif.  Eta yon moun ki fasil pou lòt moun abize li.  Timid.  San defans.

Dosye, Yon plas kote moun kapab apiye do yo.  Babay ki kapab rete kòm bon ou byen move enfòmasyon sou do yon moun.

Doulè, Nenpòt bagay ki te fè, ki ap fè mal.  Yon doulè kapab fizik ou byen mantal.

Dous, Yon bagay ki gen gou sik, siwo.  Yon bagay ki fè yon moun santi li byen.  Yon bagay moun renmen, ki atire repetisyon.  Yon bagay moun pran plezi nan fè li, koute li,  e latriye.

Dousè, Rezilta yon bagay ki dous.  Kantite plezi yon moun pran nan fè, koute yon bagay.  Satisfakyon yon moun jwenn nan yon bagay.

Douvan, Devan.  Yon mo kèk peyizan ayisyen plis itilize pou di devan.

Douz, Twazyèm nonb ki gen de shif nan li:  en (1) avèk de (2).  12.

Douzèn, Yon kantite ki gen douz inite nan li.  Yon douzèn ze gen douz ze nan li.

Dra, Yon moso twal ki sèvi pou kouvri moun lè yo koushe sou kabann.  Yon gwoupman, yon òganizasyon moun itilize pou benefisye yon opòtinite.  Anpil moun itilize legliz pou sèvi yo dra.

Drapo, Yon moso twal avèk senbòl e lejand ki reprezante yon peyi e entensyon fondatè yo pou konstriksyon peyi a.  Premye etap nan konstriksyon yon peyi sou kote konstitisyon li.

Dwa, Otorite, libète yon moun pran, li resevwa nan men yon lòt moun ou byen lwa sosyete kote li ap viv la bay.

Dwat, Eta yon moun ki fè tout sa lwa sosyete, Bib la ou byen Bondye, mande.  Mashe nan yon direksyon san vire nan pyès lòt direksyon.

Dwate, Yon tandans pou fè tout bagay nan direksyon men dwat la.  Eta yon moun ki itilite men dwat li pou fè nenpòt bagay li bezwen yon sèl men pou fè li.

Dwèt, Nenpòt nan ven pwent ki nan pye avèk men yon moun.  Anpil lòt bèt gen dwèt tou.  Pati nan kò moun ki gen zong yo.

Dwòl, Yon bagay ki difisil pou konprann.  Yon mistè.

Dyamèt, Distans de kwen opoze andedan yon wonn.  De reyon.

Dyare, Yon poupou likid yon èt vivan santi ap soti e li pa kapab kontwole li.  Moun ki gen dyare oblije jwenn yon kote pou yo poupou rapid.   Gen yon fòs andedan moun nan ki ap pouse poupou a soti deyò.