Retounen Nan Paj Lis Lèt Yo


 

A, Premye lèt nan alfabèt la.

Abandone, Vire do kite yon bagay, yon moun san retounen jwenn li.  Aksyon yon papa ki vire do kite madanm li avèk pitit li. 

Abi, Itilize pouvwa, fòs sou yon lòt ki pa gen defans.  Move aksyon yon patwon sou anplwaye li.

Abilite, Yon fòs, entelijens ki disponib nan yon bagay, yon moun.  Fòs sa a, entelijens sa a depann de pwopriyetè a pou  devlope li.  Kapasite tout moun gen pou aprann nenpòt bagay.

Abitid, Yon aksyon ki repete anpil fwa tankou ale dòmi shak swa a dizè. 

Abiye, Mete yon rad ki diferan de rad moun mete lakay yo, shak jou.  Aksyon yon moun ki oblije mete yon rad pou li rantre yon kote, patisipe nan yon seremoni.

Ablabla, Mo sa a soti nan lang Espanyòl la, nan vèb “hablar”, ki vle di pale.  Pou ayisyen, ablabla vle di pale de bagay ki pa gen sans.  Pale tankou yon moun ki pèdi bon sans li, konsyans li tankou yon moun ki oblije di: Lè mwen di ou sa la, tandiske la, bagay sa yo la, pa egzanp, pitit mwen… nan yon konvèsasyon.

Aboli, Revoke yon lwa sitwayen yon peyi, yon zòn te konnen obeyi, yon lwa ki te aktif.  Kèk fwa, menm lwa ki aboli lòt la tou pwofite ranplase li.

Abolisyon, Aksyon Shanm, otorite yon peyi sou yon lwa sitwayen yon peyi pa oblije obeyi ankò, yon lwa ki aboli. 

Abondans, Yon gwo kantite nan yon bagay tankou lapli ki tonbe pandan plizyè jou.  Yon kokennshenn bagay.

Abònman, Aksyon yon moun ki peye pou li kapab kontinye resevwa yon bagay pandan yon kantite tan.  Shak fwa li resevwa yon pati nan bagay la kantite kòb li te peye a diminye.  Biznis kote li te peye pou bagay la ap kontinye pote, voye bagay la bay li pou jis kantite kòb li te peye a fini.  Si li vle kontinye abónman li oblije peye ankò pou kantite tan li vle kontinye resevwa bagay la.

Abouti, Limit kote yon bagay kapab rive.  Rive nan dènye pwent kote yon wout fini.  Finisman yon shemen, yon travay tankou yon reshèsh syantifik ki rive yon kote epi syantis la sispann travay.  

Abrevyasyon, Itilizasyon yon pwen apre kèk lèt nan yon mo san fini ekri mo a e lektè kapab konnen kisa ekriven an vle di.

Absid, Kalifikasyon pawòl yon moun ki ale nan sans kontre jan moun ki posede bon sans yo pale, ekri nòmalman.

Abstrak, Kòmanse avèk yon sijè epi devlope plizyè lide san bay yon konklizyon pou pyès nan tout nouvo lide.

Abstraksyon, Eta yon sijè, yon diskisyon ki fini san konklizyon e plizyè lòt lide soti nan diskisyon sa a.

Adaptasyon, Aranjman ki fèt nan tout kò yon èt vivan pou kontinye viv nan nenpòt zòn, avèk nenpòt lòt èt vivan.

Adapte, Aksyon yon vivan lè li ranje kò li pou viv nan nenpòt zòn, avèk nenpòt lòt èt vivan.

Adeziv, Yon materyèl ki kapab kole sou yon lòt materyèl, yon kò pou kont li.

Adisyon, Yonn nan kat operasyon aritmetik yo tankou en plis en (1 + 1 = 2).  Nenpòt bagay ki ogmante sou yon bagay, yon kantite.

Adjwen, Yon moun ki travay avèk yon lòt moun pou sipòte li nan sa moun sa a ap fè.  Yon adjwen se men dwat moun li ap travay avèk li a. 

Admirasyon, Pi piti lanmou yon moun gen nan kè li pou yon lòt moun.  Kòmansman lanmou nan kè yon moun.

Admisyon, Akseptans nan mitan yon gwoup.  Non dirijan nan yon biznis, yon òganizasyon bay yon seksyon nan biwo yo. 

Adolesans, Yonn nan laj moun pase anvan yo rive granmoun.  Laj sa a soti nan sis ane pou rive nan trèz ane.

Adopsyon, Aksyon yon moun ki adopte yon moun, nenpòt lòt bagay.  Yon milyonè te kapab pran timoun Lafanmiy Se Lavi yo nan adopsyon.

Adopte, Aksyon yon moun ki vini granmoun yon lòt moun jan lalwa esplike adopsyon.  Bay tout asistans granmoun yon moun bay. 

Adore, Montre anpil respè pou grandè Bondye, grandè yon lòt moun genyen.  Mete jenou atè devan Bondye,  devan yon lòt moun pou mande li padon, mande li yon sèvis.

Adousi, Shanje fòs sou fòm feblès.  Fè yon moun, yon bagay vini dous tankou yon jèn fi ki pate vle tande pale de relasyon fi avèk gason epi lè li kòmanse viv dousè relasyon sa a, li toupre pou koute pawòl tout gason.

Adrès,  Deskripsyon ki pèmèt moun jwenn yon kote, yon plas li ap shashe tankou adrès Entènèt sa a: http://www.kenn.com.

Afrik, Yonn nan senk kontinan yo ki fòme lemond la:  Ewòp, Azi, Afrik, Amerik, Oseyanik.  Tout moun kwè se nan kontinan sa a moun nwa te premye parèt sou tè a.  Enpe moun kwè se sou kontinan sa tout premye èt vivan te parèt sou tè a tou.  Moun ki ap shashe konnen yo di yo te jwenn zo moun ki pi ansyen an, yon fi yo rele li Lucy, nan lak Victoria sou kontinan Afrik la.

Afriken, Se non tout moun ki fèt sou kontinan Afrik la.

Afwonte, Rankontre yon moun pou esplike li yon opinyon, koute opinyon moun nan tou.  Afwonte yon moun kapab bay yon move rezilta si yonn nan moun gen santiman vyolan. 

Agiman, Pawòl defansif ki soti nan boush yon moun pou kontrekare opinyon yon lòt moun. 

Agrandi, Fè yon bagay vini pi gran.  Mèt yon kay kapab mande bòs la pou li agrandi kay la.

Agrikilti, Metòd moun itilize pou ede repwodiksyon grenn plant moun manje; konsa toujou gen manje pou moun manje.

Ajan, Yon moun ki reprezante yon lòt moun nan tout tranzaksyon moun sa te kapab reprezante tèt li.  Yon koutye se yon ajan paske li reprezante yon mèt kay,  yon lokatè,  yon ashtè.

Ajans, Travay yon moun ki reprezante moun nan nenpòt tranzaksyon moun nan te kapab reprezante tèt li.

Ajantin, Yon peyi nan Amerik Sid la, sou kote Shili.  Moun nan peyi sa pale Espanyòl.  Kapital peyi sa rele Bon Lè.

Aje, Eta yon bagay ki gen anpil ane depi li te kòmanse egziste.

Ajen, Eta yon moun lestomak li vid, ki apèn leve nan kabann li apre li fini pase yon nwit ap dòmi e li poko manje manje anyen.

Aji, Fè yon bagay, yon aksyon ki kapab byen, ki kapab mal tou.

Ajil, Yon varyasyon tè ki mou lè li mouye e ki kapab di tankou wòsh lè li sèsh.  Lè ajil fini sèsh e pase nan fou, dlo pa kapab fè li mou ankò. Gen ajil wouj, gen ajil jón.

Ajiste, Ranje yon bagay nan fason li te dwe ye a.  

Ajisteman, Travay yon moun fè pou li ranje yon bagay nan plas li, jan li te dwe ye a.

Ajoupa, Yon ti kay kote moun andeyò peyi Ayiti rete pou yo viv.  Yon kay ki piti e ki pa sanble avèk yon kay nòmal pou moun viv.  Yon ti kay ki fèt avèk pay soti atè pou rive anlè.  Li pa kapab pare solèy byen e dlo lapli kapab rantre andedan li.

Ajoute, Mete yon bagay sou yon lòt avèk espwa lòt la ap vini pi plis.  Ajoute yon goud sou kat goud pou li vini fè senk goud.

Akademi, Yon lekòl tradisyonèl ki prepare etidyan pou yo vini pwofesyonèl nan yon bransh.  ~ Militè, Yon lekòl kote moun ale pou resevwa edikasyon militè.  Apre yon moun fini resevwa edikasyon miltè li kapab ale nan nenpòt gwoup, kò militè.

Akayè, Yon vil nan peyi Ayiti.  Vil sa nan direksyon nò peyi a e yon moun kapab jwenn vil sa lè li ap vwayaje soti Pòtoprens si li itilize Wout Nasyonal Nimewo En an.  Se te yonn nan zòn kote moun te konnen kiltive anpil bannann-miske.  Istwa rapòte ke fanm ki te koud premye drapo peyi Ayiti a te viv Akayè.

Akizatè, Yon moun ki akize yon lòt.  Yon moun tankou yon pwosekitè ki fè arete yon lòt moun pou moun nan ale tann jijman li nan prizon.

Akizasyon, Travay, aksyon yon moun ki akize yon lòt moun.

Akize, Mete responasblite yon move aksyon, yon krim sou do yon moun.

Akonplisman, Dènye bagay ki rete pou fèt pou yon travay fini, akonpli.

Akoushe,  Pouse yon bebe ki te andedan vant soti deyò.

Akoushman, Travay, aksyon yon femèl lè li ap pouse yon pitit soti deyò.

Aksan, Yon ti senbòl kèk lang itilize pou diferansye yon lèt, yon son avèk yon lòt.  Fason yon moun pale yon lang etranje; se sa ki fè Ameriken yo di Ayisyen pale Anglè avèk aksan Fransè.

Akselere, Soti nan yon vitès ki pi dousman pou rive nan yon vitès ki pi rapid.  Aksyon yon shofè ki pese akseleratè mashin li pi fò pase lòt shofè sou wout la.

Aksepte, Pran yon bagay jan li vini an san shashe shanje li.

Aksidan, Yon evènman ki rive san pyès moun pate prepare li pou li te rive nan fason li rive a.  Aksyon de shofè ki kite mashin yo ap kondi ale frape ansanm.

Aksyon,  Fason yon moun aji.  Bon ~, Aksyon yon moun ki aji yon fason sosyete a espere li te ap aji.  Move ~,  Aksyon yon moun ki aji yon fason moun nan sosyete a pa espere li te ap aji.

Aktè, Yon gason ki kapab jwe wòl yon lòt moun nan nenpòt sitiyasyon.  Sa yon aktè fè, sanble anpil avèk sa mèt aksyon an te kapab fè.  Si se moun nan ki te nan menm sitiyasyon an li te ap aji menm jan an tou.  Yon gason ki kapab kopye tout jès yon moun epi pou li refè yo menm jan avèk moun nan.

Aktif, Eta yon bagay ki te kòmanse fè yon travay e ki kontinye fè travay la.  Yon lwa moun oblije obeyi.

Aktivite, Deplasman.  Mouvman.  Tout mouvman, tout deplasman yon bagay, yon moun.  Tout travay moun fè.

Aktyalite, Yon nouvèl ki nan boush tout moun.  Yon bagay tout moun ap pali de li san rete pandan yon kantite tan.

Ale, Deplase kite yon zòn pou rive nan yon lòt zòn.

Alfabèt, Yon lis lèt ki pèmèt moun ki pale yon lang ekri lang la.  Alfabèt lang Kreyòl la gen vennkat lèt nan li:  A (majiskil) a (miniskil),  B (majiskil) b (miniskil), C (majiskil) c (miniskil), D (majiskil) d (miniskil), E (majiskil) e (miniskil), F (majiskil) f (miniskil), G (majiskil) g (miniskil), H (majiskil) h (miniskil), I (majiskil) i (miniskil), J (majiskil) j (miniskil), K (majiskil) k (miniskil), L (majiskil) l (miniskil), M (majiskil) m (miniskil), N (majiskil) n (miniskil), O (majiskil) o (miniskil), P (majiskil) p (miniskil), R (majiskil) r (miniskil), S (majiskil) s (miniskil), T (majiskil) t (miniskil), U (majiskil) u (miniskil), V (majiskil) v (miniskil), W (majiskil) w (miniskil), Y (majiskil) y (miniskil), Z (majiskil) z (miniskil).

Alimèt, Yon pwodui travayè prepare nan izin pou pèmèt moun kòmanse yon dife byen fasil.  Pwodui sa gen yon ti moso bwa avèk yon materyèl ki kapab limen dife si yon moun fwote li sou fas yon bagay ki plat e ki pa mouye.

Aliye, Ranje plizyè bagay yonn dèyè lòt.  Ranje plizyè bagay sou liy.

Almanak, Yon lis tout mwa ki gen nan yon ane avèk anpil evènman espesyal ki toujou repete nan kèk jou nan ane a.  Evènman sa yo kapab selebre nan yonn, plizyè peyi nan lemond.

Almay, Yonn nan pi gwo peyi nan istwa kontinan Ewòp la.  Almay gen fontyè avèk Frans, Polòy e plizyè lòt peyi.  Se nan peyi sa a Adòlf Hitlè, shèf gwoup militè ki te òganize asasina jwif yo, te kòmanse touye moun sa yo.

Alo, Yon ekspresyon moun itilize pou salye etranje yo rankontre sou wout yo.  Premye mo yon moun di lè li reponn yon telefòn ki te ap sonnen lakay li. 

Altènatif, Jan moun ki etidye fizik yo esplike elektrisite fonksyone, monte desann.  Yon bagay ki kapab itilize nan plas yon lòt lè lòt la pa disponib.

 Altitid, Wotè yon bagay kòmanse soti sou fas lanmè pou rive nan wotè kote bagay la ye a.

Alyans, Yon relasyon de, plizyè moun kreye ant yo avèk yon dokiman yo siyen pou yo tout repekte yonn,  plizyè kondisyon ki nan dokiman an.

Amandman, Yon shanjman nan atik nan yon lwa ki shanje siyfikasyon lwa a.  Dis premye atik (civil rights) nan konstitisyon peyi Etazini a ki bay nwa avèk lòt minorite nan peyi sa a anpil dwa.

Amatè,  Yon moun ki ap pwatike yon metye ki pa vrè pwofesyon li.  Yon moun ki pa gen tout abilite pou fè yon djòb.  Yon moun ki jwe jwèt pou lajan.

Amelyore, Fè yon aranjman yon  bagay pou fè li vini pi bon.

Amerik, Yonn nan senk kontinan yo nan lemond:  Ewòp, Azi, Afrik, Amerik, Oseyanik. Kontinan sa a divize an plizyè pati:  Amerik Nò, kote Kanada, Etazini, avèk Meksik ye;  Amerik Sid, kote Ajantin, Shili, Kolonbi, Venezwela e latriye ye; Amerik Santral, ki gen Ondiras, Beliz e latriye; Amerik Latin nan kote Ayiti, Dominikani e latriye ye.

Ameriken, Non tout moun ki ap viv nan sou kontinan Amerik la.  Malgre sa, anpil moun panse Amriken se moun ki ap viv nan peyi Etazini.

An, Jan yon bagay ye, jan yon bagay dwe ye.  An!!!,  Ekspresyon kote yon moun ouvri boush li laj e ki montre yon moman kote moun sa sonje yon bagay.

Analiz, Travay yon moun ki ap shashe konprann yon bagay, yon sitiyasyon. 

Analize, Shashe konprann yon bagay, yon sitiyasyon.

Anba, Plas tout bagay ki pi ba pase yon lòt bagay.

Anbake, Mete shay sou yon bagay tankou yon mashin, yon bato, yon avyon pou li pote yo ale yon kote.

Anbwate, Mete yon bagay nan bwat.  Ranje plizyè bagay tankou kado pou bay moun nan yon bwat.

Andante, Fè dan.  Bay yon bagay fòm yon dan.  Mete yon liy yon paragraf plis sou bò dwat pase kòmansman tout lòt liy avèk paragraf nan yon tèks.

Andedan,  Okipe yon pozisyon nan espas yon lòt bagay tankou yon manman ki ap pote pitit li nan van li.  Nan.  Okipe espas nan yon bagay.

Andeyò, Yon bagay ki pa nan espas yon lòt bagay.  Eta yon ti bebe ki soti nan vant manman li apre akoushman.

Andiyèt, Yon kopozisyon mashann vyann ki gen epis avèk vyann koshon ki bay manje bon gou.   Soupoudre. 

Andòmi, Itilize yon mwayen pou fòse yon èt vivan dòmi.   Doktè itilize anestezi anpil pou andòmi malad nan sal operasyon.  Majisyen fè moun dòmi san yo pa toushe moun nan.

Ane,  Yon konbinezon twa-san-swasant-senk (365) jou, twa-san-swasant-sis (366) jou ki divize an douz (12) mwa.  Senkant-De (52) semèn.  Yuit-mil-sèt-san-swasant (8.760) èdtan.  Senk-san-venn-senk-mil-sis-san (525.600) minit.  Tranteen-milyon-senk-san-trant-sis-mil (31.536.000) segond.

Anèftali, Yon pwodui shimik ki fèt avèk plizyè eleman shimik, men Ayisyen plis itilise pou reveye moun ki endispoze e nan seremoni lwa.  Sèvitè lwa yo panse sant la kapab pouse move espri ale lwen malad.

Anfounen, Mete yon bagay andedan yon bwat ki ap resevwa shalè pou fè bagay andedan  li a kwit.  Yon bagay ki ap anfounen kapab pase plizyè etap tankou shofe, kwit, vini solid, brile.  Se moun ki ap anfounen an ki pou konnen konbyen tan li vle bagay la pase andedan fou a.

Ang, Espas ant de kò ki lye nan yon pwen, men ki pa ale nan menm direksyon.  Espas ant de bagay ki pèpandikilè.

Anglè, Lang moun pale nan plizyè peyi tankou Etazini, Angletè, Afrik Sid avèk anpil lòt peyi toujou.  Non moun ki fèt nan peyi Angletè, moun ki pran nasyonalite peyi sa a.

Angletè, Yon ansyen gran puisans ki te kontwole lemond lontan tankou peyi Etazini ap fè depi apre dezyèm gè mondyal la.  Yonn nan kèk dènye peyi nan lemond ki toujou gen fanmiy wayal.

Anglouti, Disparèt menm jan moun vale manje.  Eta plizyè bagay ki tonbe nan yon tou epi ki disparèt pou tout tan.

Anile, Anpeshe yon aksyon, yon travay kontinye.  Disparèt yon bagay.  Kontribye pou anpeshe egzistans yon bagay kontinye.  Yon moun ki ap travay sou yon òdinatè kapab anile dènye bagay li soti fè a si li shwazi liy sèvis Shanjman an epi Defèt.   

Anilè, Yonn nan senk dwèt men gosh yon moun ki a gosh dwèt majè a.  Se nan dwèt sa tout moun ki marye mete bag maryaj yo.  Yon moun ki anile yon bagay.

Anivèsè, Jou yon evènman te rive pou premye fwa epi moun kontinye selebre li shak fwa jou sa rive nan yon ane.

Anniye, Eta yon moun ki bezwen itilize tan lib li genyen, men li pa genyen anyen, li pa jwenn anyen pou fè avèk tan lib li yo.  Aksyon yon moun ki ap fè yon lòt moun yon bagay moun nan pa renmen e li pa vle sispan fè moun nan bagay la.

Anpeshe, Elimine posiblite pou libète egziste.  Bare yon moun pou li pa kapab fè yon bagay li vle fè.

Anpeshman, Yon fòs ki anpeshe yon bagay fèt.  Obstak.

Anpil, Yon kantite ki egzije tan pou konte li.  Yon gwo kantite.

Anplwa, Relasyon yon moun avèk yon biznis,  yon konpayi, leta ki pwomèt moun nan lajan pou shak travay, pou kantite tan li travay nan biznis la, òganizasyon an.

Anplwaye, Moun ki ap travay avèk yon biznis, yon konpayi, yon òganizasyon, leta yon peyi.  Yon moun ki gen yon anplwa.

Anprizone, Mete yon moun nan prizon.  Pini.  Retire libète yon moun te genyen si li mal itilize dwa libète.

Anprizónman, Aksyon yon gwoup moun tankou yon jij avèk jiri, nan yon jijman, ki mete yon moun nan prizon.

Anrejistre, Kenbe, konsève yon bagay tankou ekriti, son, imaj yon kote pou jwenn li lè gen bezwen pou itilize li.  Son ki anrejistre sou kasèt-son, moun kapab koute li menm apre anpil tan.  Imaj ki anrejistre sou yon kasèt-imaj, moun kapab gade li nenpòt lè.

Ansent, Eta yon femèl ki te koupe avèk yon mal nan moman ovilasyon li epi ki gen yon ze, yon timoun, yon ti bèt ki ap fòme nan vant li.

Answouj, Yon vil nan Depatman Latibonit la.

Ansyen, Eta nenpòt bagay apre plizyè ane fini pase depi li te kòmanse egziste.  Tout bagay ki pa kòmanse egziste konnye a, jodia.  Yon moun ki pèdi yon tit li te genyen.

Antann, Shashe shemen antant.  Aksyon de, plizè moun ki pran yon desizyon ansanm pou yo fè, sispann fè yon bagay tankou sispann goumen nan yon gè.

Antant, Kote plizyè lide rankontre pou yo fè yon sèl.  Satisfaksyon tout moun ki te gen plizyè lide diferan rive jwenn nan yon sèl opinyon.

Antèn,  Yon ti pwent ki soti nan tèt kèk ti bèt pou pèmèt yonn kominike avèk lòt bèt parèy yo.  Yon aparèy pou radyo, televizyon ki pèmèt kominikasyon ant aparèy sa yo pi fasil.

Antere, Mete yon bagay nan tè epi kouvri li.  Sispann pale de yon bagay pou fè moun bliye li.  Mete moun mouri nan tè.

Fouye tou nan tè, mete yon bagay epi kouvri li avèk menm tè ki te soti nan tou a.

Antibyotik,  Pwodui shimik ki touye mikwòb.  Medikaman ki trete enfeksyon.  Prèske non tout medikaman sa yo fini avèk menm de lèt sa yo:  in.

Antikite, Yon kantite tan, yon epòk ki te pase lontan tankou kèk ane anvan Jezi Kris te vini sou tè a pou kontinye kèk ane apre.

Antiseptik, Pwodui shimik ki anpeshe mikwòb kontinye devlope.

Antoure, Fè yon baraj nan tout kwen yon bagay.  Bare yon bagay tou won.

Antrav, Yon bagay yon moun fè epi bagay la mete li nan pwoblèm.  Yon granmoun wè de timoun ap goumen epi li separe yo.  Yonn nan timoun yo ale di granmoun li moun nan te kenbe li pou lòt timoun nan bat li.  Bagay sa kapab vini antrav pou moun nan.

Antrave, Eta yon moun ki nan yon antrav.  Yon moun fini vòlè yon mashin pou kont li epi li pase shashe yon zanmi li pou yo soti.  Pandan yo nan lari a polis arete yo pou vòlè mashin.  Lòt zanmi an ki pate menm konnen vòl la tou antrave  paske polis yo pran li pou yon vòlè tou.

Antravè, Pozisyon yon bagay pou anpeshe yon lòt bagay kontinye nan direksyon li te kòmanse sib la.  Travay yon bagay ki bare wout, objektif yon moun.  Fè yon kwa avèk yon lòt bagay tankou yon pye bwa ki tonbe sou yon wout epi pyès trafik pa kapab kontinye.

Antrénman, Prepare pou yon evènman ki ap vini.  Repetisyon. Refè yon bagay pou sonje kijan li te fèt anvan yon prezantasyon an fas yon odyans.

Anvan, Pran, resevwa priyorite sou yon lòt.  Tout lòt vini apre sa ki vini anvan tankou en vini anvan de, de vini anvan twa e latriye.

Anvi, Moso ki manke pou fè yon lòt rive konplè.  Espwa pou jwenn satisfaksyon. 

Anviwon, Prèske.   Yon ti kras pi plis, pi piti pase yon kantite tankou tan, distans, wotè ki te nesesè.

Anvlòp, Yon bagay laj ki gen kapasite pou kouvri tout kò yon lòt.  Yon moso papye ki vlope tankou yon pòsh pou mete yon lèt,  fèmen li epi voye li bay mèt li pou ouvri li.

Anvlope,  Eta yon anvlòp lè li gen yon lòt bagay, yon lèt andedan li.  Travay yon moun ki fèmen yon bagay andedan yon anvlòp.  Travay yon bagay ki kouvri tout kò yon lòt bagay.

Anyen, Zewo.  San valè.  Shif ki lye tout nonb pozitif avèk nonb negatif yo.  Pozisyon yon moun ki pa pou, ki pa kont yon bagay.

Ap, Yon mo, lè li devan yon lòt mo, fè konnen devlopman yon aksyon ki apèn kòmanse.

Aparans, Tandans pou yon moun kwè sa li wè, tande, santi menm lè sa li wè, tande, santi a pa shita sou pyès verite.  Lè nenpòt nan senk sans yo twonpe moun.

Apèl, Aksyon yon moun ki rele yon lòt moun nan telefòn, ki rele yon moun.

Apèn, Eta yon bagay ki pa gen lontan depi li pase.

Apèsi,  Posiblite pou wè yon bagay anvan li vini egziste nan reyalite.  Bay yon ti goute nan yon bagay.  Moun ki fè sinema yo toujou fè reklam nan televizyon pou film.  Yo bay yon ti apèsi nan film nan.  Sa a bay moun yon lide de film nan anvan yo ale wè li. 

Apeti, Espas vid nan lestomak yon moun ki fè li anvi manje.  Yon fòs envizib ki fè yon moun anvi fè yon bagay tankou tout jèn gason gen apeti pou bèl fi.

Apetisan,  Bon gou ki ogmante apeti moun pou bagay la.  Yon bagay moun toujou anvi manje, jwenn apre yo fini manje li, jwenn li yon premye fwa.

Apiye, Pran fòs sou yon lòt.  Resevwa fòs, asistans de yon lòt.  Espwa pou resevwa sa ki nesesè de yon moun.

Aplati, Bay yon bagay menm fòm avèk fas dlo dòmi.  Itilize fòs pou fè wòtè yon bagay diminye. 

Aplikasyon, Rezon ki fè egzistans yon bagay itil.  Itilizasyon.  Sa moun kapab fè avèk yon bagay.

Aplike, Itilize yon bagay jan li te fèt pou itilize.  Sib yon metòd pou fè yon bagay.

Aplodi, Aksyon moun ki ap frape de plat men yo ansanm pou ankouraje aksyon yon lòt moun.  Nenpòt aksyon moun pou ankouraje aksyon lòt rekòmanse.  

Aplodisman, Ankourajman pou bon aksyon yon moun.  Rezon ki genyen pou yon bagay rekòmanse.

Apostwòf, Yon ti siy (` ) ki ranplase yon lèt lè moun ap ekri.  Lang Fransè itilize apostwòf anpil, men anpil lang pa itilize li.

Apot, Douz moun yo ki te toujou ap mashe avèk Jezi lè li te ap viv sou tè a.  Nenpòt moun ki resposab pote mesaj bay yon lòt moun.

Aprann,  Pran konesans nan koute, li, etidye, fè eksperyans.

Apranti,  Moun ki ap sib tout sa patwon li ap fè pou li fè tou.

Aprantisaj, Travay yon moun ki ap aprann.  Ogmante kantite konesans ki deja egziste a.

Apre, Sib sa ki nan pozisyon devan an.  ~ Demen, Jou ki sib jou ki ap vini demen an.  ~ Midi, Yon minit apre mitan yon jounen pou jis rive sis lè nan aswè.

Apresysyon, Aksyon yon moun ki montre valè li bay yon bagay.  Kòmansman lanmou pou yon moun, yon bagay.

Apresye, Montre yon bagay, yon moun li gen valè.

Apwoshe, Itilize tout mwayen ki egziste pou vini pi pre yon moun, yon bagay.  Shashe zanmitay nan men yon moun.  Kòmanse file yon fi.

Apwouve,  Fè yon moun konprann entansyon li, bagay li fè bon.  Aksepte lide lòt moun.  Bay dwa, otorizasyon pou kontinye avèk yon aksyon ki kòmanse deja.

Aranjman, Ogmante sa ki manke pou rive pi pre pèfeksyon.

Areye, Yon ti bèt entelijan ki gen yuit pye.  Yon areye fè nish li tankou yon moso twal.  Anpil ayisyen kwè lè yon areye ki gen sèt pye vini pre yon moun se move nouvèl li pote bay moun nan.  Poutèt sa yo ap touye li.

Arestasyon, Aksyon sou yon moun ki tonbe anba kontwòl militè, polis pou ale tann jijman li nan yon prizon.  Apre erestasyon yon moun, moun nan pèdi tout libète, anpil dwa li te genyen.

Arete, Tonbe anba kontwòl militè, polis pou ale nan prizon epi tann jijman.

Aristokrasi, Yon ti ponyen moun nan yon sosyete, yon peyi ki gen prèske tout kòb peyi a nan men yo e ki panse yo pi bon pase lòt moun ki pa nan gwoup pa yo a.

Aristokrat, Nenpòt moun ki nan yon aristokrasi.  Moun ki espere rantre nan aristokrasi e ki kòmanse trete moun nan gwoup pa yo a tankou moun ki gen mwens valè pase yo.  Inyoran ki gen lajan.  Li difisil pou yon gwoup aristokrat asepte moun nan lòt klas rantre nan gwoup yo a.

Aristokratik,  Konpòtman nenpòt moun ki nan yon aristokrasi.

Aritmetik, Syans ki okipe afè nonb avèk operasyon nonb sa yo.

Asanble, Anpil moun ki rasanble pou yon menm rezon yon kote.  Depite avèk senatè ki rasanble pou diskite e fè lwa pou yon peyi.

Asasen, Yon kriminèl ki touye moun, pou lajan yon lòt moun peye li.

Asasinen, Aksyon yon asasen sou viktim li.

Ase, Kont.  Pa mete, pa retire nan kantite, wotè, yon bagay deja ye. 

Asha, Aksyon yon moun ki ashte yon bagay.  Yon koutye fè lajan li nan vann kay pou mèt kay yo, men se moun ki fè asha yo ki peye li.

Asheve, Fini fè yon travay ki te kòmanse.  Finisman.

Ashitèk, Pwofesyonèl ki fè imaj yon konstriksyon tankou yon kay.  Ashitèk la kapab itilize nenpòt materyèl pou fè imaj yon kontriksyon, men mezi yo kapab bay vrè dimansyon konstriksyon an lè enjenyè itilize miltip mezi shak kwen nan imaj la.

Ashte, Ale kote moun vann mashandiz, pran yon bagay epi peye pou li.

Ashtè, Yon moun ki ale kote mashann ap vann mashandiz, pran yon bagay epi peye pou li.

Asid, Yon konbinezon plizyè eleman shimik ansanm tankou idwojèn, souf avèk oksijèn.  Konbinezon idwojèn,  souf, avèk oksijèn bay yon asid ki kreye elektrisite lè li rankontre avèk yon metal tankou plon. 

Asirans, Pawòl yon moun di yon lòt moun pou fè moun nan konte sou li.  Yon konpayi moun peye yon ti montan kòb pou konpayi an fè kèk gwo depans pou li lè depans sa yo rive.

Asire, Posede, resevwa asirans de yon moun, yon konpayi.

Asistan, Yon moun ki bay yon moun sipò ki pèmèt moun sa kontinye yon bagay li te kòmanse, yon bagay li vle fè.

Asistans, Sipò yon moun resevwa ki pèmèt li kontinye yon bagay li te kòmanse, yon bagay li vle fè.

Asosyasyon, Gwoupman plizyè moun pou yo sib yon lide ansanm pandan yonn ap ede lòt reyalize lide a.  Aksyon de moun, pou pi piti, ki mete ansanm pou yo reyalize yon lide tankou ouvri yon biznis.

Asosye, Yon moun ki ini avèk yon lòt moun, plizyè lòt moun pou reyalize yon lide tankou ouvri yon biznis ansanm.

Asyèt, Yon veso won ki fèt avèk ajil, metal e moun itilize li pou manje.  Sa ki andedan yon veso.  Plat.

Atak, Aksyon yon moun ki mashe ale devan, dèyè yon lòt moun avèk fòs, gwo mo pou entimide li, touye li tou si sa posib.

Atake, Mashe rantre sou yon moun avèk fòs, gwo pawòl pou entimide li, touye li tou si sa posib.

Atakè, Nenpòt moun ki rantre sou yon lòt moun avèk fòs, gwo pawòl pou entimide li, touye li tou si sa posib.

Atansyon,  Prekosyon yon moun dwe pran nan kèk sitiyasyon.  Kite je, zòrèy fikse sou yon bagay pou wè li, tande li.  ~ !, Yon son, yon jès yon moun fè pou fè yon lòt moun konprann li gen yon bagay li bezwen gade, koute byen.  Eta moun ki pa kapab sispann koute, gade yon bagay.

Atantif, Eta yon moun ki toujou pre pou fè sa ki nesesè depi yon sitiyasyon prezante devan li.

Atashe, Moun san inifòm, sivil, ki te konnen sèvi gouvènman nan peyi Ayiti.  Yo te gen djòb pou shashe konnen moun ki pa renmen gouvènman an epi ale di prezidan sa.  Sivil nan peyi Ayiti ki te gen plis pouvwa pase militè paske yo te ap travay pou gouvènman an.

Atè, Kole sou fas tè a.  Soti anlè epi desann kole sou fas tè a.

Ateri, Soti anlè pou vini tonbe sou fas tè a.  Yon fason pou fè yon bagay soti anlè epi rive atè.

Aterisaj, Aksyon yon bagay ki ateri tankou yon avyon.

Aterisman, Lè yon bagay ki soti anlè ap toushe fas tè a.

Atifisyèl,  Nenpòt bagay ki pèdi eta natirèl li.  Nenpòt bagay ki pa natirèl men moun ranje li yon fason pou li sanble avèk yon bagay natirèl.

Atik, Mo nan lang kreyòl la ki pèmèt moun konnen egzateman de kisa yon moun ap pale.  Yon atik nan lang Kreyòl vini apre yon mo li akonpaye.

Atirans, Fòs ki nan yon bagay e ki vle rale nenpòt lòt bagay ki pre li.

Atire,  Aksyon fòs ki nan yon bagay e ki vle rale nenpòt lòt bagay ki pre li.

Atis, Yon moun ki fè travay literè tankou ekri shante, poezi, fè penti e latriye.  Yon moun ki konnen kreye imaj nan desen avèk ekriti.  Yon atis kapab pran nenpòt imaj ki nan tèt li epi transfòme sou fòm reyalite.

Atistik, Nenpòt travay yon atis fè. Nenpòt bagay ki gen rapò avèk yon atis.

Atitid, Fason yon moun shwazi pou li konpòte li nan mitan lòt moun. 

Atizan, Yon moun ki kapab fè yon travay prèske menm jan yon pwofesyonèl fè li.  Moun ki itilize men li pou fè yon travay, ki pa itilize mashin pou fè travay li.

Atizana, Travay yon atizan.  Travay yon moun ki bay yon rezilta menm jan yon pwofesyonèl te kapab fè li.

Atlèt, Yon moun ki pratike yon spò pou pwofesyon.

Atletik, Nenpòt moun ki gen abitid fè spò.  Moun ki kenbe fòm kò li solid tankou atlèt.

Atraksyon, Nenpòt aktivite ki rale moun vini gade e moun pran plezi nan li.

Atraktif, Nenpòt bagay ki kapab fè yon moun gade san rete, bliye tèt li.

Avans, Ofri pou yon bagay anvan resepsyon bagay la.  Peye lajan pou yon travay ki poko fèt.

Avanse, Mashe nan direksyon devan. 

Avantaj, Diferans ki gen nan chanje de ou byen bagay.  Sa yon moun resevwa an plis sou yon lòt.

Avanyè, Yon jou ki pase anvan jounen ki te pase anvan jounen yè a.

Avègleman, Nenpòt bagay ki anpeshe yon moun wè reyalite a ki devan li.

Avèk, Yon ekspresyon ki ede lye de mo, de lide, de bagay. 

Avèti, Anonse sa ki ap ale rive.  Fè konnen sa ki ap ale rive, pase.

Avni, Jan sitiyasyon yon moun, yon bagay, yon zòn ap ale ye nan yon jou ki gen pou li rive.  Yon bagay ki gen pou li rive nan yon tan pyès moun pa kapab konnen anvan li rive tout bon vre.  Yon wout, pi gran pase yon ri, pou anpil mashin pase ansanm.  Li ede moun jwenn anpil espas pou mashe de yon zòn a yon lòt nan yon vil.

Avoka, Yon pwofesyonèl ki etidye lalwa pou defann akize nan tribinal.  Moun ki entèprete lwa nan fason pa yo pou defann kliyan nan yon jijman, nan tribinal.

Avòtman, Retire yon ze nan vant yon femèl anvan li fini fòme pou soti. 

Avril, Katriyèm mwa nan yon ane ki gen kat semèn, trant jou nan li.

Avwán, Yon soupe ayisyen fè avèk farinay,  poud ble.  Yon sinistre plizyè peyi tankou Etazini te konnen voye bay ti peyi pòv yo tankou Ayiti.

Avwe, Aksyon yon moun ki di lòt moun yon verite li konnen e moun sa yo pate ap janm konnen verite sa a si li pate di yo li. 

Avyatè, Pwofesyonèl ki pilote avyon nan lespas.  Moun ki kapab pilote avyon nan lespas.

Avyon, Yon aparèy vitès li pèmèt li vole nan lespas.  Pou yon avyon vole li bezwen genyen yon long wout dwat devan li pou li kouri anvan li kapab vole tout bon vre.

Ayiti, Yon peyi nan Amerik Latin nan ki sou menm il avèk Sendomeng:  Ayiti okipe zòn lwès il la e Sendomeng okipe zòn lès la.  Premye peyi, nan tan kolonizasyon, ki te pran endepandans li.  Premye repiblik ras nwa fòme nan istwa limanite. 

Aza, Nenpòt jwèt yon jwè oblije mize pou li kontinye patisipe nan li.

Azi, Yonn nan senk kontinan yo: Ewòp, Azi, Afrik, Amerik, Oseyanik.  Nan kontinan sa a gen peyi tankou Shin, Kazakstan, Mongoli, e latriye nan li.  Pi gwo peyi a se Shin.