Retounen Nan Paj Lis Lèt Yo


 

C, Twazyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.  Li kapab ranplase lèt “K” ou byen lèt “S” pou ekri yon mo.

Cadillac, Yon konpayi, yon mak mashin ameriken moun te konsidere tankou yon gwo mak lè li te premye rantre sou mashe mondyal la.  Non an toujou rete gwo paske pa gen lòt mashin ki ranplase Cadillac tout bon vre.

Canada, Yon gwo peyi nan Amerik Nò a e nan nò Etazini.  Li divize an de pati: Kebèk avèk Montreal.  Moun Montreal pale Fransè e moun Kebèk pale Anglè.  Peyi sa gen yon gouvènman rwayalis; konsa yo pa gen prezidan.  Se yon premye minis ki gouvène peyi a.

Cap-Haïtien, Gade Kap-Ayisyen.

Chevrolet, Yon konpayi, mak mashin ameriken ki gen yon senbòl ki senble avèk de rektang, yonn kwaze sou lòt la.

Chrysler, Yon konpayi, mak mashin ameriken.

CPU, Yonn nan sen pati ki fòme yon òdinatè (ekran, òdinatè, sourit, klavye, enprimè).  Abrevyasyon CPU a soti nan non Anglè a pou Central Processing Unit.  An reyalite CPU a se li menm menm ki òdinatè a.  Tout lòt pati yo sèlman ede moun avèk òdinatè kominike.

Croix-des-Bouquets, Yon vil nan peyi Ayiti ki tou pre kapital peyi a, nan direksyon nò-lwès e sou wout pou ale nan depatman Sant la.  Gade Kwadèboukè.

Croix-des-Missions, Gade Kwadèmisyon.