Retounen Nan Paj Lis Lèt Yo


 

B, Dezyèm lèt nan alfabèt lang Kreyòl la.

Bag, Yon ti moso metal won avèk yon tou pou dwèt moun rantre.  Moun mete bag nan dwèt yo pou fantezi, pou fiyanse, pou marye.  Moun fèt pou kontinye mete bag maryaj la tout tan yo rete marye.  Yon bag kapab fèt avèk twa metal tankou lajan, lò, dyaman.

Bagay,  San valè.  Yon mo ki dekri tout sa moun vle di lè non yo bezwen an pa disponib, pa vle soti nan memwa-kout moun.

Bakaloreya, Yon nivo etid inivèsitè ki vo kat ane lekòl konsa apre lekòl segondè.  Men, anpil moun panse sizyèm ane nan lekòl segondè se yon diplòm bakaloreya.

Bal, Reyinyon plizyè moun pou selebre yon evènman, yon okazyon avèk mizik pandan plizyè èdtan.  Yon moso metal ki soti nan boush yon zam apre yon eksplozyon andedan yon zam.

Balans,  Yon enstriman pou mezire pwa yon bagay, yon moun.  Yonn nan siy owoskòp yo.  Nivo kote yon bagay gen menm pwa avèk yon lòt.

Balanse,  Fè nivo pwa de bagay vini nan menm nivo.  Voye yon bagay nan yon direksyon epi voye li nan lòt direksyon opoze a san rete, pandan yon bon bout tan.

Balansin,  Yon mashin mekanik ki kapab balanse pandan anpil tan soti nan yon vitès siperyè jis gravite rive kanpe.

Balèn, Pi gwo bèt nan lanmè moun rive dekouvri.  Li bay pitit li tete tankou moun.  Yon sous ekleraj ki gen yon mèsh byen ranje nan mitan yon moso souf.

Balkon, Yon galri, nan yon kay, ki sou anlè.  Yon kay ki gen plis pase de etaj.

Ban, Yon varyasyon nan shèz ki long anpil e li kapab genyen kat pye ou byen plis; konsa plizyè moun kapab shita sou li.

Banal,  San sans.  Enkwayab.  Nan nivo konesans prèske tout moun.  Konesans ki disponib pou minimòm entelijans. 

Banana, Yon soupe ayisyen fè avèk bannann.  Yo graje bannan nan, mete li bouyi avèk dlo pou jis li kwit.  Apre bannann nan fini bouyi yo koule li, mete li sou dife ankò epi mete lèt, kanèl nan li anvan yo sikre li.

Band, Eta zozo yon gason lè li di, kanpe.  Sa rive plis lè gason an ansanm avèk yon fi, lè li ap panse a yon fi li anvi, lè li ap panse a yon moman li te pase avèk yon fi, lè li wè fòm koko yon fi anba kilòt li.  ~ mayetik, Yon riban long ki andedan kasèt ki fèt pou anrejistreman mizik, imaj tankou film ki parèt sou ekran televizyon, sal sinema yo.

Bande, Vlope avèk bandaj.  Pran yon pozisyon rèd, di.

Bandi, Yon moun ki pa gen krentif pou anyen, ki pa pè pyès moun.  Tapajè.  Eta yon moun vyolan.

Bank, Yon enstitisyon ki okipe afè lajan pou yon peyi, yon gwoup moun, yon gwoup peyi.   Bank sèvi tankou medyatè ant moun ki gen lajan pou prete e moun ki bezwen prete lajan.  Kote moun ki gen kòb sere kòb yo.   Kote moun mete lajan yo posede pou prete moun ki bezwen prete; konsa yo kapab fè benefis sou lajan yo. 

Bankèt, Yon ti bank.  Yon tab yon mashann mete mashandiz pou li vann.

Bannann, Grenn yon pye bannann.  Bannann parèt nan pye a apre yon flè plant sa a fini fleri, seshe epi tonbe atè.

Baraj, Mwayen moun itilize pou bare, separe yon moso tè.  Sa ki separe yon bagay avèk yon lòt.  Yon mi wo ki anpeshe yon kouran dlo vwayaje nan tout libète li. 

Bare, Anpeshe yon lòt kontinye wout li.

Basen, Yon tou fon anpil e ki plen dlo.  ~ Zim, Yon zòn nan depatman Plato Santral la ki pote non yon bèl kouran dlo ki soti nan yon mòn epi li ap vide nan yon tou fon.  Yonn nan pi bèl mèvèy nan depatman sa a.

Bashelye, Yon moun ki resevwa yon diplòm pou etid bakaloreya li.

Baskèt, Yon ti panyen ki fèt avèk latanyen, zo palmis, ti moso banbou.  Kèk fwa,  yon baskèt gen yon lans.

Bat, Depase fòs yon lòt nan yon konfwontasyon.

Batay, Rezilta yon diskisyon ki pouse de moun fashe,  ki pouse plizyè moun rantre nan yon konfwontasyon vyolan.

Batèm, Resevwa lespri-sen nan yon seremoni relijye.  Inisye, rantre nan yon bagay pou premye fwa.

Batiman, Yon kokennshenn, gwo kay ki gen plizyè etaj e kontsriktè li bati li sou yon teren laj.  Yon gwo konstriksyon ki shita sou lanmè, ki vwayaje sou lanmè.

Batize, Patisipe nan yon batèm.

Bato, Yon gwo konstriksyon ki shita sou lanmè e ki kapab vwayaje sou lanmè tou.

Baton,  Yon bout bwa ki rive wotè senti yon moun e moun kapab apiye sou li pou pran fòs pou mashe.  Kou yon moun bay yon lòt moun.

Batri,  Yon sous elektrisite ki dire yon kantite tan.  Sous elektrisite sa diminye piti, piti, pou jis li disparèt.  Yon pwazon majik ayisyen mete sou wout yon moun pou touye li.

Bay,  Transfere yon pwopriyete soti nan men yon moun pou ale nan men yon lòt moun.

Bayonèt, Yon kouto long, de bò file, pwenti, moun lontan yo te konnen itilize pou batay nan lagè.  Moun sa yo pate gen zam ki genyen konnye a pou batay, se ki fè yo te konnen itilize bayonèt.

Baz, Pozisyon kote yon bagay shita.  Nenpòt kote yon bagay jwenn sipò li.

Baze, Eta moun ki mete feblès li, espwa li, sou yon lòt moun san itilize potansyalite li genyen.

Bè, Yon pwodui ki soti nan lèt avèk anpil lòt materyèl ankò tankou pistash.

Bebe, Yon timoun piti ki baze nèt ale sou granmoun li, manman li plis, pou tout bezwen.

Bèbè, Yon moun ki pa kapab pale.  Yon moun ki pèdi pawòl.  Sanble moun ki bèbè toujou soud tou.

Bèf, Yon gwo bèt ki manje zèb e ki kapab rale manje soti nan vant li pou manje lè li grangou.  Yon bèf gen de kòn, de zòrèy, yon gwo tèt, yon gwo boush, yon gwo lang, kat gwo pye avèk yon ke long.  Bèf gen yon son li fè ki sonnen tankou:  Mmmmou… 

Bege, Difikilte pou mo soti nan boush yon moun ,  pou yon moun jwenn mo,  pou pale.

Bèj, Yon koulè ki ant koulè jón avèk koulè gris.

Bèk, Yon ògán nan tout zwazo ki jwe menm wòl boush jwe pou moun.  Yo itilize  bèk la pou manje, shante, defann tèt yo e atake énmi yo.  Boush zwazo.

Bèlfi,  Yon fi ki marye avèk pitit gason de paran.  Pitit fi yon mari ou byen yon madanm ki pa pitit lòt mari ou byen madanm nan.

Beliz, Non yon peyi sou kontinan Amerik la e nan Amerik Santral la.  Kapital Beliz se Bèlmopan.

Bèljik, Yon peyi nan nò Frans ki gen fontyè avèk Almay.  Lang yo se Flaman avèk Fransè.  Kapital peyi sa se Briksèl.

Bèlmè, Manman mari ou byen madanm de moun ki marye.  Yon madanm ki pa manman pitit yon mari.

Bèlsè,  Sè madanm ou byen sè mari de moun ki marye.  Madanm frè yon moun.

Benediksyon, Rele Bondye pou voye lespri-sen an vini sou yonn, plizyè moun.

Benefis, Kòb yon moun fè anplis lè li vann yon bagay.  Nenpòt sa yon moun resevwa anplis sou yon bagay li bay pou yon lòt, li shanje.

Benefisye, Resevwa yon benefis.  Resevwa yon bagay anplis pou yon bagay ki vann, ki shanje.

Benefisyè,  Moun ki resevwa yon bagay anplis sou yon bagay ki vann, ki shanje.  Non yon moun ki ekri nan yon kontra pou resevwa yon montan lajan yon asirans ap peye si mèt asirans la mouri pandan li te ap peye asirans sa a.

Beni, Eta yon moun, yon bagay tankou manje moun ap ale manje, ki resevwa benediksyon.

Benyen, Rantre yon kò nan yon likid ou byen nenpòt lòt bagay.  Yon mashin kapab pase sou yon wout epi benyen moun avèk pousyè.  Lave yon kò avèk dlo.

Bere, Mete yon bagay mou sou yon bagay di epi plati bagay mou an jis li pa kapab plati ankò.  Pase bè, manba sou pen, kasav e latriye.

Berejèn,  Grenn vyolèt yon plant kout donnen e li fè bon legim anpil ayisyen renmen.  Gen anpil ayisyen ki pa manje li tou paske berejèn fè moun sa yo malad.

Bese,  Diminye wotè.

Bèso, Yon kabann ki fèt pou ti bebe koushe.

Bèt, Nenpòt èt vivan ki pa moun e ki pa sanble avèk moun.  Yon bèt pa kapab pale avèk moun e li pa gen menm entelijans avèk moun.

Betiz, Aksyon, langaj sal yon moun ki pa sanble avèk langaj sosyete a espere de li.  Mo sosyete a pa vle tande ap soti nan boush moun.  Erè yon moun fè.

Betize, Pran direksyon sosyete a pa espere, leve kanpe kont bon bagay.  Fè move shwa.

Betizè, Moun ki pran direksyon sosyete a pa espere a, moun ki pran move direksyon an.  Moun ki fè move shwa a.

Bezig, Yon jwèt kat ki ekzije 128 fèy kat pou jwe li.  Nan jwèt kat sa a, wa yo marye avèk rèn yo e yon jwè kapab demarye yo.  Si yon jwè kente li fè, pi gwo pwen yon jwè kapab fè yon sèl kou sa a, 250 pwen.

Bezwen, Nenpòt kantite ki manke pou fè yon bagay konplè.

Bib, Premye liv moun ekri, pi ansyen liv ki egziste.  Gen anpil liv nan Bib la.  Prèske shak apot Jezi Kris yo te ekri yonn nan liv sa yo.  Kèk nan liv yo se travay plizyè apot ansanm.

Bibliyotèk,  Yon kokennshenn liv ki rasanble ansanm yon sèl kote pou lektè jwenn pou yo li.  Lekti nan prèske tout bibliyotèk gratis.  Men, yon moun oblije gen kat yon bibliyotèk pou li kapab ale lakay li avèk yon liv.  Anpil liv yon moun ranje nan yon kwen lakay li.

Biblo, Ti imaj kèk gwo bagay moun mete andedan kay yo pou fè yon pati nan kay la bèl.  Pwodiktè yo itilize materyèl tankou ajil pou fè biblo.

Bibwon, Yon boutèy avèk tetin pou nouri bebe.

Bijou, Yon moso metal tankou lajan, lò, dyaman yon pwofesyonèl prepare sou fòm yon bag, yon shèn, yon zanno, yon bwaslè.

Bip, Yon bri sèk ki fèt, men moun ki tande li pa kapab konnen ki kote li te soti.  Repons yon bipè lè yon moun voye yon mesaj nan li.  Son yon bagay ki tonbe.

Bipè, Yon ti aparèy elektwonik moun itilize pou resevwa mesaj ki soti nan yon aparèy telefòn.

Bis, Repetisyon yon bagay paske yon odyans mande li yon lòt fwa anplis.  Yon gwo mashin ki sanble avèk yon kamyon, men pasaje kapab rantre andedan li pou vwayaje.  Pasaje yon bis kapab evite shanjmann nan tanperati a tankou lapli avèk solèy sho.

Bisiklèt, Yon veyikil ki gen de wou, shèn avèk pedal pou li deplase.  Moun ki monte  yon bisiklèt oblije kenbe gidon li dwat pandan li ap pedale.  San sa, bisiklèt la pa kapab rete dwat sou wout li e moun nan ap tonbe.

Biwo, Yon tab ki gen tiwa pou mete plim, papye, kreyon, e latriye.  Yon shanm, yon kay moun ki ap fè biznis itilize pou resevwa kliyan yo.  Yon shanm andedan yon biznis kote responsab biznis la fè tout travay li.

Biyè, Lajan papye.  Yon moso papye yon moun itilize pou voye yon mesaj lè li pa prepare pou fè lèt nòmal.

Biznis, Vann mashandis, sèvis pwofesyonèl.  Yon kay ki gen moun ki ap fè mashandiz, vann mashandiz, vann pwofesyonèl sèvis andedan li.

Blag, Yon konvèsasyon sou anpil bagay san konsantre sou yon sijè an patikilye.  Moun bay blag avèk moun ki nan menm jenerasyon avèk yo ou byen anviwon menm laj avèk yo.  Yon diskou ki fè odyans la ri.

Blage, Pale de anpil bagay san konsantre sou yonn.  Divage.  Bay blag avèk lòt moun.

Blagè, Yon moun ki konnen bay blag.  Yon blagè konnen tout ti aranjman pou li fè nan yon blag pou moun shita tande e pou moun ri tou. 

Blam, Responsablite ki tonbe sou do yon moun pou aksyon li.

Blame, Mete responsablite sou do yon moun pou aksyon.

Blan, Koulè, non yon ras moun.  Koulè nòmal dan moun.  Yonn nan kat koulè moun ki egziste sou tè a:  blan, wouj, jón, nwa.  San tash, san peshe.

Blanshi, Fè yon bagay vini gen koulè blan.  Retire malpwoprete nan yon bagay.

Blaze, Disparisyon vrè vizaj, koulè orijinal yon moun, yon bagay.

Ble, Yon koulè ki sanble avèk koulè syèl la, koulè yon basen dlo.  ~ maren, Yon koulè ble ki prèske nwa.  Yon vejetab fèmye kiltive nan peyi Etazini e yo fè farin avèk li.

Blese, Fè yon moun, yon bagay mal.  Koupe kò yon èt vivan pou san soti.  Di yon moun pawòl ki fè li mal.  Di yon moun yon verite li ap eseye evite.

Blofe, Bay manti.  Di moun yon bagay ki pa vrè avèk espwa moun nan ap kwè bagay sa a vrè.  Aksyon yon jwè pokè ki pa gen kat nan men li pou li genyen yon pati pokè epi li mize plis lajan pou fè lòt jwè panse li ap genyen jwèt la.

Bloke, Anpeshe yon moun, yon bagay kontenye yon bagay ki te kòmanse.

Bo, Rale lè rantre nan yon boush ki kole avèk yon lòt boush, nenpòt lòt bagay tankou figi yon moun.

Bò,  Yon moso nan nenpòt bagay.  Yon fas nan nenpòt bagay.  Yon ekspresyon moun itilize pou montre, de bagay, yonn pi pre lòt la.

Bobin,  Yon bagay ki vlope avèk fil.  Yon aparèy elektwonik ki fè kouran vwayaje an won pou kreye yon jaden manyetik, konsa yon metal nan jaden manyetik la tounen leman.

Bobine, Vire an won.  Aksyon yon bagay ki ap vire an won.  Vlope yon bagay avèk fil.

Bòdi, Sou kote nenpòt bagay.  Nenpòt bò ki te ogmante pou fè yon bagay pi solid.

Bòfrè, Mari sè yon moun.  Frè madanm yon mari.

Bòpè, Mari manman yon moun lè mari a pa papa pitit manman.

Bòkò, Yon gason e yon dirijan seremoni lwa tankou vodou nan peyi Ayiti.  Yon gason e yon doktè fèy ki itilize espri sinatirèl pou konpoze medikaman li.  Yon dirijan move espri ki touye moun.  Yon sèvitè lwa ki pèmèt lwa yo itilize kò li pou yo kominike avèk vivan yo, pitit fèy yo.

Bòl, Yon veso won e fon pou moun mete manje.  Yon bòl pi bon pou sèvi bouyon avèk sòs paske asyèt twò plat pou djòb sa a.

Bòlèt, Lotri peyi Ayiti a.  Ayisyen jwe bòlèt an kashèt nan kèk lòt peyi tankou Etazini.  Yo telefone moun nan peyi Ayiti pou konnen ki boul ki soti nan jou sa a.

Bon, Tout bagay ki ale egzateman jan sosyete a espere li te dwe ale.  Tout bagay moun renmen gen nan boush li.  Yon nouriti moun renmen.  Nenpòt sa ki fè yon moun santi li byen.

Bòn, Limit yon bagay.  Kote yon bagay kòmanse, fini.  Yon travayè andedan kay yon moun ki fè manje, netwaye, lave, pase rad.

Bonm, Yon veso won, fon moun itilize sou dife pou fè manje pou plizyè moun manje.  Manje ki fini fèt nan bonm ale nan asyèt, bòl pou moun manje.  Yon kannistè eksplozif ki kapab fè anpil dega tankou touye moun, kraze kay.

Bonbade, Lage yon kannistè eksplozif nan yon zòn pou kraze zòn nan, bagay nan zòn nan.  Fè yon gwo van nan yon shanm ki gen anpil moun; rezilta van sa a fè yon travay ki kapab konpare avèk travay yon bonb.

Bonbon,  Yon bagay ki tèlman bon, yon sèl mo bon pa kont pou di li bon.  Nenpòt pat farin melanje avèk dlo, sik, e latriye epi ki ale nan fou.

Bondi, Eta yon bagay ki ale frape yon kote epi li retounen nan direksyon li te soti.

Bondye, Espri diven tout relijye kwè ki kreye syèl la avèk tè a.  Gran frè Satan ki te shase Satan epi voye li sou tè a paske Satan te vle pran lemond nan men li.  Yon sèl espri tout relijye ap sèvi.  Yon espri ki toujou prezan.

Bonjou, Yon mo moun nan ti kiminote yo itilize pou salye lòt moun yo rankontre nan maten.  Swè yon moun fè yon lòt pou jounen moun sa pase byen.

Bonswa, Yon mo moun nan ti kominote yo itilize pou salye yon lòt moun lè yo rankontre li aswè, apre mitan jounen an.  Swè yon moun fè yon lòt avèk espwa sware moun nan ap ale pase byen.

Bonte, Kalite yon moun genyen ki ale nan direksyon sosyete kote li ap viv konsidere kòm bon.  Eta yon moun ki renmen ede lòt moun ki nan bezwen.   

Bòs, Moun ki konnen kijan pou li fè, ranje yon bagay ki kase, ki pa fonksyone byen.  Pwofesyonèl nan ti zòn peyi Ayiti yo tankou ebenis, òfèv, e latriye. 

Bosou, Pi piti nan twa timoun yon manman fè pandan yon sèl akoushman.  

Boubou,  Gade bèbè.

Bouboun, Pati nan kò yon fi ki pi entim pou li plis pase tout rès kò li.  Kote yon fi itilize pou pipi, koupe, pouse pitit soti nan vant li, pran plezi.

Bouda, Pati nan yon pye bwa ki toushe tè a.  Pati dèyè kò moun ant do li e janm li.  Moun itilize tou ki nan mitan bouda li pou pouse poupou deyò.  Se pati sa a nan kò fi anpil gason toujou enterese gade plis.

Bouden, Yon bagay fo yon moun bay yon lòt moun, san lòt moun nan pa konnen, pou yon bon bagay.

Bouji,  Prèske menm bagay avèk balèn.  Yon fabrikasyon ayisyen ki gen yon mèsh koton avèk lasi; konsa li kapab boule pou bay limyè.  Pè avèk pastè itilize balèn nan legliz, bòkò itilize bouji nan badji.  Kidonk bouji se yon enstriman pou rele lespri yo.

Boujonnen, Lè yon plant, yon pye bwa, bransh yon pye bwa kòmanse grandi.

Boujwa, Moun nan ansyen sosyete fransè yo ki te gen tout pouvwa politik, ekonomik, e latriye.  Moun nan sosyete ayisyen yo ki panse yo siperyè mas pèp la e ki gen pouvwa ekonomik e politik nan men yo.  Yon ti gwoup moun ki fè sa yo vle nan peyi a paske yo gen gwo lajan nan men yo. Boujwazi, Denominasyon gwoup boujwa yo.  Nenpòt koush nan sosyete anyisyen an ki panse li siperyè mas peyi a e ki gen pouvwa  ekonomik e politik peyi a nan men yo.

Bouk, Ti vil nan peyi Ayiti.  Yon komin, pou moun andeyò ti vil sa a, ki reprezante yon gwo vil.  Yon pati nan yon sentiwon ki ede moun boukle sentiwon an.  ~ Kabrit, Yon mal kabrit.

Boukan, Yon flanm dife moun prepare pou diminye fatray, pou fè espas, pou boukannen yon bagay, pou shofaj.

Boukannen, Mete, yon bagay pou moun manje, sou flanm dife pou jis li  vini mou, li kwit.  Mete yon bagay nan boukan dife.

Bouki, Yon karaktè nan lejand ayisyen ki toujou gen pou li kontrekare Timalis.  Yon moun ki kapab pote anpil shay.

Boukina Faso, Yon peyi nan nò lwès kontinan Afrik la.

Boukle, Kole de pwent yon sentiwon ansanm pou li kapab peze yon rad sou senti moun; konsa rad la pa kapab glise desann.

Boul, Nenpòt bagay ki won.  Yon bagay won moun itilize pou jwe volebòl, foutbòl, e latriye.  Pati nan yon bagay ki pouse sou deyò.

Boulanje, Yon kay ki gen yon fou andedan li e moun itilize pou kwit pen, gato, bonbon, e latriye.  Nan gwo vil Ayiti yo, anpil boulanje gen yon fou an metal ki brile gaz ou byen elektrisite.  Nan vil pwovens yo, moun yo fè fou yo avèk labou e wòsh ou byen mòtye e wòsh ou byen brik.  Fou sa yo gwo anpil e yo kapab anfounen anpil plato pen an menm tan.

Boule, Resevwa twòp shalè pou vini transfòme an dife.  Kole dife sou yon kò ki pa kapab tolere dife, shalè a.  Kole dife sou yon kò ki pa tolere dife pou jis li vini koulè nwa e fasil pou kraze, jis li kraze menm.

Boulèt, Yon ti boul.  Yon boul ki soti nan boush yon kanno.  Yon ti boul ki fèt avèk vyann e ki fri nan lwil.

Boulon, Yon moso metal avèk filyè sou kote yon tou won andedan li.  Deyò yon boulon gen kat, senk, ou byen sis kwen; konsa yon kle kapab kenbe li pou boulonnen yon vis.

Boulonnen, Vise.  Mete yon boulon nan pwent yon vis epi vire li pou filyè boulon an rantre nan fliyè vis la pou jis boulon an mashe kont sou vis la.

Boulva, Yon gran ri nan mitan yon vil.

Boulvèse, Toumante.  Eta yon moun ki pa kapab refleshi nòmalman, ki anvi vwomi kèk.  Eta yon moun ki pa janm kontinye yon travay, yon konvèsasyon, anyen ditou lè li kòmanse li.

Boum, Eklatman.  Aparisyon plisyè bagay ansanm.  Yon bri tout moun ki pre ap toujou tande kapab gen anpil dega ki kontinye apre li.

Bourik, Yon bèt kout ki kapab pote anpil shay.  Yon bèt ki nan menm fanmiy avèk sheval, men li pi piti pase yon sheval e li gen zòrèy long.  Papa yon milèt.  Yon moun ki gen rayaksyon vyolan menmsi yon lòt moun byen dous avèk li.  Yon moun ki pa konnen jwe, men ki konnen goumen byen.

Bourike, Travay anpil, pote anpil shay tankou yon bourik.

Bous, Yon ti sak fi kenbe nan men yo lè yo soti lakay yo e ki kapab genyen kòb, fa e latriye andedan li.  Yon ti sak ki vlope an de pou gason mete tout enfòmasyon enpòtan yo bezwen kenbe nan pòsh yo avèk lajan pou yo depanse.

Boush, Yon tou kote yon bagay kapab antre andedan yon lòt.  Yon tou nan figi moun e anba nen moun.  Moun itilize li pou manje bwè, pale, shante e latriye.

Boushe, Elimine yon boush.  San entelijans, edikasyon, kontak avèk moun eklere, sosyete sivilize.

Bouskile, Pouse moun, yon bagay soti nan yon pozisyon avèk anpil fòs.

Bout, Moso nan yon bagay.  Finisman yon bagay, yon travay, yon wout, yon devwa.

Boutèy, Yon resipyan boush li kapab gen lajè kont pou yon dwèt pous rantre, men anba li kapab kenbe anpil likid. 

Bouton, Yon ti moso zo, metal avèk de ou byen kat ti tou nan li ki pèmèt moun fèmen rad sou yo.  Yon ti boul maladi ki grandi soti nan kò yon èt vivan.  Yon ti moso plastik, metal teknisyen mete sou deyò yon aparèy pou pèmèt moun ki ap itilize aparèy la kontwole pyès andedan aparèy sa a.

Boutonnen, Rantre bouton nan yon rad nan tou ki fèt pou sa.

Bouyi, Mouvman yon likid ki nan yon resipyan ap fè lè shalè toushe kò resipyan epi pouse tanperati li rive a san degre.  Mouvman anlè, sou fas yon likid ki se rezilta yon lòt mouvman ki ap fèt anba likid sa a.

Bouyon, Yon manje fòtifyan ki gen legim, vyann, avèk viv nan li.  Premye tèks yon moun ekri avèk entansyon pou korije li anvan odyans li wè tèks sa a.

Bouzen, Yon fi ki koushe avèk nenpòt gason san li pa shwazi gason sa yo.  Yon poul.  Yon moun ki fè lanmou avèk yon lòt moun pou lajan.  Yon moun ki vann yon pati nan kò pou lajan.

Bòy, Yon boul ayisyen prepare avèk farin frans pou mete nan bouyon.  Andedan bòy pa janm fini kwit tout bon vre, men anpil ayisyen renmen manje li.  Yo mete li nan sòs vyann tou.

Brezil, Yon gwo peyi nan Amerik Sid la kote moun yo pale Pòtigè.  Li kole avèk Ajantin.

Bri, Nenpòt son ki an dezòd.  Yon son ki pi wo pase sa ki te egziste anvan li.

Brik, Yon ti moso mòtye moun prepare avèk ajil wouj epi yo anfounen li.  Mason itilize brik pou fè mi pou kay e latriye.

Brile, Gade Boule.

Bwa, Pati entim nan kò yon gason.  Ponyèt yon moun.  Moso yon plant, tout kò plant la menm.   Anpil peyizan ayisyen di bwa mango fè bon plansh.

Bwadòm, Yon pye bwa peyizan itilize bransh li pou fè lantouray, manshe wou e latriye.  Menm pye bwa sa boujonnen fèy kabrit renmen manje.

Bwase, Rantre bwa nan yon bagay epi vire bwa a tou won andedan bagay la.  Si yon moun ap eseye vire ren li tou won, moun kapab di li ap bwase ren li. 

Bwasè, Moun ki ap bwase a.

Bwat, Yon bagay ki gen sis fas.

Bwè, Mete yon likid nan boush pou li glise desann nan vant.  Fè likid rantre nan yon lòt kò.

Bwòs,  Yon moso materyèl plat ki gen anpil ti dan tankou plim ki kanpe nan li; konsa lè li pase sou yon fasad li rabote tout sa ki te sou wout li.

Bwose, Pase bwòs sou yon bagay pou netwaye li, pou retire tout sa ki sou li tankou kras. 

Bwosè, Moun ki pase bwòs la, ki ap bwose a.

Byè, Yon bwason ki gen alkòl nan li.  Moun ki fè byè yo itilize dlo kann pou fè li.

Byen, Tout sa ki bon, ki fèt jan sosyete a espere li te sipoze fèt.  Bondye.

Byenfè, Yon entansyon pou fè byen ki bay satisfaksyon a moun ki benefisye byen an.

Byenfezan, Moun ki fè byen.

Byenfezans, Aksyon yon moun ki fè byen.

Byenveyan,  Yon moun ki aksepte responsablite pou siveye yon moun, yon bagay pou anyen mal pa rive.

Byenveyans, Aksyon yon moun ki aksepte responsablite pou voye je sou yon bagay pou anyen mal pa rive.